Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Jewova konnen sa nou bezwen

Jewova konnen sa nou bezwen

Esklav fidèl ki prevwayan an ban nou manje “nan bon moman”, sa ki montre Jewova, antanke Sila a k ap dirije esklav sa a, konnen sa nou bezwen nan domèn espirityèl (Mt 24:45). Pami tout bagay ki montre sa, nou gen kongrè rejyonal yo ak reyinyon ki fèt lasemèn yo.

GADE VIDEYO RAPÒ KOMITE ANSÈYMAN AN 2017, EPI REPONN KESYON KI VIN ANNAPRE YO:

  • Kiyès ki dwe jwenn louwanj pou kongrè yo ki vini nan bon moman, e poukisa?

  • Depi ki lè yo kòmanse travay sou yon kongrè?

  • Ki jan yo chwazi sijè pou kongrè yo?

  • Ki kantite travay sa mande pou yo prepare kongrè yo?

  • Ki jan yo sèvi ak metòd yo itilize pou etidye nan Galaad yo pou fè pwogram reyinyon ki fèt lasemèn yo?

  • Ki jan plizyè depatman travay ansanm pou yo prepare pwogram reyinyon yo?

Ki jan ou menm ou santi w parapò ak manje espirityèl Jewova ban nou yo?