Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | REVELASYON 1-3

“Mwen konnen sa w fè”

“Mwen konnen sa w fè”

1:20; 2:1, 2

  • “Sèt zetwal yo”: Ansyen ki fè pati kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, e nan yon sans, tout ansyen yo

  • “Nan men dwat [Jezi]”: Jezi gen kontwòl total sou zetwal yo, li gen pouvwa sou yo e l ba yo direksyon. Si l nesesè pou yon moun nan gwoup ansyen an jwenn koreksyon, Jezi ap veye pou sa fèt fason li vle a ak nan moman l vle a

  • “Sèt pòtlanp annò yo”: Kongregasyon kretyen yo. Menm jan pòtlanp ki te nan tabènak la te bay limyè nan domèn fizik, se konsa tou kongregasyon kretyen yo bay limyè nan domèn espirityèl (Mt 5:14). Jezi ap “mache nan mitan” pòtlanp yo, sa vle di l ap sipèvize aktivite k ap fèt nan tout kongregasyon yo