Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Jewova renmen moun ki bay ak kè kontan

Jewova renmen moun ki bay ak kè kontan

Men sa nou li nan 2 Korentyen 9:7: “Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” Kounye a, gen divès fason nou ka fè ofrann sou Entènèt pou n soutni travay Temwen Jewova yo nan peyi nou ak nan lemonnantye.

GADE VIDEYO FASON POU NOU FÈ OFRANN SOU APARÈY ELEKTWONIK, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki jan n ka fè pou n al sou paj enfòmasyon pou ofrann yo yon fason pou n konnen divès fason nou ka fè ofrann nan peyi nou?

  • Ki jan kèk moun te jwenn byenfè lefètke yo te fè ofrann sou aparèy elektwonik?

  • Bay kèk metòd pou n fè ofrann.

  • Ki sa n ka fè si nou pa konprann fason pou n sèvi ak nouvo zouti elektwonik sa yo?