Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Lanmou idantifye vrè kretyen yo: li pwoteje bèl inite nou an

Lanmou idantifye vrè kretyen yo: li pwoteje bèl inite nou an

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Nan nuit anvan Jezi mouri a, li te priye pou disip li yo “ka vin ini nèt”. (Jan 17:23, nòt.) Pou nou rete ini, nou bezwen gen lanmou, yon kalite ki “pa note bagay mal yo fè l”. — 1Ko 13:5.

FASON POU NOU FÈ L:

  • Imite Jewova lè nou chèche wè bagay ki bon lakay lòt moun

  • Padone san grate tèt

  • Lè nou fin rezoud yon pwoblèm, pa vin sou sa ankò. — Pw 17:9

GADE VIDEYO SE POU “NOU GEN LANMOU NAN MITAN NOU” — PA NOTE BAGAY MAL YO FÈ NOU EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:

  • Nan premye pati videyo a, ki jan Helen te montre li ‘note bagay mal yo fè l’?

  • Nan dezyèm pati videyo a, ki jan Helen te sispann gen panse negatif epi vin wè bagay yo yon fason ki pozitif?

  • Finalman, ki jan Helen te kontribye pou gen inite nan kongregasyon an?

Kiyès nou plis fè mal si nou note bagay mal moun fè nou?