Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Lanmou idantifye vrè kretyen yo: Li pran plezi nan sa ki verite

Lanmou idantifye vrè kretyen yo: Li pran plezi nan sa ki verite

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Menm jan ak Jezi, nou dwe bay temwayaj sou laverite ki gen rapò ak objektif Bondye (Jan 18:37). Epi nou dwe pran plezi nan sa ki verite, pale sa ki verite epi kontinye reflechi sou tout bagay ki vrè, menmsi n ap viv nan yon monn ki chaje ak manti ak enjistis. — 1Ko 13:6; Fp 4:8.

FASON POU NOU FÈ L:

  • Se pou n pran detèminasyon pou n pa mache pale pawòl ki ka fè moun ditò. — 1Te 4:11.

  • Pa pran plezi nan malè lòt moun

  • Pran plezi nan sa ki pozitif e ki ankourajan

GADE VIDEYO SE POU NOU ‘GEN LANMOU NAN MITAN NOU’ — PA PRAN PLEZI NAN SA KI MAL, MEN PRAN PLEZI NAN SA KI VERITE, EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:

  • Ki jan Debbie montre li “pran plezi nan sa ki mal”?

  • Ki jan Alice vire konvèsasyon li gen ak Debbie a pou yo ka pale sou bagay ki pozitif?

  • Ki bon bagay konsa nou ka pale de yo?

Pa pran plezi nan sa ki mal, men pran plezi nan sa ki verite.