Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 87-91

Rete nan kachèt Sila a ki nan pi gwo pozisyon an

Rete nan kachèt Sila a ki nan pi gwo pozisyon an

“Kachèt” Jewova a bay sekirite nan domèn espirityèl

91:1, 2, 9-14

  • Jodi a, ve ak batèm nou enpòtan pou nou ka abite nan kachèt Jewova a

  • Moun ki pa mete konfyans yo nan Bondye pa konn kote sa a

  • Moun ki nan kachèt Jewova yo pa kite nenpòt moun oubyen nenpòt bagay afekte lafwa yo gen nan Bondye ak lanmou yo gen pou li

“Chasè zwazo a” ap eseye pran nou nan pyèj

91:3

  • Zwazo yo pridan, li pa fasil pou pran yo nan pyèj

  • Chasè zwazo yo etidye abitid zwazo yo ak divès fason pou pran yo nan pyèj, e yo fè sa avèk swen

  • Satan, “chasè zwazo a”, etidye pèp Jewova a e l ap tann pyèj pou l ka detwi yo nan domèn espirityèl

Kat nan pyèj Satan itilize pou l touye nou:

  • Pè moun

  • Materyalis

  • Divètisman ki pa kòrèk

  • Mezantant