Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kanpay espesyal pou n distribye Toudegad pandan mwa septanm nan

Kanpay espesyal pou n distribye Toudegad pandan mwa septanm nan

Moun toupatou sou tè a bezwen konsolasyon (Ekl 4:1). Pandan tout mwa septanm nan, nou pral fè yon efò espesyal pou nou ofri yon Toudegad ki pale sou konsolasyon. N ap distribye Toudegad sa a tout kote. Men, piske n vle pale ak moun yo dirèkteman pou n ba yo konsolasyon, nou pap kite peryodik yo nan kay kote n pa jwenn moun.

SA NOU KA DI

“Gen moman nan lavi n kote nou bezwen konsolasyon. Men, ki kote nou ka jwenn li? [Li 2 Korentyen 1:3, 4.] Atik ki nan Toudegad sa a, ap montre w ki jan Bondye bay moun konsolasyon.”

Si moun nan montre l enterese epi l aksepte peryodik la,...

MONTRE L VIDEYO POUKISA NOU DWE ETIDYE LABIB? LA

Epi, ofri l yon etid Labib.

POZE BAZ POU YON NOUVÈL VIZIT

Poze yon kesyon w ap bezwen reponn lè w tounen, tankou: “Poukisa Bondye pèmèt soufrans?