Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 135-141

Ou fè nou yon fason ki estrawòdinè

Ou fè nou yon fason ki estrawòdinè

David te medite sou prèv ki montre bèl kalite Bondye genyen yo ki parèt nan tout kreyasyon l lan. Avèk konfyans, li te itilize lavi l pou l sèvi Jewova.

Lè David te byen reflechi sou kreyasyon an, sa te pouse l fè louwanj pou Jewova:

139:14

  • “M ap fè louwanj pou ou paske ou fè m yon fason ki estrawòdinè”

139:15

  • “Ou te wè tout zo m nan kachèt kote m te pran fòm nan, lè w te tise m tankou yon twal nan zòn ki pi fon nan tè a”

139:16

  • “Ou te wè m ak je w lè m te nan vant. Tout pati m yo te ekri nan liv ou a”