Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kèk pyèj nou bezwen evite lè n ap kondui yon etid biblik

Kèk pyèj nou bezwen evite lè n ap kondui yon etid biblik

Pale twòp: Pa panse se ou menm ki pou esplike tout bagay nèt. Jezi te konn sèvi ak kesyon pou l ede moun yo reflechi pou yo rive jwenn bon repons lan (Mt 17:24-27). Kesyon yo fè etid la vivan e yo ede nou wè sa etidyan an konprann ak sa l kwè (be 253 § 2-3). Lè n poze yon kesyon, pran pasyans epi tann repons lan. Si etidyan an bay yon move repons, olye n di l bon repons lan, poze l lòt kesyon pou n ka gide l pou l jwenn bon repons lan (be 238 § 1-2). Pale ak yon vitès k ap pèmèt etidyan an konprann ide ki nouvo yo. — be 230 § 4.

Fè sa konplike: Evite tandans rakonte tout sa n konnen sou sijè a (Jan 16:12). Konsantre sou pwen prensipal ki nan paragraf la (be 226 § 4–227 § 1). Lè n bay pakèt enfòmasyon, menmsi yo enteresan, yo bouche pwen prensipal yo (be 235 § 3). Depi etidyan an fin konprann pwen prensipal la, ale nan paragraf apre a.

Annik bay enfòmasyon: Objektif nou se touche kè etidyan an, se pa annik ba l enfòmasyon (Lk 24:32). Sèvi ak pouvwa Pawòl Bondye a genyen lè w konsantre sou vèsè kle ki nan etid la (2Ko 10:4; Eb 4:12; be 144 § 1-3). Sèvi ak egzanp ki senp (be 245 § 2-4). Pale sou pwoblèm etidyan ap rankontre ak kwayans li yo, epi adapte etid la ak etidyan an. Poze kèk kesyon tankou: “Ki efè sa w aprann la a gen sou ou?” “Ki sa l aprann ou sou Jewova?” “Ki byenfè w ap jwenn si w aplike konsèy sa a?” — be 238 § 3-5; 259 § 2.