Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 119

“Mache selon lwa Jewova yo”

“Mache selon lwa Jewova yo”

Pou nou mache selon lwa Jewova yo, sa mande pou n soumèt anba direksyon Bondye ap ban nou ak tout kè nou. Nou gen anpil bèl egzanp nan Bib la konsènan moun ki te suiv lwa Jewova yo e ki te konte sou Jewova, menm jan ak moun ki te ekri sòm sa a.

Nou gen vrè kè kontan an lè n mache selon lwa Jewova yo

119:1-8

Jozye te montre l gen yon konfyans total nan direksyon Jewova te ba li. Li te konnen pou l gen kè kontan e pou l reyisi, li te dwe fè Jewova konfyans ak tout kè l

Pawòl Bondye a ban nou kouraj pou n fè fas ak eprèv ki rive nan lavi nou

119:33-40

Jeremi te montre l gen kouraj e li gen konfyans nan Jewova lè l te nan sitiyasyon ki difisil. Li te kontinye mennen yon vi ki senp e li te kontinye ranpli asiyasyon l te genyen an

Lè nou gen konesans egzak sou Pawòl Bondye a, sa fè nou gen konfyans pou nou preche

119:41-48

Pòl pa t pè preche okenn moun mesaj Bondye te ba l preche a. Li te gen yon konfyans total Jewova ap ede l lè l t ap preche gouvènè Feliks avèk kran

Ki kote mwen ka bezwen montre m gen plis asirans lè m ap bay lòt moun temwayaj?

  • Nan lekòl

  • Nan travay

  • Nan fanmi

  • Lòt kote ankò