Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Si se yon timoun ki vin resevwa n nan pòt la

Si se yon timoun ki vin resevwa n nan pòt la

Si se yon timoun ki vin resevwa n nan pòt la, nou ta dwe mande l pou n pale ak paran l. Sa montre nou respekte otorite paran l (Pw 6:20). Si timoun nan envite nou antre, nou pa ta dwe aksepte. Si paran yo pa disponib, nou ta dwe retounen yon lòt fwa.

Si timoun nan gran, petèt se yon adolesan, li toujou apwopriye pou n mande l pou paran l. Si paran yo pa disponib, nou ka mande l si yo kite l chwazi sa l vle li poukont li. Si yo pèmèt li sa, nou ka ofri l piblikasyon e petèt nou ka ankouraje l al sou sit jw.org la.

Lè n retounen vizite yon timoun ki te montre li enterese, nou ta dwe mande l pou n wè ak paran l. Sa ap ban nou posiblite pou n esplike rezon ki fè n vin vizite l la epi nou ka montre yo konsèy Bib la bay pou fanmi yo se bon konsèy e nou ka fè yo konfyans (Sm 119:86, 138). Lè n montre nou gen respè ak konsiderasyon pou paran yo, sa ap bay yon bon temwayaj e sa ka ban nou okazyon pou n pataje bon nouvèl la ak tout fanmi an. — 1P 2:12.