Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Paran, anseye pitit ou ki jèn fason pou yo fè kè Bondye kontan

Paran, anseye pitit ou ki jèn fason pou yo fè kè Bondye kontan

Jèn yo gen anpil valè pou Jewova. Li pran an konsiderasyon pwogrè yo fè nan domèn espirityèl ak andirans yo (1Sa 2:26; Lk 2:52). Menmsi timoun yo jèn anpil, yo ka fè kè Jewova kontan grasa bon konduit yo (Pw 27:11). Pa mwayen òganizasyon l lan, Jewova bay paran yo bonjan zouti k ap ede yo anseye pitit yo ki jèn pou yo renmen Jewova e pou yo obeyi l.

GADE VIDEYO KI GEN TIT “JÈN: ANDIRANS OU FÈ KÈ JEWOVA KONTAN!”, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki èd ak ki direksyon Jewova te bay Jèn yo toutpandan ane yo t ap pase?

  • Ki zouti ki disponib kounye a pou ede paran yo?

  • Si w se yon jèn, ki zouti Jewova te bay ki te bon pou ou, e poukisa?