Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

16-22 desanm

SÒM 119:​57-120

16-22 desanm

Kantik 129 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Fason pou n andire lè n jwenn pwoblèm

(10 min.)

Kontinye li Pawòl Bondye a epi etidye l (Sm 119:61; w06 1/7 12 § 2; w00 1/12 14 § 3)

Kite pwoblèm yo rafine w (Sm 119:71; w06 1/9 19 § 3)

Chèche konsolasyon nan men Jewova (Sm 119:76; w17.07 13 § 3, 5)

MANDE TÈT OU: ‘Ki fason byen presi Jewova te ede m andire lè m te jwenn pwoblèm?’

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 119:96 — Ki sa petèt vèsè sa a vle di? (w06 1/9 19 § 4)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) KAY AN KAY. Montre moun ou rankontre nan kay la sit nou an, epi ba l yon kat jw.org. (lmd leson 2 pwen 5)

5. Pousuiv enterè moun yo

(4 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Envite moun nan vin suiv diskou piblik la. Prezante videyo Ki sa yo fè nan yon Sal Wayòm? nan (lmd leson 8 pwen 3)

6. Esplike kwayans ou

(5 min.) Demonstrasyon. ijwbq 157 — Tèm: Ki sa Bib la di sou katastwòf natirèl? (lmd leson 3 pwen 3)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 128

7. Jewova ede nou andire

(15 min.) Konvèsasyon.

Andirans kretyen yo genyen an se kapasite pou yo ret kanpe lè yo jwenn pwoblèm ak difikilte san yo pa kite yo pote yo ale. Sa gen ladan l rete fèm, kenbe yon bon atitid mantal epi reflechi ak moman kote pap gen pwoblèm sa yo ankò. Si nou gen andirans, nou pap “fè bak” oswa ralanti nan kous n ap mennen antanke kretyen an lè nou jwenn pwoblèm (Eb 10:​36-39). Se pa ti anvi Jewova anvi ede nou andire anba pwoblèm yo! — Eb 13:6.

Pou chak vèsè ki annapre yo, ekri fason Jewova ede nou andire.

Pase VIDEYO Annou priye ak tout kè nou pou sila yo k ap andire anba eprèv. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

  • Ki jan nou ka sèvi ak jw.org pou n ka konnen ki jan frè ak sè nou ki nan gwo pwoblèm yo ye?

  • Ki jan paran yo ka montre pitit yo priye pou lòt moun, e ki avantaj sa genyen?

  • Lè n ap priye, poukisa l enpòtan pou n mande Jewova pou l ede kwayan parèy nou yo andire?

  • Ki jan lè nou priye pou lòt moun sa ede n andire pwoblèm nou yo?

8. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 32 ak priyè