Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

23-29 desanm

SÒM 119:​121-176

23-29 desanm

Kantik 31 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Fason nou ka evite tristès ki pa nesesè

(10 min.)

Renmen kòmandman Bondye yo (Sm 119:127; w18.06 17 § 5-6)

Rayi sa ki mal (Sm 119:128; w93 15/4 17 § 12)

Koute Jewova, epi evite fè menm erè ak “moun ki pa gen eksperyans” yo (Sm 119:​130, 133; Pw 22:3)

MANDE TÈT OU: ‘Ki pwogrè mwen bezwen fè nan aprann renmen kòmandman Bondye yo oswa nan rayi sa ki mal?’

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 119:160 — Ann amoni ak vèsè sa a, ki konviksyon nou dwe genyen? (w23.01 2 § 2)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) KAY AN KAY. (lmd leson 1 pwen 5)

5. Pousuiv enterè moun yo

(4 min.) KAY AN KAY. Montre yon moun fason pou l jwenn enfòmasyon ki ta ka enterese l sou jw.org. (lmd leson 8 pwen 3)

6. Fason pou w fè disip

(5 min.) Pale ak yon etidyan Labib ki pa asiste reyinyon yo regilyèman. (lmd leson 12 pwen 4)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 121

7. Pa kite lajan lakòz nou soufri pou granmesi

(15 min.) Konvèsasyon.

Moun ki kite lanmou pou lajan mennen yo “pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans”. (1Ti 6:​9, 10.) Men kèk soufrans ki pa nesesè n ap jwenn si nou renmen lajan e nou kite l dirije lavi nou:

  • Nou pap ka gen yon relasyon sere sere ak Jewova. — Mt 6:24

  • Nou pap janm satisfè. — Ekl 5:10

  • L ap pi fasil pou n tonbe nan tantasyon, sa gen ladan l bay manti, vòlè ak aji an trèt (Pw 28:20). Kòm rezilta, sa ap lakòz nou santi nou koupab, nou gen yon move repitasyon e nou pèdi favè Bondye

Li Ebre 13:​5, epi pale sou kesyon sa a:

  • Ki fason n ta dwe wè lajan k ap ede n evite pwoblèm, e poukisa?

Menmsi nou pa renmen lajan, n ap gen pwoblèm si nou pa byen sèvi avè l.

Pase DESEN ANIME Fason pou w jere lajan w. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

  • Poukisa nou ta dwe fè yon bidjè, e ki jan nou ka fè l?

  • Poukisa sa bon pou n sere yon ti lajan?

  • Poukisa li saj pou nou evite fè dèt ki pa nesesè?

8. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 101 ak priyè