Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

2-8 septanm

SÒM 79-81

2-8 septanm

Kantik 29 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Demontre lanmou pou non Jewova ki gen glwa

(10 min.)

Pinga nou fè anyen k ap dezonore Jewova (Sm 79:9; w17.02 9 § 5)

Se pou nou envoke non Jewova (Sm 80:18; ijwbv 3 § 4-5)

Jewova ap vide anpil benediksyon sou moun ki demontre lanmou pou non l lè yo obeyi l (Sm 81:​13, 16)

Pou konduit nou onore non Jewova, nou dwe idantifye nou antanke Temwen l

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 80:1 — Poukisa pafwa yo te konn sèvi ak non Jozèf pou yo pale de tout tribi Izrayèl yo? (it-2 53)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(1 min.) KAY AN KAY. Ofri moun nan yon etid biblik. (lmd leson 4 pwen 4)

5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Ofri moun nan yon etid biblik. (lmd leson 4 pwen 3)

6. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(2 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. Ofri moun nan yon etid biblik. (lmd leson 3 pwen 3)

7. Pousuiv enterè moun yo

(5 min.) KAY AN KAY. Ofri yon moun ki pa t aksepte etidye Labib anvan sa, men ki vin enterese kounye a, yon etid Labib. (lmd leson 8 pwen 3)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 10

8. “Y ap onore non m”

(15 min.) Konvèsasyon.

Satan te kòmanse sal non Jewova nan jaden Edenn nan. Depi lè sa a, tout moun ak tout zanj gen yon desizyon pou yo pran: defann non Jewova oswa pa defann li.

Ann egzamine kèk nan gwo manti Satan ap simaye sou Jewova. Li akize Jewova kòmkwa li se yon dirijan ki mechan e ki pa gen lanmou (Jen 3:​1-6; Jòb 4:​18, 19). Li fè konnen sèvitè Jewova yo pa renmen Jewova toutbonvre (Jòb 2:​4, 5). Li menm deja fè plizyè milyon moun kwè se pa Jewova ki kreye tout bèl bagay nou wè nan lanati yo. — Wm 1:​20, 21.

Ki jan manti sa yo fè w santi w? Siman, yo fè w anvi defann Jewova! Jewova te konnen sèvitè l yo t ap anvi patisipe nan fè non l vin sen. (Konpare ak Ezayi 29:23.) Ki jan w ka fè sa?

  • Ede lòt moun aprann konnen Jewova epi ede yo renmen l. (Jn 17:​25, 26.) Se pou w pare pou w bay prèv ki montre Jewova egziste e pou w aprann moun yo konnen bèl kalite li genyen yo. — Eza 63:7

  • Renmen Jewova ak tout kè w. (Mt 22:​37, 38.) Obeyi kòmandman Jewova yo, pa sèlman paske yo bon pou ou, men tou, paske w vle fè kè Jewova kontan. — Pw 27:11

Pase VIDEYO Lanmou pa janm fayi menmsi... Moun nan lekòl nou pa respekte prensip Bondye yo. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

  • Ki jan Ariel ak Diego te defann non Jewova?

  • Ki sa k te pouse yo defann non Jewova?

  • Ki jan w ka imite egzanp yo?

9. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 90 ak priyè