Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

28 oktòb–3 novanm

SÒM 103-104

28 oktòb–3 novanm

Kantik 30 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Li sonje “se pousyè nou ye”

(10 min.)

Lefètke Jewova gen konpasyon, sa fè l rezonab (Sm 103:8; w23.07 21 § 5)

Li pa ban nou vag lè nou fè erè (Sm 103:​9, 10; w23.09 6-7 § 16-18)

Li pa mande nou fè plis pase sa nou kapab fè (Sm 103:14; w23.05 26 § 2)

MANDE TÈT OU: ‘Èske fason m boule ak moun mwen marye avè l la montre m ap imite Jewova ki rezonab?’

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 104:24 — Ki sa vèsè sa a aprann nou sou kapasite Jewova genyen pou l kreye a? (cl 64 § 18)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. (lmd leson 3 pwen 4)

5. Pousuiv enterè moun yo

(4 min.) KAY AN KAY. Pale sou videyo Fason w ka byen pwofite etid Labib ou a ak yon moun ki aksepte yon etid Labib. (th leson 9)

6. Diskou

(5 min.) lmd apendis A pwen 6 — Tèm: Yon mari dwe ‘renmen madanm li menm jan li renmen tèt li’. (th leson 1)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 44

7. Èske w konn limit ou?

(15 min.) Konvèsasyon.

Lè nou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an, sa fè l kontan e sa fè nou kontan tou (Sm 73:28). Sepandan, lè n ap eseye bay sa nou genyen ki pi bon an san n pa reflechi ak limit nou, sa ka lakòz nou strese e nou jwenn desepsyon.

Pase VIDEYO N ap rive fè plis si nou gen objektif ki rezonab. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

  • Ki sa Jewova vle nou fè? (Mi 6:8)

  • Ki sa k te ede jèn sè a gen mwens enkyetid anrapò ak objektif li te fikse yo?

8. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 55 ak priyè