Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

7-13 oktòb

SÒM 92-95

7-13 oktòb

Kantik 84 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Sèvi Jewova se pi bon fason pou w viv!

(10 min.)

Jewova merite pou nou adore l (Sm 92:​1, 4; w18.04 26 § 5)

Li bay pèp li a yon sajès ki san parèy (Sm 92:5; w18.11 20 § 8)

Li bay moun k ap sèvi l yo valè menm lè yo vin granmoun (Sm 92:​12-15; w20.01 19 § 18)

MANDE TÈT OU: ‘Ki sa k anpeche m vwe lavi m bay Jewova epi fè m batize?’

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 92:5 — Ki jan pawòl sa yo byen montre sajès Jewova genyen? (cl 211 § 18)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(4 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Chèche okazyon pou w pale moun nan de travay w ap fè antanke anseyan Labib. (lmd leson 5 pwen 3)

5. Pousuiv enterè moun yo

(3 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Ofri yon moun ki pa t enterese nan etidye Labib anvan sa, men ki vin enterese kounye a, yon etid Labib. (lmd leson 8 pwen 4)

6. Fason pou w fè disip

(5 min.) Pale ak yon etidyan Labib ki pa fè pwogrè. (lmd leson 12 pwen 5)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 5

7. Lè enkyetid anvayi jèn yo

(15 min.) Konvèsasyon.

Moun k ap sèvi Jewova yo pa epaye anba enkyetid. Pa egzanp, menm jan ak anpil nan frè ak sè nou yo jodi a, David te fè fas ak enkyetid plizyè fwa nan lavi l (Sm 13:2; 139:23). Malerezman, sa afekte menm moun ki jèn yo. Pafwa, enkyetid ka fè yon seri aktivite yo abitye fè, tankou al lekòl oswa asiste reyinyon kongregasyon yo, parèt twòp pou yo. Sa ka menm mennen nan kriz panik oswa fè yo gen ide pou yo touye tèt yo.

Jèn, si jamè w santi enkyetid vle anvayi w, chèche èd nan men yon paran oswa yon adilt ki gen matirite. Asire w ou chèche èd nan men Jewova tou (Fp 4:6). L ap ede w (Sm 94:​17-19; Eza 41:10). Ann egzamine egzanp Steing.

Pase VIDEYO Jewova te pran swen m. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

• Ki vèsè nan Bib la ki te ede Steing, e poukisa?

• Ki jan Jewova te pran swen l?

Paran, ou ka ede pitit ou fè fas ak enkyetid, lè w koute yo avèk pasyans, lè w fè yo konnen ou renmen yo, ak lè w ede yo ranfòse konfyans yo nan lanmou Jewova gen pou yo (Tt 2:4; Jk 1:19). Konte sou Jewova pou l ba w konsolasyon ak fòs ou bezwen pou w ede pitit ou.

Petèt, nou ka pa konnen lè yon moun nan kongregasyon an ap fè fas ak gwo enkyetid oswa nou pa konprann fason li santi l. Malgre sa, nou ka bay èd nou lè nou fè tout moun nan kongregasyon an santi nou renmen yo e nou aksepte yo. — Pw 12:25; Eb 10:24.

8. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 81 ak priyè