Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JÒJI | 1991-1997

Bèje ki gen sousi bay fòmasyon

Bèje ki gen sousi bay fòmasyon

Joni Shalamberidze ak Tamazi Biblaia nan kòmansman ane 1990 yo.

Nan kòmansman ane 1990 yo, pifò kongregasyon nan Jòji te gen sèlman yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl. Tèritwa kongregasyon yo te gwo anpil, yo te gen plizyè ti vil oswa bouk ladan yo e pwoklamatè yo te gaye toupatou. Se sa k fè, an jeneral, kongregasyon yo pa t ka reyini ansanm, se plizyè gwoup ki te konn reyini apa.

Yo te mande Joni Shalamberidze ak Pavle Abdushelishvili, ki te deja sèvi nan tèritwa ki izole, pou y al ede nan Telavi, yon vil ki nan zòn Kaketi. Kongregasyon ki te nan vil sa a te gen 300 pwoklamatè e pa t menm gen yon ansyen ladan l. Li te gen 13 gwoup ki te konn reyini diferan kote.

Pavle Abdushelishvili

Yon tikras tan apre Joni ak Pavle rive nan zòn nan, yo te rann yo kont gen yon gwo bagay ki te anpeche frè yo pwogrese. Men sa Joni esplike: “Anpil nan frè yo te gen gwo jaden ak plantasyon rezen. Nan zòn sa yo, moun yo gen abitid ede youn lòt nan travay jaden, sa te lakòz frè nou yo te konn pase anpil tan ak moun ki pap sèvi Jewova.” — 1 Kor. 15:33.

Se sa k fè Joni ak Pavle te konseye frè yo pou yo mande Temwen parèy yo pito pou ede yo. Konsa, yo t ap pwofite bonjan konpayi toutpandan y ap travay nan jaden yo (Ekl. 4:9, 10). Men sa Joni fè konnen: “Lanmou ki egziste ant frè yo nan kongregasyon an te vin pi fò.” Twazan annapre, lè Joni ak Pavle te kite Kaketi, yo te kite kongregasyon an ak 5 ansyen ak 12 sèvitè ministeryèl.

Reyinyon yo ede nou vin pi maton nan travay predikasyon an

Kòm travay nou an te anba restriksyon pou jis kòmansman ane 1990 yo, se sèl pou Etid liv kongregasyon an ak Etid Toudegad frè ak sè yo te konn reyini e yo te fè sa an plizyè ti gwoup. Reyinyon sa yo te ankourajan se vre, men yo pa t fè yo pou bay pwoklamatè yo fòmasyon pou predikasyon.

Bagay yo te vin chanje lè rejim kominis la tonbe. Depi lè sa a, òganizasyon Jewova a te bay kongregasyon yo enstriksyon pou yo ajoute de lòt reyinyon yo nan reyinyon yo genyen chak semèn yo, anpalan de Lekòl ministè teyokratik ak Reyinyon sèvis.

Naili Khutsishvili ak sè l Lali Alekperova gen bèl souvni de reyinyon sa yo yo te konn asiste. Men sa Lali di: “Se yon epòk ki te vrèman gen anpil kè kontan. Se pa ti kontan tout moun te kontan lefètke kounye a sè yo te kapab patisipe nan reyinyon yo.”

Men sa Naili fè konnen: “Nan yon demonstrasyon, mèt kay la t ap li yon jounal sou estrad la lè l tande yo frape nan pòt la. Lè l envite moun nan antre, gen de sè ki parèt nan pòt prensipal sal la e ki monte sou estrad la!” Lali ajoute: “Menmsi pafwa reyinyon yo te fèt yon fason moun pa abitye, yo te ede nou vin pi maton nan travay predikasyon an.”

Yo te bezwen jwenn plis manje espirityèl

Pandan plizyè ane, gen kèk frè ki te sèvi ak yon machin pou yo repwodui piblikasyon yo lakay yo e se yo ki pou te fè machin nan mache. Pou frè yo te ka rive fè fas ak kantite demann yo te genyen e ki t ap vin pi plis, yo t al chèche konpayi ki te ka enprime piblikasyon yo pou yon pri ki rezonab.

Pou frè yo te ka prepare orijinal peryodik yo nan lang jòjyen pou enprime, yo te dekoupe lèt ki soti nan jounal yo epi yo kole yo sou paj kouvèti piblikasyon anglè a.

Frè yo te fè tèt yo travay pou yo te prepare yon orijinal piblikasyon an nan lang jòjyen pou bay enprime. Pou yo te fè sa, yo te tape tèks yo te tradui an jòjyen an e yo te ranje yo selon modèl piblikasyon anglè a. Apre sa, yo dekoupe imaj nan piblikasyon anglè a epi yo kole yo sou dokiman yo tape a nan menm plas li parèt nan anglè a. Pou fini, yo chèche lèt ki gen bèl fòm nan jounal, yo dekoupe yo epi yo kole yo sou paj kouvèti piblikasyon yo a. Konsa, yo te gen yon orijinal piblikasyon an nan lang jòjyen ki pare pou yo bay enprime.

Kèk nan premye peryodik nan lang jòjyen ki te enprime nan Jòji.

Lè òdinatè te vin disponib pou plis moun sèvi, Levani Kopaliani ak Leri Mirzashvili, de jèn frè, t al pran kou pou yo aprann ki jan pou yo byen sèvi ak òdinatè. Men sa Leri fè konnen: “Nou pa t gen eksperyans, e bagay yo pa t toujou mache swa. Men, grasa èd Jewova, anvan lontan nou te kapab tape piblikasyon nou yo epi konpoze yo.”

Malgre pwoblèm frè yo te rankontre, kongregasyon nan tout peyi a te kòmanse resevwa piblikasyon an koulè yo enprime nan peyi a. Rive yon lè, te tèlman vin gen moun ki bezwen piblikasyon, li te vin difisil pou frè yo rive fè tout moun jwenn piblikasyon. Men, sèvitè Jewova yo nan peyi Jòji te jwenn bonjan direksyon nan men òganizasyon Jewova a nan bon moman.

Bagay yo kòmanse chanje

Kongrè entènasyonal ki te fèt nan Senpitèsbou, nan peyi Risi an 1992 la te bay frè Jòji yo posiblite pou yo rankontre ak kèk frè filyal Almay la voye. Genadi Gudadze di: “Yo te esplike nou ki jan travay tradiksyon an fèt an jeneral. Yo te di nou y ap gen pou yo voye moun pou ede nou ak travay tradiksyon an.”

Li pa t fasil ditou pou n enprime piblikasyon yo an jòjyen. Etandone fason jòjyen yo sèvi ak lèt ki nan alfabè yo a pou yo ekri se sèl yo menm ki ekri fason sa a, sistèm elektwonik òganizasyon an sèvi pou ede l pibliye piblikasyon yo nan plizyè lang nan, sistèm yo rele MEPS la, potko gen alfabè jòjyen an. Pou sa te rive fèt, yo te dwe ranje MEPS yon fason pou yo te kapab konpoze tèks yo an jòjyen e pou yo te ka enprime yo.

Gen yon fanmi jòjyen, Datikashvili yo, ki te pati al Ozetazini nan fen ane 1970 yo e pandan yo nan peyi sa a, Marina, youn nan timoun yo, te vin pran laverite. Li te bay frè yo nan Betèl Bwouklin nan yon gwo èd lè yo te kòmanse desine chak fòm nan alfabè jòjyen an dekwa pou yo te ka mete yo nan MEPS. Sa pa t pran lontan pou yo voye enprime kèk feyè ansanm ak bwochi ki rele “Voici, je fais toutes choses nouvelles” la ann Almay.

Èd pou òganize travay tradiksyon an

An 1993, Michael Fleckenstein ak madanm li Silvia, ki te nan filyal Almay la, te rive Tibilisi pou yo mete yon biwo tradisyon sou pye. Men sa Michael di: “Mwen te sonje reyinyon nou te fè Senpitèsbou a. Se sa k fè, lè nou te rive Tibilisi 18 mwa apre reyinyon sa a, nou te sezi wè yo te gen yon ekip tradiksyon ki t ap mache byen!”

Leri Mirzashvili, Paata Morbedadze ak Levani Kopaliani k ap travay nan biwo tradiksyon ki nan Tibilisi a an 1993.

Apre kèk mwa, te gentan gen 11 moun k ap tradui nan yon biwo ki te nan yon ti apatman e yo te bay tout tan yo pou yo fè sa. Grasa bonjan fòmasyon òganizasyon Jewova a te bay, yo te kòmanse fè kongregasyon yo jwenn manje espirityèl san rete.

Y ap bay manje espirityèl nan moman latwoublay

Apre Inyon sovyetik fin kraze, te vin gen gè sivil ak konfli etnik nan anpil peyi ki te fè pati Inyon an. Jòji te youn nan peyi sa yo e sa te vin fè li vrèman danjere pou moun vwayaje nan peyi a, men li te pi danjere toujou pou moun travèse fwontyè peyi a.

Frè Zaza Jikurashvili ak Aleko Gvritishvili (yo montre yo nan foto a avèk madanm yo) te fè kongregasyon yo jwenn piblikasyon pandan peryòd latwoublay yo.

Yon jou, nan mwa novanm ane 1994, Aleko Gvritishvili ansanm ak de lòt frè t ap travèse yon fwontyè lè yon gwoup gason, zam alamen, te rete yo epi ba yo lòd pou yo soti nan machin yo te ye a. Aleko fè konnen: “Yo te vin fache lè yo wè piblikasyon nou yo. Yo te mete nou an liy kòmsi se tire yo t apral tire nou. Nou te priye Jewova anpil. Apre dezèdtan, gen youn ladan yo ki di nou: ‘Pran piblikasyon nou yo epi al fè wout nou, men si nou tounen, n ap met dife nan machin nan e n ap touye nou!’”

Malgre presyon sa yo, frè yo te kontinye fè kongregasyon yo jwenn manje espirityèl. Men sa frè Zaza Jikurashvili, ki te fè gwo sakrifis pou l fè piblikasyon yo rive Jòji, fè konnen: “Nou te konnen frè nou yo bezwen manje espirityèl. Madanm nou te soutni nou anpil.”

Aleko di: “Anpil nan frè ki t ap pote piblikasyon yo te gen madanm ak pitit.” Ki sa k te pouse yo pou yo kontinye malgre danje ki te genyen? Aleko reponn: “Rezon prensipal la se paske nou gen Jewova anpil rekonesans e nou renmen l anpil. Epitou, nou te vle imite Jewova nan fason nou pran swen frè ak sè nou yo nou renmen anpil.”

Grasa sakrifis frè sa yo te fè, pandan tout ane latwoublay ki te genyen yo, frè nou yo te toujou jwenn piblikasyon. Annapre, frè yo te vin jwenn pi bon fason pou yo fè piblikasyon yo sot ann Almay rive Jòji.

Ankourajman espirityèl nan bon moman

An 1995, lè sitiyasyon politik la te vin pi kalm, Temwen yo te fè aranjman pou yo fè premye kongrè distri yo. Nan peryòd ete 1996, te gen anviwon 6 000 delege ki te soti nan tout Jòji ki te asiste kongrè distri ki te fèt twa kote: Gori, Maneli ak Tisnori.

Frè ak sè yo k ap asiste kongrè toupre Gori an 1996.

Moun ki te asiste kongrè ki te fèt toupre Gori a te gen plis rezon pou yo pa bliye kongrè sa a. Te gen yon lè frè yo pa t sèten yo t ap gen ase moun pou yo plen yon oditoryòm pou Memoryal, men kounye a yo pa t ka jwenn yon lokal ki ase gwo pou resevwa plis pase de mil moun yo te atann k ap asiste kongrè a. Se pa ti chanjman sa te ye pou yo! Yo te deside yo pap fè kongrè a nan yon lokal, yo te fè l deyò, nan yon bèl zòn nan mòn ki pa twò lwen vil la kote moun konn fè kan.

Frè Kako Lomidze, ki te fè pati komite kongrè a, fè konnen: “Apre kongrè a, frè ak sè yo te pase bon ti moman ansanm, yo te chante e yo te renmen sa anpil. Tout moun te ka wè aklè gwo lanmou ki te nan mitan pèp Bondye a.” — Jan 13:35.

Nouvo fason yo òganize a fè vin gen akwasman

Apati 1996, yo te pran dispozisyon pou siveyan sikonskripsyon yo vizite chak kongregasyon nan peyi a pandan tout yon semèn. Pou yo te ka rive fè sa, yo te nome nouvo siveyan sikonskripsyon anplis frè ki te deja ap sèvi kòm siveyan nan peyi a.

Sa klè, “travay di” siveyan sikonskripsyon sa yo “fè avèk amou” ansanm ak sèvis fidèl yo fè te ede kongregasyon yo pou yo grandi e pou yo pi byen suiv enstriksyon òganizasyon Jewova a bay (1 Tes. 1:3). Soti 1990 pou rive 1997, kantite moun ki te vin fè pati kongregasyon yo te anpil. An 1990, te gen 904 pwoklamatè, alòske sèlman setan apre, te gen 11 082 moun k ap preche bon nouvèl la.

Sa te gentan fè plizyè dizèn ane depi te gen akwasman, men kounye a akwasman sa a te parèt aklè, e li t ap fèt nan tout peyi a. Men, Jewova te gen plis benediksyon toujou pou pèp li a nan Jòji.