Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JÒJI

Yo sonje Gran Kreyatè yo a

Yo sonje Gran Kreyatè yo a

Anpil nan moun nou te pale de yo anvan an se jèn ki te ‘sonje Gran Kreyatè yo a pandan yo jèn’. (Ekl. 12:1.) Dayè pami 3 197 pyonye ki genyen nan Jòji, sou chak twa pyonye, gen youn ki gen 25 an oswa pi piti. Sa k fè gen tout jèn sa yo ki djanm nan laverite?

Gen plizyè bagay ki kapab fè sa. Yon premye bagay sèke an jeneral, nan peyi sa a, moun yo pwòch ak fanmi yo. Men sa Konstantine, yon papa ki te leve senk pitit nan laverite, fè konnen: “Sa ki te atire m nan laverite se paske mwen toujou wè Jewova kòm yon papa ki renmen pitit li. Lè m te vin gen pitit, mwen te fikse objektif pou m ede pitit mwen yo santi yo alèz avè m.”

Malkhazi ak madanm li, ki gen twa timoun, te fè gwo efò pou fè fanmi yo soude. Men sa l di: “Tanzantan, nou mande timoun yo pou yo reflechi sou sa yo apresye lakay nou menm paran e sa yo apresye lakay youn lòt antanke frè ak sè. Apre sa, nou mande yo pale sou sa yo te reflechi a pandan adorasyon an fanmi an. Sa vin fè yo aprann wè sa ki bon lakay lòt moun epi apresye yo.”

“Kounye a lavi m gen sans toutbon!”

Anplis fòmasyon paran yo bay, ansyen yo fè efò pou jèn yo patisipe nan aktivite kongregasyon an kou sa posib. Nestori, ki te batize lè l te gen 11 an, di: “Ansyen yo te konn ban m fè kèk ti travay nan kongregasyon an depi lè m te toupiti. Sa te fè m santi mwen fè pati kongregasyon an toutbon.”

Moun ki bay bèl egzanp mete ak èd ansyen yo te bay jèn yo te vrèman ede yo pwogrese tou. Men sa Koba, youn nan frè Nestori yo, di: “Mwen pa t menm jan ak frè ak sè m yo. Mwen te bay anpil pwoblèm lè m te adolesan. Gen youn nan ansyen yo ki te jèn e mwen te pran l kòm egzanp. Li te toujou eseye konprann mwen e li pa t konn jije m. Li te vrèman ede m tounen vin jwenn Jewova.”

Jounen jodi a, Nestori, Koba ansanm ak Mari, sè yo, ap sèvi nan yon tèritwa ki lwen. Men sa Koba di: “Kounye a lavi m gen sans toutbon!”

“Pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite”

Biwo filyal la fè anpil efò pou l soutni paran yo nan efò y ap fè pou yo bay pitit yo fòmasyon lè l fè jèn yo patisipe nan pwojè li genyen yo. Gen yon manm Komite filyal la ki di: “Nou renmen jèn yo, se sa k fè nou soutni yo lè y ap fè efò pou yo atenn objektif espirityèl yo genyen.”

Temwen jòjyen k ap travay ansanm ak sèvitè entènasyonal pandan konstriksyon Sal asanble nan Tibilisi a.

Lè jèn yo travay ansanm ak frè ak sè ki gen matirite e lè yo fè zanmi avè yo, sa fè yon gwo enpresyon sou yo, yon enpresyon yo pa ka bliye. Mamuka, ki te travay ak sèvitè entènasyonal nan konstriksyon Sal asanble nan Tibilisi, di: “Pwojè entènasyonal sa yo te ban m yon seri bèl posiblite pou m aprann nan men lòt moun. Nonsèlman mwen te aprann fè kèk bagay pratik, men tou mwen te aprann yon seri bagay nan domèn espirityèl.”

Bonjan relasyon jèn yo genyen ak fanmi yo, ankourajman yo jwenn nan men ansyen yo ak bèl egzanp frè ak sè yo bay gen yon bon efè sou anpil jèn nan Jòji. Paran yo santi yo menm jan ak apot Jan ki te ekri: “Pa gen anyen ki fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite.” — 3 Jan 4.

Yo konsantre yo sou travay tradiksyon an

An 2013, Kolèj santral la te mande tout filyal yo pou yo chèche konnen si gen tèritwa ki sou kont yo e ki pale yon lang yo ta bezwen pou yo tradui piblikasyon ladan l pou yo. Rezon an se paske yo te vle pou plis moun rive tande bon nouvèl la.

Se konsa filyal Jòji a te deside tradui kèk piblikasyon nan lang svan ak migrelyen, de lang ki tèlman sanble ak lang jòjyen an sa fè kèk moun pa konsidere yo kòm lang vre, yo panse se lòt fason yo pale lang jòjyen an nan diferan zòn.

Men sa kèk pyonye zele nan zòn Svaneti ekri: “Pèp svan an enterese anpil nan bagay ki gen rapò ak Bondye e yo gen gwo respè pou Labib. Menm moun ki pa t vle pran piblikasyon nan men nou okòmansman te vin chwazi pran piblikasyon ki te nan lang pa yo.”

Lè yo te kòmanse fè reyinyon nan lang migrelyen, sa te touche tout moun lang sa a se lang manman yo. Giga, yon jèn pyonye, fè konnen: “Kounye a, mwen bay kòmantè ak pwòp mo pa m nan reyinyon yo. Mwen pa bezwen tradui ide yo nan tèt mwen anvan m bay yon kòmantè.”

Zuri, yon ansyen nan kongregasyon migrelyen ki nan Tikaya, di ki jan l santi l: “M pase anpil moman ki touche m nan lavi m, ni bon moman ni move moman, men pa gen youn ki te fè m kriye. Men, lè yo te pase kantik Wayòm nan an migrelyen pou premye fwa nan reyinyon yo, pa gen yon moun ki te ka kenbe dlo nan je yo, menm mwen menm.”

Kèk gwo moman

Yon moman ki te enpòtan nan istwa Temwen Jewova yo nan Jòji se te jou ki te samdi 6 avril 2013 la lè David Splane, yon manm Kolèj santral, te bay yon diskou pou inogirasyon agrandisman biwo filyal la, yon Sal asanble ak yon nouvo lokal pou Lekòl biblik. Gen anpil Temwen nan peyi a ki te akeyi 338 delege ki te soti nan 24 peyi e yo te fè sa ak tout kè yo.

Nan demen, frè Splane te bay yon diskou espesyal e 15 200 moun te gen posiblite tande diskou sa a paske yo te pase l sou ekran pou tout kongregasyon nan peyi a. Se te pi gwo evènman teyokratik entènasyonal ki te fèt nan peyi Jòji. Ankourajman youn te jwenn nan men lòt san konte kè kontan tout moun te genyen nan moman sa a te fè evènman sa a vrèman touchan. Men sa yon jèn frè fè konnen: “Kounye a m konnen ak ki sa monn nouvo a pral sanble.”

Inogirasyon filyal nan Tibilisi an 2013.

Lekòl biblik pou mari ak madanm ki kretyen, kounye a ki rele Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan, te yon vrè benediksyon pou pèp Jewova a nan Jòji. Depi 2003, gen plis pase 200 elèv ki te gradye nan lekòl sa a e yo tèlman gen rekonesans pou fòmasyon yo te resevwa a yo dispoze sèvi kèlkeswa kote ki gen bezwen.

“Lanse dèyè bagay ki devan yo”

Bon nouvèl la te rive gaye nan tout Jòji grasa efò premye pwoklamatè Wayòm nan ki te gen anpil kran. Jewova te beni yo pou lanmou yo te gen ni pou li ni pou pwochen yo, pou lafwa ak kran yo te genyen e pou inisyativ yo te pran.

Gen plis pase 18 000 frè ak sè nan Jòji e yo kontan pou yo kontinye fè travay moun ki te vin anvan yo te fè e yo ede pwochen yo wè pisans Pawòl Bondye a genyen. — Flp. 3:13; 4:13.

Komite filyal Jòji a: Wayne Tomchuk, Levani Kopaliani, Joni Shalamberidze, Michael E. Jones.