Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JÒJI | 1924-1990

Reyinyon yo ede tout moun vin gen plis lafwa

Reyinyon yo ede tout moun vin gen plis lafwa

Reyinyon yo te jwe yon gwo wòl nan ede nouvo yo vin gen plis lafwa. Anfèt, moun ki te fèk batize yo te chofe menm jan ak moun ki gen lontan nan laverite yo pou yo bay kay yo pou fè reyinyon. Tout moun ki te vin asiste reyinyon yo te jwenn bèl akèy, e se youn nan bagay tou ki te vrèman pèmèt lanmou ki nan mitan yo a vin pi fò.

Yo te konn òganize reyinyon espesyal lè te gen plizyè etidyan ki te kalifye pou yo batize. Yo te konn fè sa yon fason pou yo pa atire atansyon moun. Nan mwa out 1973, frè yo te fè yon reyinyon konsa andeyò vil Sokoumi, toupre plaj Lanmè Nwa a. Men, 35 kandida batèm yo pa t gentan batize. Anvan reyinyon an fini, lapolis te parèt, yo te arete kèk frè ak sè, e Vladimir Gladyuk te pami yo.

Kou Vladimir ak lòt frè yo te lage, yo te kontakte tout kandida batèm yo ankò. Tout kandida batèm yo te rive batize de jou apre sa k te pase a. Men sa Vladimir di: “Nou te santi Jewova te avèk nou. Apre batèm nan, nou te priye ansanm pou nou di Jewova mèsi.”

Opozisyon an te ede yo gaye bon nouvèl la

De jou apre batèm nan, yo te arete Vladimir Gladyuk ankò. E annapre, yo te kondane li menm, Itta Sudarenko ansanm ak Natela Chargeishvili pou yo pase plizyè ane nan prizon. Byenke arestasyon sa yo te fè pwoklamatè yo tris, yo te detèmine pou yo kontinye travay predikasyon an, men yo te pran anpil prekosyon.

Pou pwoklamatè yo pa atire atansyon otorite yo, yo pa t konn preche nan vil ak nan bouk kote yo rete. Kòm rezilta, opozisyon an te ede yo gaye bon nouvèl la plis kote toujou.

Sou rejim kominis la, pwoklamatè ki t ap viv nan gwo vil yo te konn preche nan lari kote pa gen anpil moun k ap pase ak sou plas piblik ki trankil. Byen souvan yo te konn jwenn moun ki soti nan lòt vil ak lòt bouk ki vin wè fanmi yo oswa ki vin achte. Si yon moun montre li enterese, pwoklamatè a pran adrès li e l fè aranjman pou yo rankontre ankò.

Babutsa Jejelava te pami moun ki konn al preche byen lwen nan tout lwès Jòji. Men sa l di: “Kòm mwen te gen fanmi anpil kote, pèsonn pa t sispèk anyen lefètke m te konn deplase souvan. Anviwon dezan apre, mwen t ap etidye Labib ak plis pase 20 moun nan vil Zougdidi ak 5 lòt moun nan vil Chkorotskou. Yo tout te vin batize.”

Nou te vrèman bezwen piblikasyon nan lang jòjyen

Sa pa t pran tan pou n rann nou kont nou te vrèman bezwen piblikasyon nan lang jòjyen. Lè pwoklamatè yo t ap fè vizit oswa yo t ap fè etid, yo te rann yo kont yo bezwen bib ak piblikasyon nan lang etidyan yo ka pi byen konprann *.

Babutsa sonje jan sa te difisil pou yon moun kondui etid san l pa t gen piblikasyon nan lang jòjyen. Men sa l di: “Se sèlman Bib la ak kèk piblikasyon mwen te genyen nan lang ris. Donk, souvan mwen te oblije tradui pati mwen t apral fè ak etidyan m yo.” Se sèlman yon diksyonè li te genyen pou l tradui atik ki nan peryodik yo nan lang jòjyen. Li te fè yon fason pou l tradui tout Evanjil Matye a!

Kèk Temwen ki gen kran k ap sèvi ak machin ki te konn fè kopi pou yo repwodui piblikasyon lakay yo.

Moun ki te enterese yo te tèlman kontan jwenn atik yo nan lang manman yo, sa te fè yo dispoze kopye piblikasyon yo pou yo te ka li oswa etidye. Kòm li te difisil pou moun jwenn bib nan lang jòjyen, gen kèk etidyan Labib ki te vin menm jan ak moun nan tan lontan “ki te konn kopye” Pawòl Bondye a.

“Mwen konn pase tout jounen ap kopye”

Piblikasyon yo te tradui nan lang jòjyen yo te konn sikile pami frè yo e pami moun ki enterese yo yon fason pou chak moun ka gen posiblite pou l li yo. Yo te bay chak moun piblikasyon yo pou yo li pandan kèk jou oswa kèk semèn. Se sa k fè, lè yon tradiksyon Liv ki te ekri an grèk yo nan lang jòjyen te vin tonbe nan men frè yo, gen yon fanmi ki te tou pwofite kopye l.

Raul Karchava te gen 13 an sèlman lè papa l te mande l kopye Liv ki te ekri an grèk yo. Men sa l di: “Papa m te achte yon bwat kaye pou pran nòt ansanm ak tout kalite plim ak kreyon, paske l te panse sa t ap ankouraje m. Byenke m te santi travay la twòp pou mwen, mwen te aksepte. Mwen konn pase tout jounen ap kopye, san m pa janm kanpe sof pou m fè yon ti detire men m.”

Toudegad ak Ann egzamine Ekriti yo chak jou yo te kopye alamen nan lang jòjyen.

Fanmi Raul te kontan lè yo te aprann frè yo te aksepte kite liv la nan men yo pou kèk semèn anplis, yon liv tout moun te vle genyen. Yo te fè sa yon fason pou Raul te ka fini ak kokennchenn travay li te kòmanse a. Nan de mwa sèlman, Raul te gentan kopye toule 27 liv ki fè pati Liv ki te ekri an grèk yo.

Malgre moun ki t ap kopye yo te travay di anpil, sa pa t sifi pou ede etidyan Labib yo jwenn tout sa yo te bezwen nan domèn espirityèl. Pou frè yo te ka fè fas ak bezwen sa a ki te ijan, gen yon seri frè ak sè ki te gen kran ki te pran risk repwodui piblikasyon yo lakay yo epi distribye yo.

Travay predikasyon an t ap vale teren nan lwès Jòji. Men, ki jan sa te ye nan lès peyi a menm? Èske te gen yon moun nan Tibilisi, kapital peyi a, ki te ka ede moun sensè tankou Vaso Kveniashvili ki t ap chèche laverite yo?

Verite a rive nan kapital la

Nan ane 1970 yo, otorite sovyetik yo t ap mache fè Temwen yo kite kay yo yon fason pou yo te dekouraje yo. Yo te fòse Oleksii ak Lydia Kurdas, yon koup ki soti Ikrèn, kite kay yo. Sa te vin fè koup sa a deplase al rete Tibilisi. Yo te pase anpil ane nan prizon ann Inyon sovyetik paske yo se Temwen Jewova.

Larisa Kessaeva (Gudadze) nan ane 1970 yo.

Koup sa a te pataje laverite ak Zaur ak Eteri Kessaev, de moun ki te aktif nan relijyon yo. Larisa, pitit fi Zaur ak Eteri, te gen 15 an lè Oleksii ak Lydia te premye pale sou laverite ak paran l. Men sa l di: “Nou te eseye pwouve yo se Legliz òtodòks ki sèl vrè relijyon an. Apre plizyè konvèsasyon, nou pa t jwenn anyen pou n di ankò, men yo menm, yo te kontinye sèvi ak Bib la pou yo rezone avèk nou.”

Men sa Larisa ajoute: “Lè nou te konn al legliz, mwen te toujou li Dis kòmandman yo yo te ekri sou yon mi nan mitan de zidòl. Men, jou Oleksii te li Egzòd 20:4, 5 pou nou, mwen te sezi anpil. Mwen pa t ka dòmi jou swa sa a paske mwen t ap poze tèt mwen menm kesyon an: ‘Èske se vre si nou adore zidòl nou dezobeyi lwa Bondye?’”

Larisa te detèmine pou l jwenn repons kesyon sa a. Nan demen maten, byen bonè, li kouri al nan legliz la e li reli kòmandman ki di “nou pa dwe fè zidòl [...] nou pa dwe pwostène devan yo” a. Se premye fwa nan lavi l li te resi konprann sa kòmandman sa a vle di. Larisa ak paran l te vin batize e yo te pami premye Temwen nan Tibilisi.

Li jwenn sa l t ap chèche a

Prèske 20 an apre premye kontak Vaso Kveniashvili te gen ak laverite, li te rankontre yon moun ki te konn asiste reyinyon Temwen Jewova yo nan Tibilisi. Vaso te kontan jwenn ak Temwen yo ankò. Sa fè tèlman lontan li t ap tann sa!

Vaso Kveniashvili te vin Temwen Jewova anviwon 24 an apre premye kontak li ak laverite.

Men, okòmansman, Temwen yo nan zòn nan pa t cho pou yo antre Vaso nan aktivite yo, sitou tout moun te konnen l kòm moun ki te konn mele nan zak kriminèl. Gen kèk moun ki te menm panse li te ka yon espyon k ap travay pou otorite sovyetik yo. Donk, pandan katran yo pa t bay Vaso pèmisyon pou l asiste reyinyon yo.

Lè yo te vin wè aklè Vaso pa t yon espyon e li te sensè, finalman yo te aksepte pou l fè pati kongregasyon an e pou l batize. Anfen, Vaso te ka vin pwoche pi pre “Dye ki gen jistis” li t ap chèche depi lè l te jèn nan (Eza. 30:18). Li te kontinye sèvi Jewova ak menm detèminasyon an pou jis li mouri an 2014.

Pou rive 1990, yo t ap preche ni nan lwès Jòji ni nan lès. Te gen anviwon 900 pwoklamatè ki t ap kondui 942 etid biblik. Sa te poze baz pou kokennchenn akwasman ki t apral genyen an.

^ § 12 Byenke depi nan kòmansman senkyèm syèk epòk nou an yo te gentan tradui kèk pati nan Bib la nan lang jòjyen, li te difisil anpil pou moun jwenn bib sou rejim kominis lan. — Gade kare ki rele: “Labib nan lang jòjyen.”