Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JÒJI

“Pou Bondye, tout bagay posib”

Natela Grigoriadis

“Pou Bondye, tout bagay posib”
  • NESANS: 1960

  • BATÈM: 1987

  • PWOFIL: Natela te nan domèn biznis. Yon ti tan apre l fin batize, li te sèvi ak eksperyans li e ak kontak li te genyen pou l te ede frè yo enprime piblikasyon an kachèt.

NAN fen ane 1980 yo, se sèlman frè k ap kondui Etid Toudegad la ki te gen yon Toudegad e an jeneral se te youn yo te kopye alamen. Mwen t al kot Genadi Gudadze, youn nan ansyen yo e mwen te pwopoze l pou n ta eseye enprime pwòp peryodik nou.

Nan epòk sa a, frè yo te konn sèvi ak yon aparèy pou fè kopi yo menm yo te fè, e aparèy sa a te ka pwodui yon ti kantite piblikasyon. Donk, pou yo te ka pwodui peryodik regilyèman, yo te bezwen yon pi bon aparèy, yon moun ki konn tape byen, yon machin atape, yon bon kantite papye. Men, pou yon moun te posede kèlkeswa ekipman enprimri ak papye pou enprime, fò l te al anrejistre materyèl sa yo nan gouvènman an e se sèvis sekirite espesyal yo ki te kontwole bagay sa yo.

Yon moun mwen te konnen ki nan domèn nan te fè m jwenn yon machin atape ki pa t anba kontwòl gouvènman an ankò. Mwen te gen yon sè ki te konn tape e ki te ka ede nou. Frè yo te fè yon nouvo aparèy pou fè kopi e yo te jwenn yon kote pou yo achte papye. Tout bagay te anplas pou n te pwodui premye Toudegad nou nan lang jòjyen, e nou pa t pran tan pou n fè sa.

Men, te vin gen yon pwoblèm. Yon jou, Genadi te di m: “Fò n jwenn yon lòt kote pou n achte papye.” Li te wè yon pakèt papye nan yon biwo gouvènman an men, kòm otorite yo te deja ap suiv li, li pa t ka achte yo. Ki jan nou t ap fè jwenn papye yo? Mwen t ap plede di: “Sa enposib!” Lè sa a Genadi reponn mwen yon fason fèm: “Sispann di: ‘Sa enposib.’ ‘Pou Bondye, tout bagay posib’! ” — Mat. 19:26.

Nan demen, mwen te sou wout pou m al nan biwo gouvènman an e mwen te strese, men mwen te kontinye ap panse ak sa l te di m nan. Jewova te fè yon fason pou m jwenn yon dam byen janti ki konn tape e ki te dakò al pote demann mwen an bay responsab la. E kiyès responsab la te ye? Se te mari dam nan! Depi lè sa a, se nan biwo sa a mwen te achte papye regilyèman. Apre sa, nou pa t janm gen pwoblèm pou n jwenn materyèl nou te bezwen yo.