Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kigistan

KÈK PWEN ENTERESAN NAN ANE KI SOT PASE A

Inogirasyon filyal

Inogirasyon filyal

PANDAN ennan edmi frè ak sè lokal kou etranje te travay san pran souf pou yo renove e agrandi biwo filyal ki nan Bichkèk, kapital Kigistan. Inogirasyon an te fèt 24 oktòb 2015 egzakteman yon mwa apre travay la te fini. Te gen plis pase 3 000 moun nan 18 Sal Wayòm ki te kontan asiste pwogram nan e yo te pase pwogram nan nan 5 lòt lokal. Stephen Lett, yon manm Kolèj santral la, te bay yon diskou inogirasyon ki gen tit “Sèvi Jewova ak yon kè ki konplè.” Nan demen, pwogram yo te prepare pou pifò pwoklamatè nan peyi a te fòtifye lafwa yo.

Filyal Kigistan

Nan samdi 14 me 2016, te gen 6 435 moun ki te asiste inogirasyon biwo filyal Ameni an ki pran 6 etaj nan yon bèl bilding rezidansyèl 18 etaj. Yo te inogire tou yon Sal asanble ak lokal pou Lekòl evanjelizatè Wayòm nan. Nan diskou yo, yo te pale sou fason sèvitè Jewova yo te kòmanse travay la ann Ameni. Travay la te kòmanse pami imigran aményen ki Etazini yo nan kòmansman 20yèm syèk la, epi ann Ameni menm, nan mitan ane 1970 yo alòske nan epòk sa a peyi a te toujou fè pati Inyon sovyetik. Pandan dènye ane yo, Leta te rekonèt òganizasyon an e te vin gen yon filyal. Anpil nan moun ki te la yo pa t janm imajine yo t ap wè kalite bèl evènman sa yo. Pi gwo moman nan evènman an se te lè moun yo nan asistans lan te dakò pou David Splane, yon manm Kolèj santral la, dedye bèl lokal la pou Jewova.

Ameni

Anlè: Pwogram inogirasyon filyal Ameni an.

Nan mitan: Frè ak sè k ap asiste pwogram espesyal ki te fèt nan wikenn nan.

Anba: Dans tradisyonèl aményen pandan sware a.