Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kenbe Pawòl Bondye a fèm

Kenbe Pawòl Bondye a fèm

Chapit twa

Kenbe Pawòl Bondye a fèm

1. a) Kòman Izrayèl tan lontan an te rive rann li kont pawòl Bondye diy de konfyans ? b) Poukisa sa enterese nou ?

“ NOU byen konnen ak tout kè nou e ak tout nanm nou pa gen yon pawòl nan tout bon pawòl Jewova Bondye nou an di nou ki echwe. Yo tout reyalize pou nou. ” ​(Jozye 23:14-16). Se sa Jozye te di ansyen yo ann Izrayèl apre yo te fin etabli nan Latè pwomiz. Wi, pwomès Jewova yo pwouve yo diy de konfyans. Istwa sa a, ansanm ak tout rès Bib la, yo te prezève l pou nou yon fason pou “ nou ka gen esperans ”. — Women 15:4.

2. a) Nan ki sans se “ Bondye ki enspire ” Bib la ? b) Piske nou konnen se Bondye ki enspire Bib la, ki responsablite nou genyen ?

2 Menmsi se 40 òm anviwon Jewova te itilize pou ekri Bib la, se li menm ki Otè Bib la. Èske sa siyifi Jewova te dirije aktivman tout sa ki ekri nan Bib la ? Wi. Li te fè sa ak pisans lespri sen l, fòs aktif li a. Men sa apot Pòl di ki toutafè veridik : “ Tout Ekriti se Bondye ki enspire li [...] pou moun pa Bondye a kalifye nèt, pou l ekipe totalman pou tout zèv ki bon. ” Moun toupatou, ki gen konviksyon sa a, bay Bib la atansyon, e yo bati vi yo sou sa k ladan l. — 2 Timote 3:16, 17 ; 1 Tesalonisyen 2:13.

Ede lòt moun apresye l

3. Ki meyè fason nou ka ede anpil moun ki pa gen konviksyon Bib la se Pawòl Bondye ?

3 Anpil moun n ap pale avèk yo pa gen menm konviksyon avèk nou Bib la se Pawòl Bondye. Ki fason nou ka ede yo ? Souvan, sa k pi bon se ouvri Bib la e montre yo sa k ladan l. “ Pawòl Bondye a vivan e li pisan, li pi file pase yon epe ki file de bò [...] e li kapab disène panse ak entansyon ki nan kè a. ” ​(Ebre 4:12). “ Pawòl Bondye a ” se pa yon istwa ki san sans pou jodi a, men li vivan ! Pwomès ki nan Bib la ap avanse pou yo akonpli san mank. Enfliyans mesaj ki nan Bib la genyen sou vrè mobil ki nan kè yon moun gen plis fòs pase tout sa nou menm nou ta ka di pèsonèlman.

4. Ki esplikasyon sou verite ki nan Bib la ki konn chanje atitid kèk moun anvè Bib la, e poukisa ?

4 Gen anpil moun lè yo wè non Bondye nan Bib la sa fè yo anvi egzamine l pi an pwofondè. Gen moun ki deside etidye Bib la, lè yo montre yo sa l di konsènan bi lavi a, oswa poukisa Bondye pèmèt mechanste. Gen lòt moun ki deside fè sa lè yo montre yo siyifikasyon evènman k ap pase yo oubyen esperans lavi etènèl nan paradi sou tè a. Nan peyi kote pratik yo fè nan relijyon yo konn ekspoze moun anba atak movèzespri, se esplikasyon Bib la bay sou rezon ki lakòz bagay sa a ak sou jan moun ka jwenn soulajman anba l ki konn eveye enterè yo. Poukisa pwen sa yo touche moun ki sensè yo ? Paske se Bib la ki sèl sous enfòmasyon fyab sou tout kesyon ki enpòtan konsa. — Sòm 119:130.

5. a) Lè moun di yo pa kwè nan Bib la ki rezon petèt ki fè sa ? b) Ki jan nou ka ede jan de moun sa yo ?

5 Sepandan, ki sa n ap fè si gen moun ki di nou yo pa kwè nan Bib la ? Èske sa ta dwe mete fen nan konvèsasyon an ? Non, si moun yo dispoze rezone. Petèt, pou yo menm, Bib la se liv lakretyente. Moun sa yo ka mal reyaji anvè Bib la paske yo byen konnen istwa lakretyente, li gen ipokrizi ladan l, li nan politik e li toujou ap mande lajan. Poukisa nou pa mande yo si se sa ki fè yo reyaji konsa ? Nou ka eveye enterè yo lè nou montre yo Bib la kondane fason monden lakretyente ap aji, e n ap montre yo diferans ki genyen ant lakretyente ak vrè krisyanis lan. — Mika 3:11, 12 ; Matye 15:7-9 ; Jak 4:4.

6. a) Ki sa ki konvenk ou pèsonèlman Bib la se Pawòl Bondye ? b) Ki lòt kalite rezònman nou ka itilize pou ede moun rekonèt se reyèlman Bondye ki Otè Bib la ?

6 Pou kèk lòt moun, yon konvèsasyon fran sou prèv ki montre se Bondye ki enspire Bib la kapab itil. Ki sa k konvenk ou se Jewova Dye ki Otè Bib la ? Èske se sa Bib la di li menm sou orijin li ? Oubyen èske se lefètke Bib la gen yon bann pwofesi ladan l ki bay yon konesans detaye sou lavni, pwofesi ki dwe soti nan yon sous ki depase pouvwa lèzòm (2 Pyè 1:20, 21) ? Petèt, èske se bèl amoni ki gen anndan Bib la, malgre se 40 òm ki ekri l sou yon peryòd 1 600 ane anviwon ? Oubyen èske se jan li egzak nan domèn syantifik, kontrèman ak lòt liv ki te ekri nan menm epòk la ? Oubyen èske se franchiz ekriven l yo ? Oubyen èske se jan Bib la rive prezève malgre efò malveyan kèk moun te fè pou detwi l ? Kèlkeswa sa w twouve ki enpresyonan pou ou, ou ka itilize l tou pou w ede lòt moun *.

Lekti Bib la

7, 8. a) Ki sa nou ta dwe fè avèk Bib la ? b) Anplis li Bib la pèsonèlman, ki sa ankò nou bezwen ? c) Pèsonèlman ki jan w te fè rive konprann objektif Jewova yo ?

7 Non sèlman n ap ede lòt moun kwè nan Bib la, nou menm tou nou bezwen pran tan pou nou li l regilyèman. Èske w fè sa ? Pami tout liv yo pwodui, se Bib la ki pi enpòtan. Natirèlman, sa pa vle di si nou li l poukont nou, nou pa bezwen anyen ankò. Ekriti yo ban nou avètisman pou nou pa izole tèt nou. Nou pa ta dwe panse nou ka konprann tout bagay grasa rechèch n ap fè poukont nou. Si nou vle vin kretyen ki ekilibre, li nesesè pou nou fè etid pèsonèl e pou nou asiste regilyèman reyinyon pèp Bondye a òganize. — Pwovèb 18:1 ; Ebre 10:24, 25.

8 Anrapò avèk sa, Bib la rakonte sa k te pase yon fonksyonè Etyopyen ki t ap li pwofesi Izayi a. Yon zanj te dirije yon evanjelizatè kretyen ki rele Filip al mande mesye a : “ Èske ou vrèman konprann sa w ap li a ? ” Avèk imilite, Etyopyen an reponn : “ An reyalite, ki jan m ta janm fè konprann, si pa gen yon moun ki gide m ? ” Li sipliye Filip pou l esplike l pasaj Ekriti a. Note sa byen, Filip pa t senpleman yon lektè Labib endepandan ki t ap bay opinyon pa l sou Ekriti yo. Li te kenbe yon kontak sere ak òganizasyon vizib Bondye a. Se sa k fè li te kapab ede Etyopyen an benefisye ansèyman Jewova bay pa mwayen òganizasyon sa a (Travay 6:5, 6 ; 8:5, 26-35). Menm jan an tou jodi a, pa gen pèsonn ki rive gen yon konpreyansyon egzak sou objektif Jewova poukont li. Nou tout nou bezwen èd Jewova bay, avèk amou, pa mwayen òganizasyon vizib li a.

9. Ki pwogram lekti biblik ki ka pwofitab pou nou tout ?

9 Pou ede nou konprann Bib la, òganizasyon Jewova a founi bonjan enfòmasyon biblik nan divès piblikasyon. Anplis de sa, gen yon pwogram lekti Labib regilye yo etabli pou nou nan Lekòl ministè teyokratik. Se yon Lekòl yo fè nan tout kongregasyon Temwen Jewova toupatou sou tè a. Nou ka tire anpil pwofi lè nou egzamine Ekriti sakre yo pèsonèlman (Sòm 1:1-3 ; 19:7, 8). Fè tout efò nou pou nou li Labib regilyèman. Menm lè w pa byen konprann tout sa w li, koudèy jeneral ou fè nan Ekriti yo gen anpil enpòtans. Pa egzanp, si w li sèlman kat ou senk paj chak jou, ou kapab li tout Bib la nèt nan anviwon yon ane.

10. a) Ki lè ou menm ou li Bib la ? b) Ki lòt moun ki ta dwe nan pwogram nan lè w ap li Bib la, e poukisa li enpòtan pou w fè sa regilyèman ?

10 Ki lè ou menm ou ka jwenn tan pou w li Bib la ? Si w rezève 10 a 15 minit pa jou pou sa, w ap tire anpil pwofi. Si sa pa posib, fikse omwen yon orè regilye pou w fè sa plizyè fwa chak semèn, e ansuit respekte orè sa a. Si w marye, nou toule de ka pran plezi pou nou fè lekti nan Bib la awotvwa youn pou lòt. Si gen timoun ki ase gran pou yo li, yo ka fè lekti a awotvwa youn apre lòt. Li Labib ta dwe yon abitid pou tout lavi, tankou manje. Kòm ou konnen, si yon moun gen move abitid nan manje, se sante l ki pral peye sa. Konsa tou, lavi nou nan domèn espirityèl, e pakonsekan lavi etènèl nou, depann de fason nou nouri tèt nou regilyèman nan “ tout pawòl ki soti nan bouch Jewova ”. — Matye 4:4.

Objektif nou vize

11. Ki objektif nou ta dwe vize lè n ap li Bib la ?

11 Ki objektif nou ta dwe vize lè n ap li Bib la ? Objektif nou se pa ta dwe senpleman pou nou li yon sèten kantite paj. Rezon ki ta dwe pouse nou fè sa se ta dwe pou nou konnen Bondye pi byen dekwa pou nou ka renmen l plis, e pou nou adore l fason ki akseptab la (Jan 5:39-42). Nou ta dwe gen menm etadespri ak ekriven biblik sa a ki te di : “ Fè m konnen chemen pa w yo, o Jewova. Anseye m pwòp wout ou yo. ” — Sòm 25:4.

12. a) Poukisa l nesesè pou nou gen “ konesans egzak ” la, e ki efò ki nesesè pou nou fè dekwa pou nou gen konesans sa a ? b) Ki kat pwen lè nou itilize yo ki ka ede nou egzamine sa nou li nan Bib la yon fason ki pwofitab ? (Gade kare ki nan paj 30 lan.) c) Bay egzanp sou pwen sa yo pandan w ap reponn kesyon ki nan paragraf sa a. Chèche tèks yo bay kòm referans yo men yo pa site sa yo di yo.

12 Toutpandan n ap resevwa ansèyman nan men Jewova, se ta dwe dezi nou pou nou gen “ konesans egzak ” la. San li, ki jan n ap fè byen aplike Pawòl Bondye a nan pwòp vi nou, oubyen kòman n ap fè esplike lòt moun li kòrèkteman (Kolosyen 3:10 ; 2 Timote 2:15) ? Pou nou rive gen konesans egzak la, sa mande pou nou li avèk atansyon. E si pòsyon n ap li a pwofon, li kapab nesesè pou nou li l plizyè fwa, yon fason pou nou sezi sans li. N ap jwenn byenfè tou si nou pran tan pou nou medite sou sa nou li a, si nou reflechi sou li sou divès aspè. Nan paj 30 lan yo bay kat pwen enpòtan ki ka sèvi nou baz pou nou reflechi sou sa nou li a. Nou kapab egzamine plizyè pòsyon nan Bib la yon fason ki pwofitab, lè nou sèvi ak youn oswa plizyè nan pwen sa yo. Ou pral wè ki jan, pandan w ap reponn kesyon ki nan paj apre yo.

1) Byen souvan, pòsyon Ekriti w ap li a kapab ranseye w sou pèsonalite Jewova. Pa egzanp, nan Sòm 139:13, 14, nou aprann Jewova sousye l anpil pou tibebe ki poko fèt. Vèsè a di : “ Ou te kenbe m alabri nan vant manman m. M ap louwe w paske mwen fèt yon fason ki enspire lakrent, yon fason ki estrawòdinè. Travay ou yo estrawòdinè, e nanm mwen konn sa trè byen. ” Se pa ti estrawòdinè travay Jewova fè nan kreyasyon an estrawòdinè ! Fason lèzòm fèt la se yon temwayaj sou kokenn lanmou li gen pou nou.

Selon sa ki di nan Jan 14:9, 10, lè nou li jan Jezi te konn trete moun, nou wè vrèman ki jan Jewova li menm ta aji. Avèk sa nan lespri nou, ki konklizyon nou kapab tire konsènan Jewova nan istwa ki rapòte nan Lik 5:12, 13 ak nan Lik 7:11-15 ?

2) Reflechi sou rapò pòsyon w ap li a genyen avèk tèm Bib la : Jistifikasyon souvrènte Jewova ak sangtifikasyon non l pa mwayen Wayòm nan ki nan men Jezi Kris, Semans Bondye te pwomèt la.

Kòman Ezekyèl ak Dànyèl te mete aksan sou tèm Bib la (Ezekyèl 38:21-23 ; Dànyèl 2:44 ; 4:17 ; 7:9-14) ?

Ki jan Bib la montre aklè se Jezi ki Semans Bondye te pwomèt la (Galat 3:16) ?

Ki jan liv Revelasyon an dekri dènye evènman enpòtan ki gen rapò ak tèm Wayòm nan (Revelasyon 11:15 ; 12:7-10 ; 17:16-18 ; 19:11-16 ; 20:1-3 ; 21:1-5) ?

3) Mande tèt ou kòman w ka fè yon aplikasyon pèsonèl ak sa w li a. Pa egzanp, depi Egzòd rive nan Detewonòm, nou li ki sa k te pase konsènan imoralite ak rebelyon Izrayelit yo te fè. Nou aprann move rezilta atitid ak aksyon konsa te pote. Konsa, dezi nou genyen pou nou fè Jewova plezi ta dwe pouse nou pou nou pa suiv move egzanp Izrayelit yo. “ Bagay sa yo te rive yo kòm egzanp, e yo te ekri yo pou sèvi nou avètisman, nou menm fen sistèm de choz yo rive sou nou an. ” — 1 Korentyen 10:11.

Ki leson nou aprann nan istwa kote Kayen te touye Abèl la (Jenèz 4:3-12 ; Ebre 11:4 ; 1 Jan 3:10-15 ; 4:20, 21) ?

Èske konsèy Bib la bay pou kretyen ki gen esperans selès yo aplikab tou pou kretyen ki gen esperans lavi etènèl sou tè a (Nonb 15:16 ; Jan 10:16) ?

Menmsi nou gen bèl repitasyon nan kongregasyon an, poukisa nou bezwen egzamine ki jan pou nou aplike pi byen konsèy biblik nou konnen deja yo (2 Korentyen 13:5 ; 1 Tesalonisyen 4:1) ?

4Reflechi sou fason ou ka itilize sa w li a pou w ede lòt moun. Tout moun sousye de sante yo. Se sa k fè, nou kapab li avèk yo sa Jezi te fè pou l montre yo pi gwo bagay li pral fè lè li pral dirije antanke Wa pisan nan Wayòm nan : “ Te gen gwo foul ki te pwoche bò kote l, pami yo te gen moun ki bwate, ki estwopye, ki avèg, ki bèbè ak anpil lòt malad [...] e li te geri yo. ” — Matye 15:30.

Ki moun nou ka ede ak istwa sou rezirèksyon pitit fi Jayiris la (Lik 8:41, 42, 49-56) ?

13. Ki rezilta nou ka espere jwenn si nou kontinye kenbe yon pwogram lekti biblik e si nou kontinye etidye Bib la ansanm ak òganizasyon Jewova a ?

13 Se pa ti pwofitab lekti n ap fè nan Bib la ap vin pwofitab si nou suiv kat pwen yo mansyone pi wo a ! Se sèten, li Labib se yon defi. Men, sa ka pwofitab pou nou pandan tout lavi nou, paske toutotan n ap li Ekriti yo se toutotan n ap pwogrese pou nou vin pi solid espirityèlman. Yon lekti Labib ki regilye ap fè nou vin pi pwòch ni ak Jewova, Papa nou ki renmen nou an, ni ak kretyen parèy nou yo. Sa ap ede nou suiv konsèy ki mande nou pou nou kenbe “ pawòl lavi a byen di ”. — Filipyen 2:16.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Pou plis detay sou rezon ki fè Bib la merite pou moun egzamine l, gade bwochi Un livre pour tous la. Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a.

Revizyon

• Poukisa Bondye te fè ekri Bib la e li prezève l jis rive nan epòk nou an ?

• Ki jan nou ka ede lòt moun apresye Bib la ?

• Poukisa li pwofitab pou nou li Bib la pèsonèlman e regilyèman ? Ki kat pwen nou ka itilize pou nou analize sa nou li a yon fason ki pwofitab?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 30]

LÈ W AP LI YON PÒSYON NAN BIB LA, MANDE TÈT OU

ki sa l aprann ou sou pèsonalite Jewova,

ki rapò sa genyen avèk tèm jeneral Bib la,

ki efè sa ta dwe genyen sou pwòp vi w,

ki jan ou ka itilize l pou w ede lòt moun.