Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan Jewova dirije òganizasyon l lan ?

Ki jan Jewova dirije òganizasyon l lan ?

Chapit katòz

Ki jan Jewova dirije òganizasyon l lan ?

1. Ki enfòmasyon Bib la bay konsènan òganizasyon Jewova a, e poukisa sa enpòtan pou nou ?

ÈSKE Bondye gen yon òganizasyon ? Ekriti enspire yo revele nou li gen youn. Nan Pawòl li, li ban nou kèk apèsi sou pati grandyoz òganizasyon sa a ki nan syèl la (Ezekyèl 1:1, 4-14 ; Dànyèl 7:9, 10, 13, 14). Malgre nou pa ka wè pati envizib sa a, li gen yon kokenn enfliyans sou vrè adoratè yo jodi a (2 Wa 6:15-17). Òganizasyon Jewova a gen yon pati vizib tou sou tè a. Bib la ede nou konprann ki sa l ye e kòman Jewova dirije l.

Ann idantifye pati vizib la

2. Ki nouvo kongregasyon Bondye te mete sou pye ?

2 Pandan 1 545 ane se nasyon Izrayèl la ki te kongregasyon Bondye (Travay 7:38). Men, Izrayelit yo pa t respekte lwa Bondye yo e yo te rejte pwòp Pitit li a. Kòm konsekans, Jewova te rejte kongregasyon sa a, e li pa t sèvi avè l ankò. Jezi te di Juif yo : “ Gade ! Kay ou a, yo abandone l ba ou. ” ​(Matye 23:38). Ansuit, Bondye te mete sou pye yon nouvo kongregasyon. Avèk kongregasyon sa a, li te fè yon nouvo alyans. Kongregasyon sa a ta gen pou l atenn 144 000 moun Bondye chwazi ki pou ini ak Pitit li a nan syèl la. — Revelasyon 14:1-4.

3. Ki sa k te pase nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an ki montre aklè, apati lè sa a, Bondye te sèvi ak yon nouvo kongregasyon ?

3 Yo te wenn premye moun ki te fè pati nouvo kongregasyon sa a ak lespri sen Jewova, nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an. Konsènan evènman remakab sa a, men sa nou li : “ Kounye a, pandan jou fèt Pannkòt la t ap kontinye, yo tout ansanm te menm kote, e toudenkou, te gen yon bri ki sot nan syèl la tankou bri yon gwo van ki pase rapid, epi li plen tout kay kote yo te chita a. Epi, yon seri lang kòmsi se te lang dife, vin vizib pou yo, epi yo simaye, epi yo poze youn sou tèt yo chak, e yo tout te vin ranpli ak lespri sen. ” ​(Travay 2:1-4). Konsa, lespri Bondye te montre aklè, apati lè sa a, se gwoup moun sa yo Bondye t ap itilize pou akonpli objektif li anba direksyon Jezi Kris ki nan syèl la.

4. Kiyès jodi a ki fòme òganizasyon vizib Jewova a ?

4 Jodi a, se sèlman yon rès nan 144 000 yo ki sou tè a. Men, pou pwofesi biblik yo reyalize, gen “ yon gwo foul ” “ lòt mouton ”, plizyè milyon konsa, ki vin asosye ak rès wen an. Jezi, ekselan Bèje a, reyini lòt mouton sa yo ansanm ak rès la. Konsa, yo fòme yon sèl twoupo sou direksyon li antanke sèl Bèje yo (Revelasyon 7:9 ; Jan 10:11, 16). Yo tout yo fòme yon kongregasyon ini, òganizasyon vizib Jewova a.

Yon òganizasyon teyokratik

5. Kiyès k ap dirije òganizasyon Bondye a, e kòman li fè sa ?

5 Ekspresyon biblik “ kongregasyon Bondye vivan an ” montre aklè kiyès k ap dirije l. Se yon òganizasyon teyokratik, sa vle di se Bondye k ap dirije l. Jewova dirije pèp li a pa mwayen Jezi, li menm li nome Chèf envizib kongregasyon an. Li dirije l tou pa mwayen Pawòl enspire li a, Labib. — 1 Timote 3:14, 15 ; Efezyen 1:22, 23 ; 2 Timote 3:16, 17.

6. a) Nan premye syèk la, ki sa k montre kongregasyon an te resevwa direksyon selès ? b) Ki sa k montre se Jezi ki toujou Chèf kongregasyon an ?

6 Direksyon sa a te parèt klè jou Pannkòt la (Travay 2:14-18, 32, 33). Sa te klè tou, lè zanj Jewova a te bay direksyon pou yo simaye bon nouvèl la ann Afrik, lè vwa Jezi te bay direksyon anrapò ak konvèsyon Sòl ki te moun Tas e lè Pyè te kòmanse travay predikasyon an pami Janti yo (Travay 8:26, 27 ; 9:3-7 ; 10:9-16, 19-22). Sepandan, avèk letan, afè tande vwa ki sot nan syèl, wè zanj, resevwa don lespri pou fè mirak, bagay sa yo pa t ap egziste ankò. Poutan, Jezi te pwomèt : “ Gade, mwen avèk nou toule jou jis nan konklizyon sistèm de choz la. ” ​(Matye 28:20 ; 1 Korentyen 13:8). Jodi a, Temwen Jewova yo rekonèt direksyon Jezi bay la. San sa, li t ap enposib pou yo pwoklame mesaj Wayòm nan anfas opozisyon makawon.

7. a) Ki moun ki fòme “ esklav fidèl ki prevwayan an ”, e poukisa ? b) Ki misyon yo bay “ esklav ” la ?

7 Yon ti tan anvan Jezi mouri, li te pale disip li yo de “ esklav fidèl ki prevwayan an ”, yon esklav, li menm antanke Mèt t apral konfye yon responsablite espesyal. “ Esklav ” sa a t ap la lè Seyè a t ap gen pou l pati pou l al nan syèl la, e li t ap toujou ap travay di lè Kris ta retounen yon fason envizib nan pisans Wayòm nan. Li ta difisil pou yon deskripsyon konsa koresponn ak yon sèl moun, men li koresponn trè byen ak kongregasyon wen Kris la. Piske Kris achte l avèk san li, li konsidere l kòm “ esklav ” li. Li bay manm li yo misyon pou yo fè disip e pou yo nouri yo ofiramezi, pou ba yo “ manje [espirityèl] pa yo nan moman apwopriye ”. — Matye 24:45-47 ; 28:19 ; Izayi 43:10 ; Lik 12:42 ; 1 Pyè 4:10.

8. a) Ki responsablite klas esklav la genyen kounye a ? b) Poukisa fason nou reyaji devan enstriksyon kanal Bondye itilize a gen enpòtans ?

8 Piske klas esklav la t ap fè travay Mèt la fidèlman lè retou envizib li a an 1 914, li klè an 1 919 li te konfye l plis responsablite. Depi lè a, l ap bay yon temwayaj mondyal konsènan Wayòm nan. Grasa sa, gen yon gwo foul adoratè Jewova ki gentan rasanble, nan objektif pou yo jwenn pwoteksyon pandan gwo tribilasyon an (Matye 24:14, 21, 22 ; Revelasyon 7:9, 10). Moun sa yo tou bezwen manje espirityèl, e se klas esklav la ki sèvi yo manje sa a. Pakonsekan, pou nou fè Jewova plezi, nou bezwen aksepte ansèyman li bay pa mwayen kanal sa a, e nou bezwen aji ann amoni ak ansèyman sa a.

9, 10. a) Nan premye syèk la, ki dispozisyon yo te mete an plas pou yo rezoud kesyon ki gen rapò ak doktrin epi pou yo dirije predikasyon bon nouvèl la ? b) Ki dispozisyon ki egziste jodi a pou kowòdone aktivite pèp Jewova a ?

9 Gende fwa gen kesyon ki soulve anrapò ak doktrin e anrapò ak metòd pou bagay yo fèt. Ki sa pou nou fè lè sa a ? Travay chapit 15 rakonte nou kòman yo te rezoud yon kesyon ki te gen rapò ak Janti ki te konvèti yo. Bagay la te rive devan apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm ki te sèvi kòm kolèj santral. Mesye sa yo se pa t moun ki pa ka fè erè, men Bondye te sèvi avèk yo. Yo te egzamine sa Ekriti yo di sou sijè a, ansanm ak prèv ki montre se lespri Bondye ki t ap aji lè travay la te kòmanse nan tèritwa Janti yo. Apre sa, yo te pran yon desizyon. Bondye te beni fason yo te fè a (Travay 15:1-29 ; 16:4, 5). Kolèj santral sa a te voye moun ki pou fè predikasyon Wayòm nan avanse.

10 Nan epòk nou an, se frè wen ak lespri ki soti nan divès peyi ki fòme Kolèj santral òganizasyon vizib Jewova a, ki twouve l nan syèj mondyal Temwen Jewova yo. Anba otorite Jezi Kris, Kolèj santral la ap etann vrè adorasyon an nan tout peyi. Li kowòdone aktivite predikasyon Temwen Jewova yo nan plizyè dizèn milye kongregasyon. Moun ki nan Kolèj santral la pataje menm pwennvi ak apot Pòl ki te ekri kretyen parèy li yo konsa : “ Sa pa vle di n ap domine sou fwa nou, men nou se konpayon travay pou jwa nou, paske se grasa fwa nou ki fè nou kanpe. ” — 2 Korentyen 1:24.

11. a) Ki jan yo nome ansyen ak asistan ministeryèl yo ? b) Poukisa nou ta dwe byen kowopere ak moun yo nome yo ?

11 Temwen Jewova yo nan lemonnantye kite Kolèj santral la chwazi frè konpetan e li bay frè sa yo otorite pou yo nome ansyen ak asistan ministeryèl pou pran swen kongregasyon yo. Se Bib la ki di ki kondisyon pou mesye sa yo ranpli pou yo ka nome yo. Yo pran an konsiderasyon lefètke frè sa yo pa pafè e yo ka fè erè. Ansyen yo ki fè rekòmandasyon yo ak moun k ap fè nominasyon yo pote yon gwo responsablite devan Bondye (1 Timote 3:1-10, 12, 13 ; Tit 1:5-9). Se sa k fè, yo lapriyè pou yo jwenn èd lespri Bondye, e yo chèche direksyon nan Pawòl enspire li a (Travay 6:2-4, 6 ; 14:23). Annou montre rekonesans nou pou “ gason kòm kado ” sa yo, yo menm k ap ede nou pou nou rive fè “ yon sèl nan lafwa ”. — Efezyen 4:8, 11-16.

12. Kòman Jewova itilize medam yo nan dispozisyon teyokratik la ?

12 Ekriti yo montre se gason yo ki gen responsablite pou sèvi antanke siveyan nan kongregasyon an. Sa pa rabese medam yo, piske gen ladan yo ki eritye Wayòm selès la, e yo fè anpil bagay nan travay predikasyon an (Sòm 68:11). Anplis de sa, lè medam yo pran swen fanmi yo fidèlman, yo kontribye nan bèl repitasyon kongregasyon an genyen (Tit 2:3-5). Men, nan kongregasyon an se gason yo konfye responsablite pou anseye, gason yo nome pou sa. — 1 Timote 2:12, 13.

13. a) Ki pwennvi Labib ankouraje ansyen yo pou yo genyen anrapò ak pozisyon yo ? b) Ki privilèj nou tout nou kapab genyen ?

13 Nan monn nan, yon moun ki okipe yon gwo pozisyon, yo konsidere l kòm yon moun ki enpòtan. Men nan òganizasyon Bondye a, règ la se : “ Moun ki kondui tèt li tankou yon piti pami nou tout se moun sa a ki gran. ” ​(Lik 9:46-48 ; 22:24-26). Ekriti yo konseye ansyen yo pou yo fè atansyon pou yo pa domine tankou mèt sou moun ki eritaj Bondye yo, men pito pou yo vin egzanp pou twoupo a (1 Pyè 5:2, 3). Se pa jis kèk moun yo chwazi, men se tout Temwen Jewova, gason kou fi, ki gen privilèj pou yo reprezante Souvren linivè a, pou yo pale avèk imilite nan non li e pou yo pale ak moun toupatou konsènan Wayòm li a.

14. Itilize tèks biblik yo site yo pou w pale sou kesyon yo bay nan fen paragraf la.

14 Li bon pou nou mande tèt nou : ‘ Èske m vrèman konprann e èske m vrèman apresye fason Jewova dirije òganizasyon vizib li a ? Èske atitid mwen, pawòl mwen ak aksyon m montre sa ? Si nou medite sou pwen apre yo, sa kapab ede nou chak pou nou fè yon egzamen konsa.

Si m vrèman soumèt mwen devan Kris antanke Chèf kongregasyon an, ki sa m ta dwe fè jan tèks biblik apre yo montre sa (Matye 24:14 ; 28:19, 20 ; Jan 13:34, 35) ?

Lè m aksepte avèk rekonesans dispozisyon espirityèl klas esklav la ak Kolèj santral la pran, pou kiyès mwen montre m gen respè (Lik 10:16) ?

Kòman tout moun nan kongregasyon an, espesyalman ansyen yo, ta dwe trete youn lòt (Women 12:10) ?

15. a) Ki sa atitid nou anvè òganizasyon vizib Jewova a demontre ? b) Ki posiblite nou genyen pou nou pwouve Dyab la se yon mantè e pou nou fè kè Jewova kontan ?

15 Jewova ap gide nou pa mwayen òganizasyon vizib li a Kris ap dirije. Atitid nou anvè dispozisyon sa a demontre ki jan nou konsidere kesyon souvrènte a (Ebre 13:17). Satan pretann se tèt nou ki enterese nou an premye. Men, si nou sèvi nan nenpòt ki wòl selon bezwen an e nou evite bagay k ap atire twòp atansyon sou nou, nou pwouve Dyab la se yon mantè. Si nou renmen moun ki alatèt pami nou yo e nou respekte yo, san nou pa ‘ admire yon seri moun nan pwòp avantaj nou ’, n ap fè kè Jewova kontan (Jid 16 ; Ebre 13:7). Lè nou fidèl anvè òganizasyon Jewova a, nou montre se Jewova ki Bondye nou e nou ini nan adorasyon n ap ba li. — 1 Korentyen 15:58.

Revizyon

• Jodi a, ki sa òganizasyon vizib Jewova a ye ? Ki objektif li ?

• Kiyès yo nome Chèf kongregasyon an, e grasa ki mwayen vizib li dirije nou avèk amou ?

• Ki bon atitid nou ta dwe devlope anvè moun ki nan òganizasyon Jewova a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 133]

Jewova gide nou pa mwayen òganizasyon vizib li a Kris ap dirije.