Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lefètke Bondye pèmèt mechanste, ki sa sa aprann nou ?

Lefètke Bondye pèmèt mechanste, ki sa sa aprann nou ?

Chapit sèt

Lefètke Bondye pèmèt mechanste, ki sa sa aprann nou ?

1, 2. a) Si Jewova te egzekite rebèl yo tousuit ann Edenn, ki konsekans sa t ap genyen pou nou ? b) Ki dispozisyon byenveyan Jewova pran an favè nou ?

JAKÒB, yon patriyach, te di : “ Jou ane lavi m yo finalman pa anpil e yo penib. ” ​(Jenèz 47:9). Jòb, bò kote pa l te di lòm “ viv yon tikras tan, epi li chaje ak traka ”. (Jòb 14:1.) Menm jan avèk yo, pifò nan nou konnen difikilte, enjistis, e nou menm viv evènman ki trajik. Poutan, se pa enjistis Bondye fè nou poutèt li pèmèt nou fèt. Se vre, nou pa fèt ni ak yon kò pafè ni ak yon lespri pafè, ni nou pa fèt nan Paradi a, bitasyon Adan ak Èv te gen okòmansman an. Men, ki sa k t ap rive si Jewova te egzekite yo menm kote yo te fè rebelyon an ? Se vre pa t ap gen maladi, chagren ak lanmò, men lèzòm pa t ap egziste nonplis. Nou pa t ap fèt. Nan mizèrikòd Bondye, li te pèmèt Adan ak Èv jwenn tan pou yo fè pitit, menmsi pitit sa yo eritye enpèfeksyon. E grasa Kris, Jewova pran dispozisyon pou fè nou rejwenn sa Adan ak Èv te pèdi a : lavi etènèl nan Paradi sou tè a. — Jan 10:10 ; Women 5:12.

2 Ala ankourajan sa ankourajan pou nou, dèske nou ka gen espwa pou nou viv pou toutan nan monn nouvo a, nan yon anviwònman ki vrèman yon Paradi ! La, nou pral libere anba maladi, chagren, lapenn ak lanmò, e n ap libere anba mechan yo (Pwovèb 2:21, 22 ; Revelasyon 21:4, 5). Men, selon sa nou aprann nan Bib la, menmsi delivrans nou pèsonèlman trèzenpòtan ni pou nou, ni pou Jewova, gen yon lòt bagay ki gen rapò avèk sa ki pi enpòtan toujou.

Akoz non li ki gran

3. Ki sa ki makònen ak akonplisman objektif Jewova gen pou tè a ak objektif li gen pou limanite ?

3 Non Bondye makònen ak reyalizasyon objektif li genyen pou tè a ak objektif li pou limanite. Non sa a, Jewova, siyifi “ Li fè vin tounen ”. Konsa, non sa a gen ladan l repitasyon li antanke Souvren inivèsèl. Li gen ladan l tou repitasyon l antanke Moun ki gen yon objektif e ki toujou akonpli objektif sa a, e antanke Bondye verite a. Akoz pozisyon Jewova, lapè ak byennèt tout linivè a egzije pou tout moun bay non li ansanm ak tout sa li anglobe tout respè li merite e pou yo obeyi l.

4. Ki sa objektif Jewova pou tè a te gen ladan l?

4 Apre Jewova fin kreye Adan ak Èv, li te ba yo yon travay pou yo akonpli. Li te montre aklè objektif li se pa t sèlman pou yo soumèt tout tè a, konsa pou yo etann Paradi a jis nan dènye bout li, men tou pou yo te peple tè a ak desandan yo (Jenèz 1:28). Èske objektif sa a t apral echwe akoz peche Adan ak Èv la ? Ala yon vèni sa t ap lage sou non Jewova, Toupisan an, si l pa t ka reyalize objektif li gen pou tè a ak objektif li gen pou limanite !

5. a) Si premye moun yo ta manje fwi ki nan pyebwa konesans byen ak mal la, ki lè yo t ap mouri ? b) Kòman Jewova te kenbe sa l te di nan Jenèz 2:17 la, toutpandan li respekte objektif li konsènan tè a ?

5 Jewova te avèti Adan ak Èv si yo dezobeyi, yo manje fwi pyebwa konesans byen ak mal la, yo t ap mouri “ lejou ” menm yo manje l la (Jenèz 2:17). Jewova kenbe pawòl li, li rele yo vin rann kont nan menm jou yo te peche a e li te kondane yo amò. Pou Bondye, Adan ak Èv te mouri jou sa a menm. Sepandan, pou Jewova akonpli objektif li konsènan tè a, li te pèmèt yo pwodui yon fanmi anvan yo mouri fizikman. Men, piske Bondye konsidere mil an kòm yon jou, lè Adan te mouri a 930 an, yon “ jou ” potko menm fin pase (2 Pyè 3:8 ; Jenèz 5:3-5). Konsa, Jewova te montre li veridik nan sa l te di konsènan lè li t ap gen pou l egzekite chatiman an, e lanmò de moun yo pa t ap kontrekare objektif li genyen pou tè a. Men, pou yon sèten tan, li pèmèt moun ki enpafè yo viv e mechan yo ladan l tou.

6, 7. a) Selon Egzòd 9:15, 16, poukisa Jewova kite mechan kontinye egziste pandan yon sèten tan ? b) Nan ka Farawon, ki jan Jewova te montre pisans li, e ki sa k te fè moun konnen non li ? c) Ki sa k pral rive apre sistèm mechan ki la kounye a pa la ankò ?

6 Sa Jewova te di dirijan Ejipsyen nan epòk Moyiz la montre poukisa li pèmèt mechan kontinye egziste. Lè Farawon te entèdi pitit Izrayèl yo pati kite Ejip, Jewova pa t frape l imedyatman. Dis flewo ki te tonbe sou peyi a te demontre pisans Jewova yon fason ki etonan. Lè Jewova t ap anonse setyèm flewo a, li te fè Farawon konnen li te ka efase l fasilman sou tè a ansanm ak tout pèp li a. Jewova di li : “ Men, an reyalite, se pou rezon sa a mwen pèmèt ou egziste : se pou m fè w wè fòs mwen epi pou non m ka pibliye sou tout tè a. ” — Egzòd 9:15, 16.

7 Lè Jewova te delivre Izrayelit yo, vrèmanvre moun te vin konnen non li anpil kote (Jozye 2:1, 9-11). Jodi a, plis pase 3 500 an apre, yo pa bliye sa l te fè lè sa a. Se pa sèlman non pèsonèl Jewova ki te pibliye, men laverite sou Li menm ki pote non sa a te pibliye tou. Sa etabli repitasyon Jewova antanke Bondye ki kenbe pwomès li e ki aji pou byen sèvitè l yo (Jozye 23:14). Sa demontre piske li toupisan, pa gen anyen ki ka bloke objektif li (Izayi 14:24, 27). Pakonsekan, nou kapab gen konfyans talè konsa li pral aji pou byen sèvitè fidèl li yo, lè l detwi tout sistèm mechan Satan an. Moun pap janm bliye fason sa a Jewova ap demontre pisans li ansanm ak glwa sa ap pote pou non li. Byenfè sa pral pote yo ap etènèl. — Ezekyèl 38:23 ; Revelasyon 19:1, 2.

‘ O ala pwofon sajès Bondye pwofon ! ’

8. Ki pwen Pòl ankouraje nou egzamine ?

8 Nan lèt apot Pòl te voye bay Women yo, men kesyon li te soulve : “ Èske gen enjistis lakay Bondye ? ” Li reponn avèk fòs : “ Sa pap janm ka rive ! ” Apre sa li mete aksan sou mizèrikòd Bondye e li atire atansyon sou sa Jewova te di lè l te pèmèt Farawon kontinye viv pou yon ti bout tan. Pòl montre tou nou menm lèzòm, nou tankou ajil ki nan men yon potye. Ansuit li di : “ Si kounye a, malgre Bondye gen volonte pou l demontre kòlè l e pou l fè konnen pisans li, li tolere, ak anpil pasyans, veso kòlè yo ki bon pou destriksyon, yon fason pou l ka fè konnen richès glwa li anvè veso mizèrikòd yo, veso li te prepare davans pou glwa a, sètadi, nou menm li te rele nonsèlman pami Juif yo men tou pami nasyon yo, sa k gen nan sa ? ” — Women 9:14-24.

9. a) Kiyès ki “ veso kòlè yo ki bon pou destriksyon ” an ? b) Poukisa Jewova montre yon kokenn pasyans anvè opozan l yo, e nan ki sans rezilta final la ap pou byen moun ki renmen l yo ?

9 Depi apre rebelyon an ann Edenn, tout moun ki opoze ak Jewova ansanm ak lwa l yo se ‘ veso kòlè ki bon pou destriksyon ’. Diran tout tan ki pase depi lè sa a, Jewova pran anpil pasyans. Mechan yo pase chemen l yo nan rizib, yo pèsekite sèvitè l yo e yo menm touye Pitit li a. Pandan Jewova kontinye montre yon kokenn metriz, li bay ase tan pou tout kreyasyon an wè konplètman konsekans tèrib rebelyon kont Bondye a bay ansanm ak konsekans tèrib sa bay lè lèzòm ap dirije san li. Anmenmtan, lanmò Jezi founi mwayen pou moun ki obeyisan yo jwenn delivrans, e pou “ kraze travay Dyab la ”. — 1 Jan 3:8 ; Ebre 2:14, 15.

10. Poukisa Jewova tolere mechan pandan 1 900 an ki sot pase yo ?

10 Pandan plis pase 1 900 ane depi rezirèksyon Jezi, Jewova tolere “ veso kòlè yo ”, li pran tan anvan l detwi yo. Poukisa ? Toudabò, paske li t ap prepare moun ki pral kolabore ak Jezi Kris nan Wayòm selès la. Kantite a se 144 000, e se yo ki “ veso mizèrikòd ” apot Pòl t ap pale a. Se Juif yo an premye ki te jwenn envitasyon pou fè pati klas selès sa a. Apre sa, Bondye te envite moun ki nan nasyon janti yo. Jewova pa fòse pèsonn pami moun ki nan de gwoup sa yo pou yo vin sèvi l. Men, pami moun sa yo, sa ki reyaji avèk rekonesans devan dispozisyon ki chaje lanmou li pran yo, li ba yo privilèj pou yo vin chèf adjwen Pitit li a nan Wayòm selès la. Kounye a, preparasyon klas selès sa a prèske fini. — Lik 22:29 ; Revelasyon 14:1-4.

11. a) Ki gwoup moun k ap benefisye pasyans Jewova kounye a ? b) Ki jan mò yo pral benefisye pasyans sa a ?

11 Men, ki sa nou ka di pou moun ki pral abite sou tè a ? Pasyans Jewova pran an fè rasanbleman “ yon gwo foul ” ki soti nan tout nasyon posib tou. Kantite a gentan rive plizyè milyon kounye a. Jewova fè pwomès klas terès sa a ap chape vivan nan fen sistèm sa a, l ap gen posiblite jwenn lavi etènèl nan Paradi sou tè a (Revelasyon 7:9, 10 ; Sòm 37:29 ; Jan 10:16). Nan moman Bondye prevwa a, gen yon latriye mò ki pral resisite e y ap gen posiblite pou yo viv sou tè a anba dominasyon Wayòm selès la. Men sa Pawòl Bondye a predi nan Travay 24:15 : “ Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis. ” — Jan 5:28, 29.

12. a) Lefètke Jewova pèmèt mechanste, ki sa sa aprann nou sou li ? b) Ki efè fason Jewova regle kesyon sa yo fè sou ou ?

12 Èske gen yon enjistis nan tout sa ? Non, paske lè Bondye pran tan anvan l detwi mechan yo, “ veso kòlè yo ”, li montre l gen konpasyon pou lòt moun yo ann amoni ak objektif li. Sa montre jan l gen mizèrikòd ak lanmou. Anplis de sa, piske nou te jwenn tan pou nou suiv dewoulman objektif li, nou vin aprann anpil bagay sou Jewova li menm. Nou rete bouch ouvè devan divès fasèt nan pèsonalite l ki parèt klè tankou : jistis li, mizèrikòd li, pasyans li ak kantite aspè ki gen nan sajès li. Fason saj Jewova regle kesyon souvrènte inivèsèl la, sètadi dwa li genyen pou l dirije a, ap sèvi kòm prèv etènèl pou montre se fason li dirije a ki pi bon. Menm jan avèk apot Pòl, nou di : “ O ala pwofon richès ak sajès ak konesans Bondye pwofon ! Ala sa enposib pou moun dekouvri jijman l yo e pou moun rive jwenn tras chemen l yo ! ” — Women 11:33.

Posiblite nou genyen pou nou montre atachman nou pou Bondye

13. Lè nou nan sitiyasyon penib, ki posiblite sa ban nou, e ki sa k pral ede nou reyaji avèk sajès ?

13 Gen anpil sèvitè Bondye ki nan sitiyasyon penib. Soufrans moun sa yo kontinye paske Bondye poko detwi mechan yo e li poko fè restorasyon li te predi pou limanite a. Èske sa ta dwe fè nou egri ? Oubyen èske nou pa ta dwe konsidere sa kòm okazyon nou genyen pou nou montre Dyab la se yon mantè ? Nou kapab jwenn fòs pou nou aji konsa, si nou sonje envitasyon touchan sa a : “ Montre w saj, pitit gason m, e fè kè m kontan dekwa pou m kapab reponn moun k ap pwovoke m nan. ” ​(Pwovèb 27:11). Satan, sila k ap pwovoke Jewova a, pretann si moun fè pèt nan domèn materyèl oswa si y ap soufri fizikman, y ap blame Bondye e y ap menm modi li (Jòb 1:9-11 ; 2:4, 5). Nou fè kè Jewova kontan lè nou rete fidèl fas ak difikilte. Nou montre nan ka pa nou, akizasyon Satan an pa laverite.

14. Si nou mete konfyans nou nan Jewova lè nou anba eprèv, ki byenfè nou ka jwenn ?

14 Si nou mete konfyans nou nan Jewova lè nou anba eprèv, nou kapab devlope anpil bèl kalite. Pa egzanp, bagay Jezi te sibi yo te fè l “ aprann obeyisans ” yon fason li potko janm konnen anvan sa. Nou menm tou, eprèv nou yo ka aprann nou kiltive pasyans, andirans ansanm ak yon rekonesans ki pi pwofon pou chemen jis Jewova yo. — Ebre 5:8, 9 ; 12:11 ; Jak 1:2-4.

15. Lè nou andire difikilte avèk pasyans, ki jan sa ka itil lòt moun ?

15 Lòt moun ap suiv sa n ap fè. Piske sa n ap andire yo se akoz lanmou nou genyen pou ladwati, gen pami yo, avèk letan, k ap rive rekonèt kiyès ki vrè kretyen yo jodi a. E lè yo vin ini ansanm ak nou pou yo adore Bondye, yo ka espere resevwa lavi etènèl ak tout benediksyon ki akonpaye l yo (Matye 25:34-36, 40, 46). Jewova ak Pitit li a vle pou moun yo jwenn posiblite sa a.

16. Ki rapò ki genyen ant fason nou konsidere difikilte pèsonèl nou rankontre yo avèk kesyon inite a ?

16 Li bon pou nou wè menm sitiyasyon difisil yo kòm okazyon pou nou demontre atachman nou genyen pou Jewova e pou nou patisipe nan akonplisman volonte l ! Lè nou aji konsa, sa pwouve nou vrèman ap pwogrese pou nou rive ini avèk Bondye e avèk Kris. Jezi te priye Jewova an favè tout vrè kretyen. Li di : “ Mwen fè demann, pa konsènan moun sa yo sèlman [disip ki te la yo], men tou konsènan moun ki mete lafwa nan mwen grasa pawòl yo, pou yo tout ka fè yon sèl, menm jan ou menm, Papa, ou ann inyon avèk mwen e mwen ann inyon avèk ou, pou yo menm tou yo kapab ann inyon avèk nou. ” — Jan 17:20, 21.

17. Ki asirans nou kapab genyen si nou fidèl anvè Jewova ?

17 Si nou fidèl anvè Jewova, l ap rekonpanse nou anpil. Men sa Pawòl li di : “ Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen, pou nou toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a, paske anrapò ak Seyè a nou konnen nou pap travay anven. ” ​(1 Korentyen 15:58). Li di ankò : “ Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou ak lanmou nou demontre pou non l. ” ​(Ebre 6:10). Men sa Jak 5:11 fè remake : “ Gade ! Nou deklare byennere moun ki andire. Nou tande pale de andirans Jòb e nou wè finisman Jewova te bay, sa montre Jewova gen anpil tandrès nan afeksyon l e li gen mizèrikòd. ” Ki jan sa te fini pou Jòb ? “ Kanta Jewova, apre sa, li te beni finisman Jòb plis pase kòmansman l. ” ​(Jòb 42:10-16). Wi, Jewova se “ sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre ”. (Ebre 11:6.) E ala yon bèl rekonpans k ap tann nou : lavi etènèl nan Paradi sou tè a !

18. Finalman, ki sa k pral rive tout vye souvni nou kapab genyen ?

18 Dominasyon Wayòm Bondye a pral repare tout domaj lèzòm te sibi diran milenè pase yo. Jwa ki pral genyen lè sa a ap depase lontan nenpòt soufrans nou konnen jodi a. Pa gen okenn move souvni konsènan soufrans nou te andire nan tan lontan yo k ap vin boulvèse nou. Panse ak aktivite edifyan ki pral ranpli lavi moun chak jou nan monn nouvo a pral efase souvni penib yo tikras pa tikras. Jewova di : “ M ap kreye syèl tounèf [Wayòm selès la, yon nouvo gouvènman ki pral dirije limanite] ak yon tè tounèf [yon sosyete moun ki jis], e moun pap sonje ansyen bagay yo, ni yo pap monte vin nan kè a. Men nou menm, se pou nou gen gwo lakontantman e se pou kè nou kontan pou toutan nan sa m ap kreye. ” Wi, nan monn nouvo Jewova a, moun ki jis yo pral kapab di : “ Tout tè a rive jwenn repo, li libere anba boulvès. Moun vin kontan, y ap rele, tèlman yo gen lajwa. ” — Izayi 14:7 ; 65:17, 18.

Revizyon

• Toutpandan Jewova pèmèt mal, ki jan li montre, yon fason kòrèk, li gen gwo respè pou pwòp non li ?

• Lefètke Jewova tolere “ veso kòlè yo ”, kòman sa pèmèt mizèrikòd li atenn nou ?

• Ki sa nou ta dwe chèche wè nan sitiyasyon ki fè nou soufri yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 67]

Apre sa, Jewova te “ beni finisman Jòb plis pase kòmansman l ”.