Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Siyifikasyon batèm ou

Siyifikasyon batèm ou

Chapit douz

Siyifikasyon batèm ou

1. Poukisa nou chak ta dwe enterese nan batèm nan dlo ?

NAN ane 29 epòk nou an, Jezi te batize lè Jan Batis te plonje l nan rivyè Jouden an. Jewova li menm t ap gade e li te eksprime apwobasyon l (Matye 3:16, 17). Konsa, Jezi te trase yon modèl pou tout disip li yo suiv. Twazan edmi apre, Jezi te bay disip li yo enstriksyon sa a : “ Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a. Kidonk, ale epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la e nan non lespri sen an. ” ​(Matye 28:18, 19). Èske w batize ann amoni ak kòmandman Jezi te bay la ? Si w poko, èske w ap prepare w pou w fè sa ?

2. Anrapò ak batèm, ki kesyon ki merite repons ?

2 Li enpòtan pou nenpòt moun ki vle sèvi Jewova e ki ta renmen viv nan monn nouvo jis li a byen konprann sa batèm nan ye, kit li batize, kit li poko batize. Men kèk kesyon ki merite jwenn repons : Èske batèm kretyen yo resevwa jodi a gen menm siyifikasyon ak batèm Jezi a ? Ki sa batize “ nan non Papa a, nan non Pitit la e nan non lespri sen an ” siyifi ? Ki sa sa enplike viv ann akò ak siyifikasyon batèm nan dlo kretyen yo resevwa a ?

Batèm Jan te fè yo

3. Pou ki moun sèlman batèm Jan an te fèt ?

3 Anviwon simwa anvan Jezi te batize, Jan Batis te ale nan dezè Jide a pou l preche, e li te di : “ Se pou nou repanti, paske wayòm syèl la vin pi pre. ” ​(Matye 3:1, 2). Gen moun ki te tande sa Jan te di e ki te pran sa oserye. Yo te konfese aklè peche yo te fè, yo te repanti e ansuit yo te vin kote Jan pou l batize yo nan rivyè Jouden an. Batèm sa a te fèt pou Juif yo sèlman. — Lik 1:13-16 ; Travay 13:23, 24.

4. Nan premye syèk la, poukisa Juif yo te bezwen repanti prese prese ?

4 Juif sa yo te bezwen repanti prese prese. Nan mòn Sinayi nan ane 1513 anvan epòk nou an, zansèt yo te antre nan yon alyans nasyonal, yon akò ofisyèl, yon akò solanèl, avèk Jewova Dye. Men, akoz peche grav yo te fè, yo pa t andose responsablite yo nan alyans sa a, se sa anfèt ki te kondane yo. Nan epòk Jezi a sitiyasyon yo te twouve yo a te kritik. “ Gran jou tèrib Jewova a ” Malaki te predi a t ap pwoche. Nan ane 70 epòk nou an, “ jou ” sa a te rive lè lame women yo te detwi ni Jerizalèm, ni tanp li a, epi yo te touye plis pase yon milyon Juif. Anvan destriksyon sa a fèt, yo te voye Jan Batis, ki te gen zèl pou vrè adorasyon an, “ pou l pare pou Jewova yon pèp prepare ”. Yo te bezwen repanti pou peche yo te komèt kont alyans Lwa Moyiz la. E yo te bezwen prepare yo pou yo aksepte Pitit Gason Bondye a, Jezi, li menm Jewova te voye ba yo. — Malaki 4:4-6 ; Lik 1:17 ; Travay 19:4.

5. a) Lè Jezi te vini pou l batize, poukisa Jan te opoze ? b) Ki sa batèm Jezi a te senbolize ?

5 Pami moun ki te vin kote Jan pou yo batize, te gen Jezi li menm. Men, poukisa ? Lefètke Jan te konnen Jezi pa t gen peche pou l konfese, li te di : “ Se mwen menm ki bezwen pou w batize m, epi se ou ki vin kote m ? ” Men, batèm Jezi a t ap senbolize yon lòt bagay. Se sa k fè Jezi te reponn li : “ Lese sa fèt fwa sa a, paske nan fason sa a, li apwopriye pou nou akonpli tout sa ki jis. ” ​(Matye 3:13-15). Piske Jezi te san peche, batèm li an pa t senbolize repantans pou peche. Ni nonplis li pa t bezwen vwe tèt li bay Bondye, piske li te manm yon nasyon ki deja vwe bay Jewova. Depreferans, batèm li an, nan laj 30 an, te yon batèm espesyalman pou li. Se te yon senbòl ki montre li te prezante tèt li devan Papa l ki nan syèl la pou l fè volonte L, selon sa Papa l te prevwa pou li ankò.

6. Avèk ki devouman Jezi te akonpli volonte Bondye ?

6 Volonte Bondye pou Kris Jezi te gen ladan l aktivite ki gen rapò ak Wayòm nan (Lik 8:1). Sa te gen ladan l tou sakrifis lavi li antanke òm pafè li t apral bay kòm ranson e kòm baz pou yon nouvo alyans (Matye 20:28 ; 26:26-28 ; Ebre 10:5-10). Jezi te pran trèzoserye siyifikasyon batèm nan dlo li te resevwa a. Li pa t pèmèt anyen detounen atansyon l. Jis nan fen lavi li sou tè a, li te akonpli volonte Bondye fidèlman, toutpandan l te fè predikasyon Wayòm Bondye a prensipal aktivite l. — Jan 4:34.

Batèm nan dlo disip Kris yo resevwa a

7. Depi Pannkòt ane 33 epòk nou an ki enstriksyon kretyen yo te resevwa anrapò ak batèm ?

Jan te batize premye disip Jezi yo nan dlo, e ansuit li te dirije yo pou y al jwenn Jezi kòm moun ki gen pou vin manm Wayòm syèl la alavni (Jan 3:25-30). Anba direksyon Jezi, disip sa yo tou te batize kèk moun. Batèm sa a te gen menm siyifikasyon ak batèm Jan an (Jan 4:1, 2). Sepandan, depi nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, yo te kòmanse akonpli misyon yo genyen pou yo batize moun “ nan non Papa a, nan non Pitit la e nan non lespri sen an ”. (Matye 28:19.) W ap twouve li trè pwofitab pou w reegzamine sans pawòl sa a.

8. Ki sa batize “ nan non Papa a ” siyifi ?

8 Ki sa batize “ nan non Papa a ” siyifi ? Sa siyifi aksepte non l, pozisyon l, otorite l, objektif li ak lwa l yo. Ann egzamine ki sa sa enplike. 1) Konsènan non li, Sòm 83:18 di : “ Ou menm ki rele Jewova, se ou menm sèl ki Trèwo sou tout tè a ! ” 2) Anrapò ak pozisyon l, 2 Wa 19:15 deklare : “ O Jewova [...] se ou sèl ki vrè Dye a. ” 3) Konsènan otorite l, Revelasyon 4:11 di nou : “ Ou merite, Jewova, wi, Bondye nou an, pou w resevwa glwa, ak onè ak pisans, paske ou te kreye tout bagay, e akoz volonte w yo egziste, e yo te kreye. ” 4) Nou dwe rekonèt tou se Jewova ki ban nou lavi a, li menm ki gen pwogram pou l sove nou anba peche ak lanmò : “ Delivrans lan se nan men Jewova li ye. ” ​(Sòm 3:8 ; 36:9). 5) Nou bezwen rekonèt se Jewova ki Lejislatè siprèm nan : “ Paske Jewova se Jij nou, Jewova se Lejislatè nou, Jewova se Wa nou. ” ​(Izayi 33:22). Piske Jewova reprezante tout bagay sa yo, men egzòtasyon yo ban nou : “ Ou dwe renmen Jewova Bondye w la ak tout kè w, ak tout nanm ou, e ak tout lespri w. ” — Matye 22:37.

9. Ki sa batize “ nan non Pitit la ” siyifi ?

9 Ki sa batize “ nan non Pitit la ” siyifi ? Sa siyifi rekonèt non Jezi Kris, pozisyon l ak otorite l. Non li, Jezi, siyifi “ Jewova se delivrans ”. Li gen pozisyon sa a lefètke li se sèl Pitit Bondye fè, e li se premye nan tout kreyasyon an (Matye 16:16 ; Kolosyen 1:15, 16). Konsènan Pitit Gason sa a, Jan 3:16 di nou : “ Bondye tèlman renmen monn nan [lèzòm ki gen posiblite sove yo], li bay sèl Pitit Gason li fè a, dekwa pou nenpòt moun ki egzèse lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi etènèl. ” Paske Jezi te mouri fidèl, Bondye te resisite l pami mò yo e li ba li plis otorite. Selon apot Pòl, Jewova “ elve [Jezi] nan yon pozisyon siperyè ” nan linivè, nan dezyèm pozisyon imedyatman apre Li. Se sa k fè, se “ pou tout jenou pliye nan non Jezi, [...] e se pou tout lang rekonèt aklè Jezi Kris se Seyè, pou glwa Bondye Papa a ”. (Filipyen 2:9-11.) Sa siyifi obeyi kòmandman Jezi yo, kòmandman ki soti nan Jewova li menm. — Jan 15:10.

10. Ki sa batize “ nan non lespri sen an ” siyifi ?

10 Ki sa batize “ nan non lespri sen an ” siyifi ? Sa siyifi rekonèt fonksyon ak aksyon lespri sen an. E ki sa lespri sen an ye ? Se fòs aktif Jewova, fòs li sèvi pou l akonpli objektif li yo. Jezi te di disip li yo : “ M ap mande Papa a e l ap ban nou yon lòt asistan ki pou avèk nou toutan, lespri verite a. ” ​(Jan 14:16, 17). Ki sa sa t ap pèmèt yo fè ? Jezi te di yo tou : “ Nou pral resevwa pisans lè lespri sen an rive sou nou, e nou pral sèvi m temwen ni nan Jerizalèm, ni nan tout Jide e nan Samari rive jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a. ” ​(Travay 1:8). Pa mwayen lespri sen, Jewova te enspire redaksyon Bib la tou : “ Pwofesi pa t janm vini grasa volonte lòm, men yon seri òm te pale pawòl ki soti nan Bondye pandan lespri sen te pouse yo. ” ​(2 Pyè 1:21). Konsa, nou rekonèt wòl lespri sen an jwe lè n ap etidye Labib. Yon lòt fason n ap montre nou rekonèt lespri sen an se lè nou mande Jewova pou l ede nou pwodui “ fwi lespri a ”, sètadi “ lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, byenveyans, lafwa, dousè, metriz ”. — Galat 5:22, 23.

11. a) Ki vrè siyifikasyon batèm nan nan epòk nou an ? b) Nan ki sans batèm nan se tankou w mouri lèfini w leve ?

11 Premye moun ki te batize ann amoni ak enstriksyon Jezi yo se te Juif ak pwozelit ki te aksepte relijyon juif la. Sa te kòmanse nan ane 33 epòk nou an. Yon ti tan apre, Samariten yo te resevwa privilèj pou yo vin disip Kris. Ansuit, nan ane 36 epòk nou an, apèl la te etann pou l touche Janti ki pa t sikonsi. Anvan Samariten ak Janti yo te batize, yo te dwe fè yon ve pèsonèl pou yo sèvi Jewova antanke disip Pitit li a. Se toujou menm siyifikasyon an batèm nan dlo kretyen yo resevwa a genyen jis nan epòk nou an. Plonje konplètman nan dlo se yon senbòl apwopriye pou reprezante ve pèsonèl sa a, piske batèm nan se tankou antere yon moun yon fason senbolik. Lè w ap batize, yo plonje w anba dlo, sa siyifi ou mouri anrapò ak lavi ou t ap mennen anvan an. Lè yo leve w soti anba dlo a, sa siyifi ou vin vivan pou w fè volonte Bondye. “ Sèl batèm ” sa a aplikab pou tout moun ki vin vrè kretyen. Moun ki batize yo vin kretyen, Temwen Jewova, minis Bondye òdone. — Efezyen 4:5 ; 2 Korentyen 6:3, 4.

12. Ak ki sa batèm nan dlo a koresponn, e nan ki sans ?

12 Nan je Bondye, batèm sa a gen yon kokenn enpòtans pou delivrans. Pa egzanp, apre apot Pyè fin pale de konstriksyon lach Noye te fè a kote li menm ak fanmi li te pwoteje pandan delij la, men sa l ekri : “ Sa ki koresponn ak sa se li tou ki sove nou kounye a, sa vle di batèm nan (se pa retire salte nan lachè, men se demann nou fè Bondye pou yon bon konsyans) grasa rezirèksyon Jezi Kris. ” ​(1 Pyè 3:21). Lach la se yon prèv ki montre klè Noye te fè travay Bondye te konfye l la avèk fidelite. Apre travay lach la te fini, “ monn nan epòk sa a te detwi lè delij dlo a te kouvri l ”. (2 Pyè 3:6.) Men Noye ak fanmi li, “ uit nanm, te transpòte sen e sof nan mitan dlo a ”. — 1 Pyè 3:20.

13. Anba ki sa yon kretyen delivre grasa batèm nan dlo a ?

13 Jodi a, moun ki vwe tèt yo bay Jewova, sou baz lafwa yo genyen nan Kris ki te resisite a, yo batize pou senbolize ve sa a. Yo chèche fè volonte Bondye, volonte l pou epòk nou an e yo delivre anba monn mechan ki la kounye a (Galat 1:3, 4). Yo pap mache yon fason pou y al detwi ansanm ak sistèm de choz mechan ki la kounye a ankò. Yo chape anba destriksyon sa a, e Bondye akòde yo yon bon konsyans. Apot Jan bay sèvitè Bondye yo asirans : “ Monn nan ap pase, dezi li tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan. ” — 1 Jan 2:17.

Onore responsablite nou

14. Poukisa batèm nan, an li menm, se pa yon garanti pou moun sove ?

14 Se ta yon erè pou nou ta tire konklizyon batèm nan, an li menm, se yon garanti pou yon moun sove. Li gen valè sèlman si yon moun te vwe tèt li toutbonvre bay Jewova pa mwayen Jezi Kris, e apre sa, li akonpli volonte Bondye, li montre l fidèl jiska lafen. “ Moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove. ”— Matye 24:13.

15. a) Ki volonte Bondye pou kretyen batize yo jodi a ? b) Lefètke nou se disip Kris, ki enpòtans sa ta dwe genyen nan lavi nou ?

15 Volonte Bondye pou Jezi te gen ladan l fason li te itilize lavi li antanke òm. Li te dwe mouri pou l bay lavi li an sakrifis. Nan ka pa nou, nou prezante kò nou bay Bondye e nou kontinye mennen yon vi sakrifis lè nou fè volonte l (Women 12:1, 2). Se sèten, nou pap fè volonte Bondye si, menm pa okazyon, nou fè espre nou kondui tèt nou tankou monn ki alantou nou an, oubyen ankò, si nou santre vi nou sou objektif egoyis, pandan n ap bay Bondye yon sèvis pou lafòm (1 Pyè 4:1-3 ; 1 Jan 2:15, 16). Lè yon sèten Juif te mande ki sa li dwe fè pou l jwenn lavi etènèl, Jezi te fè l konnen enpòtans sa genyen pou yon moun mennen yon vi ki pwòp moralman. Men apre sa, li te atire atansyon l sou yon bagay ki pi enpòtan toujou : nesesite pou yon moun vin disip Kris, pou l suiv Jezi. Se sa ki dwe bagay prensipal nan lavi a. Li pa ka okipe plas segondè apre objektif materyèl. — Matye 19:16-21.

16. a) Ki responsablite tout kretyen genyen anrapò ak Wayòm nan ? b) Tankou yo bay egzanp lan nan paj 116 ak nan paj 117, bay kèk fason efikas nou genyen pou nou fè travay Wayòm nan ? c) Ki sa patisipasyon nou bay ak tout kè nou nan travay bay temwayaj la demontre ?

16 Li bon pou nou mete aksan sou sa ankò : volonte Bondye pou Jezi te gen rapò ak aktivite Wayòm Bondye a, yon aktivite ki trèzenpòtan. Yo te wenn Jezi pou l Wa. Men, pandan l te sou tè a, li te bay yon temwayaj zele konsènan Wayòm nan. Menm jan an tou, travay nou se bay temwayaj, e nou gen tout rezon pou nou angaje nou ladan l ak tout kè nou. Lè nou fè sa, nou demontre atachman nou pou souvrènte Jewova, anmenmtan nou demontre nou renmen pwochen nou (Matye 22:36-40). Anplis de sa, nou montre nou ini ak adoratè parèy nou yo nan lemonnantye, yo tout ki pwoklamatè Wayòm nan. Ansanm, nan yon inite mondyal, n ap avanse pou nou atenn objektif lavi etènèl nan domèn terès Wayòm nan.

Revizyon

• Ki resanblans epi ki diferans ki genyen ant batèm Jezi a ak batèm ki fèt nan dlo jodi a ?

• Ki sa batize “ nan non Papa a, nan non Pitit la e nan non lespri sen an ” siyifi ?

• Ki sa nou ka fè pou nou onore responsablite ki mache ak batèm nan dlo kretyen yo resevwa a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 116, 117]

KÈK FASON NOU PWOKLAME WAYÒM NAN

Kay an kay

Bay paran

Bay kolèg travay

Bay kamarad lekòl

Nan lari

Lè nou vizite moun ki enterese

Nan etid biblik lakay moun