Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Yo pa fè pati monn nan ”

“ Yo pa fè pati monn nan ”

Chapit dizuit

“ Yo pa fè pati monn nan ”

1. a) Anvan Jezi te mouri, ki bagay li te mande an favè disip li yo ? b) Poukisa se yon bagay ki si enpòtan pou nou “ pa fè pati monn nan ” ?

NAN nuit anvan yo te touye Jezi a, li te priye pou disip li yo. Piske Jezi te konnen Satan t apral mete yo anba presyon ki tèrib, li te di Papa l : “ Sa m mande w, se pa pou w retire yo nan monn nan, men se pou w veye sou yo akoz mechan an. Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm mwen pa fè pati monn nan. ” ​(Jan 17:15, 16). Poukisa se yon bagay ki si enpòtan pou nou rete separe ak monn nan ? Paske se Satan ki chèf monn nan. Kretyen yo pa vle fè pati yon monn ki anba kontwòl Satan. — Lik 4:5-8 ; Jan 14:30 ; 1 Jan 5:19.

2. Nan ki sans Jezi pa t fè pati monn nan ?

2 Lefètke Jezi pa t fè pati monn nan sa pa vle di li te manke lanmou pou lòt moun. Okontrè, li te geri moun ki malad, li te resisite mò e li te anseye moun konsènan Wayòm Bondye a. Li te menm bay lavi li pou limanite. Men, li pa t renmen etadespri ak aksyon moun ki san respè pou Bondye yo, moun ki manifeste lespri monn Satan an. Konsa, li te bay yon mizangad kont yon seri bagay tankou dezi imoral, lavi materyalis, kouri dèyè gwo pozisyon (Matye 5:27, 28 ; 6:19-21 ; Lik 20:46, 47). Kidonk, se pa yon sipriz si Jezi te evite politik monn nan. Menmsi li te yon Juif, li pa t pran pati nan lit politik ki te opoze Wòm ak Juif yo.

“ Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a ”

3. a) Ki akizasyon chèf relijye juif yo te pote kont Jezi devan Pilat, e poukisa ? b) Ki sa k montre Jezi pa t enterese pou l vin yon wa imen ?

3 Ann egzamine ki sa k te rive lè chèf relijye juif yo te fè arete Jezi mennen l bay Pons Pilat, gouvènè women an. An reyalite, chèf relijye sa yo te kontrarye paske Jezi te devwale ipokrizi yo. Pou yo te fè gouvènè a aji kont Jezi, yo te akize l. Yo di : “ Nonm sa a nou jwenn li ap boulvèse nasyon nou an, l ap entèdi moun yo peye Seza enpo e l ap di se li menm ki Kris, yon wa. ” ​(Lik 23:2). Li klè se te yon manti, paske yon ane anvan sa, lè pèp la te vle fè Jezi wa, li te refize (Jan 6:15). Li te konnen li te gen pou l yon wa selès alavni (Lik 19:11, 12). Anplis de sa, se pa lèzòm ki t ap mete l sou twòn nan, men se Jewova.

4. Ki atitid Jezi te genyen anrapò ak kesyon peye taks la ?

4 Twa jou sèlman anvan arestasyon Jezi, Farizyen yo t ap chèche fè l di kèk bagay pou fè l parèt koupab sou kesyon peye taks la. Men, Jezi te di : “ Montre m yon denye [yon pyès monnen women]. Imaj kiyès ak non kiyès ki sou li ? ” Lè yo di “ Seza ”, li di yo : “ Ebyen, san mank, remèt Seza sa k pou Seza, men remèt Bondye sa k pou Bondye. ” — Lik 20:20-25.

5. a) Ki leson Jezi te anseye disip li yo nan moman arestasyon l ? b) Ki esplikasyon Jezi te bay sou rezon ki fè l te aji konsa ? c) Kòman pwosè sa a te fini ?

5 Non, Jezi pa t anseye rebelyon kont otorite pwofàn yo. Lè sòlda yo ak yon seri lòt mesye te vin arete Jezi, Pyè te rale yon epe e li te frape youn nan mesye yo, li koupe yon zòrèy li. Men, Jezi te di : “ Mete epe w nan plas li, paske tout moun ki pran epe ap peri anba epe. ” ​(Matye 26:51, 52). Nan demen, Jezi te esplike Pilat sa k te fè l aji konsa, li di : “ Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a. Si wayòm mwen an te fè pati monn sa a, sèvitè m yo ta konbat pou yo pa livre m bay Juif yo. ” ​(Jan 18:36). Pilat te admèt li pa t “ jwenn okenn prèv pou akizasyon ” yo te pote kont Jezi yo. Men, Pilat te sede anba presyon foul vyolan an, li te fè kloure Jezi sou yon poto. — Lik 23:13-15 ; Jan 19:12-16.

Disip yo te suiv egzanp Jezi

6. Kòman premye kretyen yo te montre yo evite lespri monn nan, men yo te renmen moun ?

6 Nan fason sa a, disip Jezi yo te konprann ki sa sa egzije lè yon moun pa fè pati monn nan. Sa te vle di evite lespri monn nan ak zak li ki ann opozisyon ak Bondye, ansanm ak distraksyon vyolan e imoral ki te gen nan arèn women yo e nan teyat yo. Poutèt disip yo te evite bagay sa yo, yo te ba yo etikèt moun ki rayi moun. Okontrè, olye pou yo ta rayi sanblab yo, yo te travay di pou ede yo benefisye dispozisyon Bondye pran pou sove yo.

7. a) Poutèt premye disip yo pa t fè pati monn nan, ki pwoblèm yo te jwenn ? b) Ki jan yo te konsidere dirijan politik yo ak kesyon peye taks la, e pou ki rezon ?

7 Souvan gen otorite nan gouvènman yo, paske yo te mal enfòme, ki te pèsekite disip Jezi yo, tankou yo te pèsekite Jezi tou. Poutan, bò ane 56 epòk nou an, apot Pòl te ekri kretyen Wòm yo pou l egzòte yo pou yo “ soumèt devan otorite siperyè yo [chèf politik yo], paske pa gen otorite eksepte si Bondye bay ”. Sa pa vle di se Jewova ki etabli gouvènman pwofàn yo, men li pèmèt yo egziste jiskaske Wayòm pa l la pral sèl gouvènman k ap dirije tout latè. Pòl avèti kretyen yo yon fason apwopriye, pou yo respekte otorite pwofàn yo e pou yo peye taks. — Women 13:1-7 ; Tit 3:1, 2.

8. a) Jiska ki pwen kretyen yo te soumèt devan otorite siperyè yo ? b) Kòman premye kretyen yo te suiv egzanp Jezi ?

8 Sepandan, soumisyon anvè dirijan politik yo se yon soumisyon relatif, li pa san limit. Lè gen konfli ant lwa Jewova ak lwa lòm bay, moun k ap sèvi Jewova gen obligasyon pou yo obeyi lwa Jewova. Gade sa yon liv ki rele Sou chemen sivilizasyon an : Istwa monn nan (anglè) di konsènan premye kretyen yo : “ Kretyen yo te refize ranpli sèten devwa sitwayen women an te genyen. Kretyen yo [...] te kwè si yo antre nan sèvis militè se vyole yo vyole lafwa yo. Yo pa t aksepte okipe yon fonksyon politik. Yo pa t aksepte adore anperè a. ” Lè tribinal siprèm juif la te bay disip yo “ lòd fòmèl ” pou yo sispann preche, yo te reponn : “ Nou dwe obeyi Bondye antanke chèf olye nou obeyi lèzòm. ”— Travay 5:27-29.

9. a) Sa k fè kretyen Jerizalèm yo te aji fason yo te fè a nan ane 66 epòk nou an ? b) Nan ki sans se yon modèl ki gen anpil valè ?

9 Parapò ak konfli ki te konn genyen nan domèn politik ak nan domèn militè, disip yo te kenbe yon netralite strik. Nan ane 66 epòk nou an, Juif ki nan Jide yo te revòlte kont Seza. Lame women an te ansèkle Jerizalèm rapidman. Ki sa kretyen ki te nan vil la te fè ? Yo te sonje konsèy Jezi te bay pou yo kite vil la. Lè Women yo te rale kò yo pou yon ti bout tan, kretyen yo te kouri travèse rivyè Jouden an, yo monte al nan mòn ki nan rejyon yo rele Pela a (Lik 21:20-24). Netralite yo a sèvi modèl pou kretyen fidèl ki t ap vin annapre yo.

Kretyen yo dwe rete net nan dènye jou sa yo

10. a) Nan ki aktivite Temwen Jewova yo toujou rete okipe, e poukisa ? b) Parapò ak ki sa yo rete net ?

10 Èske selon listwa, gen yon gwoup moun ki kenbe yon netralite strik nan dènye jou sa yo menm jan ak premye kretyen yo ? Wi, Temwen Jewova yo fè sa. Diran tout peryòd sa a, yo kontinye preche Wayòm Bondye a kòm sèl mwayen k ap pote lapè, pwosperite ak bonè pou moun ki renmen jistis yo, e bagay sa yo ap la pou toutan (Matye 24:14). Men, parapò ak konfli ki egziste nan mitan nasyon yo, yo kenbe yon netralite strik.

11. a) Ki jan netralite Temwen yo opoze avèk pratik klèje a ? b) Ki sa Temwen Jewova yo panse konsènan moun ki deside patisipe nan politik ?

11 Kanta pou klèje relijyon ki nan monn nan, yo menm yo antre byen fon nan zafè politik. Nan sèten peyi, yo aktif nan mennen kanpay pou kandida oswa kont kandida. Gen kèk manm klèje a ki menm okipe fonksyon politik. Gen lòt ki fè presyon sou politisyen yo pou yo favorize pwogram klèje a bay sipò li. Sepandan, Temwen Jewova yo pa mele nan politik. Yo pap enfliyanse lòt moun ki vle antre nan yon pati politik, ni moun ki vle okipe fonksyon politik, ni moun ki vle vote nan eleksyon. Jezi te di disip li yo pa fè pati monn nan. Poutèt sa, Temwen Jewova yo pa patisipe nan politik.

12. Lefètke relijyon ki nan monn sa a pa net, ki rezilta sa bay ?

12 Jan Jezi te predi sa, nasyon yo toujou ap fè lagè. Menm kèk gwoup ki nan menm nasyon konn ap goumen youn ak lòt (Matye 24:3, 6, 7). Chèf relijye yo prèske toujou pran pozisyon pou yon nasyon oswa pou yon gwoup kont yon lòt, toutpandan y ap ankouraje fidèl yo fè menm jan an. Ki rezilta sa bay ? Moun ki manm menm relijyon ap touye youn lòt nan batay, tou senpleman paske yo pa gen menm nasyonalite oswa paske yo soti nan tribi diferan. Sa kontrè ak volonte Bondye. — 1 Jan 3:10-12 ; 4:8, 20.

13. Ki sa evènman yo montre konsènan netralite Temwen Jewova yo ?

13 Sepandan, nan tout konfli ki genyen, Temwen Jewova yo kenbe yon netralite strik. Men sa ki di nan Toudegad 1ye novanm 1 939 (anglè) : “ Tout moun ki bò kote Seyè a ap rete net parapò ak nasyon ki nan lagè yo. ” Temwen Jewova yo nan tout nasyon e nan tout sikonstans kontinye kenbe pozisyon sa a. Yo pa pèmèt ni politik ki lakòz divizyon nan monn nan, ni lagè, detwi fratènite entènasyonal yo genyen an. Yo ‘ bat epe yo fè yo tounen pyès chari, e yo bat lans yo fè yo tounen sekatè ’. Etandone yo net, yo pa aprann lagè ankò. — Izayi 2:3, 4 ; 2 Korentyen 10:3, 4.

14. Ki sa Temwen Jewova yo sibi paske yo rete separe ak monn nan ?

14 Ki youn nan konsekans netralite yo a pote ? Jezi di : “ Paske nou pa fè pati monn nan, [...] monn nan rayi nou. ” ​(Jan 15:19). Anpil Temwen Jewova pran prizon paske yo se sèvitè Bondye. Genyen yo matirize, genyen yo menm touye, menm jan yo te konn fè kretyen premye syèk yo. Tout sa se paske Satan, “ dye sistèm de choz sa a ”, opoze ak sèvitè Jewova yo ki pa fè pati sistèm de choz la. — 2 Korentyen 4:4 ; Revelasyon 12:12.

15. a) Nan direksyon ki sa tout nasyon yo ap mache, e ki sa Temwen Jewova yo ap bat pou yo evite ? b) Poukisa se yon bagay ki enpòtan anpil pou nou rete separe ak monn nan ?

15 Sèvitè Jewova yo byen kontan dèske yo pa fè pati monn nan, paske tout nasyon ki nan monn nan ap mache pou yo rive nan fen yo nan Amagedòn (Dànyèl 2:44 ; Revelasyon 16:14, 16 ; 19:11-21). N ap evite sò sa a, piske nou kenbe yon pozisyon ki apa nan monn nan. Antanke pèp ini sou tout kò tè a, nou fidèl anvè Wayòm selès Bondye a. Se vre, lefètke nou pa fè pati monn nan nou ekspoze anba mokri ak pèsekisyon monn nan. Men, talè konsa sa pral sispann piske monn mechan sa a, ki anba pouvwa Satan kounye a, pral detwi pou toutan. Yon lòt bò, moun k ap sèvi Jewova yo pral viv pou toutan nan monn nouvo jis li a k ap anba dominasyon Wayòm Bondye a. — 2 Pyè 3:10-13 ; 1 Jan 2:15-17.

Revizyon

• Kòman Jezi te montre sa sa vle di “ pa fè pati monn nan ” ?

• Ki atitid premye kretyen yo te genyen anvè : a) lespri monn nan ? b) dirijan pwofàn yo e, c) kesyon peye taks la ?

• Ki fason Temwen Jewova nan tan modèn nan montre yo rete net antanke kretyen ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 165]

Jezi te esplike ni li menm ni disip li yo “ pa fè pati monn nan ” .