Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon gwo foul devan twòn Jewova

Yon gwo foul devan twòn Jewova

Chapit trèz

Yon gwo foul devan twòn Jewova

1. a) Ni moun ki t ap sèvi Bondye anvan epòk kretyen yo, ni 144 000 yo, anba ki sa yo dwe pase anvan pou yo resevwa rekonpans yo ? b) Ki posiblite “ yon gwo foul ” ki vivan kounye a pral genyen ?

SÈVITÈ fidèl Bondye yo, depi Abèl jiska Jan Batis, te mete akonplisman volonte Bondye nan premye plas nan lavi yo. Poutan, yo tout mouri, y ap tann rezirèksyon yo pou yo viv sou tè a nan monn nouvo Bondye a. Gen 144 000 moun ki pral dirije avèk Kris nan Wayòm selès Bondye a ki dwe mouri tou anvan pou yo resevwa rekonpans yo. Sepandan, Revelasyon 7:9 montre nan dènye jou sa yo t ap gen “ yon gwo foul ” ki soti nan tout nasyon, ki pap konnen lanmò, men yo gen espwa pou yo viv pou toutan sou tè a. Èske w pami moun sa yo ?

Idantifikasyon gwo foul la

2. Ki etap ki te mennen yo rive byen konprann idantite gwo foul ki nan Revelasyon 7:9 la ?

2 An 1923, sèvitè Jewova yo te disène “ mouton ” ki nan parabòl Jezi nou jwenn nan Matye 25:31-46 la ak “ lòt mouton ” yo mansyone nan Jan 10:16 la se moun k ap gen posiblite pou yo viv pou toutan sou tè a. An 1931, yo te konprann tou, moun ki gen mak sou fwon yo Ezekyèl 9:1-11 dekri a, se moun ki gen esperans terès. Apre sa, an 1935, yo te rive konprann gwo foul la fè pati klas lòt mouton Jezi te mansyone a. Jodi a, kantite moun ki nan gwo foul sa a ki jwenn favè a, atenn plizyè milyon.

3. Poukisa ekspresyon “ kanpe devan twòn nan ” pa gen rapò ak yon klas selès ?

3 Nan Revelasyon 7:9, se pa nan syèl yo wè gwo foul la ye. Lefètke yo “ kanpe devan twòn ” Bondye a pa oblije se nan syèl pou yo ye. Yo tou senpleman devan je Bondye (Sòm 11:4). Gwo foul “ pèsonn pa ka konte ” sa a, se pa yon klas selès li ye. Se sa yon konparezon ant kantite gwo foul la ye a, ki pa presi, avèk sa ki ekri nan Revelasyon 7:4-8 ansanm ak Revelasyon 14:1-4 montre. Selon tèks sa yo, kantite moun yo pran sou tè a pou ale nan syèl la se 144 000.

4. a)“ Gwo tribilasyon ” gwo foul la pral chape ladan l lan, ki sa l ye ? b) Tankou yo di sa nan Revelasyon 7:11, 12, kiyès k ap obsève gwo foul la e k ap adore Bondye ansanm avèk li ?

4 Konsènan gwo foul la, Revelasyon 7:14 di : “ Se yo menm ki soti anba gwo tribilasyon an. ” Yo chape anba pi move boulvès moun potko janm konnen nan istwa lèzòm (Matye 24:21). Lè yo rekonèt, avèk rekonesans, se Bondye ansanm ak Kris ki fè yo sove, lè sa a tout kreyati fidèl ki nan syèl la pral ini avèk yo pou yo di : “ Amèn ! Benediksyon ak glwa ak sajès ak mizèrikòd ak onè ak pisans ak fòs se pou Bondye nou an yo ye pou tout tan gen tan. Amèn. ” — Revelasyon 7:11, 12.

Yo pwouve yo merite chape

5. Kòman nou ka rive konnen sa yo egzije pou yon moun fè pati gwo foul la ?

5 Pwoteksyon gwo foul la jwenn pandan gwo tribilasyon an se yon bagay ki fèt ann amoni ak prensip jis Jewova yo. Nan Bib la, yo montre aklè ki kalite ki idantifye moun ki pral jwenn delivrans lan. Konsa, li posib pou moun ki renmen jistis yo aji depi kounye a, pou yo montre yo merite chape. Ki sa moun sa yo dwe fè ?

6. Poukisa yo ka konpare gwo foul la ak mouton ?

6 Mouton se bèt ki gen karaktè dou e ki soumèt. Konsa, lè Jezi te di li gen lòt mouton ki pa nan klas selès la, li te vle di non sèlman se moun ki vle viv pou toutan sou tè a, men tou se moun ki soumèt yo anba ansèyman l yo. Li di : “ Mouton m yo koute vwa m, e mwen konnen yo, e yo suiv mwen. ” ​(Jan 10:16, 27). Mouton yo se moun ki vrèman tande sa Jezi di, ki obeyi l e ki vin disip li.

7. Ki kalite disip Jezi yo bezwen kiltive ?

7 Ki lòt kalite disip Jezi yo bezwen kiltive ? Pawòl Bondye a reponn : “ Nou dwe jete ansyen pèsonalite ki mache ak konduit nou te genyen anvan an e [...] nou dwe abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye nan yon jistis ak yon fidelite ki vrè. ” ​(Efezyen 4:22-24). Yo devlope yon seri kalite ki ranfòse inite sèvitè Bondye yo : “ Lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, byenveyans, lafwa, dousè, metriz. ” — Galat 5:22, 23.

8. Ki sa gwo foul la ap rankontre pandan l ap soutni rès la ?

8 Gwo foul la ap soutni ti gwoup moun ki gen esperans selès yo, yo menm ki pran latèt nan travay predikasyon an (Matye 24:14 ; 25:40). Lòt mouton yo bay sipò sa a malgre yo konnen y ap rankontre opozisyon, piske nan kòmansman dènye jou yo, Kris Jezi ak zanj li yo te mete Satan ak demon l yo deyò nan syèl la. Sa vle di : “ Malè pou latè [...] paske Dyab la desann vin jwenn nou avèk yon gwo kòlè, piske li konnen kantite tan li rete a kout. ” ​(Revelasyon 12:7-12). Kidonk, Satan ap entansifye opozisyon l kont sèvitè Bondye yo toutotan fen sistèm sa a ap vin pi pre.

9. Jis nan ki pwen sèvitè Bondye yo rive preche bon nouvèl la, e sa k fè sa ?

9 Malgre pèsekisyon vyolan, travay predikasyon an kontinye avanse. Nan fen dezyèm gè mondyal la, predikatè Wayòm nan te sèlman kèk milye, kounye a yo plizyè milyon, paske Jewova te pwomèt : “ Nanpwen zam y ap fòje kont ou k ap reyisi. ” ​(Izayi 54:17). Menm yon manm lakou siprèm Juif la te rekonèt travay Bondye pa ka sibi defèt. Men sa li te di Farizyen yo nan premye syèk la konsènan disip yo : “ Kite yo (paske si pwojè sa a oswa travay sa a soti nan lèzòm, l ap ranvèse, men si se nan Bondye li soti nou pap ka ranvèse yo). Sinon, petèt yo ka twouve nou se moun k ap lite kont Bondye an reyalite. ”— Travay 5:38, 39.

10. a) Ki sa “ mak ” yo mete sou moun ki nan gwo foul la siyifi ? b) Ki jan sèvitè Bondye yo obeyi “ vwa ki soti nan syèl la ” ?

10 Yo prezante manm gwo foul la kòm moun ki make pou yo sove (Ezekyèl 9:4-6). “ Mak ” la demontre yo se moun ki vwe tèt yo bay Jewova, ki batize kòm disip Jezi e k ap fè efò pou yo kiltive yon pèsonalite ki sanble ak pa Kris. Yo obeyi “ vwa ki soti nan syèl la ” ki di konsènan anpi mondyal fo relijyon Satan an : “ Soti ladan l, pèp mwen, si nou pa vle patisipe avèk li nan peche l yo, e si nou pa vle resevwa yon pati nan flewo l yo. ”— Revelasyon 18:1-5.

11. Ki fason enpòtan moun ki nan gwo foul la demontre yo se sèvitè Jewova ?

11 Jezi te di disip li yo tou : “ Se konsa tout moun ap konnen nou se disip mwen, si nou gen lanmou nan mitan nou. ” ​(Jan 13:35). Ala yon kokenn diferans ak manm relijyon ki nan monn nan k ap touye moun ki nan menm relijyon ak yo, byen souvan paske tou senpleman yo pa gen menm nasyonalite avèk yo ! Pawòl Bondye a deklare : “ Men sa ki distenge pitit Bondye yo ak pitit Dyab la : tout moun ki pa pratike sa ki jis pa soti nan Bondye, ni moun ki pa renmen frè li. [...] Nou fèt pou nou youn renmen lòt, non pa tankou Kayen ki te soti nan mechan an e ki te touye frè l la. ” — 1 Jan 3:10-12.

12. Nan gwo tribilasyon an, kòman Jewova pral regle ak ‘ pyebwa ’ relijye ki pwodui fwi ki san valè yo ?

12 Jezi te di : “ Tout bon pyebwa pwodui bon fwi, men tout pyebwa ki pouri pwodui fwi ki san valè, yon bon pyebwa pa ka pote fwi ki san valè, ni yon pyebwa pouri pa ka pwodui bon fwi. Tout pyebwa ki pa pwodui bon fwi y ap koupe l e y ap jete l nan dife. Kidonk, vrèman, se fwi moun sa yo k ap fè nou rekonèt yo. ” ​(Matye 7:17-20). Fwi relijyon ki nan monn nan pwodui idantifye yo kòm ‘ pyebwa ’ pouri Jewova pral detwi talè konsa nan gwo tribilasyon an. — Revelasyon 17:16.

13. Kòman gwo foul la demontre yo “ kanpe devan twòn ” Jewova a nan inite ?

13 Revelasyon 7:9-15 atire atansyon sou kèk rezon ki fè gwo foul la rive jwenn pwoteksyon. Yo montre yo ki “ kanpe devan twòn ” Jewova a, nan inite, y ap soutni souvrènte inivèsèl li. Yo “ lave wòb yo e yo blanchi yo nan san Timouton an ”, sa ki montre yo rekonèt sakrifis Jezi a ki fè pwopisyasyon pou peche (Jan 1:29). Yo vwe tèt yo bay Bondye e yo senbolize ve sa a pa mwayen batèm nan dlo. Konsa, nan je Bondye yo pwòp, se sa wòb blan ki sou yo a reprezante, e y ap ba li yon “ sèvis sakre lajounen kou lannuit ”. Èske gen kèk domèn kote w kapab aranje vi w pou l vin plis ann amoni ak sa ki dekri la a ?

Kèk byenfè depi kounye a

14. Site kèk byenfè eksepsyonèl sèvitè Jewova yo jwenn depi kounye a ?

14 Petèt ou wè byenfè eksepsyonèl sèvitè Jewova yo jwenn depi kounye a. Kòm egzanp, lè yo te anseye w konsènan objektif jis Jewova yo, ou te rive konprann gen yon bèl espwa pou lavni devan w. Konsa, kounye a ou gen yon bi reyèl nan lavi a : sèvi vrè Dye a avèk bèl espwa lavi etènèl nan paradi sou tè a. Wi, Wa a, Jezi Kris “ ap mennen [gwo foul la] nan sous dlo lavi yo ”. — Revelasyon 7:17.

15. Ki byenfè Temwen Jewova yo jwenn paske yo respekte prensip biblik yo nan domèn politik e nan domèn moral ?

15 Lòt byenfè estrawòdinè gwo foul la kontan jwenn se lanmou, inite ak amoni pami sèvitè Jewova yo ki sou tout tè a. Piske nou tout nou nouri ak menm manje espirityèl la, nou tout obeyi menm lwa ak menm prensip nou jwenn nan Pawòl Bondye a. Se sa k fè nou pa divize akoz ideyoloji politik oswa ideyoloji nasyonal. Anplis de sa, nou respekte prensip moral elve Bondye fikse pou pèp li a (1 Korentyen 6:9-11). Konsa, olye pou pèp Jewova a viv nan chirepit, dezinyon ak imoralite, bagay ki kouran nan monn nan, li benefisye sa nou ka rele yon paradi espirityèl. Gade ki jan Izayi 65:13, 14 dekri sa.

16. Malgre pwoblèm kouran ki gen nan lavi a, ki esperans moun ki nan gwo foul la genyen ?

16 Non, sèvitè Jewova ki imen yo pa pafè. E pwoblèm ki kouran nan lavi nan monn sa a afekte yo tou. Pa egzanp, yo konn viv moman ki difisil oubyen yo konn viktim inosan nan lagè nasyon yo. Yo fè fas ak maladi, soufrans ak lanmò. Men yo gen lafwa, nan monn nouvo a, Bondye “ pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò ”. — Revelasyon 21:4.

17. Kèlkeswa sa k kapab rive nou kounye a, ki avni estrawòdinè vrè Dye a sere pou moun k ap adore l yo ?

17 Menmsi w ta pèdi lavi w jodi a akoz vyeyès, maladi, yon aksidan oswa akoz pèsekisyon, Jewova pral resisite w pou w viv nan Paradi a (Travay 24:15). Lè sa a, ou pral kontinye jwi yon festen espirityèl diran Rèy milenè Kris la. Lanmou w pou Bondye pral vin pi pwofon lè w ap wè objektif li yo rive nan yon reyalizasyon glorye. E ansuit, benediksyon Jewova pral bay nan domèn fizik yo pral fè lanmou w pou li vin pi pwofon toujou (Izayi 25:6-9). Ala yon avni estrawòdinè Bondye sere pou pèp li a !

Revizyon

• Avèk ki evènman estrawòdinè Bib la asosye gwo foul la ?

• Si vrèman nou vle fè pati gwo foul sa a Bondye bay favè l la, ki sa nou dwe fè depi kounye a ?

• Ki enpòtans benediksyon gwo foul la jwenn depi kounye a ansanm ak sa l pral jwenn nan monn nouvo Bondye a genyen pou ou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 123]

Plizyè milyon moun ki fòme gwo foul la ap adore vrè Dye a nan inite.