Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon kesyon ki konsène nou tout

Yon kesyon ki konsène nou tout

Chapit sis

Yon kesyon ki konsène nou tout

1, 2. a) Ki kesyon Satan te soulve ann Edenn ? b) Kòman kesyon sa a parèt anba anba nan sa Satan te di a ?

OU ENPLIKE nan kesyon ki pi enpòtan ki konsène limanite a. Avni etènèl ou depann de pozisyon w pran nan kesyon sa a. Kesyon an te soulve lè rebelyon an te eklate ann Edenn. Lè sa a, Satan te mande Èv : “ Èske se vre Bondye te di nou pa dwe manje nan tout pyebwa ki nan jaden an ? ” Èv di l se konsènan yon sèl pyebwa Bondye te di : “ Nou pa dwe manje ladan l [...] pou nou pa mouri. ” Apre sa, Satan akize Jewova kareman kòm mantè lè l di ni lavi Èv ni lavi Adan pa depann de obeyisans yo anvè Bondye. Satan pretann Bondye refize kreyati l yo yon bagay k ap bon pou yo : kapasite pou yo etabli pwòp règ pa yo nan lavi a. Satan deklare : “ Bondye konnen lejou nou manje ladan l, je nou pap manke pa ouvri, e san mank, n ap vin tankou Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal. ” — Jenèz 3:1-5.

2 Anfèt, Satan te di lèzòm gen enterè deside pou tèt yo olye pou yo obeyi lwa Bondye yo. Konsa, li te konteste fason Bondye ap gouvène. Sa te soulve kesyon ki pi enpòtan an, kesyon konsènan souvrènte inivèsèl Bondye, sa vle di dwa l genyen pou l gouvène. Men kesyon ki te soulve a : Ki sa ki pi bon pou lèzòm, fason Jewova ap dirije yo a oubyen pran endepandans yo pou yo dirije tèt yo poukont yo ? Nan moman sa a, Jewova te ka egzekite Adan ak Èv imedyatman, men sa pa t ap regle kesyon souvrènte a avèk satisfaksyon. Lefètke Bondye kite lèzòm kontinye devlope, antanke sosyete, pou yon bon bout tan, pèmèt li demontre rezilta sa bay lè moun pran endepandans yo parapò ak li menm e parapò ak lwa l yo.

3. Ki kesyon segondè Satan te soulve ?

3 Atak Satan kont dwa Jewova genyen pou l gouvène a pa t fini ak sa k te pase ann Edenn nan. Satan te soulve dout sou fidelite lòt kreyati yo devan Jewova. Sa vin yon kesyon segondè ki makònen ak kesyon prensipal la. Defi l la te konsène desandan Adan ak Èv yo ansanm ak tout pitit espirityèl Bondye yo, menm premye Pitit Jewova renmen anpil la ladan l tou. Pa egzanp nan epòk Jòb la, Satan te pretann moun k ap sèvi Jewova yo pa ni renmen Bondye ni renmen fason l ap dirije, men yo fè l pou rezon egoyis. Li fè konnen depi yo anba eprèv, yo tout t ap kite enterè egoyis pote yo ale. — Jòb 2:1-6 ; Revelasyon 12:10.

Ki sa listwa pwouve

4, 5. Ki sa listwa pwouve konsènan lòm k ap dirije pwòp tèt li poukont li ?

4 Yon pwen ki esansyèl nan kesyon souvrènte a se pwen sa a : Bondye pa t kreye lèzòm pou yo viv yon fason endepandan parapò ak dominasyon l epi pou yo reyisi. Pou byen yo, li fè yo pou yo depann de lwa jis li yo. Men sa pwofèt Jeremi te rekonèt : “ Mwen byen konnen, o Jewova, lòm ki fèt ak tè, wout li pa nan men l. Sa pa nan men lòm k ap mache pou l dirije pa l. Korije m, o Jewova. ” ​(Jeremi 10:23, 24). Kidonk, men ankourajman Pawòl Bondye a bay : “ Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa apiye sou pwòp entèlijans ou. ” ​(Pwovèb 3:5). Menm jan Bondye fè lèzòm pou yo soumèt anba lwa fizik li yo pou yo rete vivan, menm jan an tou, li fè lwa moral, si yo obeyi yo, sa ap fè vin gen yon sosyete ki gen amoni ladan l.

5 Li klè, Bondye te konnen lèzòm pa t ap janm reyisi dirije tèt yo poukont yo san dominasyon pa l la. Nan efò lèzòm ap fè, anven, pou yo endepandan parapò ak dominasyon Bondye a, yo mete sou pye divès sistèm politik, ekonomik e relijye. Diferans ki genyen nan sistèm sa yo fè lèzòm toujou nan chirepit youn ak lòt, e sa lakòz vyolans, lagè ak lanmò. “ Lòm domine sou lòm pou fè l ditò. ” ​(Eklezyas 8:9). Se egzakteman sa k rive nan tout istwa lèzòm. Jan Pawòl Bondye a te predi sa, moun mechan ak moun ki fè tèt yo pase pou sa yo pa ye kontinye “ vin pi mal toujou ”. (2 Timote 3:13.) E nan ventyèm syèk la lèzòm fè gwo pwogrè nan domèn syantifik ak nan domèn endistriyèl, men tou, se nan syèk sa a limanite viv kalamite ki pi tèrib moun potko janm wè. Nou gen anpil prèv ki montre pawòl nou jwenn nan Jeremi 10:23 ki di lèzòm pa t kreye pou yo dirije pwòp tèt yo a se laverite.

6. Ki jan Bondye pral regle kesyon endepandans lèzòm parapò ak li a talè konsa ?

6 Alalong, konsekans trajik sa genyen lefètke lèzòm pran endepandans yo parapò ak Bondye demontre yon fwa pou tout, dominasyon lòm nan pap janm ka reyisi. Dominasyon Bondye a se sèl mwayen pou moun jwenn bonè, inite, lasante ak lavi. Anplis de sa, Pawòl Bondye a montre tan Jewova bay lòm pou l dirije tèt li poukont li an prèske fini (Matye 24:3-14 ; 2 Timote 3:1-5). Talè konsa, li pral entèvni nan zafè limanite pou l etabli dominasyon pa l sou tè a. Men sa pwofesi biblik yo di : “ Nan jou wa sa yo [gouvènman lèzòm ki egziste kounye a], Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm [nan syèl la] ki pap janm kraze. E yo pap pase wayòm nan bay okenn lòt pèp [lèzòm pap janm dirije tè a ankò]. Li pral krabinen tout wayòm sa yo [ki la kounye a], e l ap fini ak yo, epi li menm l ap la pou tan endefini. ” — Dànyèl 2:44.

Moun ki chape e k ap antre nan monn nouvo Bondye a

7. Lè dominasyon Bondye a mete fen nan dominasyon lòm nan, ki moun k ap chape ?

7 Lè dominasyon Bondye a mete fen nan dominasyon lòm nan, ki moun k ap chape ? Bib la reponn : “ Se moun ki dwat yo [moun k ap soutni dwa Bondye genyen pou l dirije] ki pral abite sou tè a, e se moun ki entèg yo ki pral rete sou li. Kanta mechan yo [moun ki pa soutni dwa Bondye genyen pou l dirije], y ap elimine yo sou tè a. ” ​(Pwovèb 2:21, 22). Menm jan an tou, salmis lan di : “ Nan yon tikras tan ankò, mechan an pap la ankò [...]. Moun ki jis yo pral posede tè a, e sou li, y ap rete pou toutan. ” — Sòm 37:10, 29.

8. Ki jan Bondye pral jistifye souvrènte l konplètman ?

8 Apre sistèm Satan an fin detwi, Bondye pral enstore monn nouvo pa l la ki pral elimine konplètman lagè, povrete, soufrans, maladi, lanmò ak vyolans ki lakòz anpil dezas. Bagay sa yo te kenbe limanite esklav pandan plizyè milye ane. Bib la fè yon bèl deskripsyon sou benediksyon k ap tann moun ki obeyisan yo. Li di : “ Li [Bondye] pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò. Ansyen bagay yo disparèt. ” ​(Revelasyon 21:3, 4). Grasa Wayòm selès Bondye a, Wayòm Kris ap dirije a, Bondye pral jistifye konplètman (pwouve oubyen etabli) dwa l genyen pou l Souvren nou, sa vle di pou l Chèf nou. — Women 16:20 ; 2 Pyè 3:10-13 ; Revelasyon 20:1-6.

Ki jan yo te reyaji

9. a) Ki jan moun ki rete fidèl devan Jewova konsidere pawòl li ? b) Ki jan Noye te pwouve fidelite l, e ki jan nou ka tire pwofi nan egzanp li ?

9 Pandan tout listwa, te gen gason ak fi ki gen lafwa ki te pwouve fidelite yo devan Jewova antanke Souvren. Yo te konnen lavi yo depann de chwa yo fè pou yo koute Jewova e pou yo obeyi l. Noye te youn nan moun sa yo. Bondye te di Noye : “ Lafen tout chè rive devan m [...]. Fè yon lach pou ou. ” E Noye te soumèt ak enstriksyon Jewova te ba li. Malgre avètisman yo te bay lòt moun yo nan epòk sa a, yo t ap viv kòmsi pa gen anyen dwòl ki t apral rive. Men, Noye te bati yon kokenn lach e li te preche lòt moun yo chemen dwat Jewova yo. Men sa istwa a rapòte : “ Noye te vin ap fè selon tout sa Bondye te òdone l fè. Konsa l te fè egzakteman. ” — Jenèz 6:13-22 ; Ebre 11:7 ; 2 Pyè 2:5.

10. a) Ki jan Abraram ak Sara te soutni souvrènte Jewova ? b) Ki leson nou ka tire nan egzanp Abraram ak Sara ?

10 Abraram ak Sara tou se te bèl egzanp moun ki t ap soutni souvrènte Jewova. Kèlkeswa sa Jewova te ba yo lòd fè, yo te fè l. Yo t ap viv nan yon vil ki te rich yo te rele Ou nan peyi Kaldeyen yo. Men, lè Jewova te di Abraram pou l ale nan yon lòt peyi, yon peyi li pa t konnen, Abraram “ te ale, jan Jewova te di l la ”. Sandout, Sara t ap mennen yon vi ki te konfòtab, nan kay pa l, avèk zanmi l ak fanmi l. Poutan, li te soumèt li ni devan Jewova ni devan mari l e li te ale nan peyi Kanaran, malgre li pa t konnen ki sitiyasyon ki t ap tann li lòt bò a. — Jenèz 11:31–12:4 ; Travay 7:2-4.

11. a) Nan ki sikonstans Moyiz te soutni souvrènte Jewova ? b) Ki jan nou kapab tire pwofi nan egzanp Moyiz ?

11 Moyiz se yon lòt moun ki te soutni souvrènte Jewova. E li te fè sa nan sikonstans ki te trè difisil, nan konfwontasyon fasafas avèk Farawon ann Ejip. Sa pa vle di Moyiz te gen konfyans nan tèt li. Okontrè, li te gen dout sou kapasite l genyen pou l pale kòrèkteman. Men li te obeyi Jewova. Grasa sipò Jewova ansanm ak èd frè li Arawon, plizyè fwa, Moyiz te transmèt pawòl Jewova bay Farawon ki t ap fè tèt di. Menm sèten nan pitit Izrayèl yo te konn kritike Moyiz san okenn konsiderasyon. Poutan avèk fidelite, Moyiz te fè tout sa Jewova te ba l lòd pou l fè. E se pa mwayen li menm Izrayèl te delivre anba men Ejip. — Egzòd 7:6 ; 12:50, 51 ; Ebre 11:24-27.

12. a) Ki sa k montre fidelite devan Jewova mande plis pase obeyi sèlman sa Bondye fè ekri ? b) Ki jan yon bon konpreyansyon sou kalite fidelite sa a ka ede nou aplike 1 Jan 2:15 ?

12 Moun sa yo ki te fidèl devan Jewova pa t met nan tèt yo tout obligasyon yo se obeyi sèlman sa Bondye te fè ekri. Lè madan Potifa t ap chèche sedui Jozèf pou l komèt adiltè avè l la, Bondye pa t bay kòmandman ekri ki defann moun fè adiltè. Sepandan, Jozèf te konnen dispozisyon Jewova te etabli ann Edenn konsènan maryaj. Li te konprann lè moun gen relasyon seksyèl ak madanm yon lòt gason sa pa fè Bondye plezi. Jozèf pa t enterese pou l teste jis nan ki pwen Bondye t ap pèmèt li aji tankou Ejipsyen yo. Li te soutni chemen Jewova yo grasa meditasyon l te fè sou fason Bondye te konn aji avèk lèzòm. E apre sa, li te aplike fidèlman sa l te disène ki reprezante volonte Bondye. — Jenèz 39:7-12 ; Sòm 77:11, 12.

13. Ki sa k pwouve Dyab la se yon mantè : a) nan ka Jòb ? b) nan ka twa Ebre yo ?

13 Moun ki vrèman konnen Jewova pap vire do ba li menmsi yo anba eprèv ki rèd anpil. Menm Jòb, yon moun Jewova te di li apwouve, Satan te akize l kòmkwa si l pèdi pil byen li genyen yo oswa si l pèdi sante l, l ap abandone Bondye. Men Jòb te pwouve Satan se yon mantè, menm lè l pa t konnen poukisa kalamite te tonbe sou li (Jòb 2:9, 10). Plizyè syèk apre, Satan te toujou ap chèche pwouve akizasyon l lan. Li te lakòz yon wa Babilòn ki ankòlè menase twa jèn Ebre pou l touye yo nan yon founèz dife si yo pa pwostène devan yon imaj wa a te mete anplas pou moun adore. Yo te dwe chwazi swa pou yo obeyi lòd wa a, swa pou yo obeyi lwa Jewova bay kont idolatri. Twa mesye yo te fè konnen, yon fason fèm, se Jewova y ap sèvi, e se li ki Souvren Siprèm pa yo. Fidelite yo devan Bondye te gen plis valè pou yo pase lavi yo t ap viv la ! — Dànyèl 3:14-18.

14. Menm lè nou se moun ki enpafè, kòman nou ka pwouve nou vrèman fidèl anvè Jewova ?

14 Apati de egzanp sa yo, èske n ap tire konklizyon pou yon moun fidèl anvè Jewova fòk li pafè oubyen depi l fè yon erè li echwe nèt ? Pa ditou ! Bib la fè nou konnen, pafwa Moyiz te gen mankman. Malgre Jewova te kontrarye, li pa t rejte Moyiz poutèt sa. Apot Jezi Kris yo tou te gen feblès pa yo. Piske nou eritye peche, Jewova pran sa an konsiderasyon, li kontan si nou pa fè espre nou meprize volonte l nan kèlkeswa domèn nan. Si akoz feblès nou tonbe nan sa k mal, li enpòtan pou nou repanti sensèman e pou nou pa fè fot nou te fè a tounen yon pratik. Konsa, n ap demontre nou vrèman renmen sa Jewova di ki byen e nou rayi sa l kondane. Sou baz lafwa nou nan sakrifis pwopisyatwa Jezi a, nou kapab okipe pozisyon moun ki pwòp devan Bondye. — Amòs 5:15 ; Travay 3:19 ; Ebre 9:14.

15. a) Ki òm pami tout òm ki te kenbe yon entegrite pafè devan Bondye, e ki sa sa pwouve ? b) Ki jan egzanp Jezi ka itil nou ?

15 Sepandan, èske sa ta vle di li toutafè enposib pou imen yo obeyi souvrènte Jewova yon fason ki pafè ? Repons kesyon sa a te tankou yon “ sekrè sakre ” pandan kat mil an anviwon (1 Timote 3:16). Kwak Bondye te kreye Adan pafè, Adan pa t kite yon modèl pafè nan atachman l pou Bondye. Kiyès ki te ka kite yon modèl konsa ? Sètènman, okenn nan desandan Adan yo pa t kapab. Yo tout se pechè. Sèl òm ki te kite yon modèl pafè, se Jezi Kris (Ebre 4:15). Sa Jezi te reyalize a pwouve Adan, ki te nan sitiyasyon pi favorab, te ka kenbe yon entegrite pafè si l te vle. Fot la pa soti nan travay kreyasyon Bondye fè a. Pakonsekan, se Jezi Kris ki modèl nou chèche imite, nonsèlman lè nou obeyi lwa Bondye, men tou lè nou demontre atachman pèsonèl nou pou Jewova, Souvren inivèsèl la. — Detewonòm 32:4, 5.

Ki jan nou menm nou reyaji ?

16. Poukisa nou dwe toujou vijilan anrapò ak atitid nou anvè souvrènte Jewova ?

16 Jodi a, nou chak konsène nan kesyon souvrènte inivèsèl la. Si nou di aklè nou ranje kò nou bò kote Jewova, se sitou nou menm Satan ap vize. L ap ban nou presyon tribòbabò e l ap kontinye fè sa jiskaske sistèm de choz mechan l lan fini. Nou pa dwe sispann vijilan (1 Pyè 5:8). Konduit nou montre ki pozisyon nou pran nan kesyon ki pi enpòtan an, kesyon souvrènte Jewova a ansanm ak lòt kesyon an, kesyon entegrite nou devan Bondye lè nou anba eprèv. Nou pa dwe konsidere yon konduit enfidèl tankou yon bagay ki pa gen enpòtans senpleman paske sa kouran nan monn nan. Pou nou rete entèg, sa mande pou nou fè efò pou nou aplike prensip dwat Jewova yo nan tout domèn nan lavi a.

17. Bay kèk aspè nan orijin manti ak vòl ki fè nou dwe evite yo ?

17 Pa egzanp, nou pa ka imite Satan ki “ papa manti ” a (Jan 8:44). Nou dwe toujou di laverite nan tout sa n ap fè. Nan sistèm Satan an, souvan, jèn yo pa di paran yo laverite. Men jèn kretyen yo evite sa, e konsa yo pwouve akizasyon Satan fè a se manti, lè l pretann sèvitè Bondye yo ap sispann rete entèg lè yo anba eprèv (Jòb 1:9-11 ; Pwovèb 6:16-19). Anplis de sa, gen pratik komèsyal ki ka montre se nan kan “ papa manti ” a yon moun ye, olye pou l montre se nan kan Bondye verite a li ye. Jan de pratik sa yo, nou pa ladan yo (Mika 6:11, 12). Menm jan an tou, pa gen anyen ki janm jistifye vòl, menmsi yon moun nan nesesite, oubyen menmsi moun yo pran zafè l la se yon moun ki rich (Pwovèb 6:30, 31 ; 1 Pyè 4:15). Menmsi se yon pratik ki gaye nan zòn kote nou rete a, oubyen menmsi sa moun nan pran an piti, vòl toujou kontrè ak lwa Bondye. — Lik 16:10 ; Women 12:2 ; Efezyen 4:28.

18. a) Nan fen Rèy mil an Kris la, anba ki tès tout limanite pral pase ? b) Ki abitid nou ta dwe pran depi kounye a ?

18 Pandan Rèy mil an Kris la, Satan ak demon l yo ap nan abim, yo pap ka enfliyanse limanite. Ala yon soulajman sa pral ye ! Men apre mil an an, yo pral lage yo pou yon ti tan. Satan ak patizan l yo pral mete presyon sou moun ki retabli yo e ki kenbe entegrite yo devan Bondye (Revelasyon 20:7-10). Si nou gen privilèj pou nou vivan lè sa a, ki jan n ap reyaji devan kesyon souvrènte inivèsèl la ? Piske tout moun pral pafè lè sa a, nenpòt aksyon enfidèl yon moun fè se pral yon aksyon li fè toutespre, e sa ap mennen nan destriksyon etènèl. Ala enpòtan sa enpòtan pou nou pran abitid byen reyaji depi kounye a devan tout enstriksyon Jewova ban nou, kit se pa mwayen Pawòl li, kit se pa mwayen òganizasyon l lan ! Lè nou fè sa, nou montre nou gen atachman toutbonvre pou Jewova antanke Souvren inivèsèl.

Revizyon

• Ki gwo kesyon ki konsène nou tout ? Kòman nou te fè enplike nan kesyon sa a ?

• Ki sa ki remakab nan fason gason ak fi nan tan lontan yo te pwouve entegrite yo devan Jewova ?

• Poukisa li trèzenpòtan pou chak jou nou onore Jewova grasa konduit nou ?

[Kesyon]