Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon wayòm “ ki pap janm kraze ”

Yon wayòm “ ki pap janm kraze ”

Chapit dis

Yon wayòm “ ki pap janm kraze ”

1. Ki sa evènman ki pase toutolon istwa lèzòm montre aklè ?

EVÈNMAN k ap pase chak jou toupatou sou tè a montre aklè lèzòm pa jwenn bonè lè yo rejte souvrènte Jewova e yo eseye gouvène tèt yo poukont yo. Pa gen okenn sistèm gouvènman lèzòm etabli ki pote byenfè pou limanite san patipri. Malgre lèzòm rive devlope konesans yo genyen nan domèn syantifik nan yon degre yo potko janm atenn anvan, yo pa ka venk maladi, ni yo pa ka elimine lanmò pa menm pou yon sèl moun. Dominasyon lòm nan pa rive elimine lagè, vyolans, krim, koripsyon ak povrete. Nan anpil peyi se gouvènman k ap fè represyon ki toujou ap dirije lèzòm (Eklezyas 8:9). Teknoloji, avidite ak inyorans konbine ansanm pou anpwazonnen tè a, dlo, ak lè a. Nan domèn ekonomik, akoz move jesyon otorite yo, li difisil pou anpil moun jwenn bagay ki nesesè pou yo viv. Plizyè milye ane depi lòm ap dirije a fè verite sa a parèt klè : “ Lòm ki fèt ak tè, wout li pa nan men l. Sa pa nan men lòm k ap mache pou l dirije pa l. ” — Jeremi 10:23.

2. Ki sa ki sèl solisyon pou pwoblèm limanite yo ?

2 Ki sa ki solisyon an ? Se Wayòm Bondye a, Wayòm Jezi te anseye disip li yo pou yo priye pou li a : “ Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a, kou nan syèl la. ” ​(Matye 6:9, 10). Nan 2 Pyè 3:13, yo dekri Wayòm selès Bondye a kòm “ syèl tounèf ”. Li gen pou l domine sou “ tè tounèf ” la ki reprezante yon sosyete moun ki jis. Wayòm selès Bondye a sitèlman enpòtan, Jezi te fè l tounen tèm santral predikasyon l lan (Matye 4:17). Li te montre ki plas li ta dwe okipe nan lavi nou nan rekòmandasyon sa a : “ Kontinye chèche wayòm nan ak jistis li an premye. ” — Matye 6:33.

3. Poukisa sa vin pi ijan kounye a pou moun aprann konnen Wayòm Bondye a ?

3 Li vin pi ijan kounye a pou moun aprann konnen Wayòm Bondye a, paske Wayòm sa a pral antre ann aksyon talè konsa pou l pote yon chanjman definitif nan dominasyon tè a. Men sa Dànyèl 2:44 predi : “ Nan jou wa sa yo [gouvènman yo k ap dirije kounye a], Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm [nan syèl la] ki pap janm kraze. E yo pap pase wayòm nan bay okenn lòt pèp [lèzòm pap janm dirije tè a ankò]. Li pral krabinen tout wayòm sa yo [ki la kounye a], e l ap fini ak yo, epi li menm l ap la pou tan endefini. ” Konsa, Wayòm nan pral mete yon pwen final nan dènye jou sa yo, lè l detwi tout sistèm de choz sa a. Apre sa, dominasyon tè a pa mwayen Wayòm selès la pral fèt san kontestasyon. Ala rekonesan nou ta dwe rekonesan poutèt soulajman sa pral pote a toupre !

4. Anrapò ak Wayòm nan, ki sa k te pase nan syèl la an 1914, e poukisa sa gen enpòtans pou nou ?

4 An 1914, yo enstale Kris Jezi antanke Wa e yo ba li otorite pou l al “ gouvène nan mitan ènmi [li] yo ”. (Sòm 110:1, 2.) Nan ane sa a tou, “ dènye jou ” sistèm de choz mechan ki la kounye a te kòmanse (2 Timote 3:1-5, 13). Nan menm moman an, evènman Dànyèl te wè nan yon vizyon pwofetik te akonpli reyèlman nan syèl la. “ Ansyen an jou a ”, Jewova Dye, te bay Pitit Gason lòm nan, Jezi Kris, “ dominasyon, diyite ak wayòm, dekwa pou pèp, kominote nasyonal e lang, yo tout sèvi l ”. Anrapò ak vizyon an, men sa Dànyèl ekri : “ Dominasyon l se yon dominasyon ki la pou toutan, ki pap janm pase, e wayòm li an, se yon wayòm ki pap kraze. ” ​(Dànyèl 7:13, 14). Se grasa Wayòm selès sa a, Wayòm ki nan men Kris Jezi a, Bondye pral pèmèt moun ki renmen jistis yo jwenn kantite bon bagay li te gen nan objektif li lè l te mete premye paran nou yo nan Paradi a.

5. Ki detay anrapò ak Wayòm nan nou byen enterese konnen, e poukisa ?

5 Èske w ta renmen vin youn nan moun fidèl ki pral viv anba dominasyon Wayòm nan ? Si se sa, w ap byen enterese konnen ki fason gouvènman selès la òganize e ki fason li fonksyone. W ap anvi konnen ki sa l ap fè kounye a, ki sa l pral reyalize alavni e ki sa l mande pou w fè. Toutpandan w ap egzamine kesyon Wayòm nan pi an pwofondè, rekonesans ou pou li ta dwe ogmante. Si w byen reyaji devan dominasyon Wayòm Bondye a, w ap pi byen ekipe pou w rakonte lòt moun bagay mayifik li pral fè pou moun ki obeyisan yo. — Sòm 48:12, 13.

Dirijan ki nan Wayòm Bondye a

6. a) Selon Ekriti yo, Wayòm mesyanik la sèvi pou eksprime souvrènte kiyès ? b) Ki jan sa nou aprann konsènan Wayòm nan ta dwe enfliyanse nou ?

6 Youn nan premye bagay yon analiz konsa fè nou wè, sèke Wayòm mesyanik la se youn nan mwayen Jewova itilize pou l eksprime souvrènte li. Se Jewova ki te bay Pitit Gason l lan “ dominasyon, diyite ak wayòm ”. Apre Pitit Gason Bondye a te fin resevwa pouvwa pou l kòmanse dirije antanke Wa, gen vwa nan syèl la ki te fè yon deklarasyon apwopriye : “ Wayòm monn nan vin tounen wayòm Seyè nou an [Jewova Dye] ak Kris li a. E li [Jewova] pral gouvène kòm wa pou tout tan gen tan. ” ​(Revelasyon 11:15). Konsa, tout bagay nou note konsènan Wayòm sa a, e konsènan sa l reyalize yo fè nou vin pi pwòch ak Jewova li menm. Sa nou aprann yo ta dwe mete nan nou dezi pou nou soumèt nou anba souvrènte li pou toutan.

7. Poukisa sa enterese nou espesyalman lefètke Jezi Kris se Chèf adjwen Jewova ?

7 Ann pran an konsiderasyon tou lefètke Jewova mete Jezi Kris sou twòn nan, antanke Chèf adjwen. Antanke Ouvriye abil Bondye te itilize pou fè tè a ansanm ak lèzòm, Jezi konnen bezwen nou pi byen pase nenpòt nan nou. Anplis de sa, depi nan kòmansman istwa limanite, li te demontre ‘ atachman li genyen pou pitit lèzòm ’. (Pwovèb 8:30, 31 ; Kolosyen 1:15-17.) Lanmou li gen pou lèzòm sitèlman gran, sa te fè l vini pèsonèlman sou tè a e li te bay lavi li kòm ranson an favè nou (Jan 3:16). Konsa, li ban nou mwayen pou nou libere anba peche ak lanmò e li ban nou posiblite pou nou jwenn lavi etènèl. — Matye 20:28.

8. a) Kontrèman ak dominasyon lèzòm yo, poukisa gouvènman Bondye a se yon gouvènman k ap dire ? b) Ki relasyon ki genyen ant “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ak gouvènman selès la ?

8 Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki stab e ki dirab. Sa k fè pa gen dout gouvènman sa a ap dire, se paske Jewova pa ka mouri (Abakouk 1:12). Kontrèman ak wa imen yo, Jezi Kris, li menm Bondye konfye pouvwa wayal la, imòtèl tou (Women 6:9 ; 1 Timote 6:15, 16). Sou twòn selès yo, pral gen 144 000 lòt sèvitè fidèl Bondye ki asosye ak Kris, ki soti nan “ tout tribi, nan tout lang, nan tout pèp e nan tout nasyon ”. Yo menm tou yo resevwa lavi imòtèl (Revelasyon 5:9, 10 ; 14:1-4 ; 1 Korentyen 15:42-44, 53). Pifò nan yo deja nan syèl, e rès ki toujou sou tè a, se li jodi a ki “ esklav fidèl ki prevwayan ” an. Se li, avèk fidelite, k ap fè enterè Wayòm sa a avanse pou pi devan isiba. — Matye 24:45-47.

9, 10. a) Ki bagay ki favorize divizyon ak koripsyon Wayòm nan pral elimine ? b) Si nou pa vle vin ènmi Wayòm Bondye a, nan ki sa nou dwe evite mele ?

9 Talè konsa, nan moman Jewova fikse a, li pral voye fòs egzekisyon l yo pou yo netwaye tè a. Yo pral detwi pou letènite tout moun ki chwazi refize rekonèt souvrènte Jewova e ki trete avèk mepri dispozisyon chaje lanmou Jewova pran pa mwayen Jezi Kris (2 Tesalonisyen 1:6-9). Se pral jou Jewova a, moman li t ap tann byen lontan an pou l jistifye dwa l genyen antanke Souvren inivèsèl. “ Gade ! Jou Jewova a ap vini, l ap atwòs, l ap vini avèk firè e avèk gwo kòlè, [...] pou l aneyanti pechè yo nan peyi a. ” ​(Izayi 13:9). “ Jou sa a se yon jou firè, yon jou detrès ak kè kase, yon jou tanpèt ak dezolasyon, yon jou tenèb ak fènwa, yon jou nyaj ak fènwa pwès. ” — Sefànya 1:15.

10 Tout fo relijyon, tout gouvènman lèzòm yo ansanm ak lame yo genyen, yo menm chèf monn nan, mechan ki envizib la, t ap manipile, pral aneyanti pou letènite. Tout moun ki asosye ak monn sa a, k ap mennen yon vi egoyis, yon vi ki pa onèt e ki imoral, pral detwi. Satan ak demon l yo pap gen kontak ak moun ki abite sou tè a, yo pral fèmen yo byen fèmen nan yon abim pou mil an. Lè sa a, Wayòm Bondye a pral gen kontwòl total sou tout sa k ap fèt sou tè a. Ala yon soulajman sa pral ye pou tout moun ki renmen jistis ! — Revelasyon 18:21, 24 ; 19:11-16, 19-21 ; 20:1, 2.

Jan Wayòm nan ap atenn objektif li yo

11. a) Ki jan Wayòm mesyanik la pral reyalize objektif Jewova gen pou tè a ? b) Ki sa dominasyon Wayòm nan pral siyifi pou moun k ap viv sou tè a lè sa a ?

11 Wayòm mesyanik la pral reyalize konplètman objektif Bondye te gen okòmansman pou tè a (Jenèz 1:28 ; 2:8, 9, 15). Jiska jodi a, limanite pa rive soutni objektif sa a. Sepandan, “ tè abite k ap vini an ” pral soumèt anba Pitit Gason lòm nan, Jezi Kris. Tout moun ki chape anba egzekisyon jijman Jewova sou ansyen sistèm sa a pral travay ini anba dominasyon Kris, Wa a. Y ap kontan fè kèlkeswa sa l mande yo fè, yon fason pou tout tè a tounen yon paradi (Ebre 2:5-9). Tout limanite pral kontan travay yo fè ak men yo, e yo pral pwofite totalman sa tè a pwodui ann abondans. — Sòm 72:1, 7, 8, 16-19 ; Izayi 65:21, 22.

12. Ki jan moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm nan pral rive atenn pèfeksyon mantalman e fizikman ?

12 Lè Adan ak Èv te kreye, yo te pafè. Objektif Bondye pou tè a se pou l te ranpli ak desandan Adan ak Èv, e yo tout t ap pafè mantalman e fizikman. Objektif sa a pral tounen yon mayifik reyalite anba dominasyon Wayòm nan. Sa egzije pou tout konsekans peche disparèt. Se nan objektif sa a Kris ap sèvi non sèlman antanke Wa, men tou antanke Gran Prèt. Avèk pasyans, li pral ede moun obeyisan k ap viv anba dominasyon l yo pou yo benefisye valè pwopisyatwa sakrifis pwòp vi li te genyen antanke òm.

13. Ki byenfè fizik moun pral jwi anba dominasyon Wayòm nan ?

13 Anba dominasyon Wayòm nan, moun ki abite sou tè a pral jwi byenfè fizik estrawòdinè. “ Nan epòk sa a, je avèg yo pral ouvri, zòrèy moun soud yo pral debouche. Nan epòk sa a, moun ki enfim nan pye a pral grenpe tankou sèf, e lang bèbè a pral pouse kri lajwa. ” ​(Izayi 35:5, 6). Kò moun ki defigire akoz laj oswa akoz maladi pral vin pi fre pase kò yon timoun, e se yon sante anfòm ki pral pran plas maladi kwonik yo. “ Se pou chè l vin pi fre pase lè li te jèn. Se pou l retounen nan jou vigè jenès li. ” ​(Jòb 33:25). Jou a pral rive kote pèsonn pap gen rezon pou yo di : “ Mwen malad. ” Poukisa ? Paske moun ki gen krent pou Bondye pral libere ni anba fado peche, ni anba grav konsekans li yo (Izayi 33:24 ; Lik 13:11-13). Wi, Bondye “ pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò. Ansyen bagay yo disparèt ”. — Revelasyon 21:4.

14. Ki sa ki gen nan pèfeksyon lòm pral atenn nan ?

14 Sepandan, atenn pèfeksyon mande plis pase genyen yon kò ak yon lespri ki fonksyone byen. Sa gen ladan l tou pou nou reflete kalite Jewova yo kòrèkteman, piske nou te fèt ‘ pòtre ak Bondye, e nou sanble ak li ’. (Jenèz 1:26.) Pou sa rive fèt, n ap bezwen anpil enstriksyon. Anfèt, “ jistis ap abite ” nan monn nouvo a. Konsa, jan Izayi te predi a, “ moun ki abite sou tè fètil la pral aprann ladwati san mank ”. (2 Pyè 3:13 ; Izayi 26:9.) Kalite sa a mennen nan lapè : lapè ant moun tout ras, ant moun ki zanmi entim, ant manm fanmi, e sitou ak Bondye li menm (Sòm 85:10-13 ; Izayi 32:17). Moun ki aprann lajistis yo pral resevwa enstriksyon ofiramezi sou sa Bondye vle yo fè. Kòm lanmou pou Jewova ap pran rasin an pwofondè nan kè yo, yo pral suiv chemen li yo nan chak aspè nan lavi yo. Yo pral kapab di menm jan avèk Jezi : “ Mwen toujou fè sa ki fè [Papa m] plezi. ” ​(Jan 8:29). Ala bèl lavi a pral bèl, lè pawòl sa a ap yon verite pou tout limanite !

Reyalizasyon ki deja vizib

15. Sèvi ak kesyon ki nan paragraf sa a pou w mete aksan sou sa Wayòm nan reyalize, e montre ki sa nou ta dwe fè depi kounye a.

15 Bagay enpresyonan Wayòm Bondye a reyalize ansanm ak sa moun l ap dirije yo fè parèt klè. Kesyon ki vin apre yo ak tout vèsè biblik yo pral fè w sonje kèk nan reyalizasyon sa yo. Y ap fè w sonje tou ki bagay tout moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm nan ka fè e ki bagay yo ta dwe fè depi kounye a.

Kont kiyès an premye Wayòm nan te antre ann aksyon, e ki rezilta sa te bay (Revelasyon 12:7-10, 12) ?

Rasanbleman rès manm ki gwoup Kris bay atansyon apre li fin monte sou twòn nan (Revelasyon 14:1-3) ?

Selon Matye 25:31-33, ki travay Jezi te predi li pral fè apre kòmansman gwo tribilasyon an ?

Ki aktivite preliminè y ap akonpli jounen jodi a ? Ki moun k ap patisipe ladan l (Sòm 110:3 ; Matye 24:14 ; Revelasyon 14:6, 7) ?

Poukisa opozan politik yo ak opozan relijye yo pa ka bloke travay predikasyon an (Zekarya 4:6 ; Travay 5:38, 39) ?

Ki chanjman ki fèt nan lavi moun ki soumèt anba dominasyon Wayòm nan (Izayi 2:4 ; 1 Korentyen 6:9-11) ?

Yon Wayòm pou mil an

16. a) Pandan konbyen tan Kris pral dirije ? b) Ki bagay estrawòdinè ki pral fèt diran tan sa a e apre tan sa a ?

16 Apre Jezi Kris fin lage Satan ak demon l yo nan abim nan, li menm ak 144 000 eritye adjwen l yo pral dirije antanke wa e antanke prèt pou mil an (Revelasyon 20:6). Diran peryòd sa a, limanite ap atenn pèfeksyon. Yo pral efase, pou letènite, peche ak lanmò nou eritye akoz peche Adan an. Nan fen Rèy mil an an, piske Jezi ap fin akonpli misyon l avèk siksè antanke Wa e Prèt mesyanik, l ap “ remèt wayòm nan ” bay Papa l “ pou Bondye ka tout bagay pou tout moun ”. (1 Korentyen 15:24-28.) Rive nan moman sa a, y ap lage Satan pou yon ti tan pou l pase limanite ki fin rachte a anba yon tès anrapò ak souvrènte inivèsèl Jewova a y ap soutni an. Apre dènye tès sa a, Jewova pral detwi Satan ak rebèl ki pran pozisyon pou li yo (Revelasyon 20:7-10). Moun ki te soutni souvrènte Jewova yo, sa vle di dwa Jewova genyen pou l dirije, ap demontre fidelite yo tennfas, san rezèv. Apre sa, yo pral benefisye bonjan relasyon avèk Jewova, piske li pral aksepte yo antanke pitit gason l ak pitit fi l. Bondye ap ba yo apwobasyon l pou yo viv etènèlman. — Women 8:21.

17. a) Ki sa k pral rive Wayòm nan nan fen mil an an ? b) Nan ki sans se vre Wayòm nan “ pap janm kraze ” ?

17 Pakonsekan, fonksyon pa Jezi ansanm ak fonksyon 144 000 yo pral chanje parapò ak tè a. Ki aktivite yo pral gen pou yo fè alavni ? Bib la pa di anyen sou sa. Men, si nou soutni souvrènte Jewova avèk fidelite, n ap vivan nan fen Rèy mil an an, pou nou aprann ki sa Jewova gen nan objektif li pou yo, ansanm ak pou linivè enpresyonan an. Toutfwa, dominasyon Kris pou mil an an ap “ la pou toutan ” e Wayòm li an “ pap kraze ”. (Dànyèl 7:14.) Nan ki sans ? Men youn nan rezon yo : piske se Jewova k ap Chèf, pouvwa a pap pase nan men lòt dirijan ki gen objektif diferan. Anplis de sa, Wayòm nan “ pap janm kraze ” paske sa l reyalize yo ap la pou toutan (Dànyèl 2:44). Finalman, Wa e Prèt mesyanik la ansanm ak wa e prèt adjwen l yo pral resevwa onè pou toutan paske yo te sèvi Jewova fidèlman.

Revizyon

• Poukisa Wayòm Bondye a se sèl solisyon pou pwoblèm limanite ? Ki lè Wa Wayòm Bondye a te kòmanse dirije ?

• Ki sa ki espesyalman atiran pou ou konsènan Wayòm Bondye a e konsènan sa l pral akonpli ?

• Ki sa Wayòm nan reyalize ki deja vizib pou nou, e ki wòl nou jwe nan sa ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 92, 93]

Anba dominasyon Wayòm Bondye a, tout moun pral aprann sa ki jis.