Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Apendis: Kesyon paran yo konn poze

Apendis: Kesyon paran yo konn poze

APENDIS

Kesyon paran yo konn poze

“Ki jan m ka fè pou pitit mwen pale avè m?”

“Èske mwen ta dwe pi egzijan ak pitit mwen anrapò ak lè pou l antre leswa?”

“Ki jan m ka ede pitit fi m gen ekilib nan kesyon fè rejim nan?”

Kesyon sa yo se kèk nan 17 kesyon yo bay repons pou yo nan Apendis sa a. Nou divize l an de seksyon ki voye paran yo al nan chapit ki pale de sijè a nan liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, Volim 1 ak Volim 2.

Li Apendis la. Si sa posib, pale de sa ak moun ou marye avè l la. Epi, sèvi ak konsèy yo bay yo pou w ede pitit ou. Ou ka gen konfyans nan repons w ap jwenn yo. Yo pa baze sou sa lèzòm panse, paske lèzòm konn twonpe yo, men yo baze sou Labib, Pawòl Bondye a. — 2 Timote 3:16, 17.

290  Kominikasyon

297  Règ nan kay la

302  Libète

307  Sèks ak renmen

311  Pwoblèm afektif

315  Relasyon ak Bondye

 KOMINIKASYON

Èske gen yon pwoblèm vre si m toujou nan diskisyon swa ak moun mwen marye avè l la swa ak pitit mwen?

Lè de moun marye, ap toujou gen dezakò. Men, se ou ki pou chwazi ki fason w ap jere yo. Lè paran nan diskisyon, sa gen gwo efè sou jèn yo. Se yon bagay ki enpòtan, paske, relasyon ki genyen ant ou menm ak moun ou marye avè l la se yon modèl pitit ou ap gen tandans suiv lè yo menm yo marye. Nan ka sa a, li te ka bon pou w pwofite dezakò ou konn genyen yo pou w montre pitit ou ki bon fason pou l rezoud pwoblèm li gen ak lòt moun. Eseye sijesyon ki annapre yo:

Koute. Labib ankouraje tout moun pou yo “dispoze koute, yo pa dwe prese pale, ni prese fè kòlè”. (Jak 1:19.) Pa ‘rann mal pou mal’ pou w pa fè sitiyasyon an vin pi mal. (Women 12:17). Menmsi moun ou marye avè l la sanble pa dispoze koute, ou menm ou ka chwazi koute.

Esplike, pa kritike. Avèk kalm, di moun ou marye avè l la ki jan sa l fè a fè w mal. Ou ka di: “Sa fè m mal lè w...” Evite akize moun nan oswa kritike l, pa egzanp, pa di: “Ou pa renmen m.” “Ou pa janm koute m.”

Pran yon ti poz. Pafwa li bon pou n fè yon ti poz sou konvèsasyon an pou n rekòmanse lè nou kalme nou. Labib di: “Lè yon batay kòmanse, se tankou yon dlo yo lage. Anvan diskisyon pete, wete kò w!” — Pwovèb 17:14.

Mande youn lòt eskiz epi si sa nesesè, mande timoun yo eskiz tou. Men sa Brianne, ki gen 14 an, di: “Pafwa, apre paran m fin fè diskisyon, yo konn mande mwen menm ak gran frè m nan eskiz paske yo konnen diskisyon yo fè yo gen efè sou nou.” Youn nan pi gwo leson ou ka aprann pitit ou se lè w aprann li rekonèt li antò epi mande eskiz.

Men, si se ak pitit ou ou te fè diskisyon? Gade pou w wè si w pa mete gaz sou dife san w pa rann ou kont. Pa egzanp, gade sitiyasyon yo pale de li nan kòmansman chapit 2, nan paj 15 Volim liv sa a. Èske w wè kèk bagay manman Rachel fè ki fè diskisyon an vin pi mal? Ki jan w ka evite nan diskisyon ak pitit ou ki adolesan? Eseye sijesyon ki annapre yo:

● Evite di pawòl ki egzajere, tankou “ou toujou...” oswa “ou pa janm...”. Mòd pawòl sa yo ap fè pitit ou eseye defann tèt li. Dayè, siman ou egzajere e pitit ou a konn sa. Epitou, li ka konnen tou se plis paske w fache ki fè w di sa w di a se pa vrèman paske li responsab sa k fèt la.

● Olye w pouse l mòd pawòl tchak sa yo kote ou akize l, eseye fè l konnen pito jan sa l fè a fè w mal. Pa egzanp, di l: “Lè w.....sa fè m mal.” Ou ka pa kwè sa, men, nan fon kè pitit ou, li sansib pou ou. Lè w fè l konnen ki jan sa l fè a gen efè sou ou, l ap pi fasil kowopere avè w *.

● Sa ka parèt difisil, men kontwole kòlè w (Pwovèb 29:22). Si se paske pitit ou pa fè travay li gen pou l fè nan kay la, pale sa avè l. Ekri egzakteman sa w vle l fè, e si sa nesesè, fè konnen egzakteman sa k ap rive l si l pa obeyi. Avèk pasyans, koute sa l ap di, menmsi w santi fason l wè bagay yo merite korije. Pifò jèn pi byen reyaji lè paran yo pran tan pou koute yo olye yo annik plede pale nan tèt yo.

● Pa kouri panse pitit ou a vin rebèl, se pou w konprann konpòtman li genyen an fè pati konpòtman nòmal timoun nan laj sa a genyen. Timoun nan ka fè diskisyon avè w sou yon pwen jis pou l pwouve w li pa timoun ankò. Evite antre nan diskisyon. Sonje, fason w reyaji lè pitit ou di w yon bagay ou pa renmen ap aprann li yon leson. Si w bay egzanp nan demontre pasyans, gen anpil chans pou pitit ou a imite w. — Galat 5:22, 23.

GADE VOLIM 1, CHAPIT 2, AK VOLIM 2, CHAPIT 24.

Èske m dwe di pitit mwen tout sa k te pase nan lavi m?

Imajine sa: Ou chita w ap manje ansanm ak konjwen w, pitit fi w ak kèk zanmi fanmi an. Pandan n ap pale, youn nan zanmi w yo site non yon moun ou te renmen avè l anvan w marye ak moun ou ye kounye a. Pitit fi w manke trangle. Li di w: “Kòmsi ou te renmen ak yon lòt moun anvan?” Ou pa t janm pale sou sa avè l anvan. Kounye a, li vle konnen kèk detay. Ki sa w ap fè?

An jeneral, li bon pou w reponn kesyon pitit ou poze w. Anfèt, lè w reponn kesyon pitit ou poze e li koute repons w ap bay se kominike ou kominike avè l, e pifò paran ta renmen sa.

Men, èske w dwe di pitit ou tout sa k te pase nan lavi w? Bon, gen kèk enfòmasyon ou ka pito pa bay paske yo fè w jennen. Men, gen kèk bagay ou te fè fas avè yo ki ka itil pitit ou si w pale sou sa avè yo. Sa k fè nou di sa?

Ann pran yon egzanp: Yon fwa, apot Pòl te fè konnen yon bagay sou li: “Lè m vle fè sa ki dwat, se sa ki mal ki lakay mwen. [...] Ala mizè pou mwen!” (Women 7:21-24). Jewova te enspire l pou l ekri pawòl sa yo e pou yo mete yo nan Bib la pou nou. E sa pwofitab pou nou vre, paske kiyès nan nou ki pa konn santi l menm jan an?

Menm jan an tou, lè pitit ou tande bon chwa ou te fè lè yo tande erè ou te fè, sa ka ede yo santi yo pi pwòch ou. Se vre, epòk ou te leve a diferan ak pa yo. Men, menmsi tan yo chanje, santiman lèzòm pa chanje e prensip ki nan Bib la pa chanje (Sòm 119:144). Lè w pale ak pitit ou sou pwoblèm ou te rankontre ak fason w te rive fè fas avè yo, sa ka ede yo fè fas ak pwoblèm pa yo. Cameron, yon jèn gason, di: “Lè w vin konnen paran w te fè fas ak yon seri pwoblèm ki sanble ak pwoblèm pa w, sa fè w vin wè paran w se moun tankou w. Konsa, pwochen fwa w ap fè fas ak yon pwoblèm, w ap mande tèt ou si paran w pa t pase nan menm pwoblèm sa a tou.”

Atansyon! Se pa chak fwa ou rakonte pitit ou yon istwa sou ou pou w oblije ba l yon konsèy. Ou ka pè pou pitit ou pa mal konprann istwa a oswa menm pou l pa pran sa kòm eskiz pou l fè menm bagay la. Men, olye w di l ki leson pou l jwenn nan istwa a, tankou pou w ta di l “se sa k fè ou pa dwe janm...”, annik di l jan w santi w, pa egzanp, “kounye a m vin gran, m regrèt mwen te fè sa paske...”. Konsa, pitit ou a ap pran leson nan sa k te rive w la san l pa santi se konsèy w ap ba li. — Efezyen 6:4.

GADE VOLIM 1, CHAPIT 1.

Ki sa m ka fè pou pitit mwen pale avè m?

Lè pitit ou te piti, siman yo te konn pale sou tout bagay avè w. Lè w te konn poze yo kesyon, yo te konn reponn san pwoblèm. Anfèt, byen souvan, ou pa t menm bezwen poze yo kesyon, yo te konn di w tout bagay tankou lè dlo ap soti nan yon sous. Men, kounye a yo adolesan, pou w rive fè yo pale se kòmsi w ap tire dlo nan yon pi ki sèch. Ou di tèt ou: ‘Yo pale ak zanmi yo, poukisa yo pa pale avèk mwen?

Lefètke pitit ou ki adolesan pa pale avè w, pa panse yo voye w jete oswa yo pa bezwen w konnen sa k ap pase nan lavi yo. Anfèt, se kounye a yo plis bezwen w. Sa k enteresan sèke selon rechèch yo fè, pifò jèn kontinye bay konsèy paran yo plis valè pase sa jèn parèy yo di oswa sa medya yo di.

Nan ka sa a, sa k fè yo pa anvi di w sa k nan tèt yo? Gade sa kèk jèn di sou rezon ki fè yo pa pale ak paran yo. Apre sa, reponn kesyon ki mache ak sa yo di yo epi gade vèsè yo bay yo.

“Mwen twouve l difisil pou m pale ak papa m paske l gen anpil bagay sou do l, ni nan travay li ni nan kongregasyon an. Sanble pa janm gen yon bon moman pou m pale avè l vre.” — Andrew.

‘San m pa rann mwen kont, èske m bay pitit mwen enpresyon mwen twò okipe pou yo pale avè m? Si se sa, ki sa m ka fè pou m pi abòdab? Nan ki moman mwen ka pran yon ti tan pou m pale ak pitit mwen regilyèman?’ — Detewonòm 6:7.

“Gen yon bagay ki te pase lekòl la e m al kot manman m tou ap kriye. Mwen te espere l ap konsole m, men olye de sa, li te kouri dèyè m. Depi lè sa a, mwen pa t janm al kote l ankò pou anyen ki enpòtan.” — Kenji.

‘Ki jan m reyaji lè pitit mwen vin pale avè m sou yon pwoblèm yo genyen? Menmsi yo merite koreksyon, èske m ka aprann pa di anyen epi koute yo, mete m nan plas yo anvan m bay konsèy?’ — Jak 1:19.

“Sanble menm lè paran yo di pitit yo yo ka pale avè yo yo pap fache, yo fache kanmenm. Apre sa, timoun nan santi yo trayi l.” — Rachel.

‘Si pitit mwen pale yon bagay avè m ki ka fè m fache, ki jan m ka fè pou m kontwole m?’ — Pwovèb 10:19.

“Plizyè fwa mwen te pale ak manman m sou yon bagay pèsonèl, li pale sa ak zanmi pa l. Mwen pa t fè l konfyans pandan yon bon ti tan.” — Chantelle.

‘Èske m pran santiman pitit mwen an konsiderasyon lè m pa pale koze l ak lòt moun?’ — Pwovèb 25:9.

“Gen anpil bagay mwen vle pale ak paran m. M sèlman bezwen yo ede m kòmanse.” — Courtney.

‘Èske m ka fè premye pa pou m pale ak pitit mwen ki adolesan? Ki lè k ap pi bon pou nou pale?’ — Eklezyas 3:7.

Antanke paran, ou gen tout enterè pou w chèche mwayen pou w kominike ak pitit ou. Gade sa k te rive Junko, yon jèn fi ki gen 17 an, k ap viv Japon. Li di: “Gen yon lè, mwen te di manman m mwen te santi m pi alèz ak elèv lekòl yo pase ak jèn nan Sal la. Nan demen, m te jwenn yon lèt sou biwo m nan manman m te ekri m. Nan lèt la, li te di m ki jan li menm tou yon lè li pa t gen zanmi nan Sal la. Li te fè m sonje kèk moun nan Bib la ki te sèvi Bondye menm lè pa t gen moun bò kote yo pou ankouraje yo. Li te felisite m tou pou efò m te fè pou m chèche fè bon zanmi. Mwen te sezi aprann se pa mwen menm sèlman ki te gen pwoblèm sa a. Manman m te genyen l tou e mwen te tèlman kontan aprann sa, mwen te kriye. Sa manman m te di m nan te ankouraje m anpil e li te ban m fòs pou m fè sa ki dwat.”

Jan manman Junko te rann li kont sa, jèn yo plis gen tandans pale ak paran yo lè yo konnen paran yo pap pase yo nan rizib oswa kritike yo pou sa yo panse oswa sa yo santi. Men, ki sa w ka fè si pitit ou sanble annuiye oswa menm fache lè l ap pale avè w? Evite fè menm jan avè l (Women 12:21; 1 Pyè 2:23). Men, menmsi sa ka parèt difisil, nan fason w reponn ak nan fason w aji montre ki jan w atann pou l pale e pou l aji.

Sonje: Tank jèn yo ap grandi pou yo vin granmoun, yo nan etap tranzisyon. Moun k ap fè rechèch yo rann yo kont pandan peryòd adolesans lan, fason jèn yo aji gen tandans chanje. Yon lè yo ka aji yon fason ki pi gran pase laj yo, alòske yon lòt okazyon yo ka aji tankou timoun piti. Ki sa w ka fè si w ta wè pitit ou konsa, sitou nan moman kote li aji tankou timoun piti?

Evite kritike l oswa fè diskisyon san sans avè l. Olye de sa, pale avè l tankou “granmoun”. (1 Korentyen 13:11.) Pa egzanp, si pitit ki adolesan an ap aji tankou yon timoun piti, epi li di: “Poukisa w toujou la nan kò m?” Sa ka fè w fache epi w reponn li mal. Men, si w fè sa, ou pap gen kontwòl konvèsasyon an ankò e gen anpil chans pou n tonbe nan fè diskisyon. Olye de sa, ou ka annik di: “Sanble ou vrèman fache, sa w panse si n ta pale sou sa lè w fè yon ti kalme w?” Konsa, ou toujou gen kontwòl konvèsasyon an. Kounye a, n ap plis ka gen yon konvèsasyon olye n fè yon diskisyon.

GADE VOLIM 1, CHAPIT 1 AK 2.

 RÈG NAN KAY LA

“Èske mwen ta dwe pi egzijan ak pitit mwen anrapò ak lè pou l antre leswa?”

Pou nou ede w reponn kesyon sa a, imajine w ta nan sitiyasyon ki vin apre a: 30 minit gentan pase depi lè pitit gason w lan te dwe rantre. Ou tande pòt la ouvè tou dousman. Ou di tèt ou: ‘Misye dwe panse mwen gentan kouche.’ Men, ou poko. Anfèt, ou te chita bò pòt la ap tann li rantre depi lè ou te ba l la. Kounye a, pandan pitit ou an ap rantre, je l tonbe nan je w. Ki sa w ap di l? Ki sa w ap fè?

Ou gen plizyè chwa. Ou ka minimize sa k pase a epi w di: ‘Se ti gason pou w ta ye vre!’ Oswa ou ka al nan lòt sans lan epi w di: “M pap janm kite w soti ankò!” Olye w kouri aji sou kout tèt, koute l anvan, petèt li te gen yon bon rezon ki fè l rantre ta. Epi, ou kapab sèvi avèk sa k pase a, sa vle di lefètke l pa t respekte lè w te ba l pou l rantre a, pou w aprann li yon leson enpòtan. Nan ki sans?

Sijesyon: Di pitit ou n a pale sou sa k pase a demen. Lè w jwenn bon moman an, chita avè l epi pale sou fason nou ka pi byen jere sitiyasyon an. Gen kèk paran ki eseye metòd ki vin apre a: Si pitit yo rantre pita pase lè yo sipoze rantre a, pwochen fwa a y ap mande l rantre omwen 30 minit pi bonè. Yon lòt bò, si pitit ou toujou rantre a lè, donk li montre li se yon moun ou ka fè konfyans, ou ka reflechi pou w wè si w pa kapab ba l plis libète detanzantan. Petèt, ou ka mete lè pou l rantre a yon ti jan pita. Li enpòtan pou pitit ou konprann byen klè a ki lè ou atann pou l rantre nan kay la ak konsekans sa ap genyen si l pa obeyi. Si l pa obeyi, ou bezwen fè sa w te di l ou t ap fè a.

Men, gade sa Bib la di: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” (Filipyen 4:5). Donk, anvan w egzije pou pitit ou rantre nan yon lè presi, li ka bon pou w pale sou sa avè l. Kite l bay yon lè epi kite l di rezon ki fè se lè sa li chwazi. Pran sa l di a an konsiderasyon. Si pitit ou montre li responsab, petèt ou ka dakò ak sa l mande a si sa rezonab.

Li enpòtan pou yon moun a lè. Donk, si w mande pitit ou pou l rantre nan yon lè, se pa sèlman pwoblèm sa ap fè l evite. Men, se yon bagay l ap aprann k ap itil li pou lavi. — Pwovèb 22:6.

GADE VOLIM 1, CHAPIT 3 AK VOLIM 2, CHAPIT 22.

Ki jan m ka evite gen pwoblèm ak pitit mwen pou kesyon rad?

Fè yon ti reflechi sou sitiyasyon nou te pale nan paj 77 nan volim liv sa a. Imajine Sara se pitit fi w. Ou wè li mete yon ti bout rad tou kout sou li pou l soti. Premye reyaksyon an se: “Monte al chanje sa k sou ou a oswa ou pap fè yon pa!” Yon repons konsa ta ka bay rezilta. Dayè, pitit ou a pa gen lòt chwa, li dwe obeyi. Men, ki jan w ka fè l wè se pa rad li sèlman pou l chanje men se pou l chanje fason l panse tou?

● Premyèman, sonje: Li enpòtan pou pitit ou byen konprann konsekans sa ka genyen lè l abiye mal. Nan fon kè pitit ou a ki adolesan, li pa vle pou yo pran l pou yon moun konsa konsa oswa pou fason l abiye atire atansyon. Avèk pasyans, fè l konprann si l abiye yon fason ki pa senp, an reyalite li pap atiran, e esplike l sa k fè sa *. Ede l wè ki lòt rad li te ka mete.

● Dezyèmman, se pou w rezonab. Mande tèt ou: ‘Èske abiman an vyole yon prensip nan Bib la, oswa se ou menm ki jis pa renmen l?’ (2 Korentyen 1:24; 1 Timote 2:9, 10). Si se renmen ou pa renmen l, èske w pa ta ka kite pitit ou a mete l?

● Twazyèmman, pa annik di pitit ou a ki adolesan ki stil rad ki pa bon. Ede l jwenn rad ki apwopriye. Sèvi ak fich aktivite ki nan paj 82 ak paj 83 ki nan liv sa a pou ede w rezone ak pitit ou? Rezilta w ap jwenn yo ap vo lapèn!

GADE VOLIM 1, CHAPIT 11.

Èske m dwe kite pitit mwen jwe jwèt elektwonik?

Kesyon jwèt elektwonik yo chanje anpil parapò ak lè w te jèn. Antanke paran, ki jan w ka ede pitit ou idantifye danje ki ka genyen nan jwèt elektwonik epi evite yo?

Sa pap itil ou anyen si w kondane tout jwèt elektwonik, kòmkwa se tan pèdi. Sonje, se pa tout jwèt elektwonik ki pa bon. Men, moun ka vin esklav yo. Donk, gade pou w wè ki kantite tan pitit ou pase ap jwe jwèt sa yo. Epi, gade ki kalite jwèt ki plis gen tandans enterese l. Ou ka menm mande l:

● Ki jwèt elèv nan lekòl ou a plis jwe?

● Ki sa k nan jwèt sa a?

● Poukisa w panse timoun yo renmen l konsa?

Ou ka sezi wè pitit ou konn plis bagay sou jwèt elektwonik pase sa w te panse! Petèt menm li te jwe yon seri jwèt ou twouve ki pa fin twò apwopriye. Si se sa, pa reyaji yon fason egzajere. Sitiyasyon sa a vin ba w posiblite pou w ede pitit ou devlope kapasite yo genyen pou yo konprann nan. — Ebre 5:14.

Poze pitit ou kesyon k ap ede w wè sa ki atire l nan jwèt sa yo. Pa egzanp, ou ka mande l:

● Èske w santi w manke yon bagay paske nou pa kite w jwe jwèt sa a?

Gen kèk jèn ki jwe yon jwèt jis pou yo ka jwenn yon bagay pou yo di jèn parèy yo. Si se ka pa pitit ou, petèt ou pap abòde pwoblèm nan menm jan w ta fè sa si w ta vin konnen se jwèt ki gen gwo vyolans oswa ki gen imoralite seksyèl ki enterese pitit ou? — Kolosyen 4:6.

Men, e si se move bagay ki nan jwèt yo ki atire pitit ou? Gen kèk jèn ki ka kouri di w vyolans ki nan jwèt yo se pa vyolans vre. Yo ka ap rezone konsa: ‘Se pa paske m ap jwe jwèt vyolan kifè m pral fè vyolans toutbon.’ Si se konsa pitit ou rezone, montre l sa Sòm 11:5 di. Jan vèsè a montre sa aklè, se pa sèman lè w fè vyolans Bondye pa dakò, men tou li pa dakò si w renmen vyolans. Menm prensip la valab pou imoralite seksyèl oswa nenpòt lòt bagay Bondye kondane. — Sòm 97:10.

Si jwèt elektwonik se yon pwoblèm pou pitit ou, eseye fè sa ki vin apre yo:

● Entèdi pitit ou pou yo jwe jwèt elektwonik yon kote moun pap wè, tankou nan chanm.

● Mete yon seri règ klè, tankou, yo pap jwe si yo poko fin fè devwa yo oswa manje oswa yon lòt bagay ki enpòtan.

● Montre jan li enpòtan pou yo fè aktivite fizik.

● Gade yo k ap jwe jwèt elektwonik, oswa menm, li te ka pi bon pou w jwe avè yo.

Nòmalman, pou w ka ede pitit ou anrapò ak sa ki nan jwèt l ap jwe yo, ou bezwen bay bon egzanp yon fason pou w ka alèz pou w pale. Donk, mande tèt ou: ‘Ki kalite fim ak emisyon mwen gade?’ Pa bay tèt ou manti, pitit ou ap wè sa w ap fè!

GADE VOLIM 2, CHAPIT 30.

E si pitit mwen esklav telefòn selilè, òdinatè oswa lòt aparèy elektwonik?

Èske pitit ou pase twòp tan sou Entènèt ap voye oswa resevwa mesaj? Èske li pase plis tan ak aparèy MP3 li pase li pale avè w? Si se sa, ki sa w ka fè?

Ou ka jis pran aparèy la nan men pitit ou. Men, pa panse tout aparèy elektwonik pa bon. Anfèt, petèt w ap sèvi ak kèk aparèy elektwonik paran w pa t konnen? Olye pou w jis pran aparèy la nan men pitit ou, sof si gen yon bon rezon pou sa, li ta pi bon pou w sèvi ak sitiyasyon sa a pou w ede l byen sèvi ak aparèy elektwonik e pou l fè sa avèk moderasyon. Ki jan w ka fè sa?

Pale ak pitit ou sou sa. Toudabò, fè l konnen sa k enkyete w. Epi, si l gen yon bagay pou l di, koute l (Pwovèb 18:13). Apre sa, chèche solisyon k ap itil nou nan sitiyasyon an. Pa ezite mete yon seri limit klè, men se pou w rezonab. Ellen, yon adolesan, di: “Gen yon lè, mwen te gen yon pwoblèm nan kantite tan mwen pase ap tèks, e paran m te vin etabli yon seri règ, men yo pa t pran telefòn nan. Fason yo te regle pwoblèm nan te ede m vin ekilibre nan kantite tan mwen pase ap tèks, menm lè paran m pa la pou veye sou mwen.”

E si pitit ou pran defann tèt li? Pa kouri panse li pap suiv konsèy ou. Men, se pou w pasyan e ba l tan pou l reflechi sou kesyon an. Gen anpil chans pou l deja dakò avè w e l pral fè chanjman ki nesesè yo. Gen anpil jèn ki menm jan ak Hailey. Men sa l di: “Okòmansman, mwen te fache lè paran m te di m mwen esklav òdinatè m nan. Men, annapre, plis mwen te reflechi sou sa yo di a se plis mwen te reyalize yo te gen rezon.”

GADE VOLIM 1, CHAPIT 36.

 LIBÈTE

Ki kantite libète mwen dwe bay pitit mwen?

Kesyon sa a ka parèt difisil lè w konsidere kesyon vi prive a. Pa egzanp, e si pitit ou nan chanm li e li fèmen pòt la? Èske w dwe antre san w pa frape? Oswa e si pitit fi w bliye telefòn li pandan l ap kouri pou l al lekòl? Èske w ta dwe al li mesaj li yo?

Kesyon sa yo pa fasil pou reponn. Antanke paran ou gen dwa pou w konnen sa k ap pase nan lavi pitit ou ki adolesan e w gen obligasyon pou w pwoteje yo. Men, ou pa ka vle chèche konnen tout ti detay nan lavi pitit ou. Ki jan w ka rive kenbe ekilib lan?

Premyèman, fò w rekonèt lefètke pitit ou vle gen vi prive, sa pa vle di li nan yon bagay dwòl. Byen souvan, li nòmal lè yon jèn ap grandi pou l vle gen vi prive. Konsa, sa ede l konn ki jan pou l degaje l poukont li lè l chwazi zanmi pa l e lè l sèvi ak “kapasite [li] genyen pou [l] rezone” pou l rezoud pwoblèm li genyen (Women 12:1, 2). Lè yon adolesan gen vi prive, sa ede l devlope kapasite l genyen pou l reflechi, yon bagay k ap ede l vin yon moun ki responsab lè l gran. Sa ba yo posiblite pou yo reflechi anvan yo pran desizyon enpòtan nan lavi yo oubyen anvan yo reponn yon kesyon ki difisil. — Pwovèb 15:28.

Dezyèmman, si w ap chèche gen kontwòl tout ti detay nan lavi pitit ou, sa ka fè l kenbe tèt avè w e sa ka fè li vin rebèl (Efezyen 6:4; Kolosyen 3:21). Èske sa vle di ou dwe ba l legen? Non, se ou ki paran an. Men, objektif la se pou pitit ou vin gen yon konsyans ki byen fòme (Detewonòm 6:6, 7; Pwovèb 22:6). Anfèt, li pi bon pou w bay direksyon pase pou w ret ap siveye.

Twazyèmman, pale sou pwoblèm nan ak pitit ou ki adolesan. Koute l k ap pale sou pwoblèm li. Èske petèt pa gen moman ou ka sede? Fè pitit ou ki adolesan konnen w ap kite l gen yon ti vi prive toutotan li pa trayi konfyans ou. Esplike l sa k ap rive l si l dezobeyi, epi si l dezobeyi, fè sa w te di a. Ou pa bezwen pè kite pitit ou ki adolesan gen yon vi prive, san w pa bay legen antanke paran k ap veye sou pitit li.

GADE VOLIM 1, CHAPIT 3 AK CHAPIT 15.

Ki lè pitit mwen ka kite lekòl?

“Pwofesè m yo raz!” “Mwen gen twòp devwa!” “Se anba redi pou m resi pase. M ap bay vag.” Gen anpil jèn ki santi yo konsa, e se sa k fè kèk ladan yo anvi kite lekòl san yo poko gen fòmasyon y ap bezwen pou lavi a. Si pitit ou vle kite lekòl, ki sa w ka fè? Eseye fè sa ki vin apre yo:

Gade kòman ou menm ou wè kesyon fòmasyon an. Èske w wè al lekòl se yon tan pèdi, yon prizon, kote w oblije rete jiskaske jou a rive pou w atenn objektif ki pi enpòtan pou ou? Fason w wè bagay yo ka detenn sou pitit ou. Anfèt, si yo jwenn bon fòmasyon, sa ka ede yo vin gen “sajès e pou [yo] aprann reflechi”, yon seri kalite k ap ede yo atenn objektif yo. — Pwovèb 3:21.

Bay pitit ou sa yo bezwen. Gen kèk jèn ki te ka gen yon bon pi nòt, men yo jis pa konn kòman pou yo etidye, oswa yo pa nan yon bon anviwònman pou sa. Yon bon kote pou etidye gen ladan l, yon biwo ki byen ranje, ki gen ase limyè, e ki gen zouti y ap bezwen pou etidye. Ou ka ede pitit ou fè pwogrè ni nan lekòl ni nan bagay espirityèl lè w ba yo bon zouti k ap ede yo plonje nan nouvo bagay yo aprann yo. — Konpare ak 1 Timote 4:15.

Jwe wòl pa w. Pa wè pwofesè yo ak moun k ap bay pitit ou konsèy sou chwa yo ka fè yo kòm ènmi w, yo nan menm kan avè w. Chèche rankontre yo, chèche konn non yo epi pale avè yo sou objektif pitit ou genyen ak difikilte yo rankontre. Si pitit ou gen pwoblèm pou l fè bèl nòt, eseye chèche konn sa k fè sa. Pa egzanp, petèt pitit ou ka santi si l fè gwo nòt, sa ka fè lòt elèv yo ba l brimad. Èske li gen yon pwoblèm ak yon pwofesè? E kou yo menm? Devwa ak leson yo bay pitit ou ta dwe la pou ede yo aprann, yo pa dwe la pou kraze yo. Yon lòt bagay pou w gade: Èske pitit ou gen pwoblèm fizik, tankou li pa wè byen, oswa li gen difikilte pou l aprann?

Tank ou enplike nan fòmasyon pitit ou, ni nan lekòl ni nan bagay espirityèl, se tank ou gen plis chans pou pitit ou reyisi lekòl. — Sòm 127:4, 5.

GADE VOLIM 1, CHAPIT 19.

Ki jan m ka konnen pitit mwen pare pou l kite kay la?

Serena, nou te pale de li nan chapit 7 liv sa a, pè kite lakay li. Poukisa? Men sa l di: “Menm lè m vle achte yon bagay ak kòb pa m, papa m pa kite m fè sa. Li di se travay pa l. Donk, kesyon jere lajan an fè m pè.” Pa gen dout nan sa, papa Serena te gen bon entansyon, men, èske w panse li t ap ede pitit li a wè fason pou l jere pwòp kay pa l? — Pwovèb 31:10, 18, 27.

Èske w pwoteje pitit ou twòp, sa ki fè li pa pare pou l viv poukont li? Ki jan w ka konn sa? Ann egzamine kat pwen, yo te pale de yo tou nan chapit 7 la anba soutit “Èske m pare?” a. Men fwa sa a, aplikasyon an se pou paran yo.

Byen jere lajan. Èske pitit ou ki gran konnen pri manje, pri lwaye ak pri lòt bagay ki nesesè yon kay bezwen (Women 13:7)? Èske yo konnen fason pou yo byen sèvi ak kat kredi (Pwovèb 22:7)? Èske yo ka byen jere lajan pou yo fè yon bidjè k ap pèmèt yo viv selon mwayen yo (Lik 14:28-30). Èske yo konn sa sa vle di pou yo achte yon bagay ak lajan yo te travay fè? Eske yo konn sa sa vle di pou yo bay tan yo ak sa yo genyen pou ede lòt moun, sa k ap fè yo gen plis kè kontan? — Travay 20:35.

Pran swen yon kay. Eske ni pitit fi w ni pitit gason w konn fè manje? Èske ou montre yo kòman pou yo lave epi pase? Si yo gen machin, èske yo ka fè yon seri bagay byen senp nan machin nan, tankou chanje bouji, luil, oswa kawotchou?

Kalite k ap ede l konn boule ak lòt moun. Si pitit ou ki pi gran an nan kont ak lòt pitit ou, èske w toujou la tankou yon abit ki pou fè yo jwenn solisyon final la? Oubyen èske w aprann yo fè lapè, epi pou yo di w ki jan yo te fè? — Matye 5:23-25.

Etid Labib ak pwogram adorasyon. Èske se di w di pitit ou sa yo dwe kwè oswa se konvenk ou konvenk yo (2 Timote 3:14, 15)? Lè yo poze w kesyon sou kwayans yo oswa sou kesyon moral, èske w anseye yo pou yo devlope kapasite yo genyen pou yo “aprann reflechi”. (Pwovèb 1:4.) Èske w vle yo imite fason w fè etid pèsonèl ou, oubyen èske w ta renmen yo fè l pi byen *?

Se sèten, sa mande tan ak efò pou w rive bay pitit ou fòmasyon nan domèn nou sot pale la yo. Men, jou pitit ou yo ap gen pou kite kay la, ni ou menm ni moun ou marye avè l la ap kontan paske nou konnen timoun nan pare pou kite kay la, menmsi yon lòt bò n ap tris paske l prale.

GADE VOLIM 1, CHAPIT 7.

 SÈKS AK RENMEN

Èske m dwe pale ak pitit mwen sou sèks?

Kounye a, timoun toupiti kòmanse ap tande pale sou sèks. Sa gen byen lontan, Labib te fè konnen “nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte”, moun yo t ap “san metriz” e yo t ap “renmen plezi olye yo renmen Bondye”. (2 Timote 3:1, 3, 4.) Tandans pou moun fè sèks jis pou plezi a se youn nan bagay ki fè n wè pwofesi sa a ap akonpli.

Jodi a, monn nan pa menm ditou ak jan l te ye lè w te piti. Men, nan yon sans, pwoblèm nou rankontre yo toujou rete menm. Donk, pa kite move enfliyans pitit ou ap jwenn fè w santi sitiyasyon an twòp pou ou. Okontrè, se pou w pran detèminasyon pou ede yo fè jan apot Pòl te ankouraje kretyen yo sa gen anviwon 2 000 an lè l te di: “Abiye nou ak tout ekipman konba Bondye bay la pou nou ka kenbe fèm kont manèv Dyab la.” (Efezyen 6:11). Reyalite a sèke gen anpil jèn kretyen k ap goumen pou yo fè sa ki dwat, malgre move enfliyans ki gen toutotou yo. Ki jan w ka ede pitit ou fè menm jan an?

Yon bagay ou ka fè se pale avè yo, ou ka sèvi ak chapit ki nan seksyon 4 liv sa a ak seksyon 1 ak 7 ki nan Volim 2 a. Chapit sa yo gen vèsè ki pou fè moun reflechi. Gen kèk ladan yo ki pale sou egzanp kèk moun ki te pran pozisyon pou sa k byen e ki te jwenn byenfè, oswa sou egzanp kèk moun ki te pase sou prensip Bondye yo e yo te peye konsekans yo. Gen kèk vèsè ki gen prensip ki ka ede pitit ou konnen gwo privilèj ou menm avè yo genyen pou n ap suiv lwa Bondye yo. Li ta bon pou w fè yon ti gade chapit sa yo avè yo ankò anvan lontan.

GADE CHAPIT 23, 25, AK 32, AK VOLIM 2, CHAPIT 4-6, 28, AK 29.

Èske m ka kite pitit mwen renmen?

Kit se kounye a kit se apre, pitit ou ap gen pou fè fas ak kesyon renmen an. Men sa Phillip di: “Mwen pa menm bezwen fè anyen! Ti medam yo mande m soti, e lè konsa, m annik ret kanpe la e m ap mande sa pou m fè. Di non an pa fasil paske gen nan yo ki vrèman bèl.”

Pi bon bagay ou ka fè antanke paran se pale ak pitit ou konsènan renmen an. Petèt, ou ka sèvi ak chapit 1, Volim 2 liv sa a pou ede w fè sa. Chèche konprann sa pitit ou ap andire nan lekòl oswa menm nan kongregasyon an. Pafwa, ou ka annik pale ak pitit ou sou kesyon sa yo san se pa yon bagay ou te planifye, pa egzanp ou ka fè sa “lè nou chita anndan lakay nou, lè n ap mache avèk yo sou wout yo”. (Detewonòm 6:6, 7.) Kèlkeswa kote nou an, sonje ou dwe “dispoze koute, [...] pa [...] prese pale”. — Jak 1:19.

Si pitit ou fè w konnen li enterese nan yon moun ki pa menm sèks avè l, pa panike. Men sa yon jèn fi ki adolesan di: “Lè papa m te vin dekouvri mwen gen yon mennaj, li te fache anpil. Li te poze m yon seri kesyon pou fè m pè, pa egzanp li te mande m èske m pare pou m marye, e lè paran w poze w mòd kesyon sa yo, sa plis fè w anvi kontinye renmen an jis pou w ka pwouve yo yo antò!”

Si pitit ou konnen ou pa menm vle pale sou sijè renmen an, li ka fè yon bagay grav: Li ka renmen an kachèt. Men sa yon jèn fi di: “Lè paran yo egzajere nan fason yo aji, sa ap fè pitit yo plis kache renmen an. Yo pap kraze renmen an pou sa, y ap fè l an kachèt.”

W ap jwenn pi bon rezilta lontan lè w pale klè ak timoun nan. Men sa Brittany, ki gen 20 an, di: “Paran m te toujou pale klè avè m konsènan kesyon renmen an. Pou yo, sa enpòtan pou yo konnen kiyès ki enterese m, e mwen te twouve se yon bon bagay. Lè konsa, papa m al pale ak moun nan, e si gen yon bagay ki pa mache li di m sa. An jeneral, mwen konn gentan pa enterese depi anvan nou rive nan nivo pou n ta renmen an.”

Apre w fin li chapit 2 nan Volim 2 a, ou ka mande tèt ou: ‘Èske pitit mwen renmen an kachèt?’ Gade rezon yon kantite jèn bay ki fè yo konn anvi renmen an kachèt, epi reflechi sou kesyon ki mache ak kòmantè yo fè yo.

“Gen timoun ki pa santi yo alèz lakay yo, se sa k fè yo deside gen yon mennaj.” — Wendy.

Antanke paran, ki jan w ka asire w pitit ou santi li alèz nan kay la e yo renmen l? Èske gen amelyorasyon ou wè w ka fè nan domèn sa a? Si se wi, ki sa?

“Lè m te gen 14 an, gen yon elèv ki te soti nan yon lòt peyi ki te mande m renmen. Mwen te dakò. Mwen te panse se t ap yon bèl bagay pou m jwenn yon moun ki pase men l nan kou m.” — Diane.

Si Diane te pitit fi w, ki jan w t ap regle pwoblèm nan?

“Avèk telefòn selilè, li fasil pou moun renmen an kachèt. Paran yo pa gen yon ide ditou sou sa k ap pase!” — Annette.

Ki prekosyon ou ka pran anrapò ak fason pitit ou sèvi ak telefòn selilè?

“Lè paran yo pa voye je sou sa pitit yo ap fè ni ak kiyès pitit yo ye, sa fè li pi fasil pou timoun yo renmen an kachèt.” — Thomas.

Èske gen yon fason pou w pi byen konnen sa k ap pase nan lavi pitit ou, toutpandan ou toujou ba li libète ki nesesè pou laj li?

“Souvan, paran yo pa nan kay la lè timoun yo la. Oswa yo fè pitit yo twòp konfyans, yo kite yo ale nenpòt kote, e yo kite yo soti ak nenpòt moun.” — Nicholas.

Kiyès ki pi bon zanmi pitit ou? Èske w vrèman konnen ki sa yo fè lè yo ansanm?

“Jèn yo ka renmen an kachèt si paran yo twò strik.” — Paul.

Toutpandan w pap pase sou lwa ak prensip ki nan Bib la, sa w ka fè pou “tout moun konnen [w] kòm moun ki rezonab”? — Filipyen 4:5.

“Nan kòmansman adolesans mwen, mwen pa t gen anpil konfyans nan tèt mwen, e mwen te vle pou lòt moun ban m atansyon. Mwen menm ak yon ti gason ki nan yon kongregasyon ki toupre a te kòmanse voye imel youn bay lòt, e mwen te tonbe damou. Li te fè m santi m espesyal.” — Linda.

Reflechi pou w wè kèk pi bon fason fanmi Linda te ka ba l atansyon e fè l santi yo renmen l.

Sèvi ak chapit 2 nan Volim 2 a ansanm ak Apendis sa a pou w pale swa ak pitit gason w swa ak pitit fi w. Pi bon fason w ka evite pou pitit ou pa gen sekrè pou ou se si w pale yon fason ki sensè e yon fason ki klè avè yo. — Pwovèb 20:5.

GADE VOLIM 2, CHAPIT 1-3.

 PWOBLÈM AFEKTIF

Ki sa m dwe fè si pitit mwen di m li anvi touye tèt li?

Nan kèk pati sou tè a, souvan nou tande pale de jèn ki vle touye tèt yo. Pa egzanp, Ozetazini, twazyèm bagay ki lakòz lanmò nan mitan jèn ki gen ant 15 a 25 an se touye yo touye tèt yo, e pandan 20 dènye ane ki sot pase yo kantite jèn ki touye tèt yo ki gen ant 10 a 14 an vin de fwa pi plis. Jèn ki plis gen tandans touye tèt yo se jèn ki gen pwoblèm mantal, oswa ki te gen moun nan fanmi yo ki touye tèt yo, oswa ki te eseye touye tèt yo. Men kèk siy ki ka montre yon jèn ap panse touye tèt li:

● Met kò l apa.

● Yon chanjman nan apeti l ak nan abitid li genyen pou l dòmi.

● Li pa enterese ankò nan aktivite l te renmen anvan.

● Yon gwo chanjman nan pèsonalite l.

● Pran dwòg e bwè twòp alkòl.

● Li kòmanse fè kado kèk bagay li te renmen anpil.

● Li pale sou lanmò oswa li enterese ak lòt sijè menm jan an.

Youn nan pi gwo erè yon paran ka fè se si l ta inyore siy sa yo. Bay tout siy sa yo anpil enpòtans. Pa kouri panse sa l ap di yo se bagay ki nòmal oswa apre yon tan li pap santi l konsa ankò.

Epitou, pa wont chèche èd pou pitit ou a si l soufri gwo depresyon oswa lòt pwoblèm mantal. Si w sispèk pitit ou ki adolesan ap panse touye tèt li, pale sou sa avè l. Ide ki fè kwè yon adolesan ap touye tèt li tou senpleman paske w pale sou sa avè l se pa laverite. Anpil jèn vle pale sou sijè sa a lè paran yo vin ak sijè a. Donk, si pitit ou ki adolesan admèt li te panse touye tèt li, chèche konnen si l te deja gen yon plan pou sa. Si wi, chèche wè si l te deja panse ak tout detay pou l fè sa. Si l te gentan gen tout detay, w ap bezwen aji vit.

Pa panse depresyon an ap annik rete konsa li disparèt poukont li. E si l ta sanble disparèt, pa panse pwoblèm nan rezoud. Okontrè, se la ki ka gen plis danje. Poukisa? Paske, pandan pitit ou nan gwo depresyon li ka pa gen ase fòs pou l aji pou l touye tèt li. Men, lè gwo depresyon an kòmanse ale li ka vin gen ase fòs pou l aji.

Sa vrèman tris lè yon jèn panse touye tèt li akoz depresyon li genyen. Lè paran yo ak lòt moun veye sou siy yo e yo aji, yo ka “pale yon fason pou [...] konsole moun ki tris yo”, e konsa, y ap tankou yon fòtrès pou jèn yo. — 1 Tesalonisyen 5:14.

GADE VOLIM 1, CHAPIT 13 AK 14, AK VOLIM 2, CHAPIT 26.

Èske m dwe kache lapenn mwen pou pitit mwen?

Se yon bagay ki difisil anpil lè yon moun gen moun li te marye avè l la ki mouri. E sa rive nan moman pitit ou an ki adolesan an bezwen èd ou. Ki sa w ka fè pou w ede l fè fas ak lapenn sa a, toutpandan w pa bliye lapenn pa w? Eseye fè sa ki vin annapre yo:

Evite kache santiman w. Gen anpil bagay pitit ou aprann nan lavi a lè l gade w. L ap aprann tou fason li ka fè fas ak lapenn. Donk, pa santi ou dwe montre w fò lè w kache santiman w pou pitit ou. Pitit ou ap fè egzakteman menm bagay la tou. Yon lòt bò, si w pa kache lapenn ou, pitit ou ap santi li pi bon pou l fè menm bagay la tou, e l ap wè li nòmal pou l santi l tris, fache e menm enève.

Ankouraje pitit ou ki adolesan pou l pale. San w pa fè presyon sou li pou l pale, ankouraje l pou l di sa k sou kè l. Si li yon ti jan jennen pale, pale avè l sou chapit 16 volim sa a. Epitou, pale sou pakèt bèl souvni ou genyen de moun ou te marye avè l la ki mouri a. Esplike l ki jan sa ap difisil pou avanse. Lè pitit ou ap tande w k ap esplike l jan w santi w, sa ap ede l aprann jan pou l fè tou.

Konn limit ou. Nou ka konprann, ou vle pou w kapab ede pitit ou nan moman difisil sa a. Men, sonje, lanmò moun ou renmen an afekte w anpil. Donk, ou ka santi fòs afektif ou, fòs mantal ou ak fòs fizik ou bese pandan yon tan (Pwovèb 24:10). Se poutèt sa, ou pa bezwen pè mande fanmi oswa zanmi ki gen matirite pou yo ede w. Lè w mande èd sa montre w gen matirite. Pwovèb 11:2 di: “Se moun ki konn limit yo ki gen sajès.”

Pi gwo èd ou ka jwenn nan soti nan Jewova, li menm ki di sèvitè l yo: “Mwen menm, Jewova, Bondye w la, mwen kenbe men dwat ou, e mwen se Sila a k ap di w: ‘Ou pa bezwen pè, m ap ede w.’” — Ezayi 41:13.

GADE VOLIM 1, CHAPIT 16.

Ki jan m ka ede pitit fi m gen yon pwennvi ekilibre sou kesyon fè rejim nan?

Ki sa w ka fè si pitit fi w vin gen yon pwoblèm nan lespri l ak kesyon manje a *? Premye sa pou w fè, se eseye konprann poukisa li vin konsa.

Yo remake anpil moun ki gen pwoblèm nan lespri yo ak kesyon manje a wè tèt yo yon fason ki negatif e yo vle fè tout bagay yon fason pafè. Yo gen tandans atann yon seri bagay ki pa rezonab de tèt yo. Veye pou yon fason oswa yon lòt ou pa lakòz li vin konsa. Ankouraje pitit fi w. — 1 Tesalonisyen 5:11.

Epitou, fè yon gade kòman ou menm ou konsidere manje ak pwa kò w. Èske, san w pa vle, ou mete anpil aksan sou bagay sa yo swa nan pawòl ou swa nan aksyon w? Sonje, jèn yo bay aparans yo anpil valè. Si w fè blag sou li pandan l piti, ou di li gwo, oswa pandan l adolesan, ou di li grandi oswa gwosi twò vit, sa ka deranje lespri l.

Apre w fin byen reflechi epi w priye sou kesyon an, fè yon bon ti pale ak pitit ou a. Eseye fè sa ki vin apre yo:

● Byen reflechi sou sa w pral di ak moman w ap di l la.

● Byen esplike l sa ki enkyete w e fè l konnen ou vle ede l.

● Pa montre ou sezi si li montre w li pa bezwen èd ou okòmansman.

● Pran tan pou w tande l.

Sa ki pi enpòtan, montre ou la nan tout etap pitit fi w ap pase pou l rive fè fas ak pwoblèm sa a. Fè sa vin priyorite fanmi an!

GADE VOLIM 1, CHAPIT 10, AK VOLIM 2, CHAPIT 7.

  RELASYON AK BONDYE

Kòman m ka ede pitit mwen kontinye bay bagay espirityèl yo enpòtans pandan y ap vin adolesan?

Labib fè konnen Timote te aprann konn Bondye “depi [l] toupiti” e antanke paran, siman ou te fè menm bagay la pou pitit ou (2 Timote 3:15). Men, lè pitit ou vin adolesan, ou bezwen adapte fason w anseye l yo. Pitit ou kòmanse ap konprann bagay ki konplike, bagay yo pa ka wè men yo ka reflechi sou yo alòske lè yo te piti yo pa t ka konprann yo. Kounye a, li vin pi nesesè pou w fè yo sèvi ak “kapasite [yo] genyen pou [yo] rezone” a. — Women 12:1.

Lè Pòl t ap ekri Timote, li te pale konsènan bagay Timote te ‘aprann yo e yo te konvenk li pou l kwè yo’. (2 Timote 3:14.) Pitit ou ki adolesan kapab bezwen pou w ‘konvenk li pou l kwè’ verite ki nan Bib la ou te anseye l depi l piti yo. Pou w rive touche kè pitit ou, li pa sifi pou w annik di l sa pou l fè oswa sa pou l kwè. Se yo menm ki dwe chèche konnen. Ki jan w ka ede yo? Premye bagay la se ba yo posiblite pou yo rezone sou yon seri kesyon tankou sa ki vin annapre yo e pou yo pale sou yo:

● Ki sa ki konvenk mwen Bondye egziste? — Women 1:20.

● Kòman m ap fè konnen sa paran m ap anseye m nan Bib la se laverite? — Travay 17:11.

● Ki sa ki konvenk mwen prensip nan Bib la se pou byen m? — Ezayi 48:17, 18.

● Ki jan m fè konnen pwofesi nan Bib la ap reyalize? — Jozye 23:14.

● Ki sa ki konvenk mwen pa gen anyen nan monn nan ki ka parèt devan “kokenn enpòtans konesans sou Kris Jezi [...] genyen”. — Filipyen 3:8.

● Ki sa sakrifis Kris te fè a vle di pou mwen? — 2 Korentyen 5:14, 15; Galat 2:20.

Ou ka yon ti jan renka pou w mande pitit ou ki adolesan pou yo reflechi sou kesyon sa yo paske w pè pou yo pa ka reponn yo. Men, si w ta fè sa se kòmsi w ap kondui yon machin epi w pè gade dach machin nan pou w pa wè nivo gaz la, paske w pè pou w pa wè gaz la prèske fini. Si machin nan pa gen gaz, li t ap pi bon pou w konn sa pou w ka gentan fè yon bagay. Menm jan an tou, se kounye a, pandan pitit ou ki adolesan lakay ou toujou, pou w ede yo reponn kesyon konsènan lafwa yo e pou w “konvenk [yo] pou [yo] kwè” *.

Sonje, pa gen anyen ki mal si pitit ou mande tèt li: “Poukisa m kwè sa m kwè a?” Diane, ki gen 22 an, sonje jan l te fè sa lè l te adolesan. Li di: “Mwen pa t vle gen dout sou kwayans mwen. Repons klè, fèm mwen te jwenn sou kesyon m te genyen yo te fè m rann mwen kont mwen renmen lefètke mwen se yon Temwen Jewova! Chak fwa yon moun mande m poukisa m pa fè tèl ou tèl bagay, mwen pa t annik di se ‘akoz relijyon m’, men mwen te konn di ‘se paske mwen panse se pa yon bon bagay’. Anfèt, mwen te vin wè bagay yo menm jan Labib wè yo.”

Sijesyon: Pou w rive fè pitit ou ki adolesan rezone sou prensip ki nan Bib la, fè l mete l nan plas yon paran lè l gen yon pwoblèm. Pa egzanp, ann sipoze pitit fi w mande w pèmisyon pou l al nan yon fèt ou konnen (siman li konnen tou) ki pa apwopriye. Olye w annik di l non, ou ka di l: ‘Mwen ta renmen w mete w nan plas mwen. Reflechi sou fèt sa a ou vle ale a, fè yon ti rechèch (petèt nan chapit 37 liv sa a ak chapit 32 Volim 2 a), epi tounen vin pale sou sa demen. M ap jwe wòl pitit la e m ap mande w pou m al nan fèt la e ou menm, antanke paran, w ap di m si wi ou non se yon bon ide pou m ale.’

GADE VOLIM 1, CHAPIT 38 AK VOLIM 2, CHAPIT 34-36.

Ki sa nou ka fè si pitit nou ki adolesan pa enterese nan relasyon li gen ak Jewova ankò?

Premyèman, pa kouri panse pitit ou a rejte kwayans ou. Nan anpil ka, se yon lòt bagay ki pwoblèm nan. Pa egzanp, petèt pitit ou a

● ap fè fas ak presyon lòt jèn e li jennen pou l parèt diferan lè l pran pozisyon pou prensip nan Bib la.

● wè lòt jèn (petèt menm frè l oswa sè l) ki viv trè byen antanke kretyen e li santi li pap ka fè menm jan avèk yo.

● vrèman vle gen zanmi men li santi l poukont li oswa li pa santi l nan plas li bò kote lòt kretyen yo.

● wè lòt jèn ki di yo se kretyen men k ap mennen de vi.

● ap fè efò pou l gen pwòp idantite l e sa fè l santi l oblije poze kesyon sou kwayans ou ki gen anpil enpòtans pou ou.

● wè elèv nan klas li k ap aji mal e sanble anyen pa rive yo.

● ap eseye fè yon paran l ki pa kwayan plezi.

Si se sa nou sot pale la yo ki lakòz pitit ou pa enterese gen yon relasyon ak Bondye ankò, ou rann ou kont sa pa vrèman gen rapò ak kwayans ou vre. Pwoblèm nan plis gen rapò ak sitiyasyon pitit ou ladan l ki fè l difisil pou l pratike kwayans li, omwen pou kounye a. Donk, ki sa w ka fè pou w ankouraje l?

Sede san w pa fè konpwomi. Eseye konprann sa ki lakòz pitit ou a dekouraje, epi fè chanjman ki nesesè yon fason pou pitit ou a ka vin nan yon pi bon anbyans pou l vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye (Pwovèb 16:20). Pa egzanp, fich aktivite ki rele “Si y ap fè presyon sou mwen”, ki nan paj 132 ak 133 Volim 2 a, kapab fè pitit ou a vin gen konfyans nan tèt li. Konsa, l ap mwens jennen pale ak elèv nan klas li. Oswa si pitit ou ki adolesan santi l poukont li, ou ka ede l jwenn bon zanmi.

Chèche yon moun pou ede pitit ou. Pafwa, jèn yo konn jwenn yon granmoun ki pa fanmi yo ki ba yo ankourajman. Èske w konn yon moun ki gen bon relasyon ak Bondye e ki kapab ede pitit ou ki adolesan? Ou ka planifye pou moun sa a pase tan ak pitit ou. Objektif ou se pa pou moun sa a vin pran plas ou antanke paran. Sonje Timote. Li te aprann anpil bagay nan men apot Pòl e Pòl li menm te jwenn byenfè lefètke Timote te vin konpayon l. — Filipyen 2:20, 22.

Toutotan pitit ou ap viv lakay ou, ou gen dwa pou w mande pou l patisipe nan aktivite espirityèl ou genyen yo. Men, objektif ou se mete lanmou pou Bondye nan kè pitit ou, ou pa annik vle yo fè aktivite espirityèl yo konsa konsa. Pou w ede pitit ou ki adolesan aksepte vrè adorasyon an, ou dwe bay bon egzanp. Se pou w rezonab nan sa w ap atann de li. Ba l yon moun pou ede l epi ede l chèche fè bon zanmi. Petèt yon jou, pitit ou ap kapab di menm pawòl ak youn nan moun ki te ekri Sòm yo: “Jewova se mas wòch mwen e li se fòtrès mwen. Li se Sila a ki sove m nan.” — Sòm 18:2.

GADE VOLIM 1, CHAPIT 39, AK VOLIM 2, CHAPIT 37 AK 38.

[Nòt anba paj]

^ § 23 Anmenmtan tou, pa fè pitit ou santi l koupab pou w fè l aji jan w vle a.

^ § 64 Siman, adolesan w lan sansib anpil pou aparans li, donk l ap fè anpil atansyon pou l kache defo li genyen nan kò l.

^ § 168 Pou pi senp, nou pale de pitit la kòm yon tifi, men prensip nou pale de yo la a ka aplike ni pou tifi ni pou tigason.

^ § 188 Chapit 36 Volim 2 a kapab ede adolesan yo sèvi ak kapasite yo genyen pou yo rezone pou yo vin gen konviksyon Bondye egziste.