Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Egzanp: Jakòb

Egzanp: Jakòb

Egzanp: Jakòb

Sa fè plizyè ane depi Jakòb ak frè l la, Ezaou, pa pale. Anfèt, Ezaou rayi Jakòb. Malgre se pa Jakòb ki antò, li dispoze sede, e li fè premye pa pou l rezoud pwoblèm nan. Tout sa l vle se byen ak frè la, se pa montre li gen rezon. Jakòb pa t pase sou prensip li yo, men li pa t atann pou frè l la mande l eskiz anvan l fè lapè avè l. — Jenèz 25:27-34; 27:30-41; 32:3-22; 33:1-9.

Ki jan w regle pwoblèm ak moun nan fanmi w? Pafwa ou ka santi se ou menm ki gen rezon e se frè w oswa sè w oubyen paran w ki antò. Nan ka sa a, èske w ret tann pou se yo menm ki fè premye pa a? Si se sa, èske w pa ta ka fè menm jan ak Jakòb? Depi w pap pase okenn prensip biblik anba pye, èske w dispoze sede pou w ka fè lapè (1 Pyè 3:8, 9)? Jakòb pa t kite ògèy divize fanmi l. Li te rabese tèt li e l te retounen byen ak frè l la. Èske w ap fè menm bagay la ak moun nan fanmi w?