Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa m ka fè si paran m remarye?

Ki sa m ka fè si paran m remarye?

CHAPIT 5

Ki sa m ka fè si paran m remarye?

PAPA W oswa manman w ap marye ak yon lòt moun, se pa ti kontan li kontan jou sa a. Men, ou menm ou pa kontan ditou! Sa k fè sa? Toutotan papa w oswa manman w potko marye ak yon lòt moun, ou te gen espwa manman w ak papa w t ap tounen viv ansanm, men, kounye a ou pa gen espwa sa a ankò. Yon lòt bò, doulè a ka pi rèd toujou lè youn nan paran w yo marye ak yon lòt moun tousuit apre lanmò papa w oswa manman w ou te renmen anpil la.

Ki jan w te santi w lè papa w oswa manman w te marye ak yon lòt moun? Mete ti siy tcheke a ✔ pou nenpòt nan sa ki pi ba a ki koresponn avè w.

Mwen te santi....

□ mwen kontan

□ mwen fache

□ yo trayi m

□ mwen jalou nouvo moun paran m marye avè l la

□ m ap trayi papa m oswa manman m paske mwen kòmanse byen renmen nouvo moun paran m marye avè l la

Ou ka gen dènye reyaksyon sa a paske w santi fò w fidèl ak paran w lan ki pa la a. Kèlkeswa rezon an, tout santiman nou sot pale pi wo yo ka fè w kòmanse ap aji yon fason ki pa bon.

Pa egzanp, ou ka toujou ap rann lavi nouvo konjwen paran w lan enposib. Ou ka menm ap eseye mete paran w ak konjwen l lan dozado nan objektif pou yo separe. Sepandan, Bib la avèti nou: “Moun ki lage fanmi l nan pwoblèm, se van l ap jwenn kòm eritaj.” Sa vle di ou pap rekòlte anyen si w aji konsa (Pwovèb 11:29). Ou pa oblije pran nan pyèj sa a. Ou ka rive pi byen fè fas ak santiman k ap bouyi pa anndan w lan. Ann pran kèk egzanp.

1ye difikilte: Respekte otorite nouvo paran w lan

Li pa fasil pou w respekte otorite nouvo paran w lan. Lè l mande w fè yon bagay, ou ka gen tandans pale di avè l: ‘Ou pa manman m!’ Oswa ou di: ‘Ou pa papa m!’ Ou ka santi w byen lè w fin bay yon repons konsa, men anfèt sa montre ou manke matirite.

Yon lòt bò, lè w respekte otorite bòpè w oswa bèlmè w genyen, se yon fason pou w koute konsèy Bib la bay ki di pou w “vin granmoun nan fason [ou] konprann”. (1 Korentyen 14:20.) Anfèt, bòpè w oswa bèlmè w fè sa papa w oswa manman w gen pou fè pou ou, e li merite pou w respekte l. — Pwovèb 1:8; Efezyen 6:1-4.

An jeneral, lè yon bòpè oswa yon bèlmè disipline w se yon fason pou l montre li renmen w e li gen sousi pou ou (Pwovèb 13:24). Yvonne ki gen 18 an di: “Bòpè m disipline nou, men se yon bagay nòmal tout papa fè. Mwen santi si m pa ta aksepte disiplin li ban mwen, se kòmsi mwen t ap di tout sa li ban nou nan domèn materyèl ak espirityèl pandan tout ane sa yo pa vo anyen. E sa t ap montre mwen engra.”

Malgre sa, ou ka gen rezon plenyen. Si se sa, montre ou “vin granmoun”, sa vle di ou vin gen matirite, lè w fè sa Kolosyen 3:13 di a: “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè nou.”

Nan espas ki pi ba a, ekri de oswa twa kalite bòpè w oswa bèlmè w genyen.

․․․․․

Sa k fè si w sonje kalite bòpè w oswa bèlmè w genyen sa ap fè w gen plis respè pou yo?

․․․․․

2yèm difikilte: Aprann pataje e aprann sede

Men sa Aaron ki gen 24 an di: “Papa m te remarye de fwa. Toule de fwa sa yo, m te twouve li vrèman difisil pou m aprann renmen bèlmè m. Okòmansman, nou te tankou etranje nan kay la. Men, yo te fè m konnen mwen te oblije renmen yo. Sitiyasyon an te vrèman difisil.”

Ou menm tou ou ka jwenn sitiyasyon difisil. Pa egzanp, gendwa se pa ou menm ki pi gran ankò oswa se pa ou menm ki sèl pitit ankò. Si w se yon gason, petèt pandan yon bon tan ou te santi se ou ki gason kay la. Men, kounye a se bòpè w ki nan pozisyon sa a. Oswa ou ka santi w menm jan ak Yvonne ki te di: “Kòm papa m pa t janm bay manman m okenn atansyon, manman m te konn pase tout tan l avè m. Men, lè manman m vin remarye, bòpè m te vin ba l anpil atansyon. Yo pase anpil tan ap pale, e mwen te santi se kòmsi misye te vòlè manman m nan menm. Men, avèk letan, mwen te rive adapte m.”

Èske w panse w ka adapte w menm jan Yvonne te rive fè sa? Men ki konsèy Bib la bay: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” (Filipyen 4:5). Mo lè yo tradui l yo mete “rezonab” pou li a vle di “sede”, e li bay ide yon moun ki pap ensiste sou dwa l genyen. Ki jan w ka suiv konsèy sa a? 1) Evite ret ap panse sou jan bagay yo te ye anvan (Eklezyas 7:10); 2) Dispoze kowopere ak bòpè w oswa bèlmè w oswa ak pitit yo (1 Timote 6:18); 3) Pa aji avè yo tankou etranje.

Nan tout sa nou sot di la yo, ki pwen ou wè ou plis bezwen travay? ․․․․․

3yèm difikilte: Sa pou w fè si yo pa trete w menm jan ak lòt timoun yo

Men sa Tara di: “Bòpè m renmen pitit pa l yo pi plis lontan pase mwen menm ak sè m nan. Li achte kèlkeswa manje yo vle, e depi yo vle gade yon fim, li lwe l pou yo. Li toujou fè sa l kapab pou l fè yo plezi.” Yon sitiyasyon konsa ka difisil pou sipòte. Ki sa k ka ede w? Eseye konprann poukisa bòpè w oswa bèlmè w pa aji avè w menm jan li aji ak pwòp pitit li. Gendwa se pa paske yo se menm san, men se gendwa jis akoz tout sa yo viv ansanm. Dayè, siman ou menm tou, ou santi w pi pwòch manman w oswa papa w pase bòpè w oswa bèlmè w.

Men, gen yon gwo diferans ant trete tout moun menm jan ak trete yon moun yon fason ki pa jis. Tout moun pa gen menm pèsonalite, e yo pa gen menm bezwen. Donk, tan pou w ap plede bay tèt ou pwoblèm paske bòpè w oswa bèlmè w pa trete w menm jan ak pitit li, gade pou w wè si l pa fè tout sa l kapab pou l ba w sa w bezwen.

Ki sa w bezwen bòpè w oswa bèlmè w fè w jwenn?

․․․․․

Ki sa w bezwen ou santi ou pa jwenn?

․․․․․

Si w santi gen kèk bagay ou bezwen ou pa jwenn, eseye pale sa ak bòpè w oswa bèlmè w avèk respè.

Pasyans bay rezilta

Nòmalman, sa pran anpil tan anvan bòpè oswa bèlmè vin alèz ansanm ak bofis oswa bèlfi e pou yo viv byen ansanm. Donk, pran pasyans! Pa atann ou menm ak bòpè w oswa bèlmè w pral antann nou tousuit oswa n ap fòme yon bèl fanmi tousuit.

Thomas pa t kontan ditou lè manman l te remarye. Manman l te deja gen kat timoun, e mesye li te marye avè l la te gen twa pitit. Men sa Thomas di: “Nou te konn goumen, fè diskisyon, nou te konn nan gwo pwoblèm, e sa te fè nou soufri.” Ki sa k te ede yo? Thomas di: “Prensip biblik yo te ede nou rezoud pwoblèm yo.”

NAN LÒT CHAPIT LA

E si ou menm ak frè ak sè w yo menm manman menm papa, men yo soti pou yo fè w fou?

VÈSÈ KLE

“Jan yon bagay fini pi bon pase jan l kòmanse. Pito yon moun gen pasyans pase l gen ògèy.” — Eklezyas 7:8.

MEN YON IDE

Lè w ap viv avèk pitit bòpè w oswa bèlmè w ki pa menm sèks avè w, kapab gen atirans. Donk, li bon pou w fè efò pou w pa kite lespri w ret ap panse ak sèks, epi evite abiye oswa aji yon fason ki kapab atire moun.

ÈSKE W TE KONNEN?

Pitit bòpè w oswa bèlmè w yo kapab gen difikilte tou pou yo adapte yo ak nouvo sitiyasyon sa a.

SA M KONTE FÈ

Mwen pral eseye gen plis respè pou bòpè m oswa bèlmè m lè m sonje sa yo fè pou fanmi an (ekri de bon bagay yo fè) ․․․․․

Si pitit bèlmè m oswa bòpè m meprize m, m ap aplike prensip ki nan Women 12:21 an lè m ․․․․․

Men sa m ta renmen mande paran m oswa bòpè m oswa bèlmè m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Ki jan w panse bòpè w oswa bèlmè w oswa pitit yo santi yo lefètke yo vin fè pati fanmi w?

● Poukisa li enpòtan pou w wè jan fanmi an ka vin ye olye pou w konsantre w sou jan l ye kounye a?

[Antrefilè nan paj 38]

“Manman m te divòse de fwa. Men, jis jodi a, mwen menm ak pitit bòpè m yo toujou bon zanmi. Konnen m te vin konnen yo a se youn nan pi bèl bagay ki te rive nan lavi m.” — Tara.

[Foto nan paj 39]

Pou w rive fè de fanmi rive viv byen youn ak lòt, sa mande tan ak efò, se kòmsi ou t ap melanje dlo ak siman. Men, alafen, li ka vin solid e li ka dire lontan.