Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan m ka reziste anba tantasyon?

Ki jan m ka reziste anba tantasyon?

CHAPIT 9

Ki jan m ka reziste anba tantasyon?

Karine te apèn gen dis minit depi l rive nan fèt la lè l wè de jèn gason k ap parèt ak plizyè gwo sachè papye. Li te byen konnen ki sa ki nan sachè yo. Anvan fèt la, li te tande menm mesye sa yo ki t ap di t ap gen anpil alkòl nan fèt la.

Toudenkou, Karine tande Jessica, zanmi l, ki di l: “Sa w ret kanpe ap fè la a ti granmoun?” Karine vire tèt li epi l wè Jessica avèk de boutèy nan men l ki tou debouche. Li konnen bwason yo gen alkòl. Jessica lonje youn bay Karine epi l di l: “Ou pa twò jèn pou w pran plezi w, pa vre?”

Karine te vle refize, men, tantasyon an te fò anpil. Epi, Jessica se zanmi l e li pa t vle l rele l “ti granmoun” ankò. Epitou Jessica se yon bon timoun. Donk, si Jessica kapab bwè, pa gen anyen mal nan sa. Karine di tèt li ‘se jis yon bwason, se pa yon bagay mal tankou pran dwòg oswa fè sèks san l pa marye.’

LÈ W jèn, tantasyon vini tout jan. Byen souvan, sa gen rapò ak relasyon tifi ak tigason. Men sa Ramon ki gen 17 an di: “Ti medam yo nan lekòl yo cho. Y ap manyen w pou yo wè jis ki kote w ap kite yo rive. Ou mèt di yo non, yo pa okipe w.” Se menm bagay la pou Deanna, ki gen 17 an tou. Li di: “Gen yon ti gason ki te vin kote m e ki pase men nan kou m. M ba l yon kout pwen nan bra epi m di l: ‘Ki pwoblèm ou? Kote m konnen w?’”

Petèt ou menm tou w ap fè fas ak tantasyon e w ka gen enpresyon sa pap janm fini. Lè w jwenn tantasyon san rete konsa, sa kapab sanble ak yon moun k ap frape pòt ou san rete malgre w eseye fè kòmsi w pa tande l. Èske sa rive souvan ou anvi sede devan tantasyon yo? Pa egzanp, kiyès nan tantasyon ki vin annapre yo ou konn anvi sede devan yo?

□ Fimen

□ Gade pònografi

□ Bwè alkòl

□ Gen relasyon seksyèl

□ Pran dwòg

□ Lòt bagay

Si w mete ti siy tcheke a ✔ bò kot youn nan tantasyon ki pi wo yo, pa kouri panse ou pa diy pou w kretyen. Ou kapab aprann kontwole move dezi ou genyen yo e w ka reziste devan tantasyon. Ki jan? L ap bon pou w konnen sa k lakòz ou anvi sede devan tantasyon an. Ann wè twa bagay.

1. Enpèfeksyon: Se tout moun ki gen anvi pou fè sa k pa bon paske nou tout enpafè. Menm apot Pòl, yon kretyen ki gen matirite, te rekonèt avèk senserite: “Lè m vle fè sa ki dwat, se sa ki mal ki lakay mwen.” (Women 7:21). Kidonk, sa rive menm moun ki pi dwat la pou l gen ‘dezi lachè ak dezi je’. (1 Jan 2:16.) Men, lè w kontinye ret ap reflechi sou tantasyon an sa ap fè l pi difisil pou ou, paske Bib la di: “Dezi a, lè yo nouri l, li bay peche.” — Jak 1:15.

2. Enfliyans: Gen tantasyon tout kote. Trudy di: “Ni nan lekòl, ni nan travay, moun yo toujou ap pale sou sèks. Nan televizyon ak nan fim, yo montre fè sèks anvan maryaj se yon bagay ki atiran, ki enteresan. Yo pa fasil montre move konsekans yo.” Trudy konnen ki jan presyon lòt moun ak medya ka gen gwo enfliyans sou moun. Li di: “Lè m te gen 16 an, mwen te panse m damou. Manman m te chita avè m e li te di m si m kontinye jan m prale a, m ap ansent. M te vrèman choke pou m wè manman m panse yon bagay konsa. De mwa apre, mwen te ansent.”

3. “Dezi ki natirèl lakay jèn yo.” (2 Timote 2:22). Ekspresyon sa a ka gen ladan l tout dezi jèn konn genyen, tankou anvi pou lòt moun aksepte yo oswa anvi pou lòt moun wè yo kòm granmoun. Dezi sa yo pa mal an yo menm, men si w pa kontwole yo yo ka fè l pi difisil pou w reziste devan tantasyon. Pa egzanp, si w tèlman vle pou lòt moun pran w pou granmoun, sa ka fè w rejte bon prensip paran w te ba ou. Se sa ki te rive Steve lè l te gen 17 an. Li di: “Mwen pa t vle koute paran m menm ankò e sèlman yon ti tan apre m te fin batize, mwen te fè tout sa yo te anseye m pou m pa fè yo.”

Fason pou w reziste

Tantasyon nou sot pale de yo pi wo a fò anpil, nou rekonèt sa. Men, ou kapab reziste anba yo. Ki jan?

● Premye bagay la se chèche konnen ki tantasyon ki pi difisil pou w reziste. (Petèt ou deja fè sa nan paj 65 lan.)

● Apre sa, mande tèt ou: ‘Ki lè li pi fasil pou m jwenn tantasyon sa a?’ Mete ti siy tcheke a ✔ bò kot youn nan repons ki vin apre yo:

□ Nan lekòl

□ Lè m poukont mwen

□ Nan travay

□ Lòt okazyon ․․․․․

Lè w konnen nan ki moman li pi fasil pou w jwenn tantasyon, sa ka menm ede w evite l nèt. Pa egzanp, imajine sèn nou te pale de li nan kòmansman chapit sa a. Ki sa Karine te konnen ki te fè l konprann li t ap jwenn tantasyon nan fèt la?

․․․․․

Ki sa l te ka fè pou l evite tantasyon an nèt?

․․․․․

● Kounye a, ou fin konn tantasyon an ak moman li pi fasil pou l parèt la, ou pare pou w aji. Sa k dwe plis enterese w se gade kòman w pral fè pou w evite met tèt ou nan sitiyasyon kote w ka jwenn tantasyon. Nan espas ki pi ba a, ekri sa w ka fè.

․․․․․

(Egzanp: Si se lè lekòl lage ou toujou kwaze ak yon gwoup kamarad k ap fè presyon sou ou pou w fimen, petèt ou ka fè yon lòt wout pou w evite kwaze avèk yo. Si w toujou ap resevwa mesaj ki gen rapò ak pònografi sou Entènèt, ou ka eseye enstale pwogram ki ka bloke tout mesaj ki soti nan mòd sit sa yo. Epitou, lè w ap fè rechèch, ou ka pi presi lè w ap tape mo kle yo.)

Natirèlman, ou pa ka evite tout tantasyon nèt. Yon jou kanmenm ou ka jwenn yon gwo tantasyon, petèt nan moman kote w plis pa atann nan. Ki sa w ka fè?

Prepare alavans

Lè “Satan te tante” Jezi a, Jezi te repouse tantasyon yo tousuit (Mak 1:13). Poukisa? Paske li te byen konprann rezon ki fè l te jwenn tantasyon sa yo. Li te deja pran detèminasyon pou l obeyi Papa l nan tout bagay (Jan 8:28, 29). Li te fèm lè l te di: “Mwen pa desann sot nan syèl la pou m vin fè volonte pa m, men se pou m vin fè volonte Sila a ki voye m nan.” — Jan 6:38.

Nan paj apre a, ekri de rezon ki fè w ta dwe reziste devan tantasyon ou jwenn pi souvan an epi ekri de bagay ou ka fè k ap ede w reziste.

Rezon ki fè w ta dwe reziste:

1 ․․․․․

2 ․․․․․

Bagay k ap ede w reziste:

1 ․․․․․

2 ․․․․․

Sonje sa, lè w sede devan tantasyon, ou vin tounen esklav dezi w yo (Tit 3:3). Poukisa pou w ta kite dezi w kontwole w? Chèche gen matirite pou w kontwole dezi w yo olye w kite pou se yo menm ki kontwole w (Kolosyen 3:5). Epitou, priye pou w ka kontinye kontwole dezi w yo *. — Matye 6:13.

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 2, CHAPIT 15.

NAN LÒT CHAPIT LA

Èske w santi w vin lan sèjousi? Gade pou w wè ki jan w ka amelyore sante w pou w rejwenn fòs.

[Nòt anba paj]

^ § 43 Gade tou chapit 33 ak chapit 34 nan liv sa a.

VÈSÈ KLE

“Bondye fidèl, li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou jwenn tantasyon an, l ap ouvri yon chemen tou, dekwa pou nou ka andire l.” — 1 Korentyen 10:13.

MEN YON IDE

Sèvi ak pati ki gen tit “Si y ap fè presyon sou mwen” ki nan paj 132 ak 133 nan volim 2 liv sa a pou w prepare repons ou ka bay yon moun ki ta eseye fè w fè sa ki mal.

ÈSKE W TE KONNEN?

Bondye te gentan fè konnen Jezi t ap rete fidèl, men sa pa vle di Jezi tankou yon wobo yo pwograme pou obeyi. Anfèt, Jezi se yon moun ki te gen libète pou l chwazi. Se chwazi li te chwazi rete fidèl, se pa yon bagay Bondye te deja deside e ki t ap rive kanmenm. Se youn nan rezon ki fè Jezi te priye anpil lè l te anba eprèv. — Ebre 5:7.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè pou m gen plis detèminasyon pou m reziste devan tantasyon ․․․․․

Men non kèk moun, kèk kote ak kèk sitiyasyon mwen bezwen evite ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Èske kreyati ki pafè ka sede devan tantasyon? — Jenèz 6:1-3; Jan 8:44.

● Lè w reziste devan tantasyon, ki efè fidelite w genyen sou lòt moun? — Pwovèb 27:11; 1 Timote 4:12.

[Antrefilè nan paj 68]

“Lefètke mwen konnen mwen gen Sila a ki pi pisan nan linivè a avè m e mwen ka mande l èd li nenpòt lè, sa ede m.” — Christopher.

[Kare/Foto nan paj 67]

Eseye fè sa

Pran yon bousòl epi mete l yon fason pou egui a bay nan direksyon nò. Apre sa, mete yon leman sou kote bousòl la. Ki sa k pase? Egui a pa bay bon direksyon an ankò. Kounye a li vire nan direksyon leman an.

Konsyans ou tankou bousòl la. Si w byen fòme l, l ap voye w nan bon direksyon an e l ap ede w pran bon desizyon. Men, move frekantasyon tankou leman an, yo defòme bon konprann ou genyen nan domèn moral. Ki leson nou aprann nan sa? Fè efò pou w evite ni moun ni sitiyasyon ki ka fè w pèdi bon konprann ou nan domèn moral. — Pwovèb 13:20.

[Foto nan paj 69]

Lè w sede devan tantasyon, ou vin tounen esklav dezi w yo.