Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa m dwe pran swen sante m?

Poukisa m dwe pran swen sante m?

CHAPIT 10

Poukisa m dwe pran swen sante m?

Mete ti siy tcheke a ✔ bò kot chak objektif ou vle atenn.

□ Gen mwens strès

□ Metrize tèt mwen

□ Gen plis konfyans nan tèt mwen

□ Pou lespri m pi vivan

□ Gen plis enèji

□ Fè po m vin pi bèl

□ Pèdi pwa

GEN kèk bagay nan lavi a ou pa ka chwazi, tankou paran w, frè w ak sè w, kote w ap viv, eksetera. Men, se pa menm bagay la pou sante w. Menmsi gen anpil bagay nan sa ki gen rapò ak fizik ou se nan fanmi w ou pran yo, gen lòt bagay byen souvan ki depann de fason w chwazi viv *.

Petèt w ap di tèt ou: ‘M twò jèn pou m enkyete m pou sante m.’ Men, èske se vre? Gade lis objektif ki nan paj 71 lan. Konbyen ladan yo ou te tcheke? Ou ka sezi aprann yon bon sante enpòtan anpil pou w rive atenn tout objektif sa yo.

Siman ou t ap di menm bagay ak Amber ki gen 17 an: “M pa malad, m pa ka toutan ap manje bagay ki fèt ak ble, bagay ki san sik, san grès!” Pa bay tèt ou pwoblèm si se konsa w santi w. Ou pa oblije sispann manje bagay dous nèt nitou ou pa oblije ap touye tèt ou fè spò. Men, w ap bezwen fè kèk ti ajisteman tou senp pou w ka kòmanse santi w anfòm e pou w ka an sante. Ann gade kòman kèk jèn te rive fè sa.

Manje byen pou w gen pi bèl aparans!

Bib la ankouraje nou gen bon abitid. Men sa Pwovèb 23:20 di: “Pa [...] fè safte.” (Bib la). Li pa toujou fasil pou yon moun suiv konsèy sa a.

‘Menm jan ak anpil lòt jèn, mwen toujou grangou. Paran m toujou ap di m vant mwen pa janm plen.’ — Andrew, 15 an.

“Piske m pa wè konsekans kèk manje ap genyen sou mwen kounye a, mwen pa wè yo pi mal pase sa.” — Danielle, 19 an.

Èske w wè ou bezwen gen plis metriz sou bagay w ap manje? Men sa kèk jèn di ki mache pou yo.

Veye lè vant ou plen. Julia ki gen 19 an di: “Mwen te konn kalkile kantite kalori ki genyen nan sa m ap manje. Men, kounye a kou m santi vant mwen plen mwen sispann manje.”

Evite manje ki pa bon pou kò a. Peter ki gen 21 an di: “Nan yon mwa mwen te pèdi senk kilo paske mwen te sispann bwè bwason gazez.”

Chanje fason w manje. Erin ki gen 19 an di: “Lè m ap manje, m eseye pa double.”

Sekrè pou reyisi: Pa kite lè w dwe manje a pase pou w di w ap manje apre! Si w fè sa, w ap gen tandans manje plis lè w pral resi manje a.

Fè egzèsis pou w ka santi w byen!

Men sa Bib la di: “Fè egzèsis fizik itil.” (1 Timote 4:8). Epoutan, anpil jèn pa tèlman sou fè egzèsis.

“Ou pa ta imajine jan anpil timoun pa pase kou espò yo lè yo te nan segondè. Se te kou ki pi fasil, li te konn fèt tousuit apre rekreyasyon!” — Richard, 21 an.

“Gen anpil jèn ki fè refleksyon sa a: ‘Poukisa pou m ta soti deyò al kouri anba solèy cho a, pou m al fè kò m swe alòske m te ka chita anndan lakay mwen ap jwe jwèt videyo kote m ap kouri.’” — Ruth, 22 an.

Èske tande w tande mo egzèsis la sèlman gentan fè w fatige? Si se wi, men twa avantaj w ap jwenn si w pran abitid fè egzèsis.

1ye avantaj. Lè w fè egzèsis, sa fè w pa malad fasil. Men sa Rachel ki gen 19 an di: “Papa m toujou di m: ‘Si w pa jwenn tan pou w fè egzèsis, w ap jwenn tan pou w malad.’”

2yèm avantaj. Lè w fè egzèsis, sa pèmèt sèvo a pwodui eleman chimik ki kalme w. Emily ki gen 16 an di: “Lè m santi tèt mwen chaje, m al kouri paske sa ede m kalme m. Sa fè m santi m byen ni nan kò m ni nan lespri m.”

3yèm avantaj: Lè w fè egzèsis, sa pèmèt ou gen plis kè kontan. Ruth gen 22 an, li di: “M renmen fè egzèsis deyò, se sa k fè m al mache nan mòn, m al naje e m monte bekàn.”

Sekrè pou reyisi: Twa fwa pa semèn, fè omwen 20 minit ap fè yon egzèsis fizik ou renmen e ki fè w swe.

Dòmi byen pou w ka fonksyone pi byen

Men sa Labib di: “Li pi bon pou yon moun pran yon ti repo olye l plede ap travay di e li kontinye ap kouri dèyè van.” (Eklezyas 4:6). Si w manke dòmi, ou pap ka fonksyone byen.

“Si m pa dòmi ase, mwen pa ka fonksyone. Li difisil pou m konsantre.” — Rachel, 19 an.

“Si m pa dòmi ase, vè 2 è nan aprèmidi, m ap tèlman fatige, m ka ap pale ak yon moun epi m dòmi.” — Kristine, 19 an.

Èske w bezwen dòmi plis? Men sa kèk jèn fè ki ede yo:

Evite al dòmi ta. Catherine ki gen 18 an di: “Mwen fè efò pou m al kouche nan yon lè ki rezonab.”

Pa ret pale byen ta ak zanmi. Richard ki gen 21 an di: “Pafwa gen zanmi ki konn rele m oswa voye mesaj tèks ban mwen byen ta nan aswè. Men depi kèk tan, mwen aprann kanpe konvèsasyon yo pou m al dòmi.”

Fikse yon lè pou w al dòmi. Jennifer ki gen 20 an fè konnen: “Depi kèk tan, mwen eseye al dòmi nan menm lè a chak jou e m eseye leve nan menm lè a chak jou.”

Sekrè pou reyisi: Eseye dòmi pandan omwen uit èdtan chak swa.

Se pou ou sa ap bon si w pran kèk dispozisyon byen senp pou w ka pran swen tèt ou. Sonje, lè w gen yon bon sante, sa ap ede w gen yon pi bèl aparans, w ap santi w byen e w ap fonksyone pi byen. Se vre gen bagay nan lavi a ou pa ka kontwole, men gen kèk bagay ki gen rapò ak fizik ou ou kapab kontwole. Erin ki gen 19 an di: “Finalman, sante w depann de ou menm sèlman.”

NAN LÒT CHAPIT LA

Ki sa pou w fè si paran w pa renmen fason w abiye? Gade pou w wè ki jan nou ka jwenn yon antant.

[Nòt anba paj]

^ § 11 Nou konnen gen anpil moun ki gen pwoblèm sante oswa andikap e yo pa ka fè anyen pou sa. Chapit sa a ap ede moun sa yo rive wè sa yo ka fè pou yo pi byen pran swen sante yo.

VÈSÈ KLE

“Fè egzèsis fizik itil.” — 1 Timote 4:8.

MEN YON IDE

Chèche yon moun pou fè egzèsis avè w. Sa ap ankouraje w paske w pap vle fè moun nan desi.

ÈSKE W TE KONNEN?

Lè w fè egzèsis, kò w pwodui yon eleman chimik nan sèvo a ki rele andòfin ki kapab ede w ak doulè e ki fè w santi w pi byen.

SA M KONTE FÈ

Men yon objektif ki rezonab mwen kapab fikse anrapò ak sa m ap manje ․․․․․

Men yon objektif rezonab mwen fikse anrapò ak egzèsis ․․․․․

M ap eseye dòmi apeprè èdtan chak swa nan mwa k ap vini an ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Ki jan lefètke w pran swen sante w sa ap ede w vin gen plis konfyans nan tèt ou?

● Ki sa k pi enpòtan toujou pase pran swen sante fizik ou? — 1 Timote 4:8.

[Antrefilè nan paj 74]

“Mwen renmen fason m santi m lè m fè egzèsis. E lè aparans mwen kòmanse vin pi bèl grasa egzèsis la, sa fè m vin gen plis konfyans nan tèt mwen.” — Emily.

[Kare nan paj 73]

“Mwen te chanje fason m te fonksyone”

“Mwen te gen twòp pwa e se yon bagay mwen pa t janm swete rive m. Mwen pa t renmen aparans mwen ditou e mwen pa t renmen janm te santi m nan. Detanzantan, mwen te konn eseye fè rejim pou m pèdi pwa, men mwen te konn tounen menm jan an. Se sa k fè, lè m te gen 15 an, mwen te deside li te lè pou m chanje bagay yo. Mwen te vle pèdi pwa yon fason pou m pa t janm tounen menm jan an ankò. Mwen te achte yon liv ki te pale sou sa pou moun manje ak fason pou moun byen fè egzèsis, e mwen te aplike sa m te li yo. Mwen te detèmine pou m pa bay vag menmsi m ta fè yon ti chite pandan yon moman oubyen mwen ta vin dekouraje. Imajine sa k te pase? Sa te mache! Nan ennan mwen te pèdi 60 liv. M te rive kenbe pwa mwen te vle genyen an pandan dezan. Mwen pa t janm panse sa t ap rive. Mwen panse rezon ki fè m reyisi se pa sèlman rejim mwen te fè a, se paske mwen te chanje fason m te fonksyone nèt.” — Catherine, 18 an.

[Foto nan paj 74]

Sante w menm jan ak yon machin, si w pa fè sèvis ladan l l ap anpàn.