Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa m dwe konnen sou fimen?

Ki sa m dwe konnen sou fimen?

CHAPIT 33

Ki sa m dwe konnen sou fimen?

Gade opsyon ki vin annapre yo, epi mete ti siy tcheke a ✔ bò kot chak kare ou panse ki ale avèk ou.

□ M anvi konnen

□ M strese

□ Mwen vle pou lòt moun aksepte m

□ Mwen vle pèdi pwa

SI W tcheke youn nan kare ki nan paj 237 la, konnen ou menm jan ak jèn ki fimen yo oswa ki konn anvi fimen *. Pa egzanp:

Chèche konnen. “M te vle konnen ki jan yon moun santi l lè l fimen, se sa k fè mwen te aksepte pran sigarèt yon tifi nan lekòl la te ban mwen, m kouri ale pou m fimen l.” — Tracy.

Jere strès epi chèche fè menm jan ak tout moun. “Elèv yo nan lekòl la konn di: ‘M bezwen yon sigarèt!’ E lè yo fin pran l yo di: ‘Kounye a, m pare!’ Lè m nan moman ki strese m, m santi m ta fè menm bagay la.” — Nikki.

Pèdi pwa. “Gen kèk fi ki fimen pou yo ka rete mens, sa pi fasil pase fè rejim!” — Samantha.

Anvan w limen premye sigarèt ou oswa anvan w fimen yon lòt, fè yon ti reflechi. Pa vin tankou yon pwason ki pran nan zen. Se vre, pwason an jwenn yon ti bagay, men li peye sa chè! Ou menm, suiv konsèy Bib la bay pito, epi sèvi ak “kapasite [w] genyen pou [w] byen reflechi” a (2 Pyè 3:1). Reponn kesyon ki vin apre yo.

Ki sa w vrèman konnen sou fimen?

Mete wi oswa non bò kot chak fraz.

a. M gen mwens strès lè m fimen.

□ Wi □ Non

b. M ap lage prèske tout lafimen an.

□ Wi □ Non

c. Fimen ap gen efè sou mwen jis lè m vin granmoun.

□ Wi □ Non

d. Moun ki pa menm sèks avè m ap twouve m pi atiran.

□ Wi □ Non

e. Si m fimen, se sou mwen sèl sa ap gen efè.

□ Wi □ Non

f. Kit mwen fimen kit mwen pa fimen sa pa di Bondye anyen.

□ Wi □ Non

Repons

a. Non. Se vre, lè yon moun fimen sa ka retire kèk strès lakay li pou yon ti tan, men syantifik yo dekouvri nikotin ki nan sigarèt la fè moun vin gen plis strès an reyalite.

b. Non. Gen etid yo fè ki montre gen 80 pousan nan lafimen sigarèt yon moun fimen rete anndan l.

c. Non. Se vre se plis ou fimen ou vin gen plis risk pou w malad, men gen kèk efè ki parèt tousuit. Gen kèk moun ki vin depann de sigarèt sèlman apre l fin fimen premye sigarèt li. Lè w fimen, poumon w vin pa gen kapasite pou l pran menm kantite lè a ankò e siman ou ka vin gen yon tous ki pa janm pase. Po w ap plise anvan lè. Epi lè w fimen, ou vin gen plis risk pou w gen pwoblèm nan domèn seksyèl, ou ka vin gen sa yo rele kriz panik ak depresyon.

d. Non. Gen yon mesye ki konn fè rechèch ki rele Lloyd Johnston ki wè “moun twouve adolesan ki fimen yo mwens atiran”.

e. Non. Chak ane, gen plizyè milye moun ki mouri paske yo te konn respire lafimen sigarèt lòt moun t ap fimen. Lè w fimen, sa ap gen move efè ni sou fanmi w ni sou zanmi w.

f. Non. Moun ki vle fè Bondye plezi dwe pirifye tèt yo anba “tout sa ki ka sal kò a”. (2 Korentyen 7:1.) Pa gen dout, fimen sal kò moun. Si w chwazi fè ni tèt ou ni lòt moun mal, lè w sal kò w ak tabak, ou pa ka zanmi Bondye. — Matye 22:39; Galat 5:19-21.

Fason pou w reziste

Donk, ki sa w ap fè si yon moun ofri w yon sigarèt? Byen souvan, yon repons ki fèm, tankou ‘Non mèsi, m pa fimen’, konn mache. Si moun nan ensiste, oswa si l ba w defi pou w pran sigarèt la, sonje se ou k ap deside. Ou ka di:

● “M konnen tout risk fimen gen ladan l e m chwazi pa fimen.”

● “M gen kèk pwojè pou avni m e m ap bezwen souf mwen pou m reyalize yo.”

● “Èske w vle di mwen pa gen dwa fè chwa m vle?”

Menm jan ak jèn nou te pale de yo nan kòmansman chapit la, ou ka rann ou kont pi gwo presyon an se paske ou menm ou anvi fimen. Si se sa, rezone ak tèt ou sou kesyon tankou sa ki vin annapre yo:

● ‘Èske m ap jwenn yon bagay vre lè m fimen? Pa egzanp, si m deside fimen jis pou lòt jèn yo ka aksepte m, èske m vrèman vle sa etandone nou pa wè bagay yo menm jan nan lavi a? Èske m vle nan zanmitay ak yon seri moun ki t ap byen kontan wè m k ap detwi sante m?’

● ‘Ki efè fimen ap genyen sou kantite kòb mwen depanse ak sou sante m? Èske li pap fè lòt moun pa respekte m?’

● ‘Èske m vrèman vle pèdi relasyon m gen ak Bondye jis pou yon sigarèt?’

Bon, e si w deja esklav sigarèt? Ki sa w ka fè pou w kite fimen?

Fason pou w kite fimen

1. Konvenk tèt ou. Ekri rezon ou menm ou genyen pou w kite fimen, epi gade lis rezon sa a tanzantan. Si w vle pwòp nan je Bondye se kapab yon gwo motivasyon. — Women 12:1; Efezyen 4:17-19.

2. Chèche èd. Si w te konn fimen an kachèt, kounye a se moman pou w fè konn sa yon fason pou w jwenn èd pou w kite. Si w vle sèvi Bondye, priye l pou l ede w. — 1 Jan 5:14.

3. Fikse yon dat pou w kite. Bay tèt ou de semèn oswa mwens, epi ekri dat ou vle kite a nan kalandriye w. Di fanmi w ak zanmi w w ap sispann fimen nan dat sa a.

4. Chèche epi detwi. Anvan dat ou prevwa kite a rive, byen chèche nan chanm ou, nan machin ou ak nan pòch rad ou pou w wè si pa gen sigarèt. Si w jwenn, detwi yo. Jete brikè, alimèt ak sandriye.

5. Fè fas ak sentòm ou genyen lè w bezwen fimen. Bwè anpil ji oswa dlo, epi dòmi kantite tan pou w dòmi. Sonje sentòm ou genyen yo la pou yon ti tan, men avantaj w ap jwenn yo la pou toutan.

6. Evite sa k ka fè w rekòmanse. Evite sitiyasyon ak kote ki ka fè w anvi fimen. Petèt tou ou ka bezwen evite mele ak moun ki fimen. — Pwovèb 13:20.

Pa kite moun twonpe w

Chak ane, konpayi tabak yo depanse plizyè milya dola nan reklam. Ki moun yo plis vize? Gen yon dokiman ki soti nan yon konpayi entènasyonal tabak ki fè konnen: “Jèn ki kòmanse fimen kounye a se yo menm ki pral kliyan nou demen.”

Pa kite gwo chèf nan konpayi sa yo pran lajan w. Poukisa pou w pran nan pyèj yo tann pou ou? Ni moun sa yo ni jèn parèy ou ki fimen pa nan enterè w. Olye w koute yo, koute konsèy nou jwenn nan Bib la pito epi aprann aji “pou byen w”. — Ezayi 48:17.

NAN LÒT CHAPIT LA

Si zanmi w yo konn fè presyon sou ou pou w bwè alkòl, gade ki jan w ka konnen limit ou.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Menmsi chapit sa a pale sou moun ki fimen sigarèt, pwoblèm ak danje yo pale de yo la a valab tou pou moun ki pran oswa chike tabak.

VÈSÈ KLE

“Rete lwen tout sa ki ka sal kò nou.” — 2 Korentyen 7:1, Contemporary English Version.

MEN YON IDE

Evite fè mòd rezònman tankou ‘m ap annik pran yon sèl nyaj’. Byen souvan mòd rezònman sa yo konn fè moun tonbe nan fimen ankò. — Jeremi 17:9.

ÈSKE W TE KONNEN?

Lè w pran tabak, pa egzanp lè moun chike tabak, ou jwenn plis nikotin pase nikotin ki nan sigarèt la, e li gen anviwon 25 eleman ladan l ki bay kansè, sa ki fè ou vin gen plis risk pou w vin gen yon kansè gòj oswa kansè bouch.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè si yon elèv nan klas mwen ap ban m presyon pou m fimen ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Menmsi w konnen ki danje ki genyen nan fimen, ki sa k fè ou ka anvi fimen kanmenm?

● Ki sa ki ba w konviksyon fimen pa yon bon bagay?

[Antrefilè nan paj 240]

“Lè moun ofri m sigarèt, mwen annik souri epi m di: ‘Non mèsi, mwen pa vle gen kansè.’” — Alana.

[Kare/Foto nan paj 241]

Èske se vre mariwana pa bon?

Ellen, k ap viv ann Ilann, di: “Gen kèk moun ki di fimen mariwana se yon fason pou yo retire strès e li pa gen okenn move efè.” Èske w tande moun di bagay konsa konsènan mariwana tou? Ann konpare kèk ide moun yo genyen sou mariwana ak reyalite a.

Sa moun panse. Mariwana pap fè moun anyen.

Reyalite. Men kèk efè yo konnen mariwana genyen oswa yo sispèk li genyen sou moun: Pwoblèm memwa, deranje kapasite moun genyen pou yo aprann, li kraze sistèm defans kò moun, san konte li gen efè sou sante seksyèl ni fi ni gason. Li ka fè moun vin gen kriz panik, li ka fè yo vin gen yon seri pwoblèm mantal ki fè yo dekonekte ak reyalite a (sikoz) ak panse kòmkwa lòt moun vle fè yo mal (paranoya). Timoun manman yo te konn fimen mariwana lè yo te ansent yo gen plis risk pou yo gen pwoblèm nan fason yo konpòte yo, pou yo gen pwoblèm konsantrasyon, e pou yo gen gwo pwoblèm pou yo pran desizyon nan lavi a.

Sa moun panse. Lafimen mariwana gen mwens danje pase lafimen sigarèt.

Reyalite. Lè yo konpare lafimen mariwana ak lafimen sigarèt, yo wè lafimen mariwana depoze kat fwa plis kouch nan sistèm respiratwa moun e li pote senk fwa menm kantite monoksid kabòn nan san an. Si w fimen senk jwen mariwana, kantite pwodui ki bay kansè ou respire a se menm kantite ou t ap jwenn si w te fimen tout yon pake sigarèt.

Sa moun panse. Ou pap vin esklav mariwana.

Reyalite. Jèn ki gen pwoblèm mantal oswa pwoblèm afektif kapab vin esklav mariwana byen vit. Lòt yo ka vin esklav li lè yo fè anpil tan ap pran l. Mete sou sa, etid yo fè montre jèn ki fimen mariwana vin gen plis risk pou yo pran lòt dwòg ki ka fè yo vin esklav yo, tankou kokayin.

[Kare/Foto nan paj 244, 245]

Sa tabak fè kò w

Gade imaj moun ki an sante yo mete nan reklam yo fè pou sigarèt yo, epi konpare yo ak sa sigarèt fè kò w toutbon.

Bouch ak gòj: Li ka bay kansè.

[Foto]

Yon lang ki gen kansè

Kè: Li fè gwo venn yo vin di e li retresi yo, li anpeche kè a jwenn kantite oksijèn li bezwen e moun nan vin gen kat fwa plis risk pou l fè yon maladi kè.

[Foto]

Yon gwo venn ki bouche

Poumon: Li detwi sak kote pou lè antre a, li fè sistèm respiratwa a anfle, e moun nan vin gen 23 fwa plis risk pou l devlope yon kansè poumon.

[Foto]

Poumon yon moun ki fimen

Sèvo: Moun nan vin gen 4 fwa plis risk pou l fè yon stwok.

Po: Li ka lakòz po moun nan plise anvan lè.

Dan: Li ka fè yo chanje koulè.

Lestomak: Li lakòz kansè.

Pankreya: Li lakòz kansè.

Vesi: Li lakòz kansè.

Ren: Li lakòz kansè.

[Foto nan paj 239]

Menm jan yon pwason jwenn yon ti bagay pou l manje lè l pran nan zen, se konsa tou yon moun ki fimen jwenn yon ti bagay men li peye l chè.