Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan m ka jere tan m?

Ki jan m ka jere tan m?

CHAPIT 21

Ki jan m ka jere tan m?

Ki kantite tan anplis ou t ap bezwen nan yon jounen? ․․․․․

Ki sa w t ap fè ak tan sa a?

□ Pase tan ak zanmi

□ Dòmi

□ Etidye

□ Lòt

TAN se tankou yon cheval ki pa donte, si w vle l mache fò w kontwole l. Si w gen kontwòl tan w, l ap pi fasil pou w redui strès ou, pou w fè pi bon nòt e pou paran w fè w plis konfyans. Ou ka di se bèl bagay, men li pi fasil pou di pase pou fè. Se vre, sa pa fasil. Men, ou ka rive fè fas ak difikilte yo. Ann pran kèk difikilte.

Difikilte #1: Fè yon pwogram

Sa ki ka anpeche w. Ou ka santi lè w fè yon pwogram se kòmsi ou pran nan pyèj. Ou renmen aji selon jan w santi w nan moman an, ou pa renmen gen yon lè pou w fè chak bagay.

Poukisa pou w fè l kanmenm? Men sa wa Salomon te ekri: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” (Pwovèb 21:5). Wa Salomon te yon moun ki okipe. Li te marye, li te gen pitit e li te yon wa. E siman, plis li t ap granmoun se plis li te gen bagay pou l fè. Menm jan an tou, ou gen anpil bagay pou w fè kounye a. Men, siman w ap vin gen plis bagay toujou pou w fè plis w ap grandi. Li pi bon pou w kòmanse òganize tout bagay kounye a olye w tann pi devan!

Sa lòt jèn di. “Sa gen anviwon sis mwa, mwen te kòmanse fè yon pwogram regilyèman. Mwen t ap eseye fè lavi m vin pi senp, e mwen twouve fè yon pwogram ede m nan sans sa a!” — Joey.

“Lè m fè lis sa m gen pou m fè sa ede m respekte pwogram mwen. Lè m vin gen yon bagay ki pa t nan pwogram nan pou m fè, mwen menm ak manman m ekri l pou n ka wè jan youn ka ede lòt atenn objektif nou.” — Mallory.

Sa k ap ede w. Eseye wè bagay yo konsa: Imajine fanmi w pral fè yon vwayaj nan machin. Si chak moun annik voye zafè yo nan kòf machin nan, li posib pou pa gen ase plas pou tout bagay. Ki sa nou ka fè? Kòmanse mete pi gwo valiz yo anvan, epi n ap jwenn kote pou n met ti valiz yo nan rès plas ki rete a.

Ou ka fè menm bagay la pou w jere tan w. Si w pase tan w ap fè yon seri bagay ki pa enpòtan, ou riske pa jwenn tan pou w fè sa k pi enpòtan yo. Fè pi gwo bagay yo anvan e w ap sezi wè tout tan w genyen pou w fè rès sa w gen pou w fè yo! — Filipyen 1:10.

Ki bagay ki pi enpòtan ou gen pou w fè?

․․․․․

Kounye a, retounen sou sa w te ekri yo, mete sa k pi enpòtan yo anvan. Si w fè sa k pi gwo yo anvan, w ap sezi wè tout tan w ap genyen pou w fè tout rès bagay ki piti yo.

Sa w ka fè. Chèche yon ti kanè pòch epi mete sa w gen pou w fè yo ladan l, mete sa k pi enpòtan yo anvan. Oswa gade nan chwa ki pi ba yo pou w wè kiyès ladan yo k ap pi bon pou ou.

□ Kalandriye nan telefòn selilè w

□ Yon ti kanè

□ Kalandriye nan òdinatè w

□ Kalandriye papye

Difikilte #2: Respekte pwogram nan

Sa ki ka anpeche w. Lè w sot lekòl, ou vle annik pase kèk minit devan tele a pou w rilaks ou. Oswa ou fin planifye pou w etidye pou yon egzamen nan demen, epi yon zanmi voye yon mesaj tèks ba ou pou l envite w nan sinema. Ou ka fè devwa a nan pita men fim nan li menm pap tann ou. Ou di tèt ou: ‘Dayè, lè m anba presyon mwen travay pi byen.’

Poukisa pou w fè l kanmenm? Ou ka fè yon pi bon nòt si w etidye lè lespri w fre toujou. Epi, ou deja gen ase presyon, pa vre? Poukisa pou w ajoute sou li lè w ret tann byen ta nan aswè pou w etidye alòske se rabache ou pral rabache leson an pou egzamen an nan demen? Ki jan sa pral ye nan demen maten? Dòmi ka twonpe w, w ap pi strese, w ap oblije kouri kite kay la pou w al lekòl e gen anpil chans pou w rive anreta. — Pwovèb 6:10, 11.

Sa lòt jèn di. “Mwen renmen gad tele, jwe gita epi pase tan ak zanmi m. Pa gen anyen mal nan bagay sa yo, men pafwa, sa fè m pa fè sa k pi enpòtan yo anvan e konsa, mwen konn nan kouri.” — Julian.

Sa k ap ede w. Lè w ap pwograme, pa pwograme sèlman bagay ou gen pou w fè, pwograme tou bagay ou renmen fè. Julian di: “Li pi fasil pou m fè sa m gen pou m fè yo, lè m konnen mwen gen yon seri bagay ki enteresan nan pwogram mwen pou m fè annapre.” Yon lòt ide: Lè w gen yon gwo bagay pou w fè, planifye fè l tikras pa tikras konsa w ap asire w w ap reyisi fini l nan lè ou te prevwa a.

Sa w ka fè. Bay youn oswa de objektif ki rezonab ou ta ka atenn nan sis mwa k ap vini yo.

․․․․․

Ki objektif ki rezonab ou ka atenn nan de ane k ap vini yo, e ki sa w bezwen fè depi kounye a pou w atenn objektif sa a *?

․․․․․

Difikilte #3: Se pou w pwòp e se pou w gen lòd

Sa ki ka anpeche w. Ou pa vrèman wè ki jan lè w pwòp e w gen lòd sa ap ede w jere tan w pi byen. Mete sou sa, li pi fasil pou w annik mete bagay yo nenpòt kote. Ou ka toujou netwaye chanm nan demen, oswa w pa netwaye l ditou. Lè chanm nan an dezòd sa pa deranje w. Men, èske se vre?

Poukisa pou w fè l kanmenm? Lè tout afè w pwòp e yo nan lòd ou pap pèdi tan ap chèche zafè w. Epitou, lespri w ap pi anpè, yon bagay ou vrèman bezwen. — 1 Korentyen 14:40.

Sa lòt jèn di. “Pafwa, lè m pa gen tan pou m mete rad mwen nan plas yo, gen yon seri bagay mwen bezwen k al kache anba yo.” — Mandy.

“Gen yon lè mwen te fè yon semèn ap chèche bous mwen. Sa te vrèman strese m. Mwen te jwenn li lè m te resi ranje chanm mwen.” — Frank.

Sa k ap ede w. Fè efò pou w met tout bagay nan plas yo kou sa posib. Fè sa regilyèman olye w ret tann yo fè pil.

Sa w ka fè. Pran abitid ranje bagay yo nan plas yo. Lè w kenbe tout bagay annòd, gade pou w wè si sa pap fè lavi w pi fasil.

Tan se yon byen ni ou menm, ni lòt jèn yo, ni paran w gen menm kantite a chak jou. Si w gaspiye byen sa a, w ap soufri. Si w byen jere l, w ap jwenn byenfè. Se ou ki pou chwazi.

NAN LÒT CHAPIT LA

Èske paran w se imigran? Èske w santi ou pa alèz ni nan lekòl la ni lakay ou? Gade ki jan ou ka fè sitiyasyon sa a tounen yon avantaj pou ou.

[Nòt anba paj]

^ § 32 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 39 liv sa a.

VÈSÈ KLE

“Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

MEN YON IDE

Pa eseye suiv tout konsèy ou jwenn nan chapit sa a yon sèl kou. Men, suiv youn pandan mwa k ap vini an. Yonfwa ou fin alèz avè l, chwazi yon lòt pou w travay sou li.

ÈSKE W TE KONNEN?

Lè w pwograme twòp aktivite nan yon jounen sa ka fè w strese. Si w fikse sa ki gen priyorite yo, sa ap ede w konnen ki aktivite pou w fè e ki aktivite pou w pa fè.

SA M KONTE FÈ

Men ki aktivite mwen ka pase mwens tan ladan l ․․․․․

M ap sèvi ak tan sa a pou m fè aktivite ki vin annapre a ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Ki jan lefètke ou aprann pwograme tan w depi kounye a sa ap ede w jere kay pa w demen?

● Nan kesyon jere tan an, ki leson ou ka aprann nan men paran w?

● Si w deja kòmanse pwograme tan w, ki chanjman ou ka fè pou l pi efikas?

[Antrefilè nan paj 154]

“Yon lè, mwen tande yon moun ap fè blag sou mwen, li di si yon moun bezwen m yon kote a katrè, se pou l di m pou m la a twazè. Se lè sa a mwen te vin rann mwen kont mwen te bezwen pi byen jere tan m!” — Ricky.

[Kare nan paj 155]

Ki jan m sèvi ak tan m?

Nan yon semèn, men ki kantite lè an mwayèn jèn ki gen ant 8 a 18 an pase tan yo:

17

èdtan ak paran yo

30

èdtan nan lekòl

44

èdtan ap gade tele, jwe jwèt videyo, voye mesaj tèks ak koute mizik

Adisyone lè ou pase chak semèn ap

gade televizyon ․․․․․

jwe jwèt videyo ․․․․․

navige sou Entènèt ․․․․․

koute mizik ․․․․․

Total ․․․․․

Kantite tan m ka pran san pwoblèm pou m fè sa ki gen plis enpòtans ․․․․․

[Foto nan paj 153]

Tan se tankou yon cheval ki pa donte, se pou w kontwole l.