Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan m ka rive fè fas ak strès nan lekòl?

Ki jan m ka rive fè fas ak strès nan lekòl?

CHAPIT 18

Ki jan m ka rive fè fas ak strès nan lekòl?

“Mwen te tèlman konn strese lè m te lekòl, sa te konn fè m anvi kriye e m te konn menm anvi rele.” — Sharon.

“Plis w ap grandi, strès ou jwenn nan lekòl la pa vin pi piti, men se sa ki lakòz ou strese yo ki chanje.” — James.

ÈSKE W gen enpresyon paran w pa konprann ki kantite strès w ap andire lekòl la? Petèt yo ka di w kòm ou pa gen lwaye pou w peye, oswa fanmi pou w bay manje oswa ou pa gen yon patwon k ap ba w presyon, yo pa wè poukisa w strese. Poutan, ou menm, ou ka santi ou gen menm kantite strès ak paran w oswa menm plis.

Al lekòl sèlman se yon bagay ki stresan. Tara, k ap viv Ozetazini, di: “Souvan, timoun yo konn goumen nan bis la. Lè konsa, chofè a kanpe machin nan, epi l fè tout moun desann. Sa konn fè nou gen 30 minit reta oswa plis.”

Èske strès la diminye lè w rive lekòl la? Pa fasil! Petèt ou konn fè fas ak sitiyasyon ki vin apre yo:

Strès akoz pwofesè.

“Pwofesè m yo vle pou m fè pi gwo nòt posib, e m santi m oblije fè yo plezi.” — Sandra.

“Pwofesè yo pouse elèv yo pou yo fè pi gwo nòt posib nan lekòl, sitou si elèv la gen kèk kapasite.” — April.

“Pou yon seri pwofesè, sèl objektif ki gen valè se objektif pou yon elèv pousuiv gwo etid. Konsa, menmsi ou ta gen bèl objektif pou avni w, yo fè w santi ou pa vo anyen *.” — Naomi.

Jis nan ki pwen strès pwofesè yo lakòz gen efè sou ou?

․․․․․

Strès akoz elèv parèy ou.

“Nan klas segondè, elèv yo gen plis libète e yo pi rebèl. Si w pa fè menm jan avèk yo, yo pa vle pran pa avè w.” — Kevin.

“Chak jou, mwen jwenn tantasyon pou m bwè e pou m fè sèks. Pafwa, sa difisil paske mwen konn anvi sede.” — Aaron.

“Mwen gen 12 an, e kounye a pi gwo presyon mwen jwenn se pou m gen mennaj. Tout moun nan lekòl la ap mande m: ‘Ki lè w ap gen yon mennaj?’” — Alexandria.

“Yo te konn ban m presyon pou m soti ak yon tigason. Kòm mwen te refize, yo te di mwen se lezbyèn. Imajine sa, mwen te gen 10 an sèlman lè sa a!” — Christa.

Jis nan ki pwen strès elèv yo lakòz gen efè sou ou?

․․․․․

Lòt bagay ki lakòz strès. Mete ti siy tcheke ✔ a bò kote sa ki afekte w plis la oswa ekri sa ki afekte w plis la.

□ Yon egzamen w gen pou w fè

□ Devwa

□ Paran w atann anpil bagay de ou

□ Ou atann anpil bagay de tèt ou

□ Brimad oswa tizonnay seksyèl

□ Lòt ․․․․․

Kat bagay ki ka ede w gen mwens strès

Nòmalman, ou pa ka atann pou w fini lekòl san w pa janm jwenn yon ti strès. Se vre twòp strès ka fè w pèdi tèt ou. Gade sa wa Salomon te ekri: “Lè yon moun ki gen sajès anba presyon, sa ka fè l pèdi tèt li.” (Eklezyas 7:7). Ou pa dwe kite sa rive w. Sa w dwe konnen se kòman pou w byen jere strès.

Jere strès se tankou leve pwa lou. Yon moun k ap leve pwa lou bezwen byen prepare anvan l fè sa. Li pap leve pwa ki twòp pou li e l ap leve l jan l dwe fè sa. Si l fè sa, l ap vin miskle san l pa fè tèt li mal. Yon lòt bò, si l pa byen suiv etap yo, li ka fè dechiri oswa li ka menm kase yon zo l.

Menm jan an tou, ou ka byen jere strès ou yo e w ka reyisi akonpli travay ou yo san w pa fè tèt ou mal. Ki jan w ka fè sa? Suiv etap ki vin apre yo:

1. Idantifye vrè pwoblèm nan. “Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l. Men, moun sòt pote lestonmak li bay.” (Pwovèb 22:3, Bib la). Ou ka pa kite strès fè w pèdi tèt ou lè w idantifye sa ki ka lakòz strès la. Donk, fè yon ti gade kote w te met siy tcheke a ✔. Kiyès nan sa w te tcheke yo ki plis lakòz ou gen strès?

2. Fè rechèch. Pa egzanp, si w gen yon pil devwa ki fè w strese, chèche sijesyon yo bay nan chapit 13 Volim 2 a. Si w anba presyon pou w fè sèks ak yon elèv nan klas ou, w ap jwenn bon konsèy nan chapit 2, chapit 5 ak chapit 15 nan liv sa a.

3. Pa di w a gen tan. Pifò pwoblèm yo pap disparèt si w inyore yo. Okontrè, y ap vin pi mal e w ap vin gen plis strès. Yonfwa w fin konnen ki jan w ap jere yon strès, pa pèdi tan, fè sa tousuit. Pa egzanp, si w se Temwen Jewova e w ap fè efò pou w suiv prensip biblik yo, kou sa posib, fè lòt moun konn ou se Temwen. Lè w fè sa, ou ka gen mwens strès. Marchet, ki gen 20 an, di: “Chak ane, depi okòmansman, mwen toujou fè yon jan pou m ouvri yon konvèsasyon k ap pèmèt mwen pale sou prensip m ap suiv nan Bib la. Mwen rann mwen kont, lè m pa fè konnen mwen se Temwen Jewova tousuit, li pi difisil pou m fè sa annapre. Lè m fè konnen prensip m ap suiv yo, sa vrèman ede m pandan ane a.”

4. Chèche èd. Menm moun ki konn leve pwa ki pi lou a gen limit. Ou menm tou, ou gen limit. Donk, ou pa oblije pote chay la poukont ou (Galat 6:2). Pale ak paran w oswa yon lòt kretyen ki gen matirite. Montre yo repons ou te mete nan kòmansman chapit la. Mande yo sa yo panse.

Èske gen yon strès ki bon?

Ou ka twouve sa yon ti jan dwòl, men lefètke w santi yon ti strès, anfèt se yon bon bagay. Sa k fè nou di sa? Sa montre ou pa neglijan e konsyans ou fonksyone. Gade ki jan Labib pale de yon moun ki sanble pa strese ditou: “Ou menm parese, pandan konbyen tan w ap ret kouche la a? Ki lè w ap leve nan dòmi? Lè w ret ap fè yon ti dòmi, ou ret ap fè yon ti kabicha, ou kwaze bra w pou w pran yon ti repo, enben, lamizè ap vin sou ou tankou yon bandi. W ap vin tèlman nan nesesite, se kòmsi se yon moun ak zam ki vin atake w.” — Pwovèb 6:9-11.

Heidi, ki gen 16 an, byen rezime sa. Li di: “Lekòl ka sanble yon move kote, men presyon ou jwenn ladan l yo ka menm ak presyon w ap jwenn lè w vin gen yon travay.” Se vre, li pa fasil pou jere strès, men si w byen jere l ou pap fè tèt ou mal. An reyalite, li ka fè w vin pi djanm.

NAN LÒT CHAPIT LA

Èske se kite lekòl ki solisyon an?

[Nòt anba paj]

^ § 11 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 20 nan liv sa a.

VÈSÈ KLE

“Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.

MEN YON IDE

Fè de lis, nan youn, mete pwoblèm ki fè w strese e w ka fè yon bagay pou chanje sa, nan lòt la, mete pwoblèm ki fè w strese men w pa ka fè anyen pou w chanje sa. Travay sou pwoblèm ou ka chanje yo anvan. Lè w fin rezoud tout, si sa janm rive, w ap gen kont tan w pou w reflechi sou sa ou pa ka ranje yo.

ÈSKE W TE KONNEN?

Lè w byen dòmi leswa, omwen uit èdtan, sa redui strès e sa fè w gen yon bon memwa.

SA M KONTE FÈ

Men sa mwen deside fè, depi sa posib, pou m ka rive fè fas ak strès mwen genyen: Mwen pral dòmi a ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Sa k fè lè w vle pou tout bagay fèt yon fason ki dwat a san pousan, se ogmante sa ap ogmante strès ou?

● Ak kiyès ou te ka pale si w ta santi strès soti pou fin avè w?

[Antrefilè nan paj 132]

“Chak jou, papa m priye avè m anvan li mennen m lekòl. Sa toujou fè m santi m an sekirite.” — Liz.

[Foto nan paj 131]

Menm jan lè w leve yon pwa lou kòrekteman sa ka fè w djanm, konsa tou lè w byen jere strès ou sa ka fè w santi w byen.