Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa tifi yo pa renmen mwen?

Poukisa tifi yo pa renmen mwen?

CHAPIT 28

Poukisa tifi yo pa renmen mwen?

Manmzèl pa fouti pa tonbe pou mwen! Mwen di l tout bagay sou mwen, sa m posede, tout kote m vizite, moun mwen konnen. Siman li pa ka tann pou l renmen avè m!

Si m te ka annik disparèt! Misye genlè pa konprann sa l ap di m yo pa enterese m! Ki jan m ka mete yon fen nan konvèsasyon an san m pa parèt malelve?

OU GEN ase laj pou w renmen. Ou ta renmen jwenn yon bèl fi e ki gen menm kwayans avè w (1 Korentyen 7:39). Men, ak moun ou te renmen deja yo, sa pa t mache. Sa k te fè sa? Èske fi yo sèlman enterese nan gason ki byen kanpe? Men sa yon jèn fi ki rele Lisa di: “Mwen renmen gason ki gen bèl pekto. Men, pou pifò fi se pa sa ki pi enpòtan.” Carrie, ki gen 18 an, di: “Pafwa, gason ki byen kanpe yo konn pa gen yon seri bèl kalite.”

Ki bèl kalite konsa fi yo ap chèche lakay gason? Si w ta renmen konn yon fi pi byen, ki kèk bagay w ap chèche konnen? E ki prensip biblik li ta bon pou w sonje?

Premye bagay pou w fè

Anvan w deside al renmen ak yon fi, gen kèk pwen enpòtan ou bezwen travay, yon seri pwen k ap ede w fè zanmi ak kèlkeswa moun nan. Ann egzamine kèk.

Montre w byennelve. Bib la di “lanmou pa malelve”. (1 Korentyen 13:5, nòt). Lè w montre w byennelve, sa montre w gen respè pou lòt moun, e sa montre ou gen matirite e w gen pèsonalite ki sanble ak pa Kris la. Men, montre w byennelve pa vle di se yon kostim ou mete pou enpresyone lòt moun e ou retire l kou w rive lakay ou. Mande tèt ou: ‘Lè m ansanm ak fanmi m, èske m fè aksyon ki montre mwen byennelve?’ Si se pa sa, menm lè w ap eseye aji yon fason ki janti ak lòt moun li pap natirèl. Sonje, pou yon fi ki gen bon konprann konnen kiyès ou ye toutbon, li pral gade jan w boule ak moun lakay ou. — Efezyen 6:1, 2.

Sa medam yo di: “Mwen vrèman twouve sa atiran si yon gason montre li byennelve ni nan ti bagay, tankou kenbe pòt pou mwen lè m ap pase, ni nan gwo bagay, tankou lè li montre jantiyès ak konsiderasyon nonsèlman pou mwen men tou pou fanmi m.” — Tina.

“Mwen pa enterese nan yon moun ki fèk rankontre m e ki tonbe poze m kesyon pèsonèl, tankou: ‘Ou gen mennaj? Ki objektif ou?’ M twouve se malelve, e sa mete m malalèz!” — Kathy.

“[Antanke fi], mwen twouve se mank respè lè gason yo ap jwe ak santiman nou, kòmsi se pa anyen e kòmsi marye tèlman kenbe nou nou vle yo pran pitye pou nou.” — Alexis.

Kenbe yon bon ijyèn. Lè w se yon moun ki pwòp, sa montre nonsèlman ou respekte lòt moun men tou sa montre sa ou respekte tèt ou (Matye 7:12). Si w respekte tèt ou, sandout lòt moun ap respekte w. Yon lòt bò, si w neglije tèt ou, ou pap reyisi enpresyone yon fi.

Sa medam yo di: “Gen yon tigason ki te enterese nan mwen men bouch li pa t gen bon sant ditou. Mwen vrèman pa t ka pase sou sa.” — Kelly.

Aprann fè konvèsasyon. Bon kominikasyon se baz yon relasyon k ap dire. Pa pale sèlman sou sa ki enterese w men pale sou sa ki enterese moun nan tou (Filipyen 2:3, 4). Pran san w pou w tande sa l ap di epi bay opinyon l valè.

Sa medam yo di: “Lè yon tigason ka rete natirèl lè l ap pale avè m, lè l rive sonje sa m te di l e lè l poze m kesyon ki kenbe konvèsasyon an, sa enpresyone m.” — Christine.

“Mwen panse se sa gason wè ki atire yo, men fi se sa yo tande ki plis atire yo.” — Laura.

“Kado se yon bon bagay, men, si yon gason ka gen yon bon konvèsasyon avè w, si l ka rekonfòte w e ankouraje w [...] sa vrèman atiran!” — Amy.

“Mwen konn yon jèn gason ki vrèman byennelve e ki pa janm depase limit li. Nou konn gen konvèsasyon sou sijè ki serye san l pa di m yon seri bagay tankou ‘ou santi bon’ oswa ‘ou vrèman bèl jodi a’. Lè m ap pale, li vrèman koute sa m ap di, e sa fè m santi m vrèman byen.” — Beth.

“Mwen ta swete renmen ak yon moun ki ka fè m ri, men ki ka pale sou sijè ki serye tou san l pa parèt raz.” — Kelly.

Montre w se yon moun ki responsab. Labib di: “Chak moun ap pote pwòp chay pa l.” (Galat 6:5). Yon jèn gason ki pa ka kenbe yon travay paske li parese oswa paske li pase twòp tan nan jwe pa atiran pou fi.

Sa medam yo di: “Li t ap bon pou kèk jèn gason montre yo pran responsablite yo plis oserye. Sa vrèman pa atiran lè yo pa fè sa. Sa pa fè yon bèl enpresyon.” — Carrie.

“Gen kèk jèn gason ki pa vrèman gen objektif nan lavi a. Si yo enterese nan yon fi, lè yo vin konnen ki objektif li menm li genyen, yo di ‘waw, se sa m vle tou!’ Men, aksyon yo pa pwouve se sa yo vle vre.” — Beth.

Lè w montre w se yon moun ki responsab, jan nou te esplike sa pi wo a, sa ap ede w vin gen bonjan amitye. Men, ki sa w dwe fè lè w santi w pare pou w kòmanse yon relasyon serye avèk yon jèn fi?

Pwochen bagay pou w fè

Pran inisyativ. Si w panse gen yon zanmi ou apresye ki te ka fè yon bon madanm, fè l konnen ou enterese avè l. Se pou w klè, e pou w esplike l egzakteman sa w santi pou li. Se vre sa ka stresan, ou ka pè pou l pa di w non. Men, lefètke w pran inisyativ pou w al pale avè l se yon siy ki montre ou gen matirite. Men, atansyon! Se pa marye ou pral mande l marye avè w. Donk, montre w gen bon konprann lè w pa di l sa yon fason ki twò serye oswa lè w pa devwale twòp santiman paske sa ka pa atire l, okontrè sa ka fè l pè.

Sa medam yo di: “Mwen pa konn li nan panse moun. Donk, si yon jèn gason vle renmen avè m, fò l di m sa klè.” — Nina.

“Si nou te zanmi pandan yon bon ti tan, m konprann sa ka parèt yon jan dwòl vre pou n renmen kounye a. Men, si yon gason ta vle pou amitye nou ale pi lwen, epi li vin di m sa byen klè, sa t ap fè m gen respè pou li.” — Helen.

Respekte desizyon fi a. E si zanmi w lan pa vle relasyon an al pi lwen? Montre ou respekte l lè w kwè li byen konnen sa l vle, sa vle di si l di non se non. Si w ensiste, sa ap montre ou manke matirite. Si w pa aksepte desizyon fi a pran pou l pa renmen avè w oswa menm si w fache pou sa, èske se enterè l ou t ap chèche oswa enterè pa w? — 1 Korentyen 13:11.

Sa medam yo di: “Sa enève m lè m di yon gason non epi li kole la nan kò m.” — Colleen.

“Gen yon jèn gason ki te enterese avè m men malgre mwen te di l non, li t ap ensiste pou m ba l nimewo telefòn mwen. Mwen te vle montre m byennelve, paske sa dwe pa t fasil pou l met kouraj sou li pou l vin di m santiman l. Men, finalman, mwen te oblije pale fèm avè l.” — Sarah.

Sa pou w pa fè

Gen kèk jèn gason ki panse li fasil pou yo fè fi renmen yo. Pafwa menm yo ka nan konpetisyon ak lòt jèn gason pou yo wè kiyès k ap jwenn plis fi renmen yo. Men, sa se mechanste e w ap vin gen yon move repitasyon (Pwovèb 20:11). Ou ka evite sa rive si w suiv konsèy ki vin annapre yo.

Pa flète. Yon gason k ap flète ap di yon seri bagay pou l flate fi a e li fè yon seri jès ki pwovokan. Li pa gen okenn entansyon renmen ak moun nan vre. Lè yon moun aji konsa, li pa suiv konsèy Bib la bay ki mande pou jèn gason yo trete “jèn medam yo tankou se te sè [yo], san okenn move lide”. (1 Timote 5:2.) Moun k ap flète pa yon bon zanmi e li pap yon bon konjwen. Fi ki gen bon konprann yo konn sa.

Sa medam yo di: “Mwen pa twouve yon gason atiran lè l ap di pawòl pou flate w e w konnen li te di yon zanmi w menm bagay la mwa pase a.” — Helen.

“Te gen yon bèl tigason ki te kòmanse di m bèl ti pawòl, men l te plis pale de tèt li. Lè yon tifi te vin fè pati gwoup nou an, li te fè menm bagay la avè l. Apre sa, li te fè menm bagay la ak yon twazyèm tifi ki te vin nan gwoup la. M te twouve sa lèd!” — Tina.

Pa jwe ak santiman yon fi. Pa atann pou w aji ak yon zanmi fi menm jan ou aji ak yon zanmi gason. Sa k fè sa? Gade: Si w wè yon zanmi gason gen yon nouvo kostim ki fè l byen oubyen ou toujou ap pale ak misye e w di l tout ti koze w, li difisil pou l panse ou vle renmen avè l. Men, si w fè yon fi konpliman sou aparans li oubyen ou toujou ap pale avè l e w di l tout ti koze w, li ka byen panse ou vle renmen avè l.

Sa medam yo di: “Mwen pa panse mesye yo konprann yo pa ka aji ak fi menm jan yo aji ak gason parèy yo.” — Sheryl.

“Gen yon jèn gason ki jwenn nimewo telefòn mwen e li voye yon mesaj tèks ban mwen. Bon, ki entansyon l? Pafwa, ou ka kòmanse zanmi yon moun nan voye mesaj tèks epi ou vin gen santiman pou li, men èske m ka rive konn yon moun vre nan mesaj tèks sèlman?” — Mallory.

“Mwen pa panse mesye yo konprann jan l fasil pou yon fi vin gen santiman pou yo, sitou si yo janti e li fasil pou moun pale avè yo. Se pa paske tifi a bezwen renmen. Mwen panse pifò fi vle jwenn yon moun yo damou, donk yo toujou ap chèche moun pa yo a.” — Alison.

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 2, CHAPIT 3.

NAN LÒT CHAPIT LA

Ki jan w ka fè diferans ant vrè lanmou an ak yon senp santiman?

VÈSÈ KLE

“Abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande.” — Efezyen 4:24.

MEN YON IDE

Mande kèk moun ki gen matirite ki kalite yo panse ki pi enpòtan pou yon jèn gason ta genyen, e pou yo di w kiyès ladan yo ou bezwen travay.

ÈSKE W TE KONNEN?

Se moun ou ye pa anndan an ki gen plis enpòtans se pa aparans ou.

SA M KONTE FÈ

Men nan ki domèn mwen ta renmen montre mwen pi byennelve ․․․․․

Men sa m konte fè pou m aprann fè konvèsasyon ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Ki jan w ka montre ou respekte tèt ou?

● Ki jan w ka montre ou respekte panse ak santiman yon jèn fi?

[Antrefilè nan paj 198]

“Gen gason ki panse pou yo atire fi yo gen yon fason pou yo abiye oswa yo gen yon fason pou yo parèt. Se vre, gen kèk fi sa atire yo, men mwen panse pou anpil fi sa ki plis atire yo lakay yon gason se bèl kalite yon gason genyen.” — Kate.

[Foto nan paj 197]

Montre w byennelve pa vle di se yon kostim ou mete pou enpresyone lòt moun e ou retire l kou w rive lakay ou.