Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa paran m pa kite m pran detant?

Poukisa paran m pa kite m pran detant?

CHAPIT 37

Poukisa paran m pa kite m pran detant?

Allison, yon jèn fi k ap viv ann Ostrali, twouve lendi se jou ki pi stresan lè l al lekòl.

Li di: “Tout elèv yo ap pale sou sa yo te fè pandan wikenn nan. Sa y ap rakonte yo parèt vrèman enteresan. Yo di nan konbyen fèt yo t ale, ak konbyen tigason yo te bo, e pafwa menm yo di yo chape anba men lapolis [...]. Sa fè m pè men li amizan. Yo rantre lakay yo a senkè nan maten, e sa pa di paran yo anyen. Alòske mwen menm, nan lè paran m oblije m al dòmi se lè sa yo menm y ap soti!

“Antouka, lè yo fin di m jan wikenn yo te ye, yo mande m sa m te fè nan wikenn nan... Bon, sa m te fè? M t al nan reyinyon epi m t al preche. M santi m te rate yon bon okazyon pou m amize m. Se sa k fè, an jeneral mwen jis di yo m pa t fè anyen. Lè konsa, yo di m poukisa m pa t soti avèk yo.

“Apre jounen lendi an, ou ta panse sa fini! Now, depi nan madi, tout moun gentan ap planifye wikenn k ap vini an! An jeneral, m annik koute yo k ap pale. M santi m raz!”

ÈSKE se konsa sa ye pou ou tou chak lendi maten? Ou ka gen enpresyon gen anpil bon bagay k ap pase deyò a men paran w fèmen w anndan kay la oswa se kòmsi ou ta yon kote ki chaje ak amizman men paran w bloke w. Se pa kòmsi ou anvi fè tout sa lòt jèn yo ap fè, ou jis anvi pran yon ti detant pou yon ti tan. Pa egzanp, pami aktivite ki pi ba yo, kiyès ladan yo ou t ap kontan fè wikenn sa a?

□ danse

□ al nan konsè

□ lòt bagay

□ al nan fèt

□ al nan sinema

Ou bezwen pran detant. Dayè, Sila ki kreye w la vle w pwofite lavi a pandan w jèn (Eklezyas 3:1, 4). E menmsi ou ka gen dout sou sa, se sa paran w vle tou. Men, siman paran w gen de bagay ki enkyete yo: 1) Sa w pral fè a e 2) Ak kiyès w ap ye.

Bon, e si kèk zanmi envite w soti avèk yo men, ou pa fin sèten paran w ap dakò? Gade twa opsyon ou genyen e gade ki rezilta yo chak ap bay.

1YE OPSYON PA MANDE ANYEN, ANNIK ALE

Sa k fè w ka anvi chwazi opsyon sa a: Ou vle fè zanmi w yo wè ou endepandan. Ou panse ou konn plis bagay pase paran w, oswa ou pa bay sa yo panse twòp enpòtans. — Pwovèb 14:18.

Rezilta sa ap bay: Sa ka enpresyone zanmi w yo, men y ap tou konnen ou konn twonpe moun. Si w ka twonpe paran w, w ap alèz pou w twonpe zanmi w tou. Si paran w vin konnen sa w fè a, sa ap fè yo mal, y ap santi se kòmsi ou te trayi yo e siman yo ka pa ba w pèmisyon pou w soti ak zanmi w ankò. Si w ta chwazi pa di paran w anyen epi w annik soti, se t ap yon desizyon ki sòt. — Pwovèb 12:15.

2YÈM OPSYON PA MANDE ANYEN, ANNIK PA ALE

Sa k fè w ka anvi chwazi opsyon sa a: Ou reflechi sou envitasyon an e rann ou kont se pa yon bagay ki mache ak prensip ou genyen yo e gen kèk nan moun k ap la yo ki pa bon moun pou w pase tan avè yo (1 Korentyen 15:33; Filipyen 4:8). Men, petèt tou, ou chwazi pa ale paske w pa gen kran pou w mande paran w pèmisyon.

Rezilta sa ap bay: Si w pa soti avèk yo paske w konnen se pa yon bon chwa, lè sa a w ap gen plis konviksyon lè w ap reponn yo. Men, si ou pa ale jis paske w pa gen kran pou w mande paran w pèmisyon, ou ka ret nan kay la byen raz paske w santi se sèl ou menm ki pap detann ou.

3YÈM OPSYON MANDE EPI TANN

Sa k fè w ka anvi chwazi opsyon sa a: Ou konnen se paran w ki gen otorite e w respekte sa yo panse (Kolosyen 3:20). Ou renmen yo e ou pa vle fè yo lapenn lè w twonpe yo epi w soti san yo pa konnen (Pwovèb 10:1). Epitou, ou gen posiblite pou w esplike yo sitiyasyon an.

Rezilta sa ap bay: Paran w ap santi ou renmen yo e w respekte yo. E si yo twouve sa w mande a rezonab, petèt yo ka di wi.

Rezon ki fè paran yo ka di non

Bon, e si yo di non? Sa ka deranje w. Men, si w konprann rezon ki fè yo di non an, sa ka ede w. Pa egzanp, yo ka di non pou youn oswa plizyè nan rezon ki vin annapre yo.

Yo konn plis bagay pase w e yo gen eksperyans. Si w gen pou w al benyen nan yon plaj, petèt ou t ap pito al nan yon plaj kote gen yon moun ki konn naje byen e k ap voye je sou ou. Poukisa? Paske, pandan w ap benyen an, li ka difisil pou w rann ou kont tout danje ki ta ka genyen. Men, moun k ap veye sou ou a ap pi byen wè danje yo.

Menm jan an tou, kòm paran w konn plis bagay pase w e yo gen eksperyans, yo ka wè danje ou pa wè. Menm jan ak moun k ap veye sou ou sou plaj la, objektif paran w se pa anpeche w pran detant, men se ede w evite danje ki ta ka gate ti moman detant w ap pran nan lavi a.

Yo renmen w. Paran w vrèman anvi pwoteje w. Lanmou yo gen pou ou fè yo di w wi lè sa posib e non lè sa pa posib. Lè w mande yo pèmisyon pou w fè yon bagay, yo mande tèt yo si yo kite w fè sa w mande a, èske y ap ka sipòte konsekans yo. Y ap dakò e y ap di w wi sèlman si yo gen konviksyon si w ale sa pap ba w pwoblèm.

Sa w ka fè pou w gen plis chans pou yo di w wi

W ap bezwen fè kat bagay.

Onèt. Premyèman, ou bezwen mande tèt ou onètman: ‘Pou ki rezon vre ki fè m vle ale? Èske se aktivite m pral fè a ki enterese m vre oswa èske se paske m vle fè menm bagay ak tout moun? Èske se paske gen yon moun ki atire m k ap la?’ Epi di paran w pou ki rezon ou vle ale. Yo menm yo te jèn, e yo konnen w byen. Menmsi w pa di yo, y ap konprann poukisa w vle ale a kanmenm. Donk, si w di yo sa, y ap vrèman apresye lefètke w onèt avè yo e w ap aprann anpil nan eksperyans yo (Pwovèb 7:1, 2). Bon, si w pa di yo vrè rezon an, w ap redui chans pou yo ta di w wi.

Bon moman. Pa kouri al kot paran w kou yo sot travay oubyen lè yo konsantre sou lòt bagay pou w mande yo pèmisyon. Al kote yo lè yo pi rilaks. Men, pa tann dènye moman pou w al kote yo epi pou w atann yo ba w yon repons tousuit. Yo pap vle pran yon desizyon sou kout tèt. Donk, pa pran tan pou w mande pèmisyon epi ba yo tan pou yo reflechi. Y ap apresye sa.

Sa w ap di. Ba yo tout detay. Esplike yo egzakteman sa w vle. An jeneral, paran yo pa alèz lè w di yo “M pa konnen” sitou si yo te mande w: “Kiyès k ap la?” “Èske ap gen granmoun la?” oswa “A ki lè y ap fini?”

Fason w wè yo. Pa wè paran w kòm ènmi w. Se pou w konsidere se nan kan w yo ye paske an reyalite se sa l ye vre. Si se konsa w wè yo, petèt lè w ap pale avè yo, ou pap tankou moun k ap lite avè yo e w ap pi fasil kowopere. Evite di yon seri fraz, tankou “Ou pa fè m konfyans”, “Tout moun ap la” oswa “Paran zanmi m yo kite zanmi m yo ale”. Montre paran w ou gen ase matirite pou w aksepte desizyon yo pran e ou respekte desizyon sa a. Si w fè sa, y ap gen respè pou ou. E pwochen fwa a, yo ka pi dispoze chèche okazyon pou yo di w wi.

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 2, CHAPIT 32.

VÈSÈ KLE

“Pitit mwen, montre w saj e fè kè m kontan.” — Pwovèb 27:11.

MEN YON IDE

Lè w al nan yon fèt, gentan planifye ki jan w ap kite fèt la si w ta wè gen yon bagay dwòl. Depi anvan w ale, gentan prepare ki sa w ap di oswa fè pou w kite fèt la pou konsyans ou ka rete pwòp.

ÈSKE W TE KONNEN?

Paran ki renmen pitit yo ap toujou fè chwa ki plis nan enterè pitit yo. Si yo pa konprann sa w ap mande a oswa si yo santi gen yon seri enfòmasyon enpòtan ou pa ba yo, gen anpil chans pou yo di w non.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè si mwen nan sinema oswa nan yon fèt epi mwen wè oswa tande bagay ki nui konsyans mwen ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a. ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Ki sa k fè w ka pa anvi bay paran w tout enfòmasyon yo bezwen pou yo pran yon desizyon?

● Ki konsekans sa ka genyen si ou pa t bay paran w tout enfòmasyon epi yo ba w pèmisyon pou w fè sa w vle a?

[Antrefilè nan paj 268]

“Mwen te tèlman stipid lè m te piti. Gen kèk bagay m te panse ki te amizan, men yo pa t amizan ditou. W ap peye konsekans aksyon w kanmenm. M regrèt m pa t koute paran m.” — Brian.

[Foto nan paj 269]

Menm jan ak yon moun k ap veye sou ou nan yon plaj, paran w nan pi bon pozisyon pou yo wè danje yo.