Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan m ka detann mwen?

Ki jan m ka detann mwen?

CHAPIT 32

Ki jan m ka detann mwen?

Mete wi oswa non pou fraz ki vin annapre yo.

Dapre Labib,

Li pa bon ditou pou nou patisipe nan okenn spò.

□ Wi □ Non

Pa gen okenn fim ni okenn emisyon televizyon ki bon.

□ Wi □ Non

Pa gen okenn dans ki bon.

□ Wi □ Non

OU TE travay di pandan tout semèn nan. Kounye a, se wikenn e w fin fè tout travay ou te gen pou w fè nan kay la, poutan ou pa santi w fatige. Se youn nan avantaj ki genyen lè w jèn (Pwovèb 20:29). Ou ta renmen pran yon ti detant kounye a.

Lòt jèn yo ka panse Labib pa vle moun pran plezi ditou, kòmkwa ou pa ka pran yon ti detant menm. Men, èske se vre? Ann egzamine fraz ki nan paj anvan an pou n wè ki sa Labib di toutbon sou kesyon pran detant lan.

Li pa bon ditou pou nou patisipe nan okenn spò.

Non. Labib di “fè egzèsis fizik itil”. (1 Timote 4:8.) Jounen jodi a, gen divès kalite spò moun ka pratike ni kòm spò ni kòm detant, tankou monte bisiklèt, kouri, jwe tenis, jwe foutbòl oswa volebòl.

Èske sa vle di nou ka pratike nenpòt spò? Ann konsidere kontèks vèsè nou sot site a. Lè apot Pòl te ekri Timote a, li te di: “Fè egzèsis fizik itil pou yon tikras bagay. Men, atachman pou Bondye itil pou tout bagay, piske li gen pwomès ni pou lavi kounye a, ni pou lavi k ap vini an.” Pawòl apot Pòl yo fè nou sonje se fè Bondye plezi ki ta dwe pi enpòtan nan lavi nou. Pou w asire w se atachman ou gen pou Bondye ki vin an premye nan lavi w, menm lè w ap fè spò, poze tèt ou kesyon ki vin annapre yo:

1. Ki risk ki genyen nan spò sa a? Pa annik rete sou sa w tande oswa pa annik gade sou jan w wè lòt jèn chofe pou spò sa a. Chèche konnen. Men kèk bagay ou ka chèche: Ki kantite moun ki blese oswa fraktire nan spò sa a? Ki prekosyon ou dwe pran? Ki antrènman ak ekipman ou bezwen pou w pratike spò sa a an sekirite? Byenke gen risk nan prèske tout spò, men èske objektif spò sa a se pou w fè yon seri bagay kote gen anpil chans pou w blese oswa menm ou ka mouri?

Lavi se yon kado Bondye bay, e selon lwa Bondye te bay Izrayelit yo, menmsi se pa aksidan yon moun ta touye yon lòt, moun sa a t ap gen pou l peye sa (Egzòd 21:29; Nonb 35:22-25). Sa te ankouraje pèp la pou yo fè sa k te nesesè pou yo te pwoteje tèt yo (Detewonòm 22:8). Menm jan an tou, kretyen yo jodi a gen obligasyon pou yo respekte lavi.

2. Èske spò sa a ap ede m gen bon zanmi? Si w gen talan nan domèn spò, lòt jèn ansanm ak pwofesè w ka fè presyon sou ou pou w antre nan ekip lekòl la. Ou ka vrèman anvi aksepte. Mark, yon jèn kretyen, di: “Mwen te santi sa pa nòmal pou paran m pa kite m fè pati ekip lekòl la.” Men, olye w eseye fè paran w dakò avè w, egzamine reyalite a: An jeneral antrènman yo ak match yo fèt apre lè lekòl. Si w jwe byen, y ap ankouraje w bay spò a plis tan. Si w pa jwe twò byen, y ap fè presyon sou ou pou w antrene plis. Epitou, moun ki nan menm ekip konn vin gen yon amitye ki sere anpil paske yo pataje anpil bagay ansanm, pa egzanp lè yo genyen yo pataje jwa a ansanm e lè yo pèdi yo pataje tristès la ansanm.

Kounye a mande tèt ou: ‘Si m pase tan nan aktivite ki ka fè m vin gen yon amitye ki sere anpil ak lòt jèn ki pa gen menm prensip biblik avè m, èske sa pap gen move efè sou mwen?’ (1 Korentyen 15:33). ‘Ki sa m dispoze sakrifye jis pou m fè pati yon ekip?’

3. Ki kantite tan ak kantite lajan spò sa a ap pran? Labib ankouraje nou pou n “rekonèt bagay ki pi enpòtan yo”. (Filipyen 1:10.) Pou w ka rive suiv konsèy sa a, mande tèt ou: ‘Èske spò sa a pap pran nan tan mwen te genyen pou m etidye leson m, fè devwa m oswa pran nan tan m te rezève pou aktivite espirityèl? Ki kantite kòb sa ap koute m pou m pratike spò sa a? Èske m gen ase kòb pou sa?’ Kesyon sa yo ap ede w bay bagay ki pi enpòtan yo priyorite.

Pa gen okenn fim ni okenn emisyon televizyon ki bon.

Non. Labib mande pou kretyen yo ‘kenbe sa ki bon an fèm’ e pou yo “evite tout kalite mechanste”. (1 Tesalonisyen 5:21, 22). Se pa tout fim ak tout emisyon televizyon ki an kontradiksyon ak prensip sa yo *.

Al nan sinema kapab yon bon fason pou w pran detant ak zanmi w. Gen yon jèn fi ann Afrik disid ki rele Leigh ki di: “Lè m anvi al gade yon fim, mwen rele yon zanmi e li di lòt zanmi sa.” An jeneral, gwoup sa a al nan sinema byen bonè. Apre sa, paran yo pase chèche yo epi y al manje nan restoran ansanm.

Se vre fim yo ak televizyon se bagay lèzòm envante nan tan modèn nan, men anfèt se yon nouvo fason pou yo fè yon bagay depi nan tan lontan moun te konn fè ki se rakonte istwa. Jezi te fò anpil nan touche kè moun ak istwa. Pa egzanp, parabòl sou bon Samariten an touchan e li gen anpil leson moral ladan l. — Lik 10:29-37.

Jounen jodi a, moun k ap fè fim yo tou enfliyanse fason moun yo wè lavi a. Yo eseye fè moun k ap gade fim nan idantifye tèt li ak moun ki nan fim nan, menmsi aktè prensipal la se yon kriminèl, yon moun ki sadik ki dèyè pouvwa ak tout fòs. Si w pa fè atansyon, ou ka vin ap swete pou anyen mal pa rive kriminèl la, toutpandan w ap chèche eskiz pou aksyon imoral oswa zak vyolans li yo. Ki jan w ka evite tonbe nan pyèj sa a?

Lè w ap chwazi yon fim oswa yon emisyon televizyon, mande tèt ou: ‘Èske pwogram sa a ap ankouraje m pou vin gen plis kè sansib ak tandrès?’ (Efezyen 4:32). ‘Oswa èske l ap ankouraje m pou m rejwi nan malè lòt moun?’ (Pwovèb 17:5). ‘Èske l pap fè l pi difisil pou m “rayi sa ki mal”?’ (Sòm 97:10.) ‘Èske se pa renmen l ap fè m renmen “moun k ap fè sa ki mal”? — Sòm 26:4, 5.

Reklam yo fè pou fim yo oswa sa yo di sou yo kapab ba w yon ti ide sou sa k nan yon fim. Men, pa kouri “kwè tout sa moun di”. (Pwovèb 14:15.) Sa k fè sa? Paske sa yo di sou fim yo se opinyon yon moun. E pafwa, moun k ap fè reklam pou fim yo konn chwazi pa bay yon seri detay ki pou fè w konnen si fim nan pa bon. Gen yon jèn ki rele Connie ki di: “Mwen rann mwen kont lè m konn kiyès ki aktè prensipal nan yon fim sa ban m kèk ide sou ki kalite fim li ka ye.”

Jèn ki gen menm prensip biblik avè w kapab konnen si yon fim akseptab oswa si l pa akseptab. Men sonje, moun gen tandans di sa yo te renmen nan yon fim. Kidonk, mande yo ki sa ki pa t bon nan fim nan. Poze kesyon ki presi tankou mande yo si te gen sèn vyolans, sèn ki gen sèks oswa sèn ki gen rapò ak movèzespri. Paran w tou kapab ba w konsèy. Vanessa, yon jèn fi, di: “Mwen chèche konn sa paran m panse. Si yo panse mwen ka gade yon fim, mwen pral gade l.”

Pa pran kesyon chwazi fim oswa emisyon televizyon kòm yon bagay ki pa enpòtan. Poukisa? Paske divètisman w chwazi montre sa k nan kè w, sa ki gen enpòtans pou ou (Lik 6:45). Chwa w fè yo montre ki kalite moun ou renmen pou zanmi, ki kalite langaj ou aksepte ak kalite konduit ou tolere. Kidonk, se pou w byen chwazi.

Pa gen okenn dans ki bon.

Non. Lè Izrayelit yo te travèse Lanmè wouj e yo te rive chape anba men Ejipsyen yo, Miryam te pran latèt pami medam yo pou yo danse (Egzòd 15:20). Epitou, nan parabòl Jezi te bay sou pitit gason gaspiyè a, lè pitit la te tounen e fanmi an t ap rejwi pou sa, te gen “mizik ak dans”. — Lik 15:25.

Se menm bagay la tou jodi a. Nan anpil kilti, ni jèn ni granmoun renmen danse lè fanmi ak zanmi reyini. Men, nou bezwen fè atansyon. Byenke Labib pa kondane fèt ki senp, li bay avètisman pou nou pa patisipe nan “banbòch”. (Galat 5:19-21.) Men sa pwofèt Ezayi te ekri: “Malè pou moun ki leve granmmaten pou yo bwè bwason ki gen alkòl e ki kontinye bwè diven rive byen ta nan aswè jiskaske yo sou! Yo gen hap ak enstriman mizik ki gen kòd, yo gen tanbouren ak flit, e gen diven nan fèt y ap fè yo. Men, yo pa reflechi sou travay Jewova.” — Ezayi 5:11, 12.

Mòd fèt sa yo gen “bwason ki gen alkòl” ak tout kalite vye mizik. Yo kòmanse byen bonè e yo fini byen ta. Epitou gade ki jan moun ki nan fèt sa yo ye, yo aji kòmsi Bondye pa t egziste! Kidonk, nou pa sezi si Bondye kondane mòd fèt sa yo.

Si yo envite w nan yon fèt kote ap gen danse, mande tèt ou: ‘Ki moun k ap la? Ki repitasyon moun sa yo genyen? Ki moun k ap fè fèt la? Ki moun k ap la pou sipèvize? Èske paran m dakò pou m ale? Ki kalite dans k ap genyen?’ Gen anpil dans ki la pou leve dezi seksyèl lakay moun. Si w ap danse konsa oswa menmsi se annik gade w gade moun k ap danse konsa èske sa ap ede w “kouri pou imoralite seksyèl”? — 1 Korentyen 6:18.

E si yo envite w al danse nan yon nayklèb? Gade kòmantè yon jèn ki rele Shawn fè. Li te konn al nan klèb dans anvan l te vin kretyen. Li di: “An jeneral mizik yo se mizik ki degradan, dans yo imoral anpil e pifò moun ki vini yo gen yon objektif.” E Shawn di objektif yo se pou yo kite klèb la ak yon moun pou y al fè sèks. Apre Shawn te fin etidye Labib ak Temwen Jewova yo, li te chanje fason l wè bagay yo. Ki sa l panse? Li di: “Klèb sa yo pa kote pou kretyen ale.”

Poukisa pou w ret veyatif?

Ki lè w panse li pi fasil pou yo atake yon sòlda, lè l sou teren an oswa lè l ap rilaks li ak zanmi l? Reyalite a sèke lè l ap rilaks li, li pap veye ankò, li pi fasil pou yo atake l. Menm jan an tou, lè w lekòl oswa nan travay, ou sou pinga w, w ap veye tout ti danje. Men, lè w ap rilaks ak zanmi w, lè sa a li pi fasil pou w vyole yon prensip.

Gen kèk jèn ki ka pase w nan jwèt poutèt w ap suiv prensip wo nivo ki nan Bib la anrapò ak kesyon pran detant. Menm jèn ki grandi nan fanmi Temwen Jewova ka fè presyon sou ou. Men, konsyans jèn sa yo make (1 Timote 4:2). Yo ka vle fè w kwè ou manke ekilib oswa ou panse se ou ki pi bon. Olye w pran nan presyon y ap fè sou ou, fè tout sa w kapab “pou konsyans [ou] rete klè”. — 1 Pyè 3:16.

Sa ki vrèman enpòtan se pa sa jèn parèy ou panse de ou men se sa Jewova panse de ou! E si zanmi w yo ap fè presyon sou ou pou w pa koute konsyans ou, ou ta dwe chèche fè lòt zanmi (Pwovèb 13:20). Sonje, se ou menm ki gen responsablite pou w suiv prensip moral ou genyen yo, menm lè w ap pran detant. — Pwovèb 4:23.

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 1, CHAPIT 37.

NAN LÒT CHAPIT LA:

Pònografi gaye jodi a plis pase okenn lòt epòk e li pi fasil pou jwenn. Ki jan w ka evite tonbe ladan l?

[Nòt anba paj]

^ § 22 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Volim 1, chapit 36.

VÈSÈ KLE

“Ou menm jèn, pran plezi w pandan w jèn nan [...]. Fè sa k nan kè w e ale kote je w ba w. Men, se pou w konnen vrè Dye a ap rele w nan jijman pou tout bagay sa yo.” — Eklezyas 11:9.

MEN YON IDE

Mande paran w si yo t ap dakò pou nou planifye yon lè chak mwa pou nou pa gade televizyon e pou n pase tan ansanm.

ÈSKE W TE KONNEN?

Mizik ak dans te enpòtan anpil nan adorasyon Izrayelit yo t ap bay Bondye. — Sòm 150:4.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap di si yo envite m fè pati ekip spò lekòl mwen ․․․․․

Men sa m ap di si m ap gade yon fim ak zanmi m e m wè li pa bon ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

Poukisa kretyen yo dwe evite spò ki gen anpil risk?

Ki jan w ka fè konnen si yon fim bon pou w gade?

Ki jan w ka fè konnen si yon stil dans apwopriye?

[Antrefilè nan paj 269]

“Mwen renmen danse, men mwen te vin aprann li bon pou m koute paran m. Mwen pa kite dans vin bagay ki pi enpòtan nan lavi m.” — Tina.

[Foto nan paj 268]

Lè yon sòlda ap rilaks li, li pap veye ankò, li pi fasil pou yo atake l. Menm jan an tou lè w ap rilaks ou, lè sa a li pi fasil pou w vyole yon prensip.