Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Egzanp: Lidi

Egzanp: Lidi

Egzanp: Lidi

Byenke Lidi te yon nouvo disip, li te pran devan nan montre ospitalite pou Pòl ak konpayon ki te avèk li yo (Travay 16:14, 15). Kòm rezilta, li te gen gwo privilèj pou l pase tan ak disip yo. Ki kote Pòl ak Silas te ale apre yo te fin lage yo sot nan prizon? Yo te retounen lakay Lidi! — Travay 16:40.

Menm jan ak Lidi, èske w ka pran devan nan aprann konnen lòt moun? Ki jan w ka fè sa? Fè sa tikras pa tikras. Eseye pale ak yon moun alafwa. Ou ka fikse objektif pou w kòmanse yon konvèsasyon ak yon moun apre chak reyinyon. Eseye fè ti souri. Si w pa konn sa pou w di, poze moun nan kesyon oswa di l yon bagay sou ou li pa t konnen. Byen koute sa moun nan ap di w la. Plis tan ap pase ou ka vin santi ou gen plis bagay pou w di. Moun toujou gen tandans reyaji byen lè w di yo pawòl ki janti e ki fè yo kontan (Pwovèb 16:24). Lefètke Lidi te janti e li te renmen resevwa moun lakay li, li te vin gen plizyè bon zanmi. Si w imite Lidi, ou menm tou w ap vin gen bon zanmi!