Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki kote m ka jwenn pi bon konsèy?

Ki kote m ka jwenn pi bon konsèy?

ENTWODIKSYON

Ki kote m ka jwenn pi bon konsèy?

Pou jèn fi yo

Ou pa ka anpeche tèt ou panse ak bèl tigason ki fèk vin nan klas la. Ou di tèt ou ‘Li pa menm konnen m egziste, donk pa gen anyen mal si m ret ap panse avè l?’ Epitou, se pa ou sèl. Se tout medam yo ki fou pou tigason sa a. Ou konn sa paske lòt medam yo toujou ap pale de li.

San w pa atann, li gade w, epi li souri ba ou. Ou souri ba li tou. Li mache vin jwenn ou.

Avèk yon vwa timid, li di w: “Bonjou.”

Ou reponn: “Bonjou.”

Li di: “M se David.”

Ou kouri reponn: “Ou fèk vini.”

“Sa gen kèk semèn mwen menm ak fanmi m vin ret bò isit la.”

Ou toujou pa ka kwè David ap pale avè w!

Li kontinye pale, li di: “Gade, jodi a ap gen yon fèt lakay mwen lè lekòl lage. Ou vle vini?”

Apre sa li panche epi li di:

“Fò m di w, paran m pa la e yo pa fèmen plaka ki gen bwason ki gen alkòl yo. Sa w wè?”

David ap ret tann repons ou. Tout lòt medam yo t ap kouri di wi.

Ki sa w ap di?

Pou jèn gason yo

Gen de jèn gason nan lekòl la k ap pwoche kote w, ou santi kè w ap bat fò. Pandan de fwa nan semèn nan, yo te eseye fòse w fimen. Kounye a, sa pral fè twazyèm fwa a.

Premye elèv la di: “Apa w poukont ou ankò? Ban m fè w fè konesans ak yon zanmi.” Li tenyen yon je l pandan l ap di mo “zanmi” an, toutpandan li foure men l nan pòch li epi l rale yon bagay lonje ba ou.

Ou wè yon bagay nan men tigason an ki sanble ak yon sigarèt. Ou konnen ki sa l ye, e kè w pran bat pi fò toujou.

Ou di: “Non mesye, mwen deja di nou mwen pa...”

Dezyèm tigason an pa kite w fin pale, li di: “Se poutèt relijyon w lan, pa vre? Ou pa ka pran yon ti plezi?”

Premye a di: “Oswa se lach ou lach?”

Ou met kouraj sou ou, ou di: “Non, se pa lach!”

Lè sa a dezyèm tigason an pase men nan kou w, epi li di tou dousman: “A monchè, pran l non.”

Premye tigason an lonje ti papye blan an pi pre figi w, epi li di tou ba: “Nou pap di anyen. Pèsonn pap janm konn sa.”

Ki sa w ap fè?

PRÈSKE toupatou sou tè a, sitiyasyon sa yo fèt chak jou. Men, reyalite a sèke gen kèk jèn ki pi byen prepare pase lòt pou yo fè fas ak sitiyasyon sa yo. Lè y ap fè presyon sou yon jèn gason pou l fimen, li ka di tèt li: ‘Mwen pa vle sede, men presyon an twòp pou mwen. Poukisa m pa annik montre lòt jèn yo mwen se yon moun tankou tout moun?’ Oswa yon jèn gason ka mande yon jèn fi renmen, e jèn fi a ka di tèt li: “Li byen kanpe. Pou yon fwa, jis pou fwa sa a, poukisa m pa annik di wi?’

Yon lòt bò, gen anpil jèn yo te aprann yo pou yo pran pozisyon fèm pou sa yo kwè. Kòm rezilta, malgre sa ka parèt dwòl, yo santi yo gen mwens presyon pou yo fè sa k pa bon. Èske w pa ta renmen menm jan ak jèn sa yo? Ou kapab menm jan avèk yo! Ki jan?

Labib kapab ede w byen fè fas ak pwoblèm w ap rankontre pandan w jèn yo. Li gen pi bon konsèy nou ka jwenn paske se Bondye ki enspire sa ki ladan l yo (2 Timote 3:16, 17). Ak ki kalite pwoblèm Labib kapab ede w? Gade nan lis ki pi ba a, epi mete yon ti siy tcheke bò kot sijè ki plis enterese w la.

Anrapò ak moun ki pa menm sèks avè m

Rive konprann chanjman k ap fèt nan kò m epi aksepte yo

Fè zanmi

Rive fè fas ak presyon ki gen lekòl

Jere lajan m

Boule ak paran m

Kontwole santiman m

Chwazi divètisman m

Amelyore relasyon m ak Bondye

Jan w pral wè sa nan paj 4-5, sijè sa yo mache ak nèf seksyon nan liv sa a. Kiyès nan sijè yo ou te tcheke? Petèt ou ka vle li seksyon sa yo anvan. Prensip biblik yo ka ede w nan chak nan domèn sa yo nan lavi a. Liv sa a w ap li a ap montre w ki jan pou w fè sa *.

Liv sa a ap ba w posiblite tou pou w di sa k nan panse w. Pa egzanp, anvan fen chak chapit, w ap jwenn yon kare ki rele “Sa m konte fè”. Ladan l, yo mande w pou w ekri ki jan w konte aplike sa w te aprann nan chapit la. Fich aktivite yo tankou fich ki rele “Si y ap fè presyon sou mwen” ki nan paj 132 ak 133 a ap ede w byen reflechi sou pwoblèm w ap rankontre yo e pou w chèche bonjan solisyon pou yo. Mete sou sa, nan chak fen seksyon nan liv sa a gen yon paj ki rele “Nòt pèsonèl mwen” ki ba w posiblite pou w ekri ki jan yon bagay ou jwenn nan chapit la aplikab nan lavi w. Nan tout liv la, gen yon pati ki rele “Egzanp” e gen nèf antou ladan l. Nan pati sa yo, yo pale de moun nan Bib la ki merite pou moun imite yo.

Labib ankouraje w pou w “bat pou w gen sajès e bat pou w gen bon konprann”. (Pwovèb 4:5.) Mo “sajès” la ak ekspresyon “bon konprann” nan enplike plis pase annik konnen sa ki byen ak sa ki mal. Ou bezwen byen konsidere tout sa ki enplike nan sitiyasyon an. Pa egzanp, lè w konnen konsekans yon move aksyon ap pote ak bon rezilta w ap jwenn si w fè sa ki bon an sa ap ede w mete kran sou ou pou w fè fas ak presyon lòt jèn ap fè sou ou.

Ou mèt gen asirans, malgre pwoblèm ou yo ka parèt twòp pou ou, se pa ou sèl k ap fè fas avè yo. Gen lòt jèn ki te fè fas avè yo e ki pa t sede devan presyon ki sanble ak sa w ap jwenn yo. Ou menm tou ou kapab reyisi! Byen sèvi ak liv sa a. L ap ba w konviksyon Bib la gen pi bon konsèy ou te ka jwenn!

[Nòt anba paj]

^ § 40 Anpil nan enfòmasyon ki nan liv sa a, yo pran yo nan atik ki te parèt nan seri ki rele “Kesyon jèn yo konn poze” ki te konn parèt nan Reveye n! (anglè) e se Temwen Jewova yo ki pibliye l.