Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske m ka kontan malgre se yon sèl paran k ap leve m?

Èske m ka kontan malgre se yon sèl paran k ap leve m?

CHAPIT 25

Èske m ka kontan malgre se yon sèl paran k ap leve m?

“Timoun k ap viv ak toude paran yo kapab gen chanm pa yo e yo ka gen rad nèf. Men, mwen pa ka gen chanm pa m e se raman mwen rive gen rad mwen vle yo. Manmi di li pa gen kòb pou l achte yo pou mwen. Avèk tout travay mwen gen pou m fè nan kay la pandan manman m ap travay, mwen santi m tankou yon bòn, mwen gen enpresyon m ap rate yon pati nan jenès mwen.” — Shalonda, 13 an.

LI KLÈ, li pi bon lè se de paran ki renmen youn lòt k ap leve fanmi an. Lè yon papa ak yon manman ansanm, an jeneral, li pi fasil pou yo bay timoun yo direksyon, pwoteksyon ak èd yo bezwen. Labib di: “Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou.” (Eklezyas 4:9, Bib la).

Byenke se sa Labib di, jounen jodi a li vrèman difisil pou w jwenn yon fanmi kote toude paran yo nan kay la pou pran swen fanmi an. Pa egzanp, plis pase mwatye timoun Ozetazini, anvan yo gen 18 an, ap gen pou yo viv pandan omwen yon tan nan yon fanmi kote se yon sèl paran k ap leve yo.

Malgre sa, gen kèk nan jèn k ap viv ak yon sèl paran ki wont sitiyasyon yo. Gen lòt ki santi presyon ak pwoblèm yo jwenn akoz sitiyasyon yo ladan l lan twòp pou yo. Si w nan yon fanmi kote se yon sèl paran k ap leve w, ki kalite pwoblèm ou jwenn? Nan liy ki pi ba a, ekri sa ki plis ba w pwoblèm nan sitiyasyon an.

․․․․․

Lefètke ou pa gen lòt paran w lan avè w toutan ki pou demontre lanmou pou ou e ki pou pran swen w, èske sa vle di ou pa ka gen kè kontan? Se pa sa! Tout bagay la depann de fason w konsidere sitiyasyon an. Pwovèb 15:15 di: “Pa gen yon jou ki bon pou yon moun ki nan lapenn, men, yon moun ki gen kè kontan toujou ap fete.” Jan vèsè a montre sa, byen souvan se fason yon moun wè yon sitiyasyon ki fè l swa kontan, swa tris swa fache men se pa sitiyasyon an an li menm. Ki sa w ka fè pou w “gen kè kontan” malgre sitiyasyon w ladan l lan.

Sa w ka fè lè w santi w kraze akoz sitiyasyon an

Premye bagay la, fè efò pou w pa kite pawòl negatif lòt moun kraze w. Pa egzanp, gen kèk pwofesè ki fè yon seri kòmantè negatif aklè sou timoun ki leve nan fanmi ak yon sèl paran. Gen kèk lòt ki fè konprann gen konpòtman yon elèv genyen se akoz jan l leve. Men mande tèt ou: ‘Èske moun ki di sa a vrèman konnen ni mwen ni fanmi m? Oswa èske se pa annik repete li repete sa l konn tande?’

Li enteresan pou nou konnen ekspresyon “timoun ki pa gen papa yo” parèt plizyè douzèn fwa nan Bib la. Yo pa janm sèvi ak ekspresyon sa a nan sans negatif. Anfèt, nan prèske tout vèsè ekspresyon sa a parèt, nou ka wè jan Jewova montre sousi li gen pou timoun ki leve nan fanmi ak yon sèl paran *.

Yon lòt bò, gen kèk moun ki gen bon entansyon ki ka pran twòp prekosyon lè y ap pale avè w. Pa egzanp, yo ka menm ezite sèvi ak kèk mo, tankou “papa”, “maryaj”, “divòs” oswa “lanmò” yon fason pou yo pa jennen w oswa pou yo pa fè w fache. Èske mòd konpòtman sa yo ba w pwoblèm? Si se wi, avèk tak, montre yo pa bezwen pran tout prekosyon sa a lè y ap pale avè w. Tony, ki gen 14 an, pa t janm konn papa l. Li di gen kèk moun ki konn pran anpil prekosyon lè y ap pale avè l, yo ezite sèvi ak kèk mo. Men, Tony pran devan e li sèvi ak mo sa yo lè l ap pale avè yo. Li di: “Mwen vle yo konnen mwen pa wont sitiyasyon m nan.”

Evite ret ap reflechi sou jan sa te ye

Si paran w divòse oswa si youn ladan yo mouri, li nòmal pou w tris oswa pou w santi w manke yon bagay. Men, w ap bezwen aksepte sitiyasyon an. Men ki konsèy Bib la bay: “Pinga w di: ‘Poukisa tan lontan te pi bon pase tan n ap viv yo?’” (Eklezyas 7:10). Sarah gen 13 an e paran l yo te divòse lè l te gen 10 an, li di: “Pa ret ap reflechi sou sitiyasyon w, pou w ap plede ap reflechi sou ki jan lavi w t ap ye si bagay yo pa t jan yo ye a oswa pou w panse pwoblèm ou genyen yo se paske se yon sèl paran k ap leve w oswa menm pou w panse timoun ki gen toude paran yo nan kay ap byen mennen.” Se yon bon konsèy. Anfèt, konn gen pwoblèm menm nan fanmi kote toude paran yo nan kay la.

Imajine fanmi w kòm yon ekip ki nan yon kannòt k ap rame. Sa k t ap pi bon se pou kannòt la ta gen kantite moun li dwe genyen an. Nan yon fanmi kote se yon sèl paran ki genyen, gen youn nan moun nan ekip la ki manke, konsa rès moun yo oblije travay yon tikras pi di. Èske sa vle di fanmi an echwe? Non! Depi rès moun yo kowopere, nou tout ap rive sennesof.

Èske w fè pati pa w?

Ki sa w ka fè pou w asire w w ap fè pati pa w la pou w ede rès fanmi an? Ann egzamine twa konsèy ki vin annapre yo:

Aprann fè ekonomi. Pifò fanmi kote se yon sèl paran k ap leve timoun yo pa gen gwo mwayen. Ki sa w ka fè pou w ede? Tony, nou te pale de li pi wo a, di: “Timoun nan lekòl mwen yo egzije pou paran yo ba yo soulye ak rad gwo mak. Yo pa pral lekòl si se pa bagay sa yo yo genyen. Mwen pa gen rad ki alamòd, men rad mwen yo pwòp e yo kòrèk. Manman m ap fè sa l kapab, mwen pa vle mete sou chay li.” Si w fè yon ti efò, ou kapab imite apot Pòl ki te di: “M aprann kontante tèt mwen ak sa m genyen. [...] Nan tout sikonstans m aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen.” — Filipyen 4:11, 12, Bib la.

Yon lòt fason ou ka fè ekonomi se evite gaspiyaj (Jan 6:12). Men sa yon jèn ki rele Rodney di: “Mwen pran anpil prekosyon pou m pa kraze anyen oswa pou m kite bagay yo nan plas yo paske sa koute kòb pou ranplase yo oswa repare yo. Mwen fè efò pou m etenn tout aparèy elektrik yo oswa limyè lè nou fin sèvi avè yo. Sa ede nou redui kantite kòb nou peye pou kouran.”

Pran inisyativ. Gen anpil paran k ap leve pitit poukont yo ki ezite etabli règ nan kay la oswa ki pa twò egzije pou pitit yo ede yo fè travay nan kay la. Poukisa? Kèk ladan yo gen enpresyon fòk yo rann lavi timoun yo fasil pou yo pa twò soufri absans lòt paran an. Yo ka di tèt yo: “Mwen pa vle pitit mwen pa gen tan pou yo amize yo.”

Bon, ou ka gen tandans jwe sou santiman sa a manman w oswa papa w genyen an. Men, si w fè sa, se mete w ap mete yon chay anplis sou do paran w lan. Olye w fè sa, li t ap pi bon pou w pran inisyativ ede l. Ann wè sa Tony te fè. Li di: “Manman m ap travay nan yon lopital e fò l pase inifòm li. Donk, mwen pase l pou li.” Men èske sa se pa travay fi? Tony di: “Gen moun ki panse sa, men kòm sa ede m manman m mwen fè l.”

Montre w gen rekonesans. Anplis èd ou bay nan kay la, lè w fè paran w lan konnen ou gen rekonesans pou sa l fè, sa ap ankouraje l anpil. Men sa yon paran k ap leve pitit li poukont li di: “Mwen rann mwen kont byen souvan lè m vrèman dekouraje oswa mwen pa sou san m paske mwen te pase yon move jounen nan travay la, se jou sa yo pitit fi m nan ranje tab la e li prepare soupe a. Lè konsa, pitit gason m nan konn pase men nan kou m epi li sere m nan bra l.” Ki efè aksyon sa yo gen sou li? Li di: “Lè konsa, karaktè m chanje nèt, e m tounen nan mwen menm ankò.”

Nan espas ki vin apre a, ekri ki pwen nan twa pwen nou sot pale la yo ou plis bezwen travay. ․․․․․

Lefètke w ap viv nan yon fanmi kote se yon sèl paran ki genyen, sa ba w posiblite pou w devlope yon seri kalite tankou kè sansib, sa ede w pa wè tèt ou sèlman e yo ka konte sou ou. Mete sou sa, Jezi te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” (Travay 20:35). E w ap gen anpil kè kontan si w bay tout ou menm pou ede manman w oswa papa w k ap leve w poukont li.

Natirèlman, detanzantan w ap anvi pou lòt paran an ta la nan kay la. Men, ou ka aprann fè tout sa w kapab nan sitiyasyon w ye a. Se sa yon tifi ki rele Nia te fè. Li di: “Apre papa m fin mouri, gen yon moun ki te di m ‘kè kontan pa depann de sitiyasyon w nan lavi a, men li depann de aksyon w ak fason w wè bagay yo’. Sa l te di a te make m anpil. Sa fè m sonje mwen pa oblije kite sitiyasyon mwen ladan l lan fè m pa gen kè kontan.” Ou ka wè bagay yo menm jan an. Sonje sa, se pa sitiyasyon w ladan l k ap fè w ni gen kè kontan ni pa gen kè kontan, men se fason w wè bagay yo ak sa w fè pou sa.

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 1, CHAPIT 4.

[Nòt anba paj]

VÈSÈ KLE

“Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” — Filipyen 2:4.

MEN YON IDE

Si w santi ou vin gen twòp travay pou w fè nan kay la, chèche yon fason janti pou w mande paran w ap viv avè l la pou l eseye fè sa ki vin annapre yo:

Fè yon lis tout travay ki gen pou fèt nan kay la e ki moun ki gen pou fè yo.

Lè sa nesesè, chanje yo travay selon sa yo ka fè.

ÈSKE W TE KONNEN?

Lè w fè kèk travay nan kay la sa ka ede w vin gen matirite pi vit pase jèn ki leve nan yon fanmi kote toude paran yo la, paske yo gen mwens responsablite.

SA M KONTE FÈ

Men sa m konte fè lè m gen santiman negatif ․․․․․

Men sa m ap di si gen moun ki pran twòp prekosyon avè m ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

Sa k fè kèk moun gen prejije kont timoun ki leve ak yon sèl paran?

Sa k fè paran w ap viv avè l la ka ezite mande w fè travay nan kay la?

Ki jan w ka montre ou gen rekonesans pou sa paran w ap viv avè l la fè pou ou?

[Antrefilè nan paj 211]

“Depi lè paran m divòse, manman m avè m gen konvèsasyon ki sensè youn ak lòt. Sa fè nou vin pwòch anpil.” — Melanie.

[Foto nan paj 210, 211]

Lè yon fanmi gen yon sèl paran k ap pran swen l se tankou yon kannòt ki manke yon moun pou ede l rame, rès moun yo ap oblije travay pi di, men yo ka reyisi si yo met ansanm.