Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pou paran yo

Pou paran yo

Pou paran yo

Moman adolesans lan se yon moman ki frajil anpil pou jèn yo. Yo bezwen fè anpil atansyon. Antanke paran, si w te kapab, ou santi ou ta evite yo moman sa a nan lavi yo. Men, ou pa kapab. Malgre sa, ou ka ede yo kenbe ekilib yo epi ede yo byen pase moman sa a. Ou se sèl moun ki kapab ede yo pase etap pou yo soti adolesan pou yo vin granmoun ki responsab.

Se pa yon bagay ki fasil pou w fè. Sa ka parèt se lòt jou la a pitit gason w lan te toupiti e li te toujou sou fè dezòd. Men kounye a, li sanble pa sou pale ak pèsonn, menm avè w. Pa twò lontan, tipitit fi w la te toujou vle soti avè w, men kounye a, sanble li wont lè l avè w an piblik!

Men, ou pa dwe santi ou pa ka fè anyen akoz chanjman sa yo k ap fèt. Ou gen yon liv ki bay anpil bon konsèy k ap bon ni pou ou ni pou pitit ou. Liv sa a se Labib, Pawòl Bondye a.

Yo fè liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze a, Volim 2 a pou ede pitit ou jwenn bonjan konsèy Bib la bay. Si w fè yon ti gade enfòmasyon ki nan paj 4 ak paj 5 lan, w ap gen yon ide sou diferan sijè yo pale nan liv la. Men, liv sa a pa jis bay enfòmasyon. Ann egzamine pwen ki vin apre yo:

1) Yo fè liv sa a sou fòm konvèsasyon. Nan anpil kote nan liv la, y ap ankouraje pitit ou a ekri repons pou kesyon yo poze oswa pou deklarasyon ki fèt. Pa egzanp nan paj 132 ak paj 133 a, fich aktivite ki rele “Si y ap fè presyon sou mwen” an ap ede pitit ou reflechi sou pwoblèm li ka jwenn ak fason li ka reyaji. Mete sou sa, liv sa a gen nèf seksyon, e nan fen chak seksyon n ap jwenn yon paj ki rele “Nòt pèsonèl mwen”. Nan pati sa a, pitit ou ap ka ekri sa l panse, sa l santi sou sijè yo pale nan seksyon an.

2) Liv sa a ankouraje pitit ak paran pou yo pale ansanm. Pa egzanp gen yon kare nan paj 63 ak paj 64 la ki rele “Ki jan m ka pale sou sèks ak papa m oswa ak manman m?” Menm jan an tou, nan fen chak chapit gen yon kare ki rele “Ki sa w panse?” Kare se pa yon senp revizyon, fanmi yo ka sèvi avè l kòm baz pou yo fè konvèsasyon. Mete sou sa, chak chapit gen pati ki rele “Sa m konte fè”, kote jèn yo ap ka ranpli pati ki di: “Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a.” Sa ap ankouraje jèn yo al kot paran yo pou yo ka aprann nan eksperyans paran yo te fè lè yo te adolesan.

Yon konsèy: Pou w ankouraje pitit ou ekri nan liv sa a san yo pa kache anyen, pa eseye al gade sa yo ekri nan liv la si yo pa ba w pèmisyon. Annapre, yo ka byen vin pale avè w sou sa yo te ekri nan liv la.

Chèche gen liv pa w, e chèche byen konnen l. Pandan w ap li l, eseye sonje pwoblèm ak enkyetid piti ou ki adolesan genyen. Lè sa nesesè, pale yo de eksperyans ou te fè. Sa ap ankouraje yo di w sa k sou kè yo. Lè y ap pale, se pou w koute yo. Si w wè efò ou fè pou w kominike avè yo sanble pa mache, pa bay vag! Menmsi ou ta wè sanble yo pa bay sa w di enpòtans, yo gen tandans bay sa paran yo panse plis enpòtans pase sa jèn parèy yo panse.

Se pa ti kontan nou kontan pou nou bay ni ou ni pitit ou liv sa a ki baze sou Bib la, e nou swete l ap yon benediksyon pou fanmi w.

Editè yo