Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan m ka kontwole santiman m?

Ki jan m ka kontwole santiman m?

CHAPIT 26

Ki jan m ka kontwole santiman m?

DAPRE ou menm, èske dife se yon bon bagay oswa se yon move bagay? Siman w ap di sa depan. Si l fè frèt, yon ti dife k ap boule ki chofe w se yon bon bagay. Men, si w pa kontwole flanm yo, dife a ka gaye epi l boule tout kay la. Lè sa a, li se yon move bagay.

Se menm bagay la pou santiman w yo. Lè w kontwole yo, yo bon pou ou e yo pèmèt ou vin gen bonjan amitye. Si w pa kontwole yo, yo ka detwi nonsèlman lavi pa w men tou lavi moun bò kote w.

Antanke adolesan, pafwa ou ka santi kòlè oswa tristès soti pou anvayi w. Ki jan w ka kontwole santiman sa yo? Ann pale de yo youn apre lòt.

Kontwole kòlè w

Li pa fasil pou w kontwole tèt ou lè lòt moun fè w fache oswa yo fè w mal paske yo mal aji avè w. Gen kèk moun, lè yo nan sitiyasyon sa yo ki pèdi kontwòl tèt yo. Anfèt, Labib pale de moun ki “gen gwo san” e ki “fè kòlè fasil”. (Pwovèb 22:24; 29:22.) Se pa yon bagay ki san enpòtans. Lè w pa kontwole kòlè w, sa ka lakòz ou fè yon seri bagay w ap regrèt annapre. Kidonk, ki jan w ka kontwole santiman w lè yo mal aji avè w?

Premye bagay la se analize sitiyasyon an onètman epi gade pou w wè si w pa ka pase sou sa * (Sòm 4:4). Sonje sa, lè w “rann mal pou mal” se pi mal w ap fè sitiyasyon an vin pi mal (1 Tesalonisyen 5:15). Lè w fin byen reflechi sou sitiyasyon an e w priye sou li, ou ka rann ou kont ou ka pase sou sa moun nan fè w la. Yonfwa w fè sa, sa moun nan te fè w la pap gen menm efè a sou ou. — Sòm 37:8.

Men, e si w pa ka bliye sa moun nan fè w la? Labib fè konnen gen yon “lè pou moun pa di anyen ak yon lè pou moun pale”. (Eklezyas 3:7.) Èske l posib pou w pale ak moun ki fè w mal la? Si li pa pridan pou w fè sa, ou ka jwenn byenfè lè w pale ak paran w oswa yon zanmi ki gen matirite sou fason w santi w. Si yon moun fè espre pou l tingting ou, fè gwo efò pou w janti avè l.  Tablo ki nan paj 221 an ka ede w reflechi sou kèk fason ou ka reyaji nan diferan sitiyasyon ki fè w aji sou emosyon.

Bagay ki pi enpòtan pou w fè se priye Jewova pou w mande l ede w evite kenbe moun nan sou kè. Sonje sa: Byenke w pa ka chanje sa k pase a, ou ka chanje fason w reyaji. Si w kite rankin anvayi w, w ap tankou yon pwason ki pran nan zen, ou pap ka fè anyen. W ap kite se moun ki dirije panse w ak santiman w. Ou pa ta prefere se ou ki gen kontwòl bagay sa yo pito? — Women 12:19.

Fè fas ak tristès

Laura ki gen 16 an di: “Sa pa gen lontan mwen te kòmanse kritike tèt mwen anpil, yon lè m kontan yon lè m fache san m pa gen okenn rezon pou sa. Kè m pa kontan ditou. Mwen konn kriye jis dòmi pran m.” Menm jan ak Laura gen anpil jèn ki konn santi presyon yo jwenn yo twòp pou yo. E ou menm? Gen anpil bagay ki ka fè w santi w dekouraje: paran w, zanmi oswa pwofesè gendwa ap atann anpil bagay de ou, gen chanjman k ap fèt nan kò w ak nan santiman w paske w pral fòme, oswa ou santi ou echwe paske ou pa toujou fè sa w dwe fè.

Gen kèk jèn ki konn fè tèt yo mal pou yo ka santi yo pi byen *. Si w konn fè sa, eseye wè rezon ki lakòz sa. Pa egzanp, byen souvan yon moun fè tèt li mal pou l rive jere yon strès. Èske gen yon sitiyasyon, petèt ki gen rapò ak fanmi w oswa zanmi w, ki lakòz ou strese?

Youn nan pi bon fason pou w fè fas ak santiman sa yo se lè w pale ak youn nan paran w yo sou sa oswa ak yon moun nan kongregasyon an ki gen matirite ki ka pwouve li se yon moun ou “ka konte sou li lè gen malè”. (Pwovèb 17:17.) Liliana ki gen 16 an te pale ak kèk sè nan kongregasyon an. Li di: “Kòm yo pi gran pase m, yo te ban m bon konsèy. Nou te vin zanmi.” * Dana ki gen 15 an di li te jwenn soulajman lè l te patisipe plis nan travay predikasyon an. Li di: “Se pi bon bagay mwen te ka fè. Anfèt, se moman kote mwen te pi kontan nan lavi m.”

Sa k pi enpòtan pou w fè lè w tris oswa lè w dekouraje se priye. David, youn nan moun ki te ekri Sòm yo e ki te konn fè fas ak anpil gwo pwoblèm, te di: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w.” (Sòm 55:22). Nonsèlman Jewova konnen soufrans ou men tou “li gen sousi pou [ou]”. (1 Pyè 5:7.) Si kè w ap kondane w, sonje ‘Bondye pi gran pase kè w, e li konn tout bagay’. (1 Jan 3:20.) Li pi byen konprann rezon ki fè w tris la pase w, e li ka retire tristès ou a.

Si tristès la pèsiste, se kapab paske ou gen yon pwoblèm sante tankou depresyon *. Si se sa, li t ap bon pou w chèche wè yon doktè. Si w inyore pwoblèm nan se kòmsi ou ta nan yon machin epi w mete volim radyo a byen fò pou w pa tande yon bri k ap fèt nan motè a. Li pi bon lontan pou w rezoud pwoblèm nan. An reyalite, pa gen okenn rezon pou w wont pwoblèm ou an. Gen anpil jèn ki fè depresyon oswa lòt pwoblèm menm jan an ki rive jwenn soulajman grasa tretman yo suiv.

Sonje sa, santiman w tankou yon dife. Si w kontwole yo, yo bon pou ou, men si w pa kontwole yo yo ka lakòz gwo dega. Fè tout posib ou pou w kontwole santiman w. Se vre, pafwa ou ka di oswa fè yon bagay epi apre ou vin regrèt. Pran pasyans. Rive yon lè, se ou k ap kontwole santiman w se pa yo k ap kontwole w.

NAN LÒT CHAPIT LA:

Èske w se yon moun ki santi fòk tout sa w fè bon nèt? Si se sa, ki jan w ka aprann fè fas ak echèk?

[Nòt anba paj]

^ § 8 Si se brimad w ap sibi, gade chapit 14 liv sa a pou w jwenn konsèy sou fason pou w fè fas ak sitiyasyon an. Si se yon zanmi w ki fè w fache, ou ka jwenn enfòmasyon nan chapit 10 la k ap ede w.

^ § 13 Yon moun ka fè tèt li mal plizyè fason: li ka filange kò l, boule kò l, frape kò l oswa grafonyen po l.

^ § 14 Si w pa santi w ka pale fasafas ak yon moun, ekri yon lèt oswa pale nan telefòn. An jeneral, lè w pale ak yon moun se premye pa pou w jwenn gerizon akoz ou santi w gen yon vid pa anndan w.

^ § 16 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou depresyon, gade Volim 1 an, chapit 13.

VÈSÈ KLE

“Pa kite sa ki mal pot laviktwa sou ou, men kontinye pot laviktwa sou sa ki mal lè w fè sa ki byen.” — Women 12:21.

MEN YON IDE

Chak jou, di paran w yon bon bagay ki te rive w menmsi se yon bagay ki toupiti. Konsa, lè w gen yon pwoblèm, l ap pi fasil pou w pale avè yo e y ap pi dispoze koute w.

ÈSKE W TE KONNEN?

Lè kò w pa jwenn kantite manje ak repo li bezwen, l ap pi difisil pou w fè fas ak santiman w yo.

SA M KONTE FÈ

Men ki santiman negatif li pi difisil pou m kontwole ․․․․․

Men sa m konte fè pou m fè fas ak santiman sa a ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Sa k fè lè yon moun pa kontwole kòlè l sa pa fè Bondye plezi?

● Nan ki sans lè w fè kòlè fasil sa ka fè w mal?

● Bay kèk fason ou ka fè fas ak tristès.

[Antrefilè nan paj 223]

“Sa k te pi enpòtan pou mwen se lefètke mwen konnen gen yon moun ki te vrèman gen sousi pou mwen, yon moun mwen ka pale avè l lè m santi m dekouraje.” — Jennifer.

[Tablo/Foto nan paj 221]

 Fich aktivite

Kontwole kòlè w

Fin ranpli tablo a

Sa k pase a

Yon elèv pase m nan jwèt.

Move reyaksyon

Di l yon move bagay.

Pi bon reyaksyon

Pa okipe sa l di a, epi fè l wè li pa ka fè m fache.

Sa k pase a

Sè m prete soulye m pi renmen an san l pa mande m.

Move reyaksyon

Fè l menm bagay la, prete yon bagay pa l san m pa mande l.

Pi bon reyaksyon

․․․․․

Sa k pase a

Paran m pa ban m pèmisyon patisipe nan kèk aktivite nòmal.

Move reyaksyon

․․․․․

Pi bon reyaksyon

․․․․․

[Foto nan paj 220]

Yon moun ki kenbe moun sou kè tankou yon pwason ki pran nan zen, se lòt moun ki kontwole l.