Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan m ka sispann panse ak sèks?

Ki jan m ka sispann panse ak sèks?

CHAPIT 29

Ki jan m ka sispann panse ak sèks?

“LESPRI M toujou sou tifi, menm lè yo pa bò kote m. Sa nyè, pafwa m pa menm ka rive konsantre.” Se sa yon jèn gason ki rele Michael te di.

Menm jan ak Michael, èske w pase anpi tan ap panse ak moun ki pa menm sèks avè w? Si se sa, ou ka santi se kòmsi gen yon gè k ap fèt nan tèt ou. Panse konsènan sèks kapab vin nan lespri w tankou yon gwoup sòlda k ap anvayi w. Michael di: “Pafwa ou pa ka panse ak anyen ankò. Panse yo ka lakòz ou kite wout ou abitye fè jis pou w ka pase bò kot yon bèl tifi oswa yo ka fè w al nan seksyon yon magazen san w pa menm bezwen anyen jis pou w ka gade yon moun.”

Men, sonje, panse sou sèks pa fòseman yon bagay ki mal an li menm. Dayè, Bondye te kreye gason ak fi pou youn atire lòt, e pou yo satisfè dezi seksyèl yo genyen lè yo marye. Pandan w jèn toujou a, ou ka gen gwo anvi nan domèn seksyèl. Si sa rive w, pa panse ou se yon move moun oswa ou pa ka pwòp nan domèn moral. Ou kapab rete pwòp si w vle sa! Men, pou w rete pwòp sa ap mande pou w kontwole panse ou genyen sou moun ki pa menm sèks avè w. Ki jan w ka fè sa?

Gade kiyès ki zanmi w. Si elèv nan klas ou kòmanse pale sou sèks, ou ka anvi antre nan konvèsasyon an, jis pou w pa parèt diferan. Men, an reyalite, sa ap fè l pi difisil pou w kontwole panse w. Èske w ta dwe annik leve epi ale? Wi se sa menm e w pa dwe santi w jennen fè sa! An jeneral, ou ka jwenn yon fason pou w deplase san w pa bay okazyon pou yo fawouche w e san w pa bay enpresyon se ou ki pi bon.

Evite divètisman ki imoral. Natirèlman se pa tout fim oswa tout mizik ki pa bon. Men, pifò nan divètisman ki genyen jounen jodi a fèt pou leve dezi seksyèl pou bagay imoral lakay moun. Men konsèy Bib la bay: “Annou pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a, e n ap vin sen nèt nan lakrentif pou Bondye.” (2 Korentyen 7:1). Evite tout kalite divètisman ki ka leve dezi seksyèl pou bagay imoral lakay ou *.

Kesyon mastibasyon an

Gen kèk jèn ki fè mastibasyon pou yo ka satisfè dezi seksyèl yo. Men sa ka lakòz gwo pwoblèm. Men ki ankourajman Labib bay: “Fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl, salte, dezi seksyèl san kontwòl, anvi pou nou fè sa ki mal, e anrapò ak tanta, ki se idolatri.” (Kolosyen 3:5). Mastibasyon pa ede w ‘fè dezi seksyèl ou genyen yo mouri’, okontrè se leve li leve yo.

Mastibasyon ka fè w vin esklav dezi w yo (Tit 3:3). Youn nan fason w ka rive venk li se pale ak yon moun ou fè konfyans. Men sa yon kretyen ki te fè plizyè ane ap goumen ak mastibasyon di: “Mwen regrèt m pa t gen ase kouraj pou m pale ak yon moun sou sa lè m te jèn! Pandan anpil ane, mwen te santi m koupab. E sa te gen efè sou relasyon m gen ak lòt moun, e sa k pi enpòtan an sou relasyon m gen ak Jewova.”

Ak kiyès ou dwe pale? An jeneral, pi bon moun nan se t ap paran w. Oswa petèt yon kretyen nan kongregasyon an ki gen matirite kapab ede w. Ou ta ka di: ‘Gen yon bagay k ap ban m pwoblèm mwen ta renmen pale avè w sou li.’

André te pale ak yon ansyen nan kongregasyon an, e li kontan dèske l te fè sa. Li di: “Pandan ansyen an t ap koute m, m te wè dlo nan je l. Lè m fin pale, li te ban m asirans Jewova renmen m. Li te di m se pa mwen sèl ki gen pwoblèm sa a. Li te pwomèt pou l verifye ki pwogrè m fè nan domèn nan e pou l ban m plis enfòmasyon ki baze sou Bib la. Lè m fin pale avè l, mwen te pran detèminasyon pou m pa bay legen menmsi sa ta rive mwen fè mastibasyon ankò.”

Mário li menm te chwazi pale ak papa l ki te montre l vrèman konprann pitit li a. Li te menm avwe Mário li te goumen ak pwoblèm sa a tou lè l te jèn. Mário di: “Senserite ak onètete papa m te ankouraje m anpil. Mwen te di tèt mwen si l te rive sispann vye abitid sa a, mwen menm tou mwen kapab. Fason papa m te reyaji a te tèlman touche m, mwen te kriye.”

Menm jan ak André ak Mário, ou ka jwenn èd pou w sispann fè mastibasyon. Menmsi sa ta rive ou fè l ankò, pa bay legen! Ou mèt gen asirans ou ka genyen batay la *.

Kontwole panse w

Men sa apot Pòl di: “Mwen benyen kò m ak kou e mwen mennen l tankou yon esklav.” (1 Korentyen 9:27). Menm jan an tou, ou kapab oblije fèm ak tèt ou lè w kòmanse panse ak moun ki pa menm sèks avè w yon fason ki pa pwòp. Si panse yo pèsiste, eseye fè egzèsis fizik. Labib di: “Fè egzèsis fizik itil pou yon tikras bagay.” (1 Timote 4:8). Si w mache vit pandan yon ti tan oswa ou fè yon ti egzèsis fizik sa ka ede w lite ak move panse yo.

Anplis tout sa, pa minimize èd ou ka jwenn nan men Papa w ki nan syèl la. Men sa yon kretyen di: “Lè m santi dezi seksyèl yo kòmanse vini, mwen sipliye Bondye pou l ede m.” Sa pa vle di Bondye ap fè w pa enterese nan moun lòt sèks ankò, men grasa èd li ou ka vin rann ou kont gen anpil lòt bagay ou ka panse avè yo.

[Nòt anba paj]

^ § 7 N ap jwenn plis detay sou divètisman ak detant nan seksyon 8 liv sa a.

^ § 14 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou mastibasyon, gade Volim 1, chapit 25.

VÈSÈ KLE

“Kontinye reflechi sou [...] tout bagay ki se bèl kalite e tout bagay ki merite louwanj.” — Filipyen 4:8.

MEN YON IDE

Si w rekòmanse fè mastibasyon, pa bay vag! Gade sa k fè w tonbe a, epi eseye pa fè menm erè a.

ÈSKE W TE KONNEN?

Sou sa w kite lespri w konsantre ka gen efè sou pèsonalite w ak aksyon w. — Jak 1:14, 15.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè lè m vle sispann panse ak moun ki pa menm sèks avè m ․․․․․

Men sa m ap fè si elèv lekòl yo kòmanse pale sou sèks yon fason ki pa pwòp ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Sa k fè nou pa ta dwe toujou panse se dezi seksyèl yo ki pwoblèm nan?

● Sa k fè w dwe kontwole dezi seksyèl ou yo?

● Ki kalite divètisman ki ka lakòz ou toujou ap panse ak sèks?

● Sa k fè li enpòtan pou w deplase lè moun ap pale sou sèks yon fason ki pa pwòp?

[Antrefilè nan paj 240]

“Sa k konn ede m se lè m sispann panse sou bagay k ap leve dezi lakay mwen pou m reflechi sou lòt bagay. Mwen di tèt mwen santiman sa yo oswa dezi sa yo ap pase.” — Scott.

[Foto nan paj 239]

Èske w t ap kite viris anvayi òdinatè w? Nan ka sa a, poukisa w kite panse imoral anvayi lespri w?