Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa m vle fòk tout sa m fè bon nèt?

Poukisa m vle fòk tout sa m fè bon nèt?

CHAPIT 27

Poukisa m vle fòk tout sa m fè bon nèt?

Lè w pa fè gwo pwen nan yon egzamen, èske sa fè w fache?

□ Wi

□ Non

Lè yon moun kritike w èske sa fè w santi w pa vo anyen?

□ Wi

□ Non

Lefètke w twò egzijan, èske sa fè l difisil pou w fè zanmi oswa pou w kenbe zanmi?

□ Wi

□ Non

SI W reponn wi pou omwen youn nan kesyon sa yo, sanble ou se yon moun ki vle fòk tout sa w fè bon nèt. Petèt ou ka di tèt ou: ‘Bon, èske sa mal pou m byen fè yon bagay?’ Pa gen anyen mal nan sa. Bib la fè louwanj pou moun ki “fè travay li byen”. (Pwovèb 22:29.) Men, pwoblèm nan se lè w vle pou tout sa w fè bon nèt.

Pa egzanp, Jason ki gen 19 an di: “Nan dènye ane lekòl mwen, mwen te santi si m pa fè pi gwo pwen an mwen pa yon bon elèv. Mete sou sa, m te konn jwe pyano, e m te santi mwen dwe jwe pyano menm jan ak moun ki konn jwe pyano nan konsè yo.”

Lè yon moun santi fòk tout sa l fè bon nèt, sa ka menm gen efè sou adorasyon l ap bay Jewova a. Imajine yon jèn yo toujou ap pale de li kòm yon egzanp pou lòt moun. Kòm tout moun toujou ap suiv li, li ka santi fò l toujou sou pinga l. Nòmalman, frè ak sè nan kongregasyon an, kit yo jèn kit yo granmoun, jwenn byenfè lè yo suiv bèl egzanp lòt moun. Men, si yon jèn ap eseye pou moun wè l kòm yon moun ki pafè, sa ka lakòz li pèdi jwa l nan sèvis l ap bay Bondye a. Si sa rive, l ap bezwen èd. Men, li ka pa mande èd, li ka pè pou l pa desevwa moun ki panse li toujou fè sa ki byen. Li ka menm anvi bay vag paske l panse si l pa ka fè tout bagay pou l bon nèt, li pa menm bezwen eseye fè l.

Veye pou w pa vle fòk tout sa w fè bon nèt

Lè yon moun vle fòk tout sa l fè bon nèt, li toujou panse li pa dwe janm fè erè. Men, si w panse konsa ou twonpe w. Bib la di aklè: “Tout moun peche, e yo pa rive reflete glwa Bondye.” (Women 3:23). Donk, li enposib pou tout sa nou fè bon nèt paske nou pa pafè. An reyalite, si w ta panse fòk tout sa w fè bon nèt se tankou w ta panse ou ka vole tankou zwazo. Menmsi w ta kwè sa ak tout fòs ou toutbon, sa pap janm rive!

Ki jan w ka evite kite panse sa a domine lavi w? Eseye fè sa ki vin apre yo:

Chanje fason w konsidere “reyisit”. Èske w ap kraze tèt ou pou w toujou pi bon nan tout bagay? Labib fè konnen lè yon moun gen tandans sa a se kòmsi se “dèyè van [li] t ap kouri”. (Eklezyas 4:4.) Reyalite a sèke se pa anpil moun ki reyisi toujou pi bon nan tout bagay. E menmsi yon moun rive fè l, jeneralman, anvan lontan yon lòt moun rive fè pi byen pase l. Reyisit vle di fè tout sa ou menm ou kapab, men se pa rive fè plis pase lòt moun. — Galat 6:4.

Se pou w reyalis. Ou pa dwe atann de tèt ou plis pase sa w ka fè ak plis pase sikonstans ou pèmèt ou fè. Si w atann twòp de tèt ou, sa ka montre ou pa konn limit ou, oswa menm ou bay tèt ou twòp enpòtans. Apot Pòl te bay yon bon konsèy nan sans sa a: “M ap di chak moun ki la pami nou pou l pa panse de tèt li plis pase sa l dwe panse.” (Women 12:3). Donk, se pou w reyalis. Fè ajisteman nan sa w atann de tèt ou. Chèche fè tout bagay byen san w pa ap veye pou tout sa w fè bon nèt.

Se pou w rilaks. Eseye fè yon bagay ou pa fò ladan l, tankou jwe yon enstriman mizik. Se vre ou pral fè anpil erè, men, fwa sa a eseye wè erè w yo yon lòt fason. Labib di gen “yon lè pou moun ri”. (Eklezyas 3:4.) Donk, li ta bon si w aprann vin pi rilaks. Lè w fè sa, sa ap ede w pi byen konprann lè w fè erè se yon fason pou w aprann. Li ka pa fasil pou admèt ou fè erè. Men, fè yon efò pou w elimine tout panse negatif ou genyen.

Sonje, Jewova pa egzije pou nou pafè. Li jis vle pou nou fidèl avè l (1 Korentyen 4:2). Si w fè efò pou w fidèl, w ap vrèman kontan ak tèt ou, malgre w pa pafè.

NAN LÒT CHAPIT LA:

Omoseksyalite se yon bagay anpil moun aksepte jodi a. Ki jan w ka evite omoseksyalite? Ki sa w ka fè si w gen tandans omoseksyèl?

VÈSÈ KLE

“Pa gen yon moun ki jis sou tè a ki toujou fè sa k byen e ki pa janm peche.” — Eklezyas 7:20.

MEN YON IDE

Eseye sonje yon bagay ou te gen pou w fè men w pa t fè poutèt ou pa t vle mal fè l. Epi fikse yon dat limit pou w fè l.

ÈSKE W TE KONNEN?

Jewova pafè, men li pa mande nou menm ki enpafè pou tout sa n fè bon nèt. Li montre li rezonab nan sa l ap atann nou fè.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè lè m santi m twò di ak tèt mwen ․․․․․

Men sa m ap fè lè m santi m twò di ak lòt moun ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Nan ki domèn konsa nan lavi a, si genyen, ou konn gen tandans fikse yon seri objektif ki pa rezonab?

● Ki vèsè nan Bib la ki montre aklè Jewova pa atann pou sèvitè l yo pafè?

● Si w vle pou tout sa w fè bon nèt, poukisa kèk moun ka pa anvi zanmi w?

● Ki sa w ap fè pwochèn fwa ou fè erè?

[Antrefilè nan paj 226]

“Gen yon diferans ant fè tout sa w kapab e vle pou tout sa w fè bon nèt. Youn rezonab e lòt la pa rezonab.” — Megan.

[Kare nan paj 228]

Efè sa genyen sou amitye

Èske sa rive gen moun ou sispann zanmi avè yo paske w santi yo pa nan nivo sa w mande yo? Oswa èske gen bon moun ki pa vle fè zanmi avè w paske nivo w mete pou yon moun zanmi avè w la twòp pou yo? Men ki konsèy Bib la bay: “Pinga w vin jis twòp, e pinga w montre w gen twòp sajès. Poukisa pou w ta fè tèt ou mal?” (Eklezyas 7:16). Yon fason moun ki vle pou tout sa l fè bon nèt la ka fè tèt li mal se lè li fè yon seri bagay ki fè moun rete lwen l. Amber, yon jèn fi, di: “Pa gen moun ki ta renmen rete bò kot moun ki fè yo santi yo pa vo anyen. M wè moun ki vle pou tout sa yo fè bon nèt pèdi bon zanmi pou bagay ki pa gen enpòtans.”

[Foto nan paj 229]

Sa pap itil anyen si w ta eseye vole, se menm bagay la si w vle pou tout sa w fè bon nèt.