Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Tifi ak tigason

Tifi ak tigason

SEKSYON 1

Tifi ak tigason

Ki jan w santi w lè w wè yon tifi ak yon tigason kenbe men nan lakou lekòl la?

□ Sa pa di m anyen

□ Yon ti jan jalou

□ Ou vle sa tou

Ki jan w t ap santi w si w al nan sinema ak kèk zanmi epi w rann ou kont tout moun ak mennaj yo, sèl ou menm?

□ Sa pa pwoblèm

□ M pa santi m alèz

□ M jalou

Ki jan w t ap santi w si pi bon zanmi w vin gen yon mennaj?

□ Mwen kontan

□ Yon ti jan jalou

□ Mwen pa kontan

Tout kote w ye ou wè fi ak gason ki renmen, kit se nan lekòl, nan lari, nan magazen. Chak fwa w wè yo, ou santi ou menm tou ou ta renmen gen mennaj. Men, èske w pare pou w renmen? Si w pare, ki jan w ka fè pou w jwenn moun ki bon pou a? E si w jwenn yon moun, ki jan w ka fè pou renmen an rete pwòp? Chapit 1-5 ap ede w jwenn repons kesyon sa yo.

[Gwo foto nan paj 12, 13]