Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa tout bagay sa yo vle di ?

Ki sa tout bagay sa yo vle di ?

Ki sa tout bagay sa yo vle di ?

DAPRE sa Jezi Kris te di, yo t ap rekonèt “ fen sistèm de choz la ” lè yo wè lagè, rate manje, epidemi ak tranblemanntè. — Matye 24:1-8 ; Lik 21:10, 11.

Depi 1914, lagè ant nasyon, oswa lagè ant gwoup etnik ap gache lavi moun. Souvan sa rive akoz chèf relijye yo foure kò yo nan politik. E kounye a, sa rive akoz atak teworis ki gaye toupatou.

Malgre pwogrè ki fèt nan domèn lasyans, gen plizyè santèn milyon moun ki nan gwo rate manje sou tout kò tè a. Chak ane, plizyè milyon moun mouri paske gen rate manje.

Epidemi ki frape anpil kote ansanm fè pati siy Jezi te bay la. Apre Premye Gè mondyal la, yon epidemi grip te touye plis pase 21 000 000 moun. Kontrèman ak epidemi ki te konn gen nan kèk zòn nan tan lontan, li te frape plizyè nasyon sou tout kò tè a, li menm frape zile ki byen lwen. Kounye a sida ap ratibwaze tè a, e epidemi tankou tibèkiloz, malarya, tifoyid, lafyèv deng kontinye ap frape moun nan peyi ki an devlopman yo.

Dapre rapò yo bay, gen plizyè dizèn milye tranblemanntè gwo oswa piti ki fèt chak ane. Kèlkeswa ekipman ki disponib, kèlkeswa amelyorasyon yo fè nan mezire tranblemanntè, dega tranblemanntè fè nan zòn ki gen anpil moun parèt souvan nan nouvèl.

Epitou men sa Labib te anonse : “ Aprann sa, nan dènye jou yo, pral gen tan ki di e ki difisil pou moun sipòte. Paske lèzòm ap zanmi pwòp tèt yo, y ap zanmi lajan, y ap awogan, ògeye, blasfematè, y ap dezobeyi paran yo, y ap engra, san fidelite, san afeksyon natirèl, san lespri antant, medizan, san metriz, fewòs, san lanmou pou sa ki byen, trèt, tèti, gonfle ak ògèy, zanmi plezi pito pase pou yo zanmi Bondye, y ap gen atachman ak Bondye pou lafòm, men y ap rejte fòs li. Epi vire do w bay moun sa yo. ” — 2 Timote 3:1-5.

Èske w dakò n ap viv nan “ tan ki di e ki difisil pou moun sipòte ” ?

Èske w remake, moun vin zanmi pwòp tèt yo, yo vin zanmi lajan e y ap aji avèk ògèy nan yon degre ki egzajere ?

Kiyès ki pap dakò monn nan chaje ak moun ki egzijan men ki engra, ki pa gen lespri antant, ki pa fidèl ?

Èske w pa konsyan dezobeyisans anvè paran ansanm ak mank afeksyon ki chokan ap ogmante yon fason ki remakab, pa sèlman nan kèk zòn, men tout kote sou tè a ?

Se sèten ou rann ou kont n ap viv nan yon monn ki chaje lanmou pou plezi men ki pa gen lanmou pou sa ki byen. Se fason sa a Bib la pale sou konpòtman pifò moun ta genyen nan “ dènye jou yo ”.

Èske nou bezwen plis prèv pou nou rekonèt nan ki tan n ap viv ? Jezi te anonse tou, diran menm epòk sa a, yo ta preche bon nouvèl Wayòm Bondye a tout kote ki abite sou tè a (Matye 24:14). Èske sa ap fèt ?

Toudegad, yon jounal ki baze sou Bib la, fèt espesyalman pou anonse bon nouvèl Wayòm Jewova a. Yo enprime l regilyèman nan plis lang pase nenpòt lòt jounal.

Chak ane, Temwen Jewova yo fè plis pase yon milya èdtan ap preche lòt moun pèsonèlman konsènan Wayòm Bondye a.

Yo pibliye regilyèman piblikasyon ki bay esplikasyon sou Bib la nan plis pase 400 lang, menm nan lang popilasyon ki izole oswa ki piti. Temwen Jewova yo touche tout nasyon ak bon nouvèl la. Yo preche tou nan anpil zile ak nan tèritwa ki twò piti pou yo gen enpòtans nan domèn politik. Nan pifò peyi, yo mete sou pye yon pwogram edikasyon biblik regilye.

Vrèmanvre, bon nouvèl Wayòm Bondye a ap preche tout kote ki abite sou tè a. Se pa yon mesaj pou konvèti lemonn, men pou bay yon temwayaj. Konsa, moun toupatou jwenn posiblite pou yo demontre si yo bay moun ki kreye syèl la ak tè a enpòtans. Yo jwenn posiblite tou pou yo demontre si y ap respekte lwa li yo e si yo gen lanmou pou moun parèy yo. — Lik 10:25-27 ; Revelasyon 4:11.

Talè konsa, Wayòm Bondye a pral netwaye tè a pou l retire tout mechanste e pou l fè l tounen yon paradi. — Lik 23:43.

[Kare nan paj 6]

Dènye jou ki sa ?

Se pa dènye jou limanite. Paske moun k ap fè volonte Bondye yo, Labib ofri yo espwa lavi pou toutan. — Jan 3:16, 36 ; 1 Jan 2:17.

Se pa dènye jou latè. Selon pwomès nou jwenn nan Pawòl Bondye a, tè a ki gen moun abite sou li a ap rete la pou toutan. — Sòm 37:29 ; 104:5 ; Izayi 45:18.

Okontrè, se dènye jou sistèm de choz vyolan sa a ki san lanmou an e se dènye jou moun ki atache ak sa k ap fèt nan sistèm sa a. — Pwovèb 2:21, 22.

[Kare/Foto nan paj 7]

Èske Bib la se Pawòl Bondye toutbonvre ?

Byen souvan, pwofèt ki ekri nan Bib la deklare : “ Men sa Jewova di. ” ​(Izayi 43:14 ; Jeremi 2:2). Menm Jezi Kris, Pitit Bondye a, te fè konprann ‘ se pa pawòl pa l li fè ’ ​(Jan 14:10). Labib di aklè : “ Tout Ekriti se Bondye ki enspire li. ”— 2 Timote 3:16.

Pa gen okenn lòt liv yo pibliye nan anpil lang konsa. Li depase 2 200 lang, selon sa Alyans biblik inivèsèl rapòte. Pa gen okenn lòt liv yo distribye anpil konsa. Kounye a, yo distribye plis pase kat milya bib. Èske se pa sa w t ap atann de yon mesaj Bondye bay pou tout limanite ?

Si nou ta renmen gen plis detay konsènan prèv ki montre se Bondye ki enspire Labib, al nan liv La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Si w li Bib la e ou admèt li se Pawòl Bondye toutbonvre, w ap jwenn anpil byenfè.

[Kare/Foto nan paj 8]

Ki sa Wayòm Bondye a ye ?

Se gouvènman ki nan syèl la. Jewova vrè Dye a, ki Kreyatè syèl la ak tè a, itilize l pou l egzèse dominasyon l. — Jeremi 10:10, 12.

Labib idantifye Jezi Kris kòm moun Bondye bay otorite pou gouvène (Revelasyon 11:15). Lè Jezi te sou tè a, li te deja montre Bondye ba li yon otorite estrawòdinè. Se otorite sa a ki te pèmèt li metrize fòs ki nan lanati, se li ki te pèmèt li geri tout kalite maladi, e menm resisite mò (Matye 9:2-8 ; Mak 4:37-41 ; Jan 11:11-44). Pwofesi enspire ki nan Bib la te anonse Bondye ta gen pou l bay Jezi “ pouvwa, diyite ak wayòm, yon fason pou pèp yo, kominote nasyonal yo ak moun tout lang sèvi l ”. (Danyèl 7:13, 14.) Yo rele gouvènman sa a Wayòm syèl la. Kounye a, detan Jezi Kris nan syèl la, l ap egzèse otorite l.

[Foto nan paj 7]

Predikasyon mondyal bon nouvèl la.